Tout moun pran (Jean Erich René)

Post Reply
User avatar
admin
Site Admin
Posts: 2152
Joined: Thu Nov 13, 2014 7:03 pm

Tout moun pran (Jean Erich René)

Post by admin » Mon Mar 08, 2004 3:41 am

From: Robert Benodin
To: *RDNP4 News
Sent: Sunday, March 07
Subject: Tout moun pran

[quote]Tout moun pran.

Dizon Jean Erich René

Mezanmi fok mwen di nou ke bagay yo pa bèl ditou. Kafe ya koule ak ma. Aristid anvanl pati kite yon siga limen lan 2 bout lan peyi ya. Jwèt la tèlman malouk ke domino wa vanse fèmen sou tout moun. Doub sis mouri. Men se doub blan kap mennen. Koze yo konplike anpil . Mwen pral eksplike nou klè kon dlo kokoye lan ki paj nou rive jounen jodiya.

Anvan Aristid te kite peyi ya li te bay chimèl yo lôd aboularaza: sètadi Kraze, brize,boule yo, touye yo. Se sak fè nou tandel di en me renversant on a abattu l'arbre de la paix. Ebyen depi lan jounen vendredi ak samdi semenn pase ya, chimè ap kraze kay moun ak magazen, ak faktori san rete. Bi Aristid te toujou gen lan tèt sete kraze boujwazi peyi ya pou
l ranplase yo pa yon lôt boujwazi. Fok mwen di nou byen ke se pa lide Aristid sèlman. Tout sektè demokratik la ki gen sosyalis yo pi fôladanl pa santi boujwazi ayisyèn lan tou. Yo konsiderel kôm yon kansè. Tout blôk demokratik la OPL, Panpra, komakôm, KID elatriye yo pa dômi kole ak boujwazi saa ke yo rele yon boujwazi kompradô. Se benefis sèlman yap fè sou tèt pèp lan achte machandiz revann. Yo di se parazit yo ye, yo pa pwodi anyen pou fè ekonomi peyi ya avanse.

Boujwazi ayisyen yan pi fô moun ki ladanl se siryen, libanais. Lè nou gade byen se yon boujwazi ki souche lan mwayen noryan-an. Yo reprezante ekzakteman ti group moun ke Blan meriken pa janm renmen yo e ke yo sispèk kap finanse mouvman politik kap fèt lan mwayen noryan. Blan meriken tou profite lan evenman saa poul kase sous finansman ke Yasser Arafat te jwenn lan mwen resôtissan li yo ki chita an Ayiti. Blan meriken tou sèvi ak plan Aristid la ak sektè demokratik poul kraze boujwazi saa ki pa fè afèl ditou. Se sak fè nou remake malgre ke fô
s mentyen la pè ya te sou plas chimè yo kontinye ap kraze magazen ak faktori. Yo pa fè yo anyen. Lè komèsan yo wè yap pèdi tout sa yo te genyen yo kouri rele rebèl yo ki desann la salin al troke kônn yo ak chimè yo. Yo vide moun a tè . Yo arive mete yon kalmi bodmè ya.

Demen maten konl jou bln meriken yo mande rebèl yo pou yo depoze zam yo. Mesye Guy Philip yo ki wè lan ki sa yo pran mande pèp la pou yo apiye yo. Yo rele tout kô polis la pou yo fè yon sèl ak li pou yo ka sove peyi ya. Blan meriken di rebèl yo pa ladanl. Guy Philip ki gen kom konseye li Paul Arcelin di li se Kômandan en chef. Li vle poul te mete yon mouvman nasyonalis sou pye poul sove peyi ya.Li mande pou yo refôme lame Dayiti Yo relel la kay anbasadè ameriken yan. Yo dil poze dèyèl yon kote ak zafè rebèl epitou fèmen pawôl Lame Dayiti lap pale ya. Mezanmi se pa mwen ki fè pawôl , se wè mwen wè pawôl yo ap tonbe mwen ranmase yo jan yo ye poum pote pou nou.

Ti moun visye ap kriye pou manje yo lage yon gonbo cho lan menl. Li b
lije pe sèk e li pa fouti manjel. Mennen koulèv la lekôl se youn fèl chita se 2. Kominote entènasyonal la kite bezwen mete Ayiti anba titèl profite de Goumen ki sou teren yan poul regle kozel. Konnye ya peyi ya fè 3 moso. Gen yon bout lan men la frans, yon bout lan men kanada, pi gro bout la lan men blan meriken. Pou evite kritik yo rele chili ak brezil vinn pran kraze gato wa. Nou toujou ap di pa gen anyen an Ayiti pou blan ta pran ebyen nou fè erè. Tout pov ou tande yap di Ayiti pov la. Ebyen estatistik bay ke Ayiti se pi gro peyi lan karayib la lan transpô lan kontenè. Se pi gro mache ki lan karayib. Men tout komès saa yo se mesye siryen yo ki tap profite de yo. Konye ya yap mete siryen yo deyô tankou nou te tande Aristid te pale de sa deja. Donk pawôl fos mentyen la pè saa gen lôt gro pawôl anbal. Se pa pawôl peny ti dan . Gen zafè enterè lajan kap regle.

Fôs mentyen la pè yo depi mèkredi fè rebèl yo depoze zam yo. Epi yo kite chimè yo ap kontinye kraze tout biznis ak faktori ki gen lan Pôtopren
s. Mwen pa bezwen site pou nou, tout magazen ki lan Pôtoprens kraze. Menm ti boutik ke mèt yo pa gen anyen pou yo wè lan zafè politik. Tout komès kraze eksepte kay manzè Gladys Loti yon anganman ki pa janm pa prezan lan tout gouvènman. Yvon Neptune ki se premye minis louvri bouch li pou li di ke peyi lan semenn saa fè yon pèt de 300 milyon dola US. Mwen bann pawôl yo lan bon ti mamit. Nou pa bezwen sezi si nou tande lan ane kap vini la nou tande se gro chenn magazen tankou Wall mart, K Mart, Simson Sears, Eaton ki pran komès lan peyi ya. Sann konprann lan se pasa .Tout moun pran. Lit kap mennen la se pa lit pye sal. Se pawôl gro zouzoune.

Sin kwèm manti, menm mouvman saa nou wè kap fèt an Ayiti ya, ap repete tèk pou tèk lan Sen Domengue. Gen gro lobo ki te pete lan Sen Domengue pou yo chavire Prezidan Hipolito Mehija. Tout sektè komèsyal ak endistriyèl lan Sen Domengue yo pati pou yo mete yo deyô tou. Gen anpil moun ki konprann ke mouvman rebel Guy Philippe ki soti ST Domingue lan se Presidan Hippol
ito Mejija ki finanse . Non, prezidan domniniken yan pa konn anyen lan saa. Se yon sektè lan lame ya ki fè yon dil ak gro chabrak ameriken yo, ki antrene mesye yo, ekipe yo, voye yo an Ayiti. Se sak fè Hipolito Mehija lè tande bagay saa te pran kominike poul te di ke li pa tolere bann ame sou teritwa
dominkani. Li kite chwal fini pase se lè saa lap di fèmen baryè. Mesye rebèl saa yo se yon epouvantay gouvènman ameriken yan itilize poul fè Aristid kouri. Se sak fè dimanch maten anvan kôk la bat zèl li poul chante anbasadè ameriken yan ak merin yo al anba pye bwa kote te kok la te jouke pou yo dil pa fè trô fô, pa fè bri men mesye rebèl yo tou pre ya. Konsey yo tabal fèmen zèl li, bese kel. Mache sou pwent pye. Gen yon avyon kap tann li tou pre ya, monte ladan anvan jwèt la gate.

Depi dimanch Aristid fin monte avyon poul al ateri bangui, pèp Ayisyen yan ap monte le syèl pa do. Moun paka dômi vagabon ap kraze ap brize. Yo desann jis lan vil jeremi pou yal boule ran magazen sou gran ri ki bay sou bo
d mè ya . Se bon dye ki fè depi vendredi gen yon lapli ki tap tonbe. Atoufè ki te ononb de 7 pa fouti limen dife lan rès kay anba la vil ke uyo te komanse boule deja depi lan mache siro. Yo tap veye. Lan jou ki te dimanch maten lè yo tande Aristid ale yo sove . Yal bare sou rout yo jewnn yo jis bomon. Menm sèn se lan tout peyi ya lap pase. Peyi ya kraze nèt . Ekonomi nou a zero Ki sa mesye politisyen yo di lan tout bagay saa yo?

Tout moun ret sezi. Tout polisyen mete men lan machwè, lè yo wè lan kisa peyi ya tonbe jounen jodiya. Gen anpil dyol ki boude . Men Aristid ale pouvwaa pa tonbe lan men lopozisyon wan jan te konprann li yan. Tou dabô se pa lopozisyon ki chwazi Bonifas Alexandre kôm prezidan. Se blan meriken ki di fôk konstitisyon ekzekite a la lèt. Konstitisyon wan di se prezidan kou de kasasyon wan ki pou prezidan. Se Alexandre Bonifas ki prezidan kou de kasasyon kidonk se li ki prezidan. Men lopozisyon ki konnen ke Bonifas se zonbi Aristid te chwazi jij Michel Donasyen ki te avoka biro kont
ribisyon lan pôtoprens, ou byen ankô yo tap mete jij Donaston. Sa pa mache konsa. Se premye kalôt ke lopozisyon wan pran lan men blan meriken. Se sak pèmèt lopozisyon wan rekonèt lan ki sa yo pran jounen jodiya.

Premye so pa so tout moun ki lan opozisyon jounen jodiya oblije sere ren yo pou yo wè kouman pou yo siye kajou saa. Sèkey madoulè saa yo wè ke blan meriken ranje pou yo wa, yo pa dakô pou yo kouche ladanl de je klè.Yo tout antann yo pou yo estope blan meriken yan lan tantativ pran peyi saa li vle fè sou do lavalas la. Gen yon konsey saj ki monte 5 moun sou 7 se Lavalas yo ye. Se yon batay kap fèt ant nouvo lavalas ak ansyen lavalas makout pat ladanl. Atansyon Fôk yon moun fen pou fennen fey. Ni ansyen lavalas, ni nouvo lavalas, ni platfôm demokratik la pat dakô ak mouvman rebèl Guy Philippe la ak Louis Jodel Chamblain. Se sak fè nou te tande Marc Bazin te mande pou yo arete rebèl yo. Se sak fè nou te tande group 184 la ak tout lopozisyon pasifik la te kanpe lwen rebèl yo. Se sak fè nou te tan
de Evans Paul te di semenn pase ya li pa an afè ak kriminel tankou Louis Jodel Chanblain.

Ebyen depi jedi bagay yo chavire. Gen lôt boul ki komanse ap tonbe lan kalbas la. Klas politik la kômanse ap konprann ki jwèt koken fôs mentyen la pè ya ap mennen pou yo fè dappiyanp sou peyi ya, yo fè yon blôk pou yo di yo estop. Depi yo wè ke yo wè ke blan meriken yo dezame rebèl yo lè fini yo kite chimè yo ap kraze biznis ki lan peyi ya yo komanse konprann lan ki sa yo pran. Se sak fè nou tan de konye ya klass politik la , platform demokratik la e patikilyèman Evans Paul ki pat dako ak rebèl e li te dil piblikman depi jedi yo chanje lang yo. Yo tout deklare ke Guy Philippe gen plas le lan plat fôm. Yo komanse konprann nesesite prezans rebèl yo. Paske gen yon jwèt koken kap mennen la. Yon jwèt rat mode soufle. Mesye lopozisyon yo vin konprann depi jedi ke Blan meriken ap fè ti dife boule ant lavalas ak lopozisyon. Lap mennen yon jwèt kilikiti anba anba, yon jwèt le rouj le nwa. Epi li pral di yanm babaranm l
i foure tout lan bouch li Tout ti nèg nwè tèt grenn kap goumen pou pouvwa tout chire.

Gen viejo ki sou sèn politik la ki gen tan konprann ,yap seye fè yon gro kout volan pou yo mete bato wa lan yon lôt direksyon . Peyi ya pa pou vann . Se ede fos mentyen la pè sipoze ede pèp la. Se sekirite li sipoze bay. Mizik yo tande ya se kraze li vle di pou yo pran tout pou yo . Klas politik la di fèmen pou li souple. Poun ka byen konprann sam vle di la, nou pwal fè yon ti retou an aryè. Keksyon nou dwe poze nou se poukisa yon seri de moun lan lopozisyon wan pat dakô ak mouvman rebèl Guy Philippe ak Louis Jodel Chamblain yan. Ebyen mouvman rebèl ;a plis gen yon ti koulè divalyeris.Se Paul Arcelin ki te anbasadè Haiti lan St Domingue sou gouvènman Prosper Avril la kap pouse mouvman saa. Mesye Divalieris yo ki pa janm manje anyen ki frèt deside se ak zam pou yo pouse do Aristid. Zafè de negosyasyon an, se pale anpil. Ale mennen vini ak LOEA ak karikom se kaka chat dèyè bwèt. Aristid pa konn tande se sèl zam li pè
.Yo te gen rezon men se sa ki pote gouvènman an ale.

Mesye Lopozisyon yo komanse pè depi yo wè Guy Philipp al jwenn nèg Gonaives yo ke yo menm yo tap chèche mete anba men yo. Yo pat kontan ditou devlopman saa ke mouvman rebel yo ke divalyeris yo tap pouse ya te pran. Se sak fè yo pat vle apiye mouvman an. Men fôk ou konn la pou al la. Mouvman rebèl la te gen repondong blan meriken. Ki kote ou ta vle pou yo ta jwenn kalite zam fann fwa saa yo ak bèl inifôm.Ak bèl machin yap kouri yo. Bagay yo komanse gate a pati di moman ke Paul Arcelin al konseye Guy Philippe poul declare ke se li ki chèf. Nèg yo kômanse depase manda ke yo te bayo. Van kômanse ap monte lan tèt Guy Philipp ki deklare: I am the chief. Kominote entènasyonal la pa renmen sant yo pran an. Yo fè Guy Philippe poze boudal yon kote. Se lè saa nèg platfômn demokratik yo komanse konprann lan ki sa yo tonbe. Pandan blan meriken ap di Guy Philippe alel vouzan nèg platfôm yo di Guy Philip vinn jwenn yo paske yo ka bezwenl pi devan. Li gen plas li l
an platfôm lan . Batay la fenk komanse.

Si nou vle gade se pa sèl rebèl yo ke blan meriken yo mete deyô. Yo pa dakô ditou ak koze de refè lame ya. Gen James T. Hill lan nimero jounal New york Times 5 mars apre ke li fin detrense bô tèt rebèl yo li di bagay refè lame Dayiti. Pa gen sa pyès. Se sak fè nou pa tande bri Himler Rébu ankô. Dany Toussaint mete kôl tou piti pou yo bliyel. Li pa pale ditou. Men atansyon bann chanpwèl pi danjere pase rara. Rara fè bri lajounen men chanpwèl soti lan nwit sanl pa fèbri men li fè dega. An plis mesye militè yo ak sektè boujwazi ya gen yon twazièm sektè ke blan meriken pa vle wè ak je se klas entelektyèl ayisyen. De gran entelektyèl tankou Leslie François Manigat yo pa vle dômi kole ak yo. Yo plis anvi pouse moun lan dyaspora ki te etidye bô lakay yo menm jan ak defen Leslie Delatour. Lan dènye reyinyon ki te fèt Jamayik la tout sa Prezidan Maniga te fè poul te al asiste reyinyon saa yo pa envitel. Profesè Manigat pa lan katon wan ditou. Poutan se li tout klas e
ntelektyèl la ta swete. Blan meriken ap kraze entektyèl klas mwayèn lan ki chita an ayiti ou byen ki sôti lan blôk Erop la ou byen lan Amerik latin lan paske li jije ke yo trô revolisyonè, yo pap pèmèt li fè sa yo vle ya.

Pou pos premye minis lan, blan meriken propoze 2 moun sèlman Herard Abraham ak Gerard Latortue. Platform demokratik la di li pa ka kite ke ameriken jwe jwèt la pou kont li . Yo ajoute non 3 lôt moun lan lis premye minis lan tou. Sa fè 5 moun antou ki sou lis la. Donk apre Herard braham ak Gerard Latortue

1.- Smark Michel ke Group 184 la ak OPL prezante. Paske Smark Michel, non sèlman lan sektè komès la men li gen yon grenn zanno lan sektè sosyalist la tou. Sitou bô kote OPL . Se Maitre Gerard Pierre charles.ak Andy Apaid ki apiye kandidati Smark Michel la.

2.- Axan Abellard , pou moun ki pa konnenl byen se yon engenyè li ye ki gen gro biznis an Ayiti . Se pitit gason Charles Alexandre Abellard ki te direktè radyo nasyonal sou Jean Claude Duvalier e ki gen Kolèj yo re
le Orphée Noir lan Kanape vè,. Se Evans Paul ki chef kid ak Lerouje yon biznisman enfliyan ,ki gro manb lan CLED ki apiye Axan Abellard. Mwen vle raple nou ke cled la se yon mouvman jenn antreprenè ki vle divose ak boujwazi komprado. Yo vle fè sa ke papa yo ak manman yo pat vle fè. Yo finanse anpil mouvman politik de goch tankou FNCD, Panpra , KID elatriye.

3-Herold Jean François se yon lot kandida ke klas entèlektyèl la voye. Se etidyan yo ki apiyel. Si nou vle gade na wè ke malgre Aristid fin ale etidyan yo reprann beton wan ankô. Yo konprann jwèt pran peyi ya blan meriken yo vle fè. Si nou tande slogan ke yap repete lan manifestasyon wan: Se mete blan meriken deyô. Donk se blok inivèsitè ya ak klas entelektyel la ki voye Herold Jean François.

Keksyon nou dwe ap poze tèt nou konnye ya pami 5 moun saa yo: Herard Abraham, Gérard Latortue, Smark Michel, Axan Abellard, Herold Jean François. Kilès ladan yo kap premye minis. Pou yon boul soti fôk li te lan kalbas la. Pa gen lôt moun ke 5 sayo ki ka
premye minis. Se pa de sispens bagay saa pa bay. Se pa tiraj osô yo pral fè. Bôlèt pa ladanl. Se yon komite saj ki gen 7 manb ladanl li ki pral di kilès yo chwazi pou premye minis. Depi vendredi kanè ya te dwe bay men yo oblije ranvoye tiraj la pou lôt semenn, tèlman gen pale anpil . Men non moun ki lan komite saj la ki pral fè kokenn chenn travay saa:

Anne-Marie ISSA Secteur Privéé (lavalas)
Lamartine Clermont Eglise Anglicane
Christian Rousseau Université
Ariel Henri Plateforme demokratik
Jean McDonald Eglise Anglicane senatè (lavalas)
Simon Paul Emile Lavalas
Danièle Magloire Droits Humains (lavalas plis )

Gen moun ki pa ka tann e ki ta anvi konnen kilès moun kap fè gro lo wa. Nou pral gade lan govi ya pou nou wè avan tiraj ki boul kap soti. Pa gen anyen sekrè lan peyi Dayiti. Kapten dèyè pot se bale . Kapten anba kabann se vaz. Se mèt kont ki toujou chofe kont . Janm tande kout tanbou ap frappe laa bann kap vini yan sim pa tronpem,si jem wè klè ou byen se Herard Abr
aham ou byen se Gerard Latortue kak fanyon an lan men yo ki lan tèt bann lan.

Pou kisa mwen di Herard Abraham ak Gerard Latortue ? E pou ki sa mwen pa lonmen non lôt kandida yo ?

Valèt pa mèt. Las koupe 10 . Se Herard Abraham ak Gerard Latortue ke blan meriken mete sou teren yan pou plizyè rezon ke nou pral konprann titalè konsa. Axan Abellard , Smark Michel ak Herold Jean François se Platform demokratik la ki voye yo sètadi konvèjans , group 184. Paske yo pa renmen minal ke blan meriken ap mennen yan. Yo pa soti pou yo kale yanm pou po. Zegwi koud rad men se zepeng ki pral lan nôs.

Herard Abraham se yon ansyen general lame ki chaje ak ekperyans ak bon sans. Li deja fè eleksyon deja. Apre de pa Jal avril li pat pran pouvwa. Li gade prezidans lan pou 72 zè e li te renment li bay madan Trouillot lèl te di yon fraz ki fè sansasyon:Madame l'Armée est à vos ordres. Se yon nèg onèt, youn lan rare gro militè ki pa milyoné yo. Se li ki te renmèt Aristid pouvwa anvan ke li te vire dol poul pran r
etrèt li. Se li ki te mate kou deta Lafontant an. Donk se pa yon amatè li ye. Se yon moun ki konn sa poul fè pou retire peyi ya lan sal tonbe la. Li gen yon pakèt chans poul premye minis.

Maitre Gerard Latortue se yon gro technokrat ki te deja minis afè etranjè sou Manigat. Lap travay lan gro biro FMI. Se yon bl ôk konesans ki kanpe sou de pyel. Li gen yon pakèt sèvis li pral rann Ayiti. Li gen tout syans pou li mete kanpe yon l ôt estrikti ôganizasyonnel. Li gen tout konesans poul amenaje yon lôt espas ekonomik e pou li entegre Ayiti ak konpetans e diyite lan tren ekonomik mondyalizasyon ki pral demare 1er janvye 2005 lan la . Se pa jwèt ti moun kap fèt. Pa gen plas pou moun kap vin welele la. Bay pèp la manti , vin pran poz ekonomis yo ou pa janm konn kote yo te aprann ,Yo di se mistè clean yap vin grennen franse epi se planch a biyè ya yo fètravay pou yo ogmante enflasyon lan peyi Dayiti . Gen lôt menm kap pale de pitit sô yèt san yo pa janm fè anyen pou yo pandan 12 zan Pèp la toujou rete lan menm
Mizè li te ye anvan. Epi yo mete fot la sou kont èd yo pa bayo ou byen anbago.

Pa gen plas la pou oken amatè, pa gen chèz lan palè nasyonal la pou radotè ak mantè. Machatè ak wangatè kap vin sakrifye ti bebe pou yo kenbe pouvwa pou fè mechanste. Se konnen ki fè pa konnen se rete gade. Depi 200 zan se toujou menm penpenp lan . Se toujou yon ololoy pou chodyè monte an Ayiti. Pèp la pa ka jwenn de kiyè mayimoulen ak sos pwa poul manje. Tandiske moun ki te gen yon sèl kanson anvan yo te prezidan siyen milyonè. Li lè li tan pou pèp la jewnn yon bon bout bannan poul manje ak yon dlo prop poul bwè. Li lè pou yo sispann dômi anba kay koule lan labou site soley ak lafosèt, Sent Elène, Raboto, Site lesko ak Dèyè kreyak.

[/quote]


Post Reply