Eske nou kab esplike fenomèn sa?

Post Reply
User avatar
admin
Site Admin
Posts: 2152
Joined: Thu Nov 13, 2014 7:03 pm

Eske nou kab esplike fenomèn sa?

Post by admin » Wed Mar 03, 2004 10:12 am


Politik ak Propagand, se Kokòt ak Figaro. Nout tout konn sa. Se sa ki fè mwen pa sezi lò medya yo plis montre Ayisyen k ap fete, k ap selebre kadejak sa Blan meriken ak Blan franse ak Blan Kanadyen vin fè sou peyi a. Se sa ki fè mwen pa sezi ditou lò menm moun sa yo te deside pou yo pa te mennen Jan Bètran Aristid dirèkteman nan Afrikdisid, kote li panse yo tap mennen li. Blan yo pa manke entelijans. Yo konnen byen si se Afrikdisid yo te mennen misye, pou M'beki, ki pa restavèk Blan yo, ta va resevwa JBA ak kapèt wouj tankou yon chèf deta epi ba li yon mikrofòn tou pou li pale ak lemonn antye epi rakonte sa ki te pase li. Bagay sa ta fè twòp enpak. Colin Powell ak akolit li yo pa te pral aksepte yon anbarasman parèy. Tout sa mwen di nou la se Elemantè 1. Nou pa ka sezi dèske Blan franse ak Blan Meriken entelijan. Yo toujou ap woule nou.

Sepandan, gen yon lòt kesyon ki vin nan tèt mwen tou e mwen ta renmen nou ban mwen yon repons sou sa. Tout moun sa yo k ap selebre "rebèl" yo, menm nèg ki tap toupizi yo sa gen kèk ane tankou Chamblain, tankou lidè FRAPH ak FADH yo, ki sa ki fè y ap selebre konsa? Bon sa se yon ti bout nan kesyon an, Te mwen sijere kèk repons deja anvan mwen kontinye jis mwen rive nan bout li. [Souple, si nou dekouvri kèk eleman rasis nan sa m ap di a, konnen se pa santiman pa m. Mwen jis vle vire tout mosochabon toulimen yo (tabou) nan rechèch VERITE a.]

a) Ayisyen pap pèdi okazyon pou yo defoule fristrasyon lavi yo, kèlkeswa pòtre ou mete devan yo. Si ou vle yo danse, ebyen y ap danse.

b) Anpil Ayisyen nan mas la pa te vle wè Aristid. Sou Aristid, LAVICHÈ TAP KRAZE ZO YO. LAMIZÈ TAP SOUSE SAN YO. Ki moun ki pou pran responsabilite LAVICHÈ a, LAMIZÈ a, si se pa CHÈF la? Aristid te pwomèt yo LAPÈ NAN TÈT, LAPÈ NAN VANT. Yo pa te jwi ni lapè nan tèt, ni lapè nan vant. Ki te mele yo si se yon chen ki ta vin chèf nan jounen jodiya? Sa ki pi enpòtan an, se debarase yo de madichon sa ki te vini pou yo, sa vle di ba yon lòt yon chans, menm si se yon chen li ye, pou li fè yon bagay pou peyi a, defason pou yo twouve yon bagay pou yo manje chak jou.

c) Ensten pou prezève lavi yo: Si yo danse nan akeyi rebèl yo, sa va diminye chans yon lòt lonje dwèt sou yo pou di se patizan Aristide yo te ye, oswa pou di se "chimè" yo te ye. Yo danse, men se yon fason pou yo fonn nan foul la... chape poul yo.

d) Epi se yon fason tou pou yo rantre nan liy pou resevwa favè nan men moun ki kontwole pouvwa peyi a, ki kontwole woulman lajan an tou.

Bon mwen sèten gen lòt rezon ki posib toujou, ki kab esplike fenomèn nou soti wè a nan medya yo, menm si yo sèvi kòm pwopagand pou mèt medya yo. Men pwopagand lan se yon reyalite li devwale tou. Li kapab ekzajere, li kapab defòme, li kapab reyisi petèt pou l enfliyanse w jan l vle, men imaj li montre yo se kamera kanmenm ki te kapte yo. Kidonk, men dènye kesyon mwen te vle poze a:

Moun sa yo k ap defoule tèt yo nan akeyi militè yo, "liberatè" yo... eske se yo menm menm ki t ap rele "Viv Aristid pou senk an... si nou pa vle DIZAN! " ? Eske se menm moun Jafrikayiti te montre nou nan foto li yo jou selebrasyon Premye Janvye a? Eske se menm moun Ezili Danto te opsève yo nan menm moman sa? Anpil lan nou te ale an Ayiti nan fen ane pase. Se kesyon sa mwen gen pou nou. Anjeneral, moun ki rele "VIV" ak moun ki rele "ABA", eske se 2 kan disten yo ye, ki fè yon chwa politik e reste konsekan ak konviksyon yo, ou eske se mabouya ki chanje koulè suivan sikonstans yo?

Mwen ta renmen suiv sa nou panse sou bagay sa. Mèsi.

Pitit Ginen

Pèp analfabèt pa bèt !

Post by Pitit Ginen » Sat Mar 06, 2004 8:29 pm

Respè pou lakou a,

Nou pa gen pretansyon konn Ayiti ansanm ak pèp nou an plis pase pèsonn. Men, eksperyans pèsonèl nou ak yon bann obsèvasyon pèmèt nou fè yon seri de refleksyon sou pèp nou an. Nou pa gen pretansyon non plis ke lide nou yo pi bon pase pa pèsonn. Nou tou senpman ap fè jèfò pou n panse, jisteman, yon fason pou n ka aprann nan brase lide ak lòt zanmi.

Anvan nou fè kèk kòmantè sou kesyon Guy soulve yo, nou vle mande l kisa li vle di lè l ekri : "Nou pa ka sezi dèske Blan franse ak Blan Meriken entelijan. Yo toujou ap woule nou". Blan yo toujou woule kiyès?

Li rete klè ke pati nan pèp la ki kontinye ap sipòte Aristid pa p janm nan kouri dèyè sanginè tankou Guy Philippe, Jodel Chamblain ansanm ak pakèt ansyan bouro nan lame okipasyon yanki a. Daprè kèk zanmi ke m kominike ak yo sou entènèt, menmsi yo pa t pou Aristid, men yo di m klè ke ak sanginè sa yo ki debake sou yo la a, yo pè anpil. Mwen menm panse ke anpil moun ki te kont Aristid dwe fè mea culpa nan kè yo; nan sans ke yo gen dwa di : pito nou te gen Aristide pase bann kriminèl sa yo. Sa anpil enmi Aristide nan pèp la pral reyalize byen vit, sèke bèt ki rele Meriken an rete yon eleman sinik. Daprè nou menm sa k ap pase la a, se yon mal pou yon byen. Nan sans ke anpil je moun ap fin pa louvri sou kijan kominote entènasyonal sa a fonksyone. Bann ti vagabon, ti dilè dròg san fwa ni lwa tankou Guy Philippe, Chamblain paka fè pèsonn nan mas pèp la mache; apa, e sa se san mank, ansyen jandam, ansyen atache, ansyan makout.

Dayè, daprè yon komantè ki sot pibliye anba plim Jim Defede nan fowòm sa menm nan dat 4 mas la; pifò endividi ki ta p adore kriminèl ki rele Philippe la, se ansyen jandam ki vin dèyè ansyen dyòb yo(dyòb kraze zo moun ka p revandike). Ann pa bliye ke Philippe, Chamblain ansanm ak bouro parèy li yo konnen fen e byen ke Ameriken se ak sanzave yo toujou sèvi. Men, sa nèg sa yo pa konnen petèt; sèke pèp Ayisyen, li menm tou, konnen ke Ameriken se sanginè yo toujou peye pou met payi nou tèt anba.

An gwo, pa gen dout ke vagabon sa yo pa gen okenn sipò nan mitan pèp ayisyen an. Konsa, konsa, n ap di byen vit ke n pa rekonèt pèp ayisyen an nan pwen a) mesaj Guy a. Nou parekonèt li non plis nan pwen b) a; sof nan premye pati pwen sa a ki pale de fristrasyon anpil moun te genyen kont Aristide. Konsènan pwen c) an, n ap mande kiyès gwoup ki plis gen ensten konsèvasyon. Se vre li fasil pou klas dominant lan manipile mas yo nan kenbe yo nan mizè ki vin fè youn ka manje lòt pou yon bout fig. Men nan "Les damnés de la terre", Frantz Fanon montre aklè ke yon fenomèn konsa, se pa konmkwadire se yon bagay ki soti nan nati lòm nan menm. sa pa vle di yo pa gen konsyans. Dayè, lè mouvman revolisyon pran chè, se menm malere sa yo nou jwenn nan tèt batay la. Yo pa gen anyen pou yo pèdi. Pou pwen d) a, se vre, nou te ka fè eksperyans sa a pandan tout dire gouvènman Lavalas yo, ke pifò swadizan militan nan pati sa a, se manje yo yo te vle sove.

Kanta sanginè tankou Philippe, apa sore, deranje parèy li, pa p gen pèsonn ki pral kouri dèyè fatra konsa; kèlkeswa rezon an. Ann pa bliye ke apatrid nan lopozisyon yo, se pa lajan yo manke; poutan yo pakab fè pèp la mache. Depi 86 pèp Ayisyen an prouve kijan li pre pou l mete peyi kanpe kanpe ak fòs kouray li. Mwen pa wè kijan, kouman, kriminè sovaj tankou Philippe ak Chamblain pral ka enpoze yo nan peyi DESALIN nan. Mwen pa wè kijan....

N ap tou pwofite, nan menm liyn refleksyon sa a, komantè sou sa ke Abobo ekri nan mesaj li an. Nan jan frè sa a pale de pèp Tyè Monn yo, e pèp Ayisyen an an patikilye, nou blije di--si se pa t entansyon zanmi an, li va korije nou--ke li montre anpil Awogans nan figi mas yo. Pou yon zanmi ki di li vle fè travay Konsyantize , nou trouve lekti li de reyalite Tyè Monn nan boure ak prejije.

Se vre ke pèp nan Tyè Monn lan kwè nan sovè. Men, lè w byen gade, se pa nan "mesi' yo kwè; se yon diskou, yon imaj yo kite pote yo ale. Dayè, menm moun enstwi gendwa kite yo anbobine nan yon diskou, yon imaj. Sa k pou ede yon nonm gade tèt li sou de zèpòl li, kanpe dyanm, fòk sila a gen yon konesans solid sou sa yo rele "Lit politik" la. Se konsa w pral jwenn anndan òganizasyon popilè dyanm ki parèt aprè 86 la, militan yo te toujou ap kritike tout pati politik yo (Lavalas sitou ki te popilè anpil) difèt ke pati sa yo te refize (yon pozisyon ki pa chanje jodi a dayè) chache ankadre, estriktire, apiye, akonpanye mouvman konsekan sa yo.

Men vrè kesyon : èske pèp la gen tò oswa li twò sòt kifè li kwè nan yon lidè (Sa n panse ke Abobo rele "mesi" a)?

Chanjman politik konsekan toupatou toujou gen yon direksyon ak yon lidè nan tèt li--se yon trajedi istorik nou paka nye--ke mas yo toujou aklame(Desalin, Lenin, Mao, Mahatir, Castro, Aristide(lidè 91 lan)). Nou konnen tou ke yon lidè pa yon endividi izole. Tout lidè ki rive nan pouvwa gen pakèt kolabratè ki ta sipoze gen pou misyon travay nan enterè pèp la. An verite, mwen pa kwè pèp yo gen tò daprèzavwa yo kwè nan yon lidè. Nou tout konnen kisa lidè konsekan, konsyan reyalize pou konpatriyòt yo nan prèske tout Lazi a.

Si yon lidè paka satisfè revandikasyon pèp la; li gen pou devwa pou l eksplike bay pèp sa a kisa k pwoblèm lan. Nou ka wè ke Aristide pa t akonpli devwa sa a. Li panse l te entèlijan ase pou l dejwe tout leson ke listwa aprann nou sou vyolans politik.

Abobo, lè w di ke "pèp analfabèt" yo kwè nan nenpòt ki mesi, kit li te dyab, oswa chen. Nou pa fin wè trè byen sou kisa w chita pou w fè yon deklarasyon konsa. Listwa prouve n klè tankou dlo kòk ke pèp Tyè Monn yo toujou aliyen yo bò kote moun ki toujou kanpe pou yo, ki toujou ap lite nan enterè yo. Si souvan, lè lidè sa yo vin sou pouvwa, yo trayi ou byen yo fè echèk, èske sa vle di pèp la sòt pase li te fè yon lidè konsa konfyans?

Dayè, listwa montre tou aklè ke tout lidè apatrid ki rive sou pouvwa; se oswa ak konplisite kolon yo, oswa ak vyolans(koudeta).

Abobo, w poko konn pèp Ayisyen sa a ditou. Kite m rakonte w ti istwa sa a. Mwen pa t gen chans sou plas lè evenman sa a te rive. Men, mwen te gen frè m ki te la ak kèk kamarad nan AMAPP ki te viv bagay sa a : nan lane 90, lè kanpay elektoral pou prezidan ta p chofe beton an. Bazen te rive nan Site Solèy pou yon rasanbleman. Avan msye te rive anpil lajan ta p sikile nan foul la pou sipòte poulen yanki a. Lè Bazen vin rive, mouche koumnase voye monte. Li rive nan yon moman kote la p konpare pwogram pa li ak pa ak lòt kandida yo. Nan moman sa a, pèp souvren, lajan l nan menm l, leve de bra yo anlè e pran kriye : "Viv Titid".

Men nan ki pwen pèp analfabèt pa bèt ti tonton !!!

Pitit Ginen.

User avatar
admin
Site Admin
Posts: 2152
Joined: Thu Nov 13, 2014 7:03 pm

Post by admin » Sat Mar 06, 2004 9:40 pm


Pitit Ginen, mwen mwen remèsye w dèske ou relanse diskisyon mwen te vle fè a, menm jan mwen remèsye Yawabobo tou. Mwen gen enpresyon Yawabobo pap manke retounen nan brase lide sa, jan li te pwomèt la. Mwen menm, mwen pap kouri retounen nan won paske mwen ta vle wè lòt moun bay dizon yo tou. Men li enpòtan pou mwen pote sèman de ti presizyon sou sa mwen te ekri la.

Nan tout mesaj ou a, ou pale de "pèp ayisyen". Mwen menm, mwen pa te vize tout pèp la konsa. Se yon esplikasyon mwen t ap chache sou ki sa ki fè yon gwoup moun konpòte li yon fason byen detèmine nan tèl ou tèl sikonstans. Mwen pa konn repons lan, se chache m ap chache konprann. Mwen vini ak 4 posibilite, petèt gen lòt toujou. Li sèten se pat tout pèp la ki tap danse lò rebèl yo rantre nan Pòtoprens. Se yon gwoup moun ki danse. Yo pa te parèt tankou se lelit sèlman ki tap selebre depa Aristide la. Se jisteman paske mwen pa te konprann ki
sa yo te jwenn pou selebre a ki fè mwen poze kesyon mwen yo. Kidonk, Pitit Ginen, mwen panse ou elaji diskisyon yon e ou pote li nan yon lòt nivo, kote sa mwen di yo kab parèt tankou yo pa fè sans. Mwen pè pale sou pèp ayisyen an jeneral, tankou mwen pè pale sou pèp meriken an jeneral, paske pèp sa yo pa omojèn, se pa yon "monolit" li ye.

Lò ou di yon pèp brav, fòk ou sonje gen anpil kapon nan mitan yo tou. Mwen gen dwa mande tèt mwen ki sa ki fè yon gwoup moun, pa egzanp, vin kapon (petèt gen yon rezon pou sa, e rezon sa li merite nou etidye li tou pou n ka konprann konpòtman moun sa yo pi byen, pou n ka konprann pwosesis yo ki fè moun sa yo vin kapon, pou n pa pran move sipriz pi devan paske nou te neglije konsidere ka patikilye sa yo...). Men si nou fè refleksyon sa, sa pa vle di nou kwè tout moun kapon alawonnbadè.

M espere nou klè sou sa.

Finalman, ou mande:
[quote]Anvan nou fè kèk kòmantè sou kesyon Guy soulve yo, nou vle mande l kisa li vle di lè l ekri : "No
u pa ka sezi dèske Blan franse ak Blan Meriken entelijan. Yo toujou ap woule nou". Blan yo toujou woule kiyès?[/quote]

Konsidere "nou" an tankou yon atik endefini. Jan yon Meriken te di: "Ou gen dwa woule tout pèp la pandan yon bout tan. Ou gen dwa woule kèk moun pou tout tan. Men ou pa kapab woule tout pèp la pou tout tan." Mwen vle di jiskadat, gen moun ki pran Blan pou Bondye. Blan an menm pwofite anpil pou li simante privilèj pa l sou tèt moun sa yo ki pran li pou Bondye. Se nan sans sa mwen ekri sa mwen ekri anlè a. Petèt mwen pa te esprime mwen byen, men ankò in fwa, se pa te entansyon pa m pou m te jeneralize.

Jodi a menm, mwen tande nèg kiltive k ap di pito se Blan franse ak meriken ki gouvène peyi a, paske Ayisyen pa bon, yo pa te janm bon e yo pap janm bon. Vle pa vle, gen moun ki panse konsa. Si mwen di sa, sa pa vle di se tout pèp la ki panse konsa. Aybobo!

Jonas
Posts: 238
Joined: Sun Sep 07, 2003 11:53 am

Post by Jonas » Sun Mar 07, 2004 9:19 am

Mesye,tout pèp manipilab e sa pa gen anyen pou l wè ak edikasyon ou mank dedikasyon pèp sa a.
Pa egzanp ,ki sa k eksplike preske 3/4 blan nan Sid Etazini yo,vote Repibliken menm sa k ap travay pou salè minimòm yo e ki san asirans sante?
Sa nou wè sak rive an Ayiti an ,se sa k te rive nan Nicaragua kote meriken yo te anpeche mesye yo gouvène e nikaragueyen te tèlman tromatize ke yo vote kont Sandinis yo jis pou la guè an te ka sispann.
Nan dènye eleksyon prezidansyèl Nicaragua nan lane 2001 yo,Sandinis yo t ap mennen ;prezidan Bush ak ti frè l fè deklarasyon ke si Ortega te genyen eleksyon an,yo k ap pa rekonèt li.
Mesaj lan te klè ,yo te di pèp Nicaragua a ,ke si yo pèmèt yo eli Ortega ,menm pwoblèm ki te genyen ak Contra yo ,ka retounen nan kò yo.
Apre deklarasyon sa yo,Ortega ki t ap mennen nan sondaj yo,pèdi anviwon 5 pwen imedyatman e li pèdi eleksyon an.Mizè nan Nicaragua pi rèd ke jamè.
Tout pwen ke GUY enimere nan mesaj
orijinal lan ,gen yon mòso verite ladan l
La vi an conplex,men lè ou grangou ,lè premye preyokipasyon nimero 1,se chache kote lòt plat manje w ap soti,ou elinine anpil konplexite

Pitit Ginen

Post by Pitit Ginen » Thu Mar 11, 2004 8:18 pm

Eskiz pou Abobo,

Lonè pou lakou a,

Ban m di toutswit ke mwen menm ak Abobo, nou nan menm kan. Nan jan zanmi sa a pale, reflechi, pa gen manti nan sa. M ap eskize m byen vit, difèt ke lè m itilize mo "ti tonton" an, Abobo panse ke se joure mwen joure l. Mwen eskize m ankò si se enpresyon sa a ki sòti. Men, an verite, se pa jouman ditou ki te nan tèt mwen, lè m rele Abobo "ti tonton" an. M ap eskize m tou pase repons sa a parèt yon jan ta.

Jan m al konprann malantandi sa a, petèt nan zòn kote Abobo te leve "ti tonton" se yon jouman. Poutan, ak zanmi m yo mwen itilize mo sa a tout tan. Zanmi m yo tou rele m konsa. Pou mwen se yon ti non ki plis eskprime lamitye, se yon ti non ki parèt koul, rilaks. Lòt bagay mwen santi kifè Abobo entèprete "ti tonton" an mal, se paske mwen te itilize nan mesaj mwen an mo "awogans" ak "prejije" a. Menmlè m te anplwaye mo sa yo, mwen te fè sa ak anpil rezèv. Antouka mwen regrèt gwo mal
antandi sa a ke m kreye la a.

Abobo, mwen espere franchman w va konprann mwen epi retounen nan nòmal w ak frè w. Wi! mwen di frè w, Pitit Ginen. Mwen rete kwè ke se konsa nou dwe wè l, se konsa li dwe ye. Mwen si ke se konsa w wè l tou : fòk nou youn wè nan lòt, yon frè, yon sè. Malantandi ap toujou ekziste. Se malere. Menmsi ta gen jouman, si sa k joure a bat ba, nou dwe padone l.

M ap tou pwofite remèsye Jaf pou mesaj li a. Si te gen chire pit vre, li t ap enpòtan anpil pou yon zanmi mete ola. Erezman, menmsi nan moman peyi m nan ye a, sa frape mwen anpil; men sa pa anpeche tèt nou byen chita sou de zèpòl nou. Kit se nan fowòm sa a, kit se anndan lakay mwen, mwen pa janm gen tan pou joure, di betiz. Se pa ak yon militan tankou Abobo pou m ta koumanse. Mwen pa nan chimen sa a menm!

Pou mwen fini : eskize m Abobo. Jouman pa t nan tèt frè w ditou.

Pitit Ginen.

User avatar
admin
Site Admin
Posts: 2152
Joined: Thu Nov 13, 2014 7:03 pm

Post by admin » Fri Mar 12, 2004 11:41 am

Pierreau, pito w te ofri senk mango tòtòt, senk pistach griye, senk nwa griye, senk grenn kenèp, senk grenn zanmann, senk pate cho, senk bouden san, senk doukounou, senk mayi bouyi, senk bout kwenn kochon, senk tèt poul, senk zòtolan, senk piskèt, senk kribich, senk donmbòy, senk dous lèt, senk dous makòs, senk kann kale... pase ou vin ofri senk goud la. Alò sa pou m fè ak senk goud la? Premye lo ankò! Apalipapa...

Si w te konnen jan mwen grangou! Se sak fè m ap reponn premye ak dezyèm kesyon an sèlman: Wi e Wi. Mwen pap reponn twazyèm lan, paske mwen pito pran chans sou dezyèm lo a, li ka miyò pase premye a. Tout sa posib, paske jan w konnen nan zòn lakay, tout bagay tèt anba.

Kounyè a men kesyon mwen gen pou ou vye frè: Kisa yon nonm kab fè ak senk goud jodi a sou tè dayiti?

Post Reply