For translation and distribution: A cry for help!

Post Reply
User avatar
admin
Site Admin
Posts: 2152
Joined: Thu Nov 13, 2014 7:03 pm

For translation and distribution: A cry for help!

Post by admin » Mon Mar 15, 2004 5:51 am

The source of this message is anonymous and unknown to our staff. It sounds credible and urgent. We cannot vouch for its contents but it is a cry for HELP that should not be ignored.

[quote]
Jedi (11 mas) yo te tire sou manifestasyon nou te oganize devan palè-a.

Vandredi swa (12 mas) blan yo te monte Bèlè, yo tye plis pase 16 moun. Yo te arete yon pakèt lòt ke jis kounyè a nou pa konnen kote yo pase.

Jodi dimanch la (14 mas), dapre sa mwen aprann, mesye yo ranmase yon pakèt jenn gason ki te nan baz "rene civil" la. Yo te pran yo nan Dèlma 75, nan ri St Maten, ri Timas ak Bèlè. Yo te tou mete sache nwa nan tèt yo e jiskaprezan pa gen yon moun ki konn sa yo fè ak tout jenn gason sa yo.

Tanpri sa ki pi enpotan nan batay jodi-a la se yon òganizasyon “Dwa Moun” pou defann mil
itan yo e ki pou chèche konnen lè yo arete yo kote yo mete yo, sitou si yo pa wè tras yo. Pèp la komanse ap mouri twò lèd. Fè tout mwayen posib ou genyen pou mete yon pwen kontak ak yon òganizasyon “Dwa Moun” pou vin defann moun ki nan lit la. Pou le moman se sa militan yo plis bezwen pou lit la ka kontinye. Si chak fwa yo pran de twa nan nou e nou pa rive konnen sa yo devni lit la ap vin pi difisil.

Sa nou bezwen se yon òganizasyon djanm kote si nou pa rive twouve militan yo arete yo, nou ka mande moun nan òganizasyon sa pou yo rive chèche ki sa moun sa yo devni. Si nou gen de moun ki djanm nan yon òganizasyon “Dwa moun” lap pi fasil pou lit la kontinye. Nou pa gen yon kote pou nou pote plent pou moun kap jere peyi-a. Tanpri kanmarad, fè sa leplivit ke posib pou nou pa pèdi batay sila.

Tanpri nou bezwen yon òganizasyon ki pou enfome pèp la sa yo fè ak pil moun konsekan sa yo et sitou si yo nan prizon pou asire defans yo, pou lit la ka kontinye.

Vandredi (12 mas), yo tire sou nou
. Yo te tye plis pase 16 moun. Sa yo te arete yo, pa gen pèsonn ki konnen sa yo fè avè yo.

Tanpri pa mize sou demand sila. Mèsi anpil kanmarad.

[/quote]


Pitit Ginen

Post by Pitit Ginen » Tue Mar 16, 2004 6:12 pm

Frè m yo!

Nan lane 1915 nou te gen Chalmay Peralt omwen; men fwa sa a, pèp la sanble l pou kont li vre nan trajedi sa a. Mwen pa tande yon sòl vwa ann Ayiti ki rele kont okipasyon sa a. Konmkwa, pou se nan pwen sa a nou rive!!!... Mwen espere ke rezistans lan ap òganize sou teren an. Mwen pa sou plas, mwen paka deklare ke anyen pa p fèt. Antouka, nou tout ka imajine ki orè ka p pase nan peyi a nan moman sa a.

Tout nèg gendwa gen lide pa l sou estrateji lit la, men si nou menm ka p sipòte rezistans lan deyò pa wè nesesite pou n ba l bonjan kout men; alòs, mwen panse se pèn pèdi. Se nan moman sa a ma p kondane Lavalas ankò difèt ke militan mouvman sa a pa t janm òganize vre. Pou jodi a, militan sa yo te dwe an mezi pou yo ofri yon rezistans nòmal devan okipan sanginè, kriminèl, baba sa yo.

Sityasyon sa a militan sa a rakonte nou la a, pa yon sipriz pou nou. Nou tout konnen ke vilanni ki rele kominote entènasyonal la, se
ak sanginè li toujou mare sosis li. Se paske konbatan arab yo klè sou koze sa a kifè yo pa p ezite frape tout senbòl sistèm enperyalis sanginè sa a. Ke moun rele m Teroris, mwen pa briding!!! pase nou dwe rekonèt ke li pa toujou posib pou n dyaloge ak sanginè de bra balan. Mwen pa wè kijan , kouman, nou ka evite reyalite istorik sa a.

Nan moman ke kolon kriminèl kanadyen, fransè ak ameriken ap masakre frè m ak sèm yo nan peyi an, e ki pa menm ka defann tèt yo, mwen pran anpil kouray nan lit pèp Irakyen an, nan lit pèp Palestinyen an, nan lit Militan Radikal Aljeryen yo, nan lit Militan Radikal Mawoken yo, nan lit Militan Radikal Saoudyen yo, nan lit Militan Radikal Siryen yo. Vle ap vle, Karayibeyen ak Afriken gen pou fin pa reyalize ke yo paka toujou evite eprèv istwa sa a.

Mwen pa di nou pra l lage kò n nan yon lit swisidè. Men, fòk nou rive òganize n ase pou n ka reponn nan jan de sityasyon sa yo, e menm fòse lenmi an negosye, louvri yon espas pou pèp la respire. Gen yon bèl modèl nan
Amerik lan nou te ka imite..... Mwen panse ke se yon bèl modèl de lit. Sa pra l mande yon bon ti tan pou n òganize moun yo, men se yon mouvman ki posib. Mwen kwè li lè, li tan pou se pa pèp la senpman ki plede ap viktim. Mwen pa wè ki sans bagay sa a fè !!!......

Pitit Ginen.

User avatar
admin
Site Admin
Posts: 2152
Joined: Thu Nov 13, 2014 7:03 pm

Thank you for the translation!!

Post by admin » Wed Mar 17, 2004 12:42 pm

Thank you for the translation, Jaf! I will forthright send it to Amnesty International and other organizations.

Do we need to bother with NCHR?

I invite others to also distribute widely the above message? Can we see a French translation?

Guy S. Antoine

Morisseau
Posts: 50
Joined: Fri Dec 12, 2003 7:26 pm

Post by Morisseau » Wed Mar 17, 2004 12:44 pm

[quote]Sehr geehrte Damen und Herren
Mit der Hoffnung, dass Sie folgende Nachrichten
lesen werden, bedanken wir uns bei Ihnen.
HAITI:
Donnerstag, 11. Maerz 2004
Wir haben vor dem Palast protestiert, "SIE" haben
auf uns geschossen.
Freitag, 12. Maerz
"SIE", die weissen Soldaten fuhren durch Bel
Air, haben dort mehr als ein Dutzend Menschen
getoetet. Haben viele verschleppt, wissen
nicht wohin und ob sie noch leben.
Sonntag, 14. Maerz
Viele Jugendliche und Heranwachsende
sowie ein der Leiter einer Buergerrechtsbewegung
wurden verschleppt. Keine Spur mehr von Ihnen.
Der Name des Leiters>Rene Civil.
Zum Beispiel:
Delmas, 75, Rue St. Martin & Bel-Air.
Dort haben "SIE" mehrere Menschen ueberfallen,
Ihnen schwarze Tueten ueber die Koepfe gezogen
und dann verschleppt.
Wir Bitten Sie, als Menschrechtsorganisation,
um Hilfe. Tag fuer Tag sterben in Hai
ti Menschen, ohne das die Oeffentlichkeit besonders die Regierung der
Vereinigten Staaten von Amerika davon Notiz
nimmt. Wenn dieses Toeten und andere Verbrechen
so weitergehen stirbt das Volk Tag fuer Tag ein bisschen mehr. Wir finden es eine Schande fuer die
Menschheit, wenn Kriminelle von einer Regierung
der USA unterstuetzt werden, und Verbrechen ohne Strafverfolgung begehen koennen.[/quote]

This is a German translation of the same cry for "justice" above. More translations in many different languages are needed to broaden the circulation this urgent cry for help.

Morisseau
Posts: 50
Joined: Fri Dec 12, 2003 7:26 pm

Post by Morisseau » Wed Mar 17, 2004 12:52 pm

Guy,

Mwen ezite pou ta ankouraje'w voye kopi bay yon seri de oganizasyon ki nan limye evenman Ayiti yo senpman pote non Oganizasyon dwa moun. Nou setenman ka fe sa le nou deside voye kopi ba nenpot "pati politik" kom se konpotman sa yo genyen. Li sanble se ta yon bagay pesonel men le'w byen gade, moun sa yo gen pou kontakte moun epi envestige elatrye ki ka malerezman abouti a yon boucheri selon cheminman yo fe ak enfomasyon ki kolekte yo. Anplis, abode yon seri de oganizasyon malgre ijans ki genyen pou sa nan moman an, se di yo ke nou rekonet yo anko kredib sou teren an ki tap an kontradiksyon flagran a aksyon NCHR/haiti nan kriz peyi d'Ayiti-a. sim bezwen plis limye nan men nou souple, pa neglijem sa. Patryotikman.

User avatar
admin
Site Admin
Posts: 2152
Joined: Thu Nov 13, 2014 7:03 pm

Post by admin » Wed Mar 17, 2004 1:39 pm

Se pou sa menm mwen te poze kesyon an. Gen anpil òganizasyon mwen sispèk anpil. Men mwen pa ka konnen ajisman tout. Bagay sa kab merite kowòdone sou yon lòt nivo. Voye monte a, li plis bon pou gaye nouvèl e pou sansibilize piblik la. Men si objektif la se twouve yon òganizasyon ki pou reprezante mesyedam yo, se an prive pou bagay sa fèt.

Mwen satisfè tou ou konprann travay editing mwen te fè sou mesaj orijinal la pou fè nenpòt ki tradiksyon pi fasil lontan. Mwen plis adèpt nan editing pase nan tradiksyon. Men mwen pap janm manke kontribiye kote mwen kapab fè sa. Mwen kwè nou ta fèt pou parèt ak yon tradiksyon franse kounyè a.

Men sonje, voye monte se youn, twouve yon òganizasyon konpetan ki fiyab, se yon lòt.

Kenbe fèm.

User avatar
admin
Site Admin
Posts: 2152
Joined: Thu Nov 13, 2014 7:03 pm

Post by admin » Fri Mar 19, 2004 8:46 am


Jaf, yon pwoblèm mwen wè ak tèks ou a, se lò ou tradui "Vandredi swa (12 mas) blan yo te monte..." konsa "Friday evening (March 12) the ‘whites' went up..."

Menm si nan lespri w, w ap rapòte reyalite sa ou toujou prezante ban nou tankou "sipremasi ras blanch lan sou latè", yon reyalite ke mwen pa gen okenn entansyon pou mwen renye li egziste tout bon vre, mwen kwè kanmenm li enpòtan pou nou rete fidèl plis ke posib a panse konbatan yo. Lò yo di "blan yo te monte", mwen kwè yo vle di "the occupying forces went up..." e se pa "the whites". Pou ki sa mwen di sa? SE PASKE "the whites" tradui nan lang angle yon reyalite ki fondamantalman diferan de konotasyon kiltirèl "blan yo" nan lang kreyòl la. Mwen pa konnen lang kreyòl la plis pase ou. Men m ap pale kreyòl la depi mwen piti tou. Kidonk, mwen si e sèten, "blan yo" nan kreyòl se pa menm bagay, "the whites" vle di nan lang angle a. "The whites" se yon
ekspresyon ki souliyen nati rasyal okipasyon amerikèn lan. Nou toujou gen dwa kontinye pale sou reyalite sa. Men, se pa "LA" pwoblèm m ap rapòte a chita. Pwoblèm nan, se nan ENTÈPRETASYON VERIDIK ak ENTÈPRETASYON KILTIRÈL panse konbatan yo.

Si ou gen pwoblèm ak sa mwen di la, pa neglije fè mwen konnen, paske se menm lennmi a nou tou de ap konbat.


User avatar
admin
Site Admin
Posts: 2152
Joined: Thu Nov 13, 2014 7:03 pm

Post by admin » Fri Mar 19, 2004 11:13 am


Jaf, ou pote kèk konsiderasyon ki enpòtan anpil nan evalyasyon sa n ap fè la sou tradiksyon espresyon "blan yo" ki soti nan lang Kreyòl la. Mwen konprann pafètman pwosesis panse ou ki mennen w tradui "blan yo" nan "the whites" (ant gimè). Malerezman, menm lò ou mete li "ant gimè", NAN LANG ANGLE A, "the whites" gen yon aksan fò ladan l (aksan rasyal la) ki kapab pa te nan lespri nèg yo tout bon vre. Men mwen dakò avèk ou ke lò mwen di "occupying forces", petèt mwen mete plis pase sa nèg yo te vle di tou. Mwen dakò ak opsèvasyon sa. Difèt, nou pap janm konnen verite sa ki te nan panse Ayisyen yo si se pa yo nou mande dirèkman ki reyalite yo te vle esprime.

Yon lòt bagay ankò, se senkant mil fwa mwen tande Ayisyen di "nèg la" oswa "nèg yo" lò yo tou jis vle di sa nou ta va tradui nan angle "the man" oswa "the men". Byen souvan, yon Ayisyen k ap pale sou yon blan ap di ou "nèg la". NOU TANDE SA CHAK J
OU. Men sepandan, lò nou ta va dekri BLAN AN (a white man) nan lang angle a tankou "the black" oswa "the negro", kit nou ta mete l "ant gimè", kouman yon moun ki pale angle sèlman pral konprann "the black" oswa "the negro" nan sans Ayisyen di l la (lò li jis vle di "the man") ? O sinon yon moun ki pale franse ta va anvizaje "Ce noir" ou "Ce nègre" alaplas "Cet homme" lò Ayisyen an di ou "Nèg sa".

Mwenmenm mwen di ou "Nèg Bush sa, se yon nèg ki mechan tout bon wi!"

Bon, Jaf, se pa mwenmenm ki gen repons yo. Se nan tèt kole pou nou kab tabli ki miyò fason pou nou tradui reyalite kiltirèl sa yo, lò sa enpòtan pou nou kominike ak lemonn antye.


Post Reply