Louvri je pou klere chimen avansman Ayiti-a

Post Reply
Morisseau
Posts: 50
Joined: Fri Dec 12, 2003 7:26 pm

Louvri je pou klere chimen avansman Ayiti-a

Post by Morisseau » Sat Feb 21, 2004 1:29 am

Mwen blije enteveni pou atire atansyon kek kamarad ki santi yo reyelman konsene nan koze peyi Dayiti. Map direk fwa sa piske, etalaj pap itil twop si nou rive nan kafou lanmo kote yo kase randevou pou etenn souf mas pep Ayisyen an. Kom anpil nan nou deja remake, mannev diplomatik kap fet sejousi yo pa lot ke yon fasad demokratik difet ke moralman, kominote entenasyonal la paka pran pozisyon piblik pou bay jaret ak mouvman teworis ki kontinye ap menase chak jou pi plis lod ak disiplin ki tabli nan mitan sosyete-a. Objektif la kle pou anpil nan nou ki reflechi sou kesyon an an pwofonde. YO VLE ARISTID ALE. Men, yon ale ki ka kouvri enplikasyon yo ladan. Malerezman, petet yon move kalkil, sityasyon an vin chanbade nan sans entere mas pep la piske malgre tout sa nou konnen kap fet pou kore teworis yo an kachet, yo pa ka pran pozisyon piblik akle pou bay jaret ak mouvman sa. Kafou
male map pale nou an, se yon ere kolosal bo kote Aristid ta fet ki ta ka ba yo rezon pou retire ti sipo ipokrit fasad demokri-a blije yo bay an piblik la epi mete msye nan pozisyon pou chwazi demisyone li menm menm yon fason pou pretann konstitisyonalite bagay la. Etan done Prezidan an mete li kle pou tout moun ke li pap fe bak, Msye yo ap pare yo la pou yo "challenge" msye pou we ki longe fos deklarasyon li-a lo li di li pito mouri si se ki nesese pou'l defann peyi'l la. Apre kalkil mwen fe sou kesyon an, mwen chwazi pran lari ak enfomasyon sa yo piske mwen gen anpil bon rezon pou kwe yo.

KOUTE byen epi pran not:

1) Se pou prezidan an pran dispozisyon prese prese pou garanti sekirite fanmi imedya li pou evite yon "Kidnapping"de timoun li yo, madanm li ak lot pwoch an echanj demisyon li. Souple, pran avetisman sa o serye, mas popile yo va remet nou sa piske nou pran dispozisyon pou anpeche kou sa pase.

2) Se pou Ofisyel kle nan
gouvenman an pran tout dispozisyon pesonel pou sekirite pwop tet pa yo ansanm ak fanmi yo pou evite zak asasina nan lespri pou demoralize lot manb gouvenman an. Yon lot fwa anko, pa di mwen pat fe devwa sitwayen reskonsab mwen.

3) Fok gouvenman an kontwole tip ed imanite ki pral distibye yo nan mete sou pye yon gwoup enspekte kredib etan done espas imanite sa ka, malerezman itilize kon yon sous "resupply" pou alimante teworis yo nan kad misyon yo konfye yo-a. Pa etone de revelasyon sa piske, misyone/evanjelis meriken deja itilize franchiz li genyen pou fe sa, pou transpote ilegalman, ELIKOPTE anndan peyi-a pou opozisyon an ansanm ak gwo kalib zam fann fwa pou sa yo pami nou ki gen memwa kout yo.

4) Se pou leta ENTEDI tout manifestasyon fet nan potoprens kit se pou rele ABA oubyen VIV jouskake leta repran kontwol fenomen ensekirite-a anndan peyi-a. Ou ka jistifye sa akoz de febles ekipman ak efektif fos polis
la genyen pou fe fas ak konjonkti jodi-a yo. Kesyon avetisman 48 e davans la pa garanti kontwol lapolis sou sa ki ka deye tet moun malentansyone. Fok leta sispann chita sou rezoud pwoblem selman men pou prevni yo pito nan pran bon jan dispozisyon pou fe sa. Le kou sa pase, pa di mwen pat aveti nou. Se bon jan enfomasyon map distribye ba nou la. Si nou pa jwenn tem pou li, kopye sa: Akoz de konjonkti politik la ki afebli kapasite fos polis la genyen pou garanti sekirite manifestan tout kan tout kalte kap fet nan potoprens ki se syej ofisyel gouvenman an, li deside entedi tout manifestasyon tout sipote tankou opozan prevwa fe anndan vil la jouktan miz an plas strateji adekwa adopte pou garanti sekirite manifestan yo. Dispozisyon sa efektif imedyatman jiskaske lapolis metrize fos teworis yo kap simen twoub anndan peyi-a. Leta pwofite mande kolaborasyon popilasyon an nan kad demach sa ki vize pwoteksyon elev lekol, pwofese, pwofesyonel, komesan ansanm ak sikilasyon san ke kase tout sitwayen tout
kalte ki frekante vil la. Sekirite pou nou tout se yon nesesite pou yon eta de dwa rive tabli nan peyi Dayiti.

5) Se pou gouvenman an jwe sou tout fwon pou konvenk kominote entenasyonal la voye ranfo entenasyonal anndan peyi-a ak yon misyon kle pou tout pitit peyi-a ki kwe nan lape ak pwogre ka retwouve yo ladan. Piske, kelkeswa sikonstans yo, fos entevansyon sa paka bay teworis yo jaret piblik epi paka rete endiferan sinon, yo pa gen rezon det yo.

6) Malgre enpotans ak ijans yon aksyon detemine lapolis nan kad kanpay pou kwape teworis yo, fok otorite yo kontinye fe MORAL nan kriz la nan kontinye evite "bain de sang" sa ke enmi an ap tann nan pou kapitalize sou li yo.

7) Fok militan kap kore gouvenman an montre lisidite nan aksyon yap komet chak jou nan kontinye pran dispozisyon pou defann tet pa yo ansanm ak katye yo rete yo ladan yo san tonbe nan pyej "pwovokasyon an" kom sa antre nan
plan batay enmi pep Ayisyen an yo. Sel demonstrasyon piblik "disiplin ak moral" nan aksyon nap komet chak jou yo kap mennen pep la sou chimen laviktwa-a nan la diyite.

8) Se pou lide mas popile yo revize diskou piblik yo anvan yo pran lari ak yo. Se bon itilizasyon konseye eksperimante pridan ki konprann anfaz entenasyonal la antikras ki ka ede nan kesyon sila. Fok yo pran konsyans wol yo jwe nan kad travay gid yo genyen pou popilasyon an. Yo se reprezantan aspirasyon mas popile yo, aji an konsekans avek sajes epi femte. Kontinye pran pozisyon piblik pou lape epi pran dispozisyon pou marye pawol nou ak jes nou fe.

Anfen, se pou prezidan repiblik la apre tout dispozisyon sa yo fin pran nan limye rekomandasyon ki sot fet la yo, ranfose pozisyon li pou li fe mas popile yo jistis nan akonpaye yo jouk nan fen manda li 7 fevrye 2006 san sikonbe sou presyon tout kalte kap fet sou li nan le koulis pou demisyone sou yon baz volonte. Mas pep la pa ba'w kou nan do, ou pa gen
dwa fe'l sa nonplis ou menm.

Se te Morisseau nan kad kanpay "Louvri je pou klere chimen avansman Ayiti-a".

Post Reply