ONU/OEA dwe ranmase eskanp figi ak diyite oubyen KRAZE
Posted: Sun Mar 14, 2004 12:01 pm
Ou pa janm poze tet ou kesyon sou ki wol efektif oubyen reyel ni l'ONU ni l'OEA genyen nan mond la nan limye ni lage Iraq la epi resaman nan kidnaping/dapiyanp fos spesyal meriken yo fe sou prezidan Aristid 2 semen de sa?
Si'w poko janm fe sa, jodi-a se yon bon okazyon pou'w pwofite konsidere reyalite tris sa.
Ou pa remake, an depi de bel "charte" ki ekri e ki ta sipoze ini tout peyi manb yo ansanm nan konpile yon bann "prensip" ke yo blije respekte pou ta kenbe lod nan mond la, ke yo pa vle di anyen si se pa yon ti peyi tet bobech, san kapasite milite reyel ki vyole prensip ki tabli yo?
Ou pa remake ke peyi gwo ponyet yo itilize enstitisyon sa yo senpman pou kwense aksyon lib ti peyi le yo vle pran direksyon pou gouvenne tet yo sou menas gwo sanksyon ekonomi lakay yo ke yo paka sipote?
Ou pa remake ke si pou la wont, enstitisyon sa yo chwazi pou pa ta fe kouvet
i pou peyi gwo ponyet sa yo, peyi sa yo meprize tout prensip pou komet zak yo vle-a malgre tou san okenn desizyon disipline paka OZE pran kont yo?
Ou pa remake ke ONU ak OEA vin tounen trisman, yon enstriman ke peyi Gwo ponyet sa yo itilize pou fe ti peyi tankou nou enjistis tout kalte san yo pa menm jennen?
Ou pa remake kouman sou preteks pou pote kole ak pep Irak la bla bla bla, apre souflet meriken bay ONU douvan je res mond la antank gran patwon oubyen pwopryete enstitisyon sa, yo debake kon yon bann sanwont Irak sou preteks ED IMANITE?
Ou pa remake, malgre move bot regrtab kanmem yo fe sou pesonel ONU yo, yo sanwont anko pou retounen sou lod patwon yo?
Ou pa remake yon similarite nan ka AYITI-a. Malgre apel an ijans CARICOM nan, ONU trennen derye'l pou ret tann zak briganday meriken nan ti peyi san sekou-a?
Ou pa remake kouman apre CARICOM ki se esansyelman yon regwoupman ti peyi ke ONU/OEA ap manniganse la pou chapote dezod mondyal enperaylis la nan ti peyi de bra balanse sa ki se Ayit
i?
Ou pa remake deklarasyon ti visye ke yo mete fe makak kom sekrete jeneral ONU an nan peyi kanada apre yo fin fe li sou nan bon jan diven gran blan bwe: Pat gen koudeta an ayiti?
Ou pa remake ke yap mache fe presyon sanksyon tout kalte sou tout peyi potansyel kite ka ebeje prezidan an pou anpeche'l gen stabilite pou kowodine aktivite lejitim retou-a ki se sel rezon ki pou fen sispann pran lari-a nan limit lalwa tabli pou sa?
Ou pa remake ke pep sa pap kite moun dekourajel nan fe deklareasyon tout kalte pou aksepte sityasyon'l kon yon eta de fe?
Ou pa remake ke se plizye konpatryot ki zanmi pep ayisyen kap manniganse nan fason pa yo pou di non ak zak enkonstitisyonel sa?
Ou pa remake ke se desizyon definitif pep Ayisyen pran pou'l viv lib oubyen mouri?
Ou pa remake ke malgre tout sa'w we kap pase an Ayiti sejousi, pep ayisyen an ap pran bon jan not epi dispozisyon aproprye pou kontinye batay non-vyolan an kont tout lenmi domestik kon etranje kap fe'l je dou pou kraponnenl nan ofril ra
dot ki kontre ak volonte'l?
Ou pa remake fok nou revize batay nou kont enstitisyon ONU/OEA kap sevi mas nan figi yon seri de san wont ki deside pou pase anba pye tout fyete ki rete nou de eritaj desalin yo ak lot vanyan gason ki goumen pou endepandans nachon an?
Ou pa remake se menm bagay la kap fet nan venezuela jodi-a?
Ou pa remake ke Cuba sou lis la byen lontan tou malgre rezilta pratik revolisyon an pote pou pep li kote anpil nan rezilta sa yo sipase sa lakay moun sa ki jalou paskel pran destine li an men?
Ou pa remake ke Gouvenman meriken se yon WMD pi frajil pou nou menm nan karayib la ke pwopagann WMD yap fe nan lapres la?
Se pe ou pe fe konsta sa yo oubyen ou reyelman pa fe yo?
Ou pa remake ou pe enteveni soui pwen sa yo akoz verite pwouvab ki ladan yo eke nou pa bezwen al douvan ONU pou di verite sa pou le mond tande piske lemond deja ap viv yo?
Ou pa remake yo retounen ak pwopagann ED IMANITE-a an ayiti pou fe biwokrat pi rich nan non pep la, eke menm gwo ofisyel meriken yo di
ke Ayiti gen ase manje pou tout moun manje vant deboutonnen? Poutan mize-a blayi telman, ke Ayiti elijib pou yon prim "GRANGOU"?
Ou pa remake pou plis pase syek moun sa yo ap DIRIJE nou swa direkteman swa a trave yon poupe tankou jodi-a, okenn rezilta serye pa janm jwenn pou afekte reyalite mas yo?
Ou pa remake yo pat janm konstwi ase lekol pou nou ka aprann li ak ekri?
Eske'w pa remake le nou te pran destine nou an men nan dis denye ane sa yo, nou konprann nesesite pou konstwi lekol pou retire nou anba lesklavaj inyorans ki te toujou rezon ki fe yo konn ap monte sou nou nenpot kouman an ak gwo franse elatrye pou pete nou?
Ou pa remake ki kalte enkyetid ke prezans Arisitid nan karayib la bay kidnape yo ansanm ak poupe twel yo-a yo san kel poko menm rive? te kwe yo dil pa popile anko? poukisa yo pe? li paka soulva pyes moun kom yo pa avel? Se pa pep ayisyen yo te di ki te leve deyel?
Ou pa remake zannanna pou sizann yap vann nan maket diplomasi yo-a pap vann kom nou pat vin achte nan men yo?
r
Ou pa remake kantite tan yo vle pran pou fe eleksyon ke nou pral boude ak tout eneji nou yo nan non prensip moun ki respekte tet yo, san nou pa nan demagoji, se ekivalan tan kite rete pou Aristid remet pouvwa-a konstitisyonel la?
Ou pa remake ke yo pral tante fe moun kwe atrave lapres ke batay la se batay pou yon nonm le li se yon batay pou respe prensip ak aki demokratik yo?
Ou pa remake ke yo pral pran anpil nan nou ki pral kwe yo le yo pral di radot sal sa yo sou moun san yo pa menm jennen menm?
Ou pa remake ke se plizye milyon lot ki pral kontinye san pran souf goumen pou prensip yo respekte jouktan viktwa konkretize nan men yo?
Ou pa remake ke se pa san rezon san desalin kontinye koule nan ven anpil nan nou ki kwe nan resouszimen, pote kole youn ak lot non pa nan la charite sinistre ak pepe pou pete je moun nan vire je yo sou matye ki enpotan pou yo tankou edikasyon, sante, wout, dlo potab, kominkasyon, teknoloji, DIYITE ak SOUVERENNTE?
Ou pa remake ou pa dako ak mwen paske'w deja asir
e'w yon pozisyon pami ekip mafyozo sa-a eke, se ranse map ranse la?
Ou pa remake ou panse se ilizyon map fe tet mwen piske dapre ou sak fet la fin fet net?
Ou pa remake ke nan atitid mwen mwen di'w non, se pa vre, sak fet la pral DEFET pou'l REFET kom sa dwa nan non prensip yo eke bon nouvel la, seke se nou menm a trave mobilizasyon epi deteminasyon nou sou kelkeswa fom li manifeste-a ki pral rann li posib?
Ou pa remake lespri REBEL e non kriminel ki toujou anime pep AYISYEN an toujou vanyan bo kote nou?
Ou pa remake ke se ou menm nap tann avan tren an pati pou liberasyon total kapital peyi nou tout la?
Ou pa remake ke depa ARISTID pa touye batay RESTITISYON an eke si se pou sa yo voye'l ale tou yo met tounen ak li piske se koz AYITI li ye?
Ou pa remake lespwa koumanse ap tounen tankou soley kap leve apre yon move tan?
Ou pa remake ke se swa ONU/OEA ranmase eskap figi'l ak tout diyitel oubyen yo dwe kraze pou sispann sevi kouveti pou meriken fe abi sou planet la?
Ou pa remake ou
pap janm remake anyen ditou si'w stil pa remake anyen joukaprezan?
Map tann ou...Ayiti pap peri...