Yon Ti Lide Pou 2004-la
Posted: Mon May 26, 2003 9:11 pm
Mezanmi apre anpil kritik, bèl brase lide, an nou reflechi sou ti koze sa-a ansanm. Konbyen yo pral ye konsa? Ant 50 mil a 100 mil konpatriyòt, pou piti, ki pral soti nan kat kwen dyaspora-a. Si nou ta miltipliye 100.000 frè ak sè nou sa-yo pa $400 (ameriken) sa bannou : $40.000.000 (ameriken) pou piti.
Mezanmi, men kantite lajan nou pral lage nan pòch apach-yo lavèy dat 1 janvye 2004-la. Pou di nou pral deside ajoute, konsa la-a, tout kantite lajan sa-a nan kòfrefò malfektè-yo? Depi Aristid rive sou pouvwa-a, Ayiti pa resevwa yon goud nan men letranje. Gouvènman ameriken bloke plis pase $500 milyon dola ameriken ke Ayiti te sipoze resevwa kòm èd ak kredi. Anpil ti bagay ke gouvènman-an rive fè _ moun k ap ekri mesaj sa-a pa p fè gam oubyen pwopagann pou Lavalas, n' ap dekri yon reyalite_ daprè sa mwen te tande sou radyo kominotè yè, se ak lajan ki soti nan kès leta-a li fè-yo.
Kilès ki posede konpa
yi avyon-yo? Zòt! Kilès ki posede konpayi k ap vann tikè-yo? Pami-yo, kèk Ayisyen! Sèl sa leta ayisyen pral tire nan tranzaksyon sa-yo, yon ti pitans. An nou sipoze ke leta ta touche 5% nan lajan sa-a (40.000.000 ameriken sa-a) sou fòm taks ke konpayi-yo aeryèn-yo pral paye-l. Lè nou fè kalkil 5% sa-a de $40.000.000(ameriken sa-a) nou trouve nou ak $2.000.000 ki pral nan men leta.
An nou di ke mwen ekzajere. Si w vle, mete kantite taks-la a 10%. Kè-m pa sote pou sa. Okontrè! Pase lè w refè kalkil-la. Boum! se $4.000.000 senpman ki pral antre nan men leta ayisyen. Tout moun ka wè diferans-lan lè nou fè yon ti soustraksyon byen senp. Avèk $4.000.000 nan men leta ayisyen, gwo potanta-yo soti ak $36.000.000.
An nou sipoze ke yon lòt pa, nou ta wetire yon ti pati nan $36.000.000 sa-a pou ajans vwayaj ayisyen-yo k ap travay pou potanta-yo. A konbyen nou te ka mete ti pati ajans vwayaj sa-yo? An nou di 5%. Nou te fè kalkil sa-a deja. rezilta-a se $1.000.000 pou ajans vwayaj frè nou-yo
. Nèg-yo kanmèm soti ak gwo lo-a, ak mayòl-la : $35.000.000(ameriken).
Mwen konseye ke olye nou ta gaspiye pakèt lajan sa-a nan kondisyon sa-a, an nou mete yon mouvman sou pye pou avèk menm lajan tikè sa-yo nou voye al bati kèk "Lekòl ak Lopital" nan peyi-a !!!
Se men-yo kounye-a yo dwe ap fwote ak gwo kout griyen dan sou do-n, lè y' ap kalkile kankite lajan sa-a ki pral antre nan men-yo, alòske peyi D' Ayiti manke tout bagay ki nesesè nan lavi yon kretyen vivan : manje, lekòl, lopital, dlo pwòp pou moun bwè elt.
Kisa zanmi ki nan fowòm sa-a di nan koze sa-a??? Kisa nou wè zanmi-m yo???
Zanmi ki pa t janm patisipe, vin ede-n wè pi klè nan koze sa-a!
Pitit Ginen.