Page 1 of 1

Zafè a koukoun la

Posted: Wed Sep 01, 2004 4:53 pm
by Widy_
Me zanmi, si se mwen di zòt kè mwen pate menm lve yekri awtik la, piskè problèm sa yo, se pa oun biten moun ka pale kon sa, e kon nou sav, nèg enme gade listwa a yo ba yo an nanm e konsians a yo.

Avant mwen rantre an plis detay èvè zòt, mwen teke vle fè oun ti rèktifikasyoun èvè editè la.

Si nou byen gade, nou pe wè kè editè la di dènye fwa la kè si se biten a vie nèg, li se oun vie nèg tou.

Mwen teke vle reponn li, kè mwen pa oun vie nèg, mwen pa oun nèg malelive, e si se pou mwen fè vie nèg an mwen, mwen pral fè-y an lari la, men pa asi oun fowòm ayisyen.

Asi repons editè la tou, nou pe rèmake kè li ka foure an dout oun afimasyoun mwen.

Mezanmi, nou pe di kè gen oun biten kè editè la konnèt men li ka neglije plizoumwen.

Editè la ka melanje oun fanm èvè oun batèm a kòkòt e kon li sav, tout batèm a kòkòt boun men sa vle pa di pou otan, kè batèm a kòkòt ka rete tout tan.

Ou pe vrè n
enpòt ki fanm an lari la ki a gou a-w, ou ke koke-y men tan ou nan batèm a kòkòt pa gen pwoblèm, ou pe koke-y jous a dèmen maten, men sa vle pa di pou otan kè ou ke viv èvè-y oun moman ou tout vi a-w.

Mwen sèten kè sa ja rive editè la dè koke oun fanm, e apwe sa pou X rezoun li vle pa wè-y menm pa an foto.

Se pou sa kè nou ka di kè tout batèm a kòkòt boun men fò pa nou melanje koko e zabriko.

Dayè oun fanm se pa yenki oun koukoun, zòt ka wè, se mwen ki ka defann diyite a fanm.

Oub dòt rezoun ki pe pouse editè a a panse kon sa se petèt repitasyoun a fanm ayisyèn.

Pa kote si gwadloup fanm ayisyèn yo gen boun repitasyoun a fanm ki sa fè lanmou, e kon di chanson coupe cloue la "si ou po koke oun fanm ayisyèn, ou po koke fanm". Se pou sa kè se gwadloupeyen la ka-pri si yo kon sa.

Sa se jous oun parantèz, pou moun pa a-y di kon sa kè mwen malelive.

Mezanmi, kote la mwen vle rive èvè zòt la se oun biten ki byen pli grav ki sa, e se oun biten ki ka konsène nou dirèktèm
an men tout pèp kreyòl nou tou.

Kon zòt ka imajine zòt mwen pa prepare anyen, mwen pa ekri anyen, men mwen ke eseye ba zòt plis enfòmasyoun ki mwen pe an jan an mwen, e si de fwa mwen ka itilize de mo gwadloup pa pran-y mal, " take it easy"

Dayè pou youn, kon se jou la sa, se mo statistik koun dosye detid ki lanmòd si fowòm la, mwen ke koumanse èvè sa ba zòt.

Mezanmi, alòs kè nou ka pale la, kè nou ka konprann nou si evoliye ki sa, nou ka rann nou kount kè se oun trajedi pèp nou ap viv.

Si nou pran ègzanp a kominote nèg kreyòl ki ap viv nan peyi fwans, nou ka aprann kè 80 % a fanmi se sa yo rele mono parentale, ki vle di kè se fanm tousèl ki ka leve se ti moun la.

Kon tout nèg, sa se de biten kè mwen toujou wè e tann e yo teka di nou kè wè, nèg la se oun kougnamanman liye, e li ka abandone ti moun a-y.

Mwen menm an mwen teka di kougnamanman yo menm, men epi tan, e èsperyans lavi a mwen vini wè problèm yo oun dòt jan.

Kèsyoun nou pe poze, se poukibiten se komin
ote nou yo ki pli touche pa fleo tala, ki biten nou fè konsa.

Nannan pwoblèm yo.

Toujou sèlon etid statistik ki fèt, yo rann yo kount kè kounyela, epi sistèm kapitalis yo, e se la kè mwen ka rèjwenn zanmi yawabobo, fanm nou yo touve yo pri adan oun sistèm dè konsomasyoun ki ka fè yo pèd nanm a yo.

Kounyela, moun kominote nou paka fè ti moun pa lanmou, men plito pou lajan, sa ki fè kè ti moun yo ap konsidere kon oun (financial product) e li ka pèdi tout pèsonalite imen a-y.

Sistèm kapitalis yo byen fèt piskè li ka di ba fanm yo, kè si li gen 3 ti moun e li ap viv tou sèl li ka fè plis lajan ki nempòt ki moun.

Mezanmi, si se mwen di zòt jan politil tala ka fè ravaj nan kominote nou yo.

Se kon sa kè mwen ni oun boug an mwen ki ka rele anmwe kounyela, padavwa kè ti manmay li ap viv oun trajedi ki grav.

Pananan fanm la ka malpale boug la ba se ti moun la, se ti moun la menm, pa sav ki kote pòte tèt. Lè-w gade, boug la ka di mwen kè dènye fwa la, dirèktris lekòl ti
moun la ka konvoke-y, e yo ka di-y kè ti manmay la gen bon problèm lekòl e li ka di ba tout moun, kè li vle wè papa-y.

Si se mwen di zòt depresyoun ti moun yo. Kon boug tala se boug an mwen menm, boug la ban mwen tout detay e mwen ke eseye di zòt li pou nou wè ki jan dè fanm yo ye se moun la sa.

Se fanm tala, se de moun koun nou di o bò nou ki renme pete pli wo ki bounda a yo. Se de jan dè fanm ki ka pran kat kredi a ou, ki ka wote lajan san di ou. Yo ka pran chekye a ou yo ka imite siyati-w e yo ka achte tout kalite biten.

Boug la di mwen kon sa kè li te toujou gen plis ki 2000 dola dekouvè si kount bankè li, piskè fanm la teka di-y koun sa, pran kredi ou gen dwa pran.

Koun boug an la teka di mwen, se fanm tala se pa fòseman fòt a yo piskè se jan kè fanmi a yo leve yo.

Fanmi a yo toujou aprann yo kè si ou ni oun nonm fòk li ba ou oun biten. Men ki biten ????

Fanmi a yo pa janm aprann yo dè renme, dè byen leve ti moun yo, fè fonde oun fanmi, men sèl biten, se kè fò no
nm la ba yo oun biten, e yo paka tann ayen dòt.

Oun dòt biten mwen te vle ajoute tou, se kè avan yo teka di kè se ayisyen ki teka fè se biten la sa, men kounyela nou ka rann nou kount kè se tout kominote kreyòl yo ki rantre nan sa.

Fanm ki ka fè sa yo fasil a rèkonnèt piskè ou toujou ka wè yo èvè oun bann ti moun dèyè yo, e yo ka mache an lari la.

Avan moun teka pran penn a yo, men kounyela moun koumanse sav ki moun yo ye e yo koumanse ka mal gade yo kounyela an lari la.

Mezanmi i ja oun lè serye, mwen ke ba zòt rèstan la oun dòt fwa, e si sa ka enterese zòt mwen ke pe menm enfòme zòt si nouvo lwa ki sòti ba nonm e ki ka proteje yo konsayela.

Si dènye vole ka enterese zòt fèm sav.

See you soon

Posted: Wed Sep 01, 2004 11:33 pm
by admin
Widy te ekri pasaj sa, nan Kesyon Nwa ak Milat la:
[quote]Se ti milat la a prezan, se boun problèm ki si yo e byen souvan se de ti nèg ki ka bayo favè, piskè yo pa gen anyen. Manman yo menm, se oun sèl zafè a renme pa renme nonm, se yo ki gen plis problèm kounsi se yenki yo ki gen koukoun si la tè, alòs kè tout koukoun se koukoun e pani koukoun pli koukoun ki koukoun... Mwen menm mwen, mwen vini pè se bèl fanm milat nou la, piskè nou sav kè gen 90 % chans, ou gen pwoblèm plita èvè yo sa se anyen men plito, ti manmay ou ap tounbe nan mizè(materyèl, moral, psikolojik........). [/quote]
Mwen te reponn li konsa:
[quote]Widy, ou di koukoun se koukoun e nan pwen koukoun ki pi koukoun pase koukoun. Monchè Widy, mwen retire chapo devan ou paske mwen wè ou se yon nèg ki chaje ak eksperyans. Men annou pouse kabwèt nou pi devan. Men kòm se vagabon mwen ye tou, m ap fè yon ti bak tou piti. Sou pwen sa, se pa milatrès yo sèlman ki kab santi yon pwen siperyorite ki pa byen defini non. Kòm nèg nwè, nou kab santi nou gen kèk santimèt (kèk "inches") sou lòt moun ki pa nèg nwè tankou nou, se pa vre? Sou pwen sa nou gen yon ti avantaj paske mwen poko janm tande medam yo deklare tout dick se dick e nanpwen dick ki pi dick pase dick. Men la ankò, mwen plis rete kwè sou diferans endividyèl pase diferans ki baze sou koulè po yon nèg oswa ras li.[/quote]
Kounyè a, Widy vin bay plis presizyon sou sa li te ekri a, men li kòmanse konsa:
[quote]Si nou byen gade, nou pe wè kè editè la di dènye fwa la kè si se biten a vie nèg, li se oun vie nèg tou. Mwen teke vle reponn li, kè mwen pa oun vie nèg, mwen pa oun nèg malelive, e si se pou mwen fè vie nèg an mwen, mwen pral fè-y an lari la, men pa asi oun fowòm ayisyen.[/quote]
Monchè Widy, mwen kwè ou konprann mwen mal. Se petèt diferans ki egziste nan fason pale nou. Mwen pa tap pale zafè "vye nèg" oswa "nèg mal eleve". Sa pa nan abitid mwen pou mwen manke moun dega sou fowòm la. Lò mwen di "kòm se vagabon mwen ye tou", se te senpman yon fason pou mwen iwonize bagay yo. Nan kreyòl lakay nou, mo "vagabon" a pa toujou gen yon sans ki pi pejoratif pase sa. Pafwa li vle di "fouyapòt", oswa yon nèg ki pa pè pale fran sou sijè ki tabou, oswa yon nèg ki sedui anpil fi, oswa youn ki pa rete fidèl a madanm li, oswa youn ki kab gen kèk ide pèvès, oswa plizyè lòt bagay ankò. Kidonk, nou blije fè anpil atansyon, paske malgre tout sa ki komen ant Ayiti ak Gwadloup, gen diferans kanmenm nan langaj nou. Pafwa se lò nou sèvi ak menm vokabilè a gen pi gwo danje toujou, paske nou panse imedyatman nou konprann egzakteman sa lòt la di, alòske mo nou anplwaye yo gen sans ki tipik/diferan suivan zòn nou te fèt yo. Antouka, pou tèt pa m, te mwen di ou mwen pa te ekri ak okenn entasyon pou mwen te pale mal sou ou la. Dayè ou kwè se konsa mwen te pral rete di mwen se vagabon tou si se an mal mwen te di sa?



Widy ekri tou:
[quote]Asi repons editè la tou, nou pe rèmake kè li ka foure an dout oun afimasyoun mwen. [/quote]
Bon, mwen li tout sa ou ekri la, e mwen pa wè ladan l jodi a sa mwen te kwè mwen te wè a premye fwa ou te ekri sou koze sa. Mwen te kwè sa ou tap pale a te plis santre sou zafè negès ak milatrès. Se sa ki fè mwen te reponn ou jan mwen te reponn ou an. Sa ou ekri kounyè a parèt yon pwoblèm sosyal ki pi jeneralize e ki pa rete sou zafè milatrès sèlman. Kidonk, sanble se mwenmenm ki pa te konprann pawòl ou yo byen. Si se sa, eskize mwen. Se pa dout mwen tap jete sou afimasyon w yo, se plito esperyans pa m ke mwen tap mete an fas esperyans pa w yo. Ou tou konnen li pa posib pou nou tout gen menm esperyans lavi a. Nan ka sa, nou pa ta bezwen yon fowòm ditou paske nou tout ta va di menm bagay yo.

Pou fini, fòk mwen di w tou ke repons mwen te ba w la, mwen te bay li "tongue in cheek", i.e. mwen te ekri li yon jan komik/satirik/iwonik, mwen pa te ekri li jan mwen kwè ou pran li an.

Kounyè a, fòk mwen retounen sou sa ou ekri yo pou mwen chache byen konprann yo tou. Bagay la pa pi fasil pase sa.

Posted: Fri Sep 03, 2004 6:49 am
by Widy_
Editè,

Pou mwen se menm biten, ti detay mwen yo pa gen enpòtans, piskè fò-m te byen koumanse oun manniè ou youn dòt.

Sèl biten kè mwen rètienn, se lè ou di rapò epi milatrès yo.

Mwen ka kenn a di ou, kè pa asi kote nou, se fanm klè, fanm bèl chive ki ap poze plis problèm, mwen paka di kè nègrès pa adan, men se yo en gro.

Mwen jous ba nèg yo de ègzanp pa kote si gwadloup lè mwen di, kè tout antiyè yo ki gen fanm nègrès ap viv mye ki sa ki gen fanm po klè.

Si nou chèche nannan pwoblèm tala, en tan kè nèg karibean, nou pe di kè, pwoblèm nèg o bò nou, se kè yo paka pran oun fanm, pou sa kè li gen nan tèt li, ou pa rapò a edikasyoun li, men nèg la ka gade sèlman bote a fanm la.

Se kon sa kè plen ka tonbe malad a fanm, yenki lè yo vrè tèt fanm la, e se zafè a tounbe malad la sa, ki pe èsplike nou tout bagay sa yo.

Se kon si, oun nèg kay adan oun bal, i ka wè- oun fanm, a bèl po, a bèl chive, li peke chèc
he sav plis e li ka yenki tounbe malad a fanm la BLIP.

Se fanm kote sit la byen kontan sa tou, piskè byen souvan yo pa gen anyen nan tèt yo, men sèl biten yo sav, se kè yo se bèl fanm, e nèg an tchou a yo.

Sa ki fè kè yo byen kontan kè nèg ka tounbe malad a yo e se zafè a fucking malad a fanm la sa, ki ka foure nèg dèyè kon sa.

Pa kont, sa ki epi nègrès pa gen di tou se menm jan dè pwoblèm sa yo, byen kè adan plen peyi karayib yo, yo ap menne oun kanpay dè denigrèman kont nègrès, e adan dòt peyi sa pli move, piskè nèg e nègrès konsidere kon moun enferiyè.

Si nou fè oun ti etid konparatif si ewòp, nap wè kè problèm sa yo paka ègziste nan LONDON, e mwen pe di zòt kè se sèl kote si la tè, kè mwen wè yo ba nègrès otan enpòtans.

Dayè la plipa dè nèg anbala, maye ou ka rete èvè nègrès e milatrès yo pa gen pon enpòtans nan kominote sa yo.

Alòs ki jan nou pe èsplike kè youn kote a manch la, nèg move, e jous a oun 1/2 è bato, se menm nèg la pli dou pase sowo ??? se kè gen oun
problèm.

Koun nèg angle ap di pèp yo se nèg yo ye e si yo vle asire fiti a yo, fòk yo pran nègrès e mwen pe di zòt kè yo pa gen poun pwoblèm kè nou konnen dòt kote.

Prochen fwa, mwen ke pale zòt dè zafè a "KOUKOUN BIZNIS MARKET la" piskè peyi ki plis konsène pa bagay tala, se USA CANADA e FRANS, ki vle di peyi kè nou ap viv adan-y

Adan oun pli ta.

Posted: Fri Sep 03, 2004 1:17 pm
by admin
Widy, anvan ou vini sou zafè "koukoun biznis market la", te m mande konpatriyòt mwen yo ede m tradui nan kreyòl ayisyen kèk bagay ou di mwen pa byen konprann:
[quote]Editè la ka melanje oun fanm èvè oun batèm a kòkòt e kon li sav, tout batèm a kòkòt boun men sa vle pa di pou otan, kè batèm a kòkòt ka rete tout tan. Ou pe vrè nenpòt ki fanm an lari la ki a gou a-w, ou ke koke-y men tan ou nan batèm a kòkòt pa gen pwoblèm, ou pe koke-y jous a dèmen maten, men sa vle pa di pou otan kè ou ke viv èvè-y oun moman ou tout vi a-w.[/quote]

Bon, petèt se espresyon "batèm a kòkòt" la sèlman mwen pa te janm tande e se petèt sa ki fè mwen pa byen konprann pasaj sa Widy te ekri la. Epi mo "boun" la, èske se "bon" li vle di?

Piti piti zwazo fè nich li. Kontinye ekri kreyòl gwadloupeyen an jan ou pale li, avèk tout respè pou lang manman ou, menm jan noumenm nou respekte lang ayisyen an
. Konsa yon jou si nou gen bonè vizite Gwadloup, nou pap gen okenn pwoblèm konprann kreyòl lokal la paske nou fin abitye avèk li nan lakou fowòm ayisyen an (menm jan tou ou fin abitye ak kreyòl ayisyen an, mwen vle kwè sa). Se vre nan yon sans, se menm lang lan. Nan yon lòt sans, gen anpil diferans tou e se gras a oumenm Widy, jodi a mwen kapab konprann 95% nan kreyòl lokal ou a, menm si pafwa se diferans 5% an ki fè nou grate tèt nou anvan nou resi konprann tout bagay nan sans otè a te di li oswa ekri li.

Si fowòm ayisyen an pa fèt lòt bagay pou mwen, omwens li fè sa a. Kilti kreyòl mwen vin pi rich e mwen remèsye ou pou patisipasyon ou sou fowòm lan.

Se vre gen moun ki twouve pawòl ou ekri yo two "ouvè", two rèk, yo ta pito nou pwenti bouch nou anvan nou pale "en bon petits enfants", men pou tèt pa m, depi youn pa rantre nan atake repitasyon zòt san okenn rezon valab, depi nou pale avèk RESPÈ youn ak lòt, se sa ki enpòtan tout bon vre. Nou gen dwa abòde tout sijè sou fowòm lan, menm sijè k
i santre sou sèks e ki menm chaje ak tèm seksyèl. Se pa pwoblèm mwen sa, depi nou diskite yo ak franchiz e respè nan kè nou youn pou lòt.

[quote]Se pou sa kè nou ka di kè tout batèm a kòkòt boun men fò pa nou melanje koko e zabriko.[/quote]
"Tout batèm a kòkòt boun men fò pa nou melanje koko a zabriko."

Ou pa ta di se yon "Victor Hugo" antiyè ki ekri pawòl sa? Antouka li genyen yon fòm poetik tout bon vre. Sepandan mwen pa pral repete li, anvan mwen konprann sa yon "batèm a kòkòt" ye tout bon vre (tout "boun" vre?)

[quote]Dayè oun fanm se pa yenki oun koukoun, zòt ka wè, se mwen ki ka defann diyite a fanm.[/quote]
Ou pa manti. Sepandan, menm si "tout koukoun se koukoun e pani koukoun pli koukoun ki koukoun", mwen kwè fòk ou ta defann diyite tout fanm, kit li po klè kit li po fonse. Tout fanm se fanm. Si yon fanm po klè a panse li siperyè a fanm po fonse a, e byen se ENBESILITE fanm sa, se mank entelijans li, se prejije
li, men nou pa fèt pou nou jije tout fanm po klè menm jan. Se konsa tou si yon nèg vin damou pou yon milatrès, nou pa kapab kouri di se "bèl chive" fanm lan oswa "po klè" li tap chache. Anyen pa di milatrès la pa gen yon brenn nan tèt li tou. Menm bagay pou fanm blanch lan tou. Fòk nou pa kouri fè jijman se karakteristik fizik milatrès la oswa fanm blanch lan ki fè li prime nan kè yon nonm. Tout moun se moun, e milatrès yo se moun yo ye tou.

Natirèlman, si milatrès la panse "koukoun li pi koukoun pase koukoun a zòt", e byen li gen pwoblèm, paske li pral blije pase tout vi li ap pwouve sa, e alafendèfen li vin redwi tèt li a yon koukoun. Si milatrès la panse se cheve swa byen long jete sou do oswa sou dèyè ki fè li siperyè, e byen ki sa ki rete nan diyite moun sa, si li fè yon kansè epi tretman "kimo" (chemotherapy) fè tout cheve li tonbe? Si se nan sa, moun lan te plase estim tèt li, e byen pèt cheve li blije li viv san diyite e li te mèt mouri lò sa. E poutan, mwen rankontre plizyè fanm ki pèdi
cheve yo, ki menm pèdi youn oswa tou de tete yo, e ki rete bèl fanm kanmenm, paske se pa ni nan chive yo ni nan tete yo, yo te plase valè yo. Kit yo te milatrès, kit yo te fanm blanch, kit yo te nègès, fanm sa yo te konnen se pa karakteristiki fizik ki te kab fè valè yo. Men fanm ki panse se bote fizik yo ki fè valè yo, nou kab wè se yomenm ki vin plis dezabize e malere tou lò laj ak maladi rantre sou yo.

Sou zafè kote ou te di 95% nan maryaj nèg nwè ak milatrès (oswa fanm blanch, mwen pa fin sonje nèt) pa dire, mwen pa konnen si statistik sa se yon statistik invèsèl li ye oswa se yon statistik lokal nan yon peyi oswa yon zòn byen detèmine. Men sa mwen panse sou statistik sa: Majorite maryaj (antouka plis pase 50%) pa dire nan mond modèn lan, menm si se de blan ki marye, oswa de nwa ki marye. Maryaj se yon enstitisyon ki sibi anpil sekous nan 20yèm syèk ak 21yèm syèk la. Yon rezon fondamantal, sè ke fanm yo vin pi endepandan de gason yo, kidonk yo pa bezwen gason menm jan yo te bezwen gason nan tan
lontan.

Kounyè a pou nou rive sou maryaj entèrasyal (e sa yon ti jan depase maryaj moun po klè ak moun po fonse, ki fè pati menm kategori rasyal la), fòk ou konnen sosyete a fè plis presyon sou jan relasyon sa yo. Moun sa yo resevwa presyon sou tou de bò ki pa vle aksepte inyon yo. Kidonk, si moun sa yo pa te gen yon baz solid lanmou ak respè nan kè yo youn pou lòt, se nòmal ke maryaj yo kab deteryore byen vit.

Si se pou karakteristik fizik (koulè po, longè cheve, cheve swa, dousè sesi, longè sela) moun yo te marye, e byen ou pa ka pantan lò ou wè moun sa yo dezasosye paske satisfaksyon fizik pa kapab dire paske malerezman tout kapasite fizik diminye lò laj ap rantre, epi anplis lò ou fin abitye ak yon bagay ou kab toujou wè youn tou nèf ki pi bèl. Natirèlman si se bote fizik ki te gide chwa ou, ou tou konnen "tout nouveau tout beau" e w ap gen tandans kite patnè ou dèyè pou al chache pi bèl bote (oswa ladousè) fizik ki egziste toujou.

An menm tan tou, lò maryaj ant 2 patnè, kit se n
wa ak blan, kit se nwa ak milatrès, oswa tout lòt konbinezon "inter" yo, te fèt sou yon baz solid tout bon, lò sa a nenpòt ki advèsite moun sa yo rankontre nan vi yo, pou kòz diferans koulè po yo, pa gen dwa febli inyon yo. Gen ANPIL maryaj "inter" ki reyisi tou, e lan tan n ap viv la, nenpòt maryaj ki reyisi ta kap sèvi kòm modèl pou rès sosyete a. Se pa diferans koulè po yo mwen vle bay pwomosyon pou li non. Mwen panse nou merite VALORIZE tout maryaj ki byen reyisi, e nou pa ta dwe kondane okenn inyon ant 2 èt imen sou okenn fòm jeneral ou kategorik.

Pa egzanp, lò nou bay maryaj yon nèg ak yon negès yon valè espesyal, jis sou baz koulè po yo, èske nou konsidere tout maryaj kote nèg la ap fè vyolans sou fanm li? kote negès la ap fè vyolans sou mari li? kote nèg la ap ranmase maladi deyò pote lakay li? kote negès la ap kouche deyò depi li twouve chans lan? kote nèg la ak negès la ap di betiz, youn ap ensilte lòt la depi maten jis aswè? Mwen pa vle kwè sa. Kidonk, fòk nou fè atansyon anvan nou kour
i pale sou modèl "nèg nwa ak fanm nwa" sitou jan Abobo te vle fè li a. Gen twòp move egzanp tou patou pou nou mize nan bagay sipèfisyèl tout bon vre. Mwen prefere poze kesyon an: Ki sa ki fè yon maryaj reyisi? Ki leson nou kab tire tout bon vre sou egzanp maryaj ki reyisi? Se LESON yo ki pi enpòtan, se pa aparans fizik MODÈL nou ta renmen wè yo.

[quote]Oub dòt rezoun ki pe pouse editè a a panse kon sa se petèt repitasyoun a fanm ayisyèn. Pa kote si gwadloup fanm ayisyèn yo gen boun repitasyoun a fanm ki sa fè lanmou, e kon di chanson coupe cloue la "si ou po koke oun fanm ayisyèn, ou po koke fanm". Se pou sa kè se gwadloupeyen la ka-pri si yo kon sa.[/quote]
Widy, mwen pa konprann dènyè fraz la ou ekri la "Se pou sa kè se gwadloupeyen la ka-pri si yo kon sa.", men kesyon repitasyon fanm ayisyèn nan fè lanmou an, mwen pa te konnen l. Men mwen pa ta sezi si mwen tande yon Ayisyen di: "Fanm gwadloupeyen, ou kwè fanm ki konn fè lanmou sa!", paske pafwa se diferans nou
ki fè nou atire youn a lòt. Antouka, "se malere" (yon fason de pale) ke mwen "retrete" depi bon nonm ane, paske mwen ta tante fè ANPIL rechèch pou m konnen si fanm ayisyèn merite repitasyon sa tout bon vre.

Ki sa fanm ayisyèn yo panse?

Posted: Sat Sep 04, 2004 10:36 am
by Widy_
Editè mwen touve trè enteresan, sa ou ekri la. Si batèm kòkòt la, mwen kwè kè nèg ayisyen yo konprann sa m le di e menm vou editè.

Pou zafè a boun la, se byen bon li vle di e dayè se enflians kreyòl ayisyen la, ki fèm ekri son on la an oun, e se si ou menm kè mwen pran enfliyans tala.

SHEMATIKMAN, mwen rètienn 3 biten enpòtan nan sa ou ekri.

Zafè fanm milatrès po klè a
Zafè nègrès lan
Zafè fanm blan la.

Editè mwen menm, mwen teka panse kon ou, men epi evolisyoun sosyete a men vini konprann dòt biten.


Zafè fanm milatrès po klè a.

Nou save jòdijou, nan kominote nou yo, kè se se moun tala ki ka pòte plis pwoblèm. Ou ke di mwen kè pa gen statistik, men kon mwen se nèg ki ka drive toupatou e mwen ka frekante pèp la, mwen pe di ou:

Gen oun bwat dè nui ma p kale dè tanzantan, piskè se oun boug an mwen menm ki pale-m dè sa, e mwen pe di ou kè 1er fwa mwen ale adan-l, biten ki touche mwen plis, se
dè wè kè 90 % dè fanm ki te adan-l se fanm po klè fanm milatrès.

Mezanmi, mwen pe di zòt kè sa touche mwen, piskè mwen panse, kè si se fanm tala la, a laj a yo, se kè gen oun problèm. Pou mwen si yo te boun fanm, yo teke lakay yo èvè mari yo e pitit yo osnon yo ap pati nan vakans èvè fanmi yo.

Olie dè sa mwen wè oun zafè a (bèl fanm) ki ka chache nonm.

Mezanmi, mwen byen gade se fanm tala e mwen pe di zòt kè mwen pa wè poun youn ki sanm mwen byen-ere.

kI VLE DI, mwen wè oun (bèl fanm chabin), mwen menm, mwen gade-y 3 fwa men mezanmi, mwen pasav ki biten yo foute an tchou a-y men li te gròsè a oun ipopotam, sa ki fè kè plen nonm teka evite-y.

Mwen wè oun dòt yo foute-y de gro pie men i an bal a moun la ka chache nonm.

Editè èskize-m, pou mwen se pa sa ki lè bonè e kon mwen di se fanm tala se lapenn yo ka fè mwen.

Byen souvan si se fanm tala la, se kè, se yo ki ka fè ti moun pou lajan, se yo ki ka sakrifye ti manmay yo pou itopi a lajan.

Kounyela, moun ka
vin sav sa, ki fè si moun dè plizanpli frèt èvè yo, ou alòs yo ka tounbe si de kougnamanman a nonm, e se de boug ki la pou manje lajan yo e boug la ka woubayo 2 ti moun e boug la ka foukan.

Kon nou sav se pa nan bal, kè oun fanm ka touve oun boun nonm.

Se pou tousa kè mwen ka kwè kè si se pou oun nèg viv tout kalite tribilasyoun ki si la tè, pou se jan dè fanm tala, pisime nou ale èvè nègrès, piskè se sa ki rasin nou, e si janmen ou tounbe si oun nègrès doubout ou sèten rive lwen.

Nègrès yo.

Nan karayib la, moun toujou malpale nègrès e konsidere yo kon fanm 2nd class.

Nou ka rann nou kont kè nègrès yo lontan pli boun (bon) ki tout se kalite fanm po klè nou la.

Mwen ke ba zòt oun ègzanp, gen oun boug an mwen li fè 2 ti moun èvè oun nègrès, e yo vini kite apwe sa. MWEN pe di zòt kè nègrès la pa eseye fann tchou ay, nègrès la pa trennne-y tribinal e yo touve oun solisyoun antrè yo.

Nèg la ap wè ti moun a-y, ka sòti èvè-y e li pa gen poun problèm èvè fanm la, men
si sete oun fanm po klè ou milatrès, pli move, piskè yo teke eseye devalize-w pran tou sa ou tini, e mete-w an lari la. Mwen konn tròp ka konsa.

An plis yenki gade kominote LONDON yo, se nègrès yo ap pran e yo pa konnen se jan dè problèm sa yo.

Zafè fanm blan la.

Kon mwen ja di si fowòm la, fanm blan se pou oun moman, kon fanm milatrès, zòt pe koke yo plen vant a zòt san neye kè a zòt, men si zò pe, pa fè ti moun èvè yo e pa fè yo tròp konfyans.

Bible la menm ka di ou, dè evite fanm etranje, e pisime ou pran oun fanm pèp ou. Bible la ka di ou tou, kè bouch fanm etranje a pli dou pase miyèl men a la fen li pli anmè ki anmè menm.

An plis gade konmen nèg ou ka wè si vye jou a yo èvè fanm blan ? Yenki gade an lari la.

Fanm blan se oun moman, koke yo ankò plen vant a zòt san neye kè a zòt, men apwe sa prevwa a pran oun nègrès si zòt vle viv ere pli ta.

Si nou gade nège milat ki ka reyisi na p wè kè se chema tala yo pran.

Zafè KOUKOUN BUSINESS MARKETING LA ( K
BM)

Mezanmi, si se mwen di zòt sa zòt peke kwè mwen.

Kounyela, moun paka fè ti moun ankò pou lanmou, pou bondye men se pou touche lajan san fè anyen.

Dènye fwa mwen teka pale èvè oun zanmi blan meriken kè-m konnen. Boug la di mwen kè nan peyi tala, fanm ka maye yenki pou yo divòse apwe, piskè se oun gro biznis sa, e sa ka rapòte rèd. Se kon sa kè gen kabine avoka spesyalize nan sa.

Fenomèn tala ka fèt siwtou USA kanada E kouyela si frans.
Se moun la pannan yo ka fè-ou konprann kè se "love" yo "love", sèl biten yo ka wè se konmyen lajan yo kab pran si ou.

Si ewòp bagay tala koumanse rantre, men pou nèg se epi zafè ti manmay-la kè yo ka pran yo.

Mezanmi, mwen gen oun bon boug an mwen kè sa rive e boug la ban mwen tout detay si jan sa fèt.

Boug la di mwen konsa, kè li menm a-y li te gen oun ti moun èvè fanm la e li te kontan piskè sete oun ti gason e li pate vle dòt ti moun ankò.

Boug la di mwen kè tou le jou kon bondye fè jou, fanm la te an tchou a-y, f
è ti moun, fè ti moun e limenm ay, li pate le.

A fòs fanm la pale ba-y kon sa, oun boun jou li fini pa di kè dè tout fason se pa jenn li ka vin jenn e si se fanm lan ki vle ti moun, douvan bondye ba-y fè.

Lò-w gade, yo fè oun 2èm ti moun, men fanm lan paka tann mach, fanm lan woufè oun 3èm ti moun, boug an nou la byen kontan, li o paradi, li touve oun fanm ki renme ti moun.

Mezanmi, sa ki pli rèd la se kè jan boug la teka wè problèm lan, fanm la pateka wè-y kon sa, piskè fanm lan, se "money" li teka wè.

Lè boug la fin fè se 3 timoun la, fanm la komanse touve tout kalite defo si nèg la, e lò-w gade biten la ale "cresendo" jous a tan fanm la trenne-y tribinal pou l pe touche tout kalite èd sosyal ki ka ègziste.

Pli rèd la an tou sa, se se ti moun la ki ka pran fè an sa. Fanm la fè tout kalite biten ki si la tè pou-l touche lajan fasil, men lò-w gade, te ni oun biten yo te oubliye di fanm lan, se kè si ou ka travay, yo paka ba-w lajan la e fanm la menm te oun (civil servant) s
a ki fè kè li fè tou sa, li sakrifye ti moun a-y pou oun itopi a lajan fasil.

Boug la di mwen kon sa kè dènye fwa la, fanm la eseye pale ba-y pou negosye, li di mwen kon sa kè li di fanm la
"KOUKOUNAMANMAN-Y) e se la kè fanm la wè kè boug la peke janm padonne-y.

Mezanmi prochen fwa mwen ke pale zòt dè etid konparatif pa rapò a kominote afriken ki pa gen di tou menm problematik kè pèp kreyòl moun yo.

Posted: Sat Sep 04, 2004 11:21 am
by Leonel JB
Monchè Widy, pwoblèm ou pale yo se pwoblèm ki ekziste nan tout ras ak klas.

Pèsonèlman, mwen wè moun ki marye ak blan, milat, e maryaj nan dire. Konsa genyen ki pa dire. Gen moun ki marye ak moun nwa ki pa dire menm jan tou.

Mwen gen on lòt pwoblèm lè ou di ke la bib di pou on moun pa marye lot ras ou gwoup??? Fò m di ou, pèsonèlman, lè ou li la bib ou wè ki gwoup moun ki te ekri l. Yo ekri l nan enterè pa yo. Premyèman, nou wè ke se on gason li te ye dapre sa li ekri (fi dwe obeyi e fè mari yo kontan). Dezyèman, yo montre ke vrè pitit bondye a se jwif (chosen people) etc etc. Mwen pa vle rete sou sa, son lot topik...

Men mwen vle montre ou, li pa bon pou ou jeneralize on ka avèk 2,3 ekzanp pèsonèl.

Mwen wè nan Etazini fanm nwa bay pwoblèm tankou blan ak milatrès. Mande nèg kap paye sipò yo, ya di ou. Konsa nèg nwa bay pwoblèm tankou gason blan.

Ban m fè on ti pasaj, rezon ou wè plis pwoblèm kounyè ya, se paske
kondisyon vi yo change. Lontan on fi pat gen anpil resous, yo te oblije aksepte sa mari yo vle. Yo pat gen dwa ak on pakèt bagay. Pa ekzanp, paske nou te toujou ap viv nan yon mond seksis, nèg te gen dwa grennen pitit tou patou san yo pa kontribiye ak edikasyon ou anyen pou ti moun yo... Kounyè ya genyen sa yo rele sipò pou timoun, donk w ap peye paske se pa fi sèlman ki fè timoun. Mwen ta vle al pi lwen men m ap bay on lòt moun kòn nan.

Mwen ta renmen diskisyon sa fèt an angle, tap gen anpil repons...

Widy, se vre gen de fwa ti nèg respekte lòt moun ke negrès.
Li vre tou ke negrès respekte lòt moun ke nèg. Men fò n pa panse se paske youn pi bon ke lòt, e mwen pa vle jeneralize l.
Nan peyi pa m (Ayiti) gen anpil nèg lontan ak kounyè ya, se grennen pitit san okipe yo. Li ta bon pou Leta fè yo peye pou swen timoun yo. Yo fyè pou yo di kote yo pase yo plen timoun, SAN KONTRIBISYON. Nan peyi devlope, LETA FÈ YO PEYE POU TIMOUN YO FÈ.

Posted: Mon Sep 06, 2004 3:10 pm
by Widy_
Leonel,

Mwen peke fè tròp diskisyoun padavwa, li ta o bò mwen e sòti m rantre.

Zafè a nèg ki ka maye èvè fanm etranje, ou fanm dòt ras, mwen sav kè sa ka deranje plen moun. Se ou menm ki te di, kè aristid te gen fanm milatrès, divalie te gen tou, men gade tou leta ayiti, ki biten sa menne.

Kon mwen ja di, zafè nèg ki ka maye èvè fanm blan pou mwen se youn konplèks li ye, se nèg ki gen konplèks enferyorite ki ap fè sa.

Nan kominote LONDON nou, nou ka lite kont sa, e nou ka eseye ba nègrès tout valè yo, alòs kè dòt ti pèp pòv, ka eseye kraze yo.

Kant a gwadloup, pa menm pale, si ou vini èvè oun fanm blan, moun ke mal gade ou, e ou pe fè tout teori ou le, men dèpi ou èvè oun fanm blan, pon moun peke rèspèkte ou.

Sa se fyète an nou, e si jòdijou, elit gwadloup se nèg, se gras a de vayan nèg ki lite, pou prezève ras yo e montre moun, kè ti
nèg pe èt oun elit.

PWOCHEN FWA MWEN KE VIN SI ZÒT Kèsyoun
yo.

Posted: Mon Sep 06, 2004 4:22 pm
by Jonas
Widy, boug an mwen,

Le w ap pale de elit lan, ke ou di neg nwa Gwadloup fe pati de li an;de ki elit w ap pale? Eske se elit entelektyel ou byen elit ekonomik?

Ki koule Gwadloupeyen ki gen pouvwa ekonomik lan (vre pouvwa a), anba ponyet yo?

Mwen kirye, mwen ta renmen konnen.

Posted: Tue Sep 07, 2004 6:20 am
by Widy_
Mon chè sèj,

Sòti-m li oun fra menm la komantè ou. Pou zafè aristid la, se pa mwen ki afime sa, piskè-m pa konnen madanm li, men se leonèl ki te afime sa si fowòm la. Mwen pa gen ase referans si ayiti pa afime sa.

Sèpandan, oun biten ki ka etone mwen oun lo dè pa a ayisyen fowòm la, se kè zò tout ka defann zafè nwa ki ap maye èvè blan.

Mwen ka fè zòt wè kè teyori tala, se oun teyori, kapitalis rasis li ye, piskè menm blan meriken dè dwat ap di kè si nèg ve rive fòk yo maye èvè fanm blan.

Malerèzman, nan tout zòt peyi karayib yo, mwen pa janm wè nèg ki ap afiche yo èvè fanm blan kon siy dè reyisit.

Menm sen-Maten ki se oun zil rich, nèg yo gen tròp fiète pou yo bese yo kon sa. Men anfen, se vre mwen etone anpil dè elit ayisyen-an dè wè, kè se kon sa yo ap wè lavèni peyi yo.

Dan sè ka, e se sa kè mwen te le di leonèl, si se sa solisyoun la, vo mye li pran oun bato ranpli danoi, e li ka menne yo ayiti, e ko
nsa peyi a ap devlope.

Pli fasil ankò, pran tout meriken blan, e voye yo ayiti kon sa yo ke fè ti milat, e peyi a ke devlope-l kon sa.

A kanmarad, se petèt sa diferans fondamantal antrè ayisyen e dòt pèp karayib yo.

Nou tout konn fanm blan e frekante yo, men nou pa jan kwè kè pou ayisyen sèl solisyoun an se maye èvè fanm blan.

Kon sa zò ke pe kontiye malpale moun po nwè, maltrete yo, e konsidere yo kon ras enferyè.

SE PA SA NA P Wè ??????

ETID KONPARATIF SI PèP AFRIKEN YO

Posted: Tue Sep 07, 2004 12:23 pm
by Widy_
Mon chè sèj,

Se petèt anviwònman sosyal, kiltirèl nou, ki pa menm biten. O foun an mwen, mwen paka kwè kè ayisyen se moun kon sa. Se 1st nasyoun nwa si la tè, e sa teke etone-m oun lo.

Mwen menm mwen, mwen konn oun lo ayisyen dè nivo sosyal diferan e mwen pe di ou, kè tou sa-m konnen, ki yo se businesman, entelèktyèl, ti nèg, yo tout maye ou ap viv èvè nègès.

Sa-m paka konprann, se ki jan fè an lewòp kon an gwadloup, nèg yo èvè nègès, e ap defann ras la, alòs kè sa ki an lamerik di nò, ap panse kon zòt.

Mwen teke panse lè kontrè, men ka ou vle.

Sa mwen ka propoze, se kè nou pa mele tout biten, si se pou pale zafè fanm blan ak nèg, mande editè la dè kreye youn sije yenki si sa.

Si zòt byen gade, sije nou te dwèt debat isit la, se pwoblèm kominote nou yo, men malerèzman, gen oun pati nèg ki ap viv, kote lwen, kote chen ka jape pa ke, e ki pa konn anyen nan pwoblèm kominote
a, ki ka vini rakonte nenpòt ki biten.

Mwen menm mwen, tou sa-m di, avan-m di l, mwen ka renseye m avan e mwen ka li si sije sa yo. An plis dè sa mwen an kontak ak pèp la, mwen ka jouwe tanbou, e tout nèg ak tribilasyoun se la yo ka vini.
Sa ki fè kè-m ka kwè kè-m ase enfòme pou-m pe pale zòt.

Si gen de nèg ki pa kontan dè sa-m ka di ou si sa ka deranje yo, yo pa blije li bagay mwen yo, ni pòte komantè sou yo.

Yo ni a ka mande editè a dè kreye oun sije pou yo, ou alòs yo ka pwopoze oun sije enteresan si yo ase entelijan, men, fò pa yo vini kon sa san enfòme yo e rakonte nenpòt ki biten si fowòm lan.
PWOBLEM SA YO TWO GRAV POU NOU RI DI SA.

Mwen ka profite pou rèmèsye pèp ayisyen yo pou patisipasyoun e lèkti yo si problèm map pale, sa ki ka montre kè se youn sije daktiyalite ki ap enterese tout kominote nou yo.

Dènye biten mwen te vle di tou, se kè mwen pa si fowòm ayisyen-an pou fè bèl nèg, pou jouwe nèg enstrui, nèg entelijan, e se petèt sa ki ka deranje plen moun.

n
Kounyela ann woutoune si pwoblèm mwen te koumanse inisyalize èvè zòt.

ETID KONPARATIF SI PèP AFRIKEN YO

Mezanmi, si se-m di zòt jan yo ka malpale se moun tala e menm antiyè ap malpale yo tou.

POUKIBITEN,

Tou senpman, se paskè yo ap fè oun lo ti moun, e moun ap di kè yo ka fè ti moun pou lajan. Dè tout fason kounyela plen moun nèg ap mache nan sa e nou ja pale dè sa.

Diferans fondamantal ant afriken yo ak antiyè, se kè afriken ap fè oun lo timoun, men yo paka sakrifye ti manmay yo, alòs kè nèg dyaspora ka fè ti manmay e yo ka foure yo an mizè apre.

Bondye mèsi kè mwen paka pale ni an franse ni an angle pou etranje pa konprann, men pou tout nèg se menm biznis la, yo ka fè ti moun pou lajan.

Si nou byen gade, afriken yo lontan pli pwop e pli entelijan ki dyaspora la, piskè tout ti moun yo byen elève, yo gen oun selil familyal, e yo byen edike.

Antiyè yo ka fè sa pou lajan, men ti moun yo ap soufri, se oun sèl joure, oun sèl dekadans, alòs mwen ka di kè
afriken yo de fwa siperyè a dyaspora nèg la.

Oun dòt biten yo ka rèpwoche yo ankò, se lè yo ka di kè se moun tala poligam.

ZAFE POLIGAMI LA

Mezanmi, mwen pa gen anyen kont se moun tala, e mwen paka kritike yo. Moun yo ap di kè yo ka fè ti moun kon chen, dòt ap di kè se pa ti moun kè yo gen men se de mach lèskalye, tèlman youn ap suiv lòt.

MWEN menm an mwen, mwen te konn oun boug kon sa, mezanmi, boug la gen 4 fanm nan kay li, e mwen pe di zòt kè boug la pli ere ki nou tout ki si fowòm lan.

Deja, gouvèlman ap ba yo oun lo lajan, pou chak ti moun yo e moun yo ap viv byen. Lè oun fanm ap fè oun ti moun, tout se zòt fanm lan vle oun ti moun tou, sa ki fè kè inite kont a boug la se pa 4 li ye.

Lè-w gade, pannan oun fanm ap fè manje, youn dòt ap rèpase, oun lòt ap netwaye kaz la......Mezanmi ki jan nou pe malpale oun nonm kon sa, se jalou pou nou jalou yo.

Se moun la ap viv byen an armoni èvè tout ti moun yo, yo ka fè tout bagay ansanm ansanm, e
ti moun yo byen edike.

Pannan si tan, antiyè ap kritike yo, men bonda a yo lontan pli deyò ki se moun tala, ki rive prezève selil fanmi yo.

An konklizyoun mwen ke di kè fòk nou rete malpale afriken poligam yo, men byen o kontrè se si yo pou nou pran ègzanp e se pèp nou ki oun pèp bata san kilti, byen kè yo ka kwè yo siperyè a se moun tala.

Prochen fwa mwen ke wouvin ba zòt si zafè kominote antiyè yo e solisyoun nèg radikal ap anvizaje kounyela.

Posted: Tue Sep 07, 2004 12:57 pm
by Leonel JB
MonchE Widy, nou gen on gwo problem, se ke nou pa konprann youn ak lot.

Premyeman ou di mwen di madan Aristid se milat, mwen pa kwe mwen di sa.

Dezyeman, ou panse pa le fe mwen rete Dànmak mwen ka pran danwa nan bato voye yo Ayiti. Mwen pa konprann nan ki sans ou di l?

An nou tounen sou nannan koze a. Ou paret ak problem nwa ak milat an Ayiti. Mwen di w, se yon bagay ki konpleks. Apre ou fe paralel ant Ayiti ak Soudan. AnkO, mwen di ou dapre opinyon pa m yo pa menm bagay. Apre ou vle fe konprann ke problem Ayiti a nan kesyon koulE, pa menm ak Gwadloup...

Dapre entepretasyon pa m ou vle montre ke se Ayisyen selman ki renmen koulE klE, monchE m ap rele byen fO, SE PA VRE.
Serge ak kelke lot fre ankO di w, PROBLEM AYITI AN, TRE TRE KONPLEKS.

Genyen anpil moun save ki touche bagay sila, pa ekzanp Guy kapab ede nou nan sa avek on seri de atik Frederik Douglas te ekri si m pa tronpe m.

Ayisien se youn nan
pep ki te ka frape pye l di Abraam di set ase, Nou pap esklav. Byenke ekonomikman li pa vle di anyen kounye a. Men pesonelman, se youn nan moun ki ka gade blan nan je akoz de gran papa nou. A koz de fyete n, awogans nou, nou se yon gro menas pou enperyialis.

Le ou di ke Gwadloup moun yo pap gade zot byen si zot marye ak blan. Mwen di ankO, mwen pa kwe sa, Matinik ak Gwadloup genyen anpil koup melanje. DayE, mwen rankontre on paket a Pari ki nye nasyonalite yo, ki rele yo franse paske madanm yo ak mari yo se blan. Sonje, pa lonje dwet sou mwen, le ou gen twa dwet sou ou...

Mwen pa vle sije sa al two lwen, FE atansyon, pa kritike on pep le ou pa konn pwoblem yo nan bon ti mamit.

Mwen respekte opinyon ou, men fo m di w ankO ou jeneralize ka twop byenke yo ba ou ekzanp apre ekzanp: Izmery, Che, Fidel e tan dot moun ki pa nwa te goumen pou zafe pep ak moun nwa.

Avan m ale, mwen ta renmen mande w eske grimo konsidere kom nwa ou milat paske an Ayiti menm jan ak lot peyi nan karayib la, ge
n anpil moun ki pa milat, paske milat se pitit BLAN AK NWA.

Posted: Tue Sep 07, 2004 12:59 pm
by admin
Widy, boug an mwen, mwen gen kèk bagay mwen vle montre ou, mwen gen enpresyon ou fache fasil, men se pa entansyon pa m pou mwen gate san ou. Okontrè, mwen envite w gade bagay sa yo mwen gen pou m di w la AK TOUT SANFWA ou, epi AK MENM RESPÈ NOU GENYEN POU OUMENM TOU.

[quote]Sèpandan, oun biten ki ka etone mwen oun lo dè pa a ayisyen fowòm la, se kè zò tout ka defann zafè nwa ki ap maye èvè blan.[/quote]
Widy, si ou byen gade, PA GEN YON GRENN AYISYEN SOU FOWOM LAN ki vin fè pwomosyon pou zafè nwa ki marye avèk blan.

Ou di "OUN LO DÈ PA AYISYEN", ou di "SE KE ZÒ TOUT", men jiskaprezan mwen pa wè "YON GRENN MENM".

Si ou di ke maryaj ant yon nwa ak yon blan se yon kalamite li ye pou divès rezon, e si mwen di fòk nou pa jije yon maryaj sou baz koulè yon nonm ak fanm li (paske gen faktè ki pi enpòtan, ki pi fondamantal nan jije reyisit yon maryaj), sa pa vle di DENKOU
, paske mwen pa dakò avèk agiman w lan, ke mwen te vin fè pwomosyon maryaj blan ak nwa, oswa nwa ak milat, sou fowòm lan.

Sanble ou vle mennen 2 kanpay ANTI:

1) Relasyon NÈG NWA ak MILATRÈS (e mwen pa menm konnen si se menm prensip la pou yon MILAT ak yon NEGRÈS) : ou di relasyon sa yo pa bon, ou di 90% nan yo vwe a lechèk.

2) Relasyon NÈG NWA ak BLANCH (e mwen pa konnen si se menm prensip la pou yon BLAN ak yon NEGRÈS) : ou kondane relasyon sa yo kare bare. Ou di si yon nwa marye ak yon blanch, se paske nwa sa soufri yon KONPLÈKS ENFERYORITE.

Kidonk pozisyon ou klè kou dlo kòk, Widy, ou ANTI maryaj nèg NWA ak MILATRÈS, ou ANTI maryaj nèg NWA ak fanm BLANCH.

Sa vle di fòk NWA marye ak moun NWA sèlman (milat, milatrès, blan, ak blanch va debwouye yo jan yo vle... oswa eske ou vle pwopoze règleman pou moun sa yo tou?)

Widy, ou gen TOUT DWA NAN LAVI E SOU FOWÒM LAN pou w vanse fason ou panse (menm kòm editè, mwen pa ta gen okenn dwa pou m ta chache retire dwa sa nan
men ou). Se panse pa w, mwen respekte sa, menm si mwen pa dakò avèk li. Nou tou 2 gen dwa panse diferaman. Sepandan, konsidere verite sa tou: ou pa gen dwa di nou di sa nou pa di. Si dezoutwa lan nou pa dakò avèk kanpay ANTI sa yo, sa pa vle di AYISYEN SESI, AYISYEN SELA. Dayè, pou ti ponyen Ayisyen ki patisipe nan fowòm lan, nou pa ta kapab gen anbisyon pou nou pale pou tout Ayisyen.

Pozisyon pa m klè tou: Mwen kwè chak nèg gen dwa marye ak fanm yo pito, mwen kwè chak fanm gen dwa marye ak nèg yo pito. Mwen pa ta vle angaje tèt mwen nan yon kanpay kont LIBÈTE ENDIVIDYÈL yon nonm oswa yon fanm pou l marye ak moun li pito. Sa se youn. Dezyèmman, mwen di zafè koulè oswa ras la se yon kouto 2 bò li ye: li kapab presipite echèk yon relasyon ki te baze sou yon seri bagay sipèfisyèl tout bon vre, men se konsa tou li kapab ranfòse lanmou yon nonm ak fanm li paske tou 2 ap fè fas an menm tan a ADVÈSITE KONSIDERAB sosyete a drese kont yo.

Tout kalite maryaj reyisi, tout kalite maryaj pran echèk. S
e vre gen anpil maryaj NÈG AK FANM NWA ki reyisi, men konsa nou tout konnen anpil nonm twonpe fanm yo, anpil fanm twonpe mari yo, anpil nonm bat fanm yo, elatriye. Faktè sa yo rantre nan tout kouch sosyal. REYISIT YON MARYAJ SE YON BAGAY ESPESYAL, PASKE BAGAY SA KOUMANSE AP VIN RA SÈJOUSI. REYISIT YON MARYAJ PA REPOZE FONDAMANTALMAN SOU KOULÈ PO PATISIPAN YO.

Diskisyon sa te kòmanse nan yon lòt ribrik ki rele "Kesyon Nwa ak Milat la", http://haitiforever.com/forum/viewtopic.php?t=1276 . Li vin kontinye anba ribrik sa ki rele "Zafè a koukoun lan", http://haitiforever.com/forum/viewtopic.php?t=1323 . Mwen te chache separe diskisyon an, youn sou baz politik la, youn sou baz relasyon pèsonèl yo. Men lò nou mete 2 ribrik sa yo ansanm, pou suiv deba a depi nan sous li, nou twouve 7 patisipan sèlman: Widy (17 mesaj), Guysanto (7 mesaj, sila fè 8), Jafrikayiti (5 mesaj), Serge Bellegarde (5 mesaj), Yawabobo (4 mesaj, epi gen lontan misye pa retounen ankò), Leonel (3 mesaj), epi finalman Jonas (1 mesaj ki fè
t parèt, kote li poze ou yon kesyon sou Gwadloup).

Nan 7 patisipan sa yo, gen 6 Ayisyen.

Yaw Abobo dakò avèk ou, paske li menm tou panse ke fò nèg nwa marye ak fanm nwa sèlman. Kidonk rete 5 Ayisyen.

Jafrikayiti pa janm pwononse tèt li sou kesyon sa, li te jis fè entèvèvansyon sou definisyon "rasis" lan ak konplèksite ki egziste lan nivo sosyete yo, ki fè fòk nou mete data atè anvan nou tire konklizyon. Kidonk rete 4 Ayisyen.

Jonas limenm li jis poze yon kesyon sou Gwadloup, li pa di anyen sou maryaj ant moun po klè ak moun po fonse, ni sou maryaj entèrasyal. Kidonk rete 3 Ayisyen.

Serge limenm jis mande ou, Widy, pou w pa jeneralize bagay yo twòp. Men, mwen pa fin wè kote Serge te di li POU maryaj sa yo oswa li ANTI maryaj sa yo. Kidonk rete 2 Ayisyen.

Mwen pa vle pale pou Leonel, men mwen kwè li di tankou mwen menm ke gen ANPIL FAKTÈ ki rantre nan reyisit ou echèk yon maryaj, ke koulè po yon moun se pa yon faktè PREDOMINAN. Men, pa yon grenn fwa nan diskisyon
yo, Leonel oswa mwenmenm te di SE YON REYISIT POU YON AYISYEN LÒ YON NÈG MARYE AK YON BLANCH, OSWA LÒ YON NÈG NWA MARYE AK YON MILATRÈS. Kidonk rete 0 (ZERO) Ayisyen sou fowòm lan ki fè afimasyon sa ou vle akize TOUT Ayisyen te fè yo.

Sou dènye pwen sa, se vre gen Ayisyen ki panse konsa tout bon vre. Men SE PA AN AYITI SÈLMAN ou twouve moun ki panse konsa.

[quote]Mwen ka fè zòt wè kè teyori tala, se oun teyori, kapitalis rasis li ye, piskè menm blan meriken dè dwat ap di kè si nèg ve rive fòk yo maye èvè fanm blan.[/quote]
Widy, ki blan meriken dè dwat ki janm di bagay sa? M ap viv nan Etazini depi plis pase trant lane, mwen poko janm tande l.

[quote]Malerèzman, nan tout zòt peyi karayib yo, mwen pa janm wè nèg ki ap afiche yo èvè fanm blan kon siy dè reyisit.[/quote]
Monchè, la ou demanti sa mwen di anlè a. Mwen pa kab di anyen, paske mwen pa konnen lòt zantiy yo. Se sèlman KIBA mwen te vizite.

S
epandan, KOTE AYISYEN YO "ki ap afiche yo èvè fanm blan kon yon siy reyisit"? Se vre, gen plizyè Ayisyen po fonse ki marye ak Ayisyen po klè oumenm ak lòt ras. Men si yon Ayisyen NWA marye ak yon blanch oswa yon milatrès, eske sa vle di ke li mande tout ayisyen fè tankou li, pou yo kab reyisi nan lavi a. SE PA TOUT MOUN KI VLE FÈ VI PRIVE YO SÈVI KÒM MODÈL POU TOUT YON PÈP OSWA TOUT YON RAS.

[quote]Menm sen-Maten ki se oun zil rich, nèg yo gen tròp fiète pou yo bese yo kon sa.[/quote]
Pou yo bese kon sa???

Eske sa pa posib pou yon moun marye san li pa ni monte tèt li ni bese tèt li?

[quote]Men anfen, se vre mwen etone anpil dè elit ayisyen-an dè wè, kè se kon sa yo ap wè lavèni peyi yo.[/quote]
Kouman "elit ayisyen-an" wè lavèni peyi li, Widy? Sa se yon kesyon ki enterese mwen anpil. Kote ou wè li ekri?

[quote]Dan sè ka, e se sa kè mwen te le di leonèl, si se sa solisyoun la, vo mye li pran oun
bato ranpli danoi, e li ka menne yo ayiti, e konsa peyi a ap devlope. Pli fasil ankò, pran tout meriken blan, e voye yo ayiti kon sa yo ke fè ti milat, e peyi a ke devlope-l kon sa. [/quote]
Bagay sa ou di la, Widy, se yon ensilt li ye. Mwen pa kwè pèp ayisyen merite li, mwen pa kwè noumenm sou fowòm lan merite l tou.

[quote]A kanmarad, se petèt sa diferans fondamantal antrè ayisyen e dòt pèp karayib yo.[/quote]

[quote]Nou tout konn fanm blan e frekante yo, men nou pa jan kwè kè pou ayisyen sèl solisyoun an se maye èvè fanm blan.[/quote]
Widy, kritike Ayisyen jan ou vle, men mwen kwè mantalite pa nou pi avanse lontan pase sa ou sijere la.

Dènye moun mwen konnen ki te vle sa kòm yon solisyon pou devlòpman pèp yo, se te 2 Dominiken yo te rele RAFAEL TRUJILLO ak JOACHIM BALAGUER. Yo te vle blanchi ras yo, se sa ki fè yo te bay imigrasyon blan yo gwo priyorite. Lò Hitler tap ekstèmine pèp jwif la, Trujillo te wè yon
opòtinite la pou l reyalize anbisyon l. Li te ofri nenpòt ki jwif (blan) ki vini Dominikani moso teren ak sitwayènte dominiken, ak tout lòt privilèj pou yo marye ak Dominiken epi ede blanchi ras la. Men pa te gen yon nonm enpòtan jwif ki te kouri pran òf sa.

Youn nan faktè ki fè Dominiken pa vle wè Ayisyen, se paske yo pè pou Ayisyen pa vin nwasi ras yo. Dayè, laplipa Dominiken rejete kategorikman eritaj afriken yo. Menm sa ki gen po fonse yo pa vle admèt se nwa yo ye. Yo di se "indio" yo ye. "Negro" a se yon mo ki rezève pou Ayisyen.

Monchè Widy, mwen kwè Ayisyen se youn nan pèp KI PLIS VALORIZE ERITAJ AFRIKEN LI. Se youn nan pèp KI PLIS SELEBRE LI. Se youn nan pèp KI VÈSE PLIS SAN POU LI TABLI EGALITE RASYAL SOU LATÈ BENI. Mwen pap janm di Ayisyen san fot, men fòk ou fè ANPIL ATANSYON lò w di: "se petèt sa diferans fondamantal antrè ayisyen e dòt pèp karayib yo", paske APA AVANTAJ MATERYÈL YO, MWEN PA WÈ SOU KI PLAN LÒT PÈP KARAYIB YO PI AVANSE PASE PÈP AYISYEN AN.

Franchman
mwen pa wè l. Mwen fè eksepsyon pou pèp kiben an. Si se konnen mwen pa konnen, lespri mwen laj pou m aprann. Se pou sa yon jou mwen rezève pou m al vizite Gwadloup ak Matinik, ak lòt zantiy yo, depi mwen gen lavi ak yon ti lajan pou mwen fè sa. Annatandan nou te mèt mete bèt pou mwen sou fowòm lan.

Posted: Wed Sep 08, 2004 1:10 pm
by Widy_
Mezanmi, gen tèlman bagay a reponn kè mwen pasav pa ki bout koumanse.

Mwen te vle deja di, kè mwen paka malpale ayisyen, piskè si sete sa, mwen pateke la èvè zòt. Kon editè-a pe di, mwen toujou pataje bon moman e move moman moun yo si fowòm la.

Mwen paka panse kè-m ensilte ayisyen yo an pon jan, men kon m di, sèl biten ki etone-m, se fason kè detwa nèg wè problèm ras la.

Mwen ke reponn editè a tou, bagay mwen di la, kòm kwa, si nèg le rive, fòk yo maye èvè blan, sa-m di a, mwen pa envante y, lè-m te etidyan yo las di nou kè ti moun nèg se lajòl, se gang, se drogè, se ti vòlò yo ye.

Teori tala ap demontre kè nèg ki ap reyisi ap maye èvè blan e yo gen plis chans dè reyisit kon sa.

Sa se oun biten kè oun lo jenerasyoun kwè adan-l.

Sa SE VRE ANKÒ, jan zò wè problèm la, se pa kon sa di tou nap wè-y nan kominote nèg ewòp. Petèt zòt se de teorisyen ki ka wè sa oun fason jeneral.

Dayè si zò li sa-m ekri o
debi, mwen menm di kè-m teka panse kon leonel, kon sèj e se a fòs li e konpare dòt kominote nèg kè mwen vini konprann oun lo biten.

Sèl bagay ki ka fan-m la penn an tou sa, se kè nou la nou ka manje nou, men nou paka fè anyen pou nou pale dè vrè problèm kika enterese kominote a, nou paka trete dè vrè problèm kominote nou yo.

O lye dè sa nou ka jouwe a ti diferans, ti sisèptibilite, ki paka fè nou vanse.

Mon chè sèj mwen pa janm di kè gwadloupeyen miyò ki poun dòt moun, men sa-m eseye fè zòt konpran, se kè kounyela gen oun priz dè konsyans ki ap fèt a bò nou, e ki ka èsplike poukibiten kè jòdla se nèg ki elit a pèp gwadloup.

Nan dòt zil yo kon matinik, se pa menm biten, piskè nan peyi tala modèl yo se blan li ye, e se milat ki ka menne.

Editè la menm pran ègzanp si dominiken vwazen zòt, men pèmete-m dè di zòt kè fanm dominiken pôu la plipa, se piten yo ye, si zò le se kolokent.

Travay se fanm se pran nonm dòt zanti yo, yo ka maye èvè yo, nonm ap fè kaz e apre sa yo ka
fè tout biten pou yo gade kaz la e foute boug la deyò nan kaz la kè li swe bay la.

Si nou gade kounyela, ki wòl a peyi dominikani, se devlope sexuel tourisme, fè tout kalite blan koke fanm a yo ba lajan.

Dayè yo ka fè menm biten gwadloup, se piten se moun tala. Si ou ale sen-maten, se menm biten, yo adan de kaz, de bèl fanm e yo ap vann viann a yo. Jan dè moun kon sa nou pa le yo e yo ni a ka kontiye a fè blan koke yo kon sa.

Editè e sèj, mwen ke wouvin plis an detay ba zòt si tèz la mwen ka devlope a, piskè sam ka di se pa pawòl an kouyounnad, se oun problèm daktiyalite, ki ap konsène tout nèg nan peyi nap viv la.

Kon zò sav, mwen pa nèg ipokrit ki ka kache biten, lè gen oun problèm mwen ka pale di sa, e menm si se oun sije ki pe deranje moun.

Mwen ka di ankò kè mwen pa an afè èvè pon moun si fowòm la, mwen pa rayi poun moun, mwen paka malpale pon moun, e si nou la se pou nou debat a problèm ki ka konsène kominote a.

Se sa kè frè ayisyen nou yo ap atann dè nou.



Fòs ba tout moun.

Posted: Thu Sep 09, 2004 6:10 am
by Widy_
Mwen poko fin èvè zòt, e sa ki dèyè poko touche.

Kon zòt sav, mwen se oun kal a zaza a nèg, mwen paka moli kon sa, mwen ke vin èvè boun jan dè nouvèl ba kominote a tou, e menm si DETWA nèg konsèvatè, ka fè tout bagay pou lese pèp la nan iyorans, kon si meriken ou kanadyen ap ba yo oun lajan, mwen paka pèd fil an mwen.

Mwen ke wouvin ba zòt epi mesaj mwen ni a ba zòt.

Posted: Fri Sep 10, 2004 3:26 pm
by Widy_
Mwen ka profite vit la, pou mwen pe reponn editè-a si oun kèsyoun li te mande, si fanm ayisyèn yo. Li te di, poukibiten se fanm ayisyèn la pli janm pase zòt fanm nan karayib yo nan zafè a lanmou la.

Mwen pa te vle pale dè sa pou moun pa di ankò kè mwen malelive, men kon editè a ensiste pou-m reponn li, ban-m fè-y.

Mezanmi sa se pawòl kè mwen toujou tann gran nonm di : koke oun fanm ayisyèn, se youn vrè plezi li ye. Fanm yo se fanm ki konn koke, e sa yo ka fè pon dòt fanm paka fè-y.

Sa se vre tout fanm ka koke, men lè ou koke oun ayisyèn, se oun plezi kè ou pepa bliye, piskè se pa tout moun si la tè ki kab koke kon oun ayisyèn.

Menm ayisyen menm ka di kè fanm yo yo ap koke rèd. Dayè se pou sa gen plen nonm ki ka rete èvè yo yenki pou sa.

Mwen pe padi editè-a ki fondman syantifik a bagay tala, men mwen menm an mwen piti èsperyans la mwen gen la mwen pe di kè sa se vre.

Bon dye pa ba tout fanm chans tala, e
se pou sa kè gwadloupeyen yo kontan se fanm ayisyen la oun lo pou bagay tala.

Mwen konn ki maye ak yo yenki pou sa, e yo ap pran bon plezi. Oun fwa oun madanm ayisyen jous di mwen kè yo ka dousi kè nonm tèlman yo ka koke byen.

Sa se oun fòs dè la nati kè bon dye ba yo.

Bon mwen rete la pou moun pa di kè mwen malelive ankò.

Mesaj pou editè la

Posted: Wed Sep 15, 2004 4:38 pm
by Widy_
Mezanmi, nou peke fin diskisyoun-an si oun "nòt vivace crescendo grave ògmanté à la kent" kon sa, kan menm.

Ann pale serye kounyela:

Editè mwen teke vle mande ou de biten ki sanm enpòtan ba tout moun.

Mwen teke vle sav kè, padavwa mwen poko fin di sa-m ni a di la, ès kè fò-m wouvè youn lòt ribrik, ou alòs ès fanm kontiye si tala menm ?

Dènye fwa-a ou te di kè ou pisime oun ribrik pou chak tèm diskisyoun.

Dezièm biten e sa, se oun bagay ki très enpòtan ban mwen, se kè mwen te le sav, ès kè nan diskou mwen, mwen pe pran ka a oun boug an mwen, se misye TOTO.

Se pa oun siwnon yo bay, men se non a-y menm, e raple ou, dènye fwa-a epi oun diskisyoun epi misye JONAS, nou te pale dè swahili, kan mwen te di-y kè nan lang tala TOTO vle di ti moun.

Koun zòt sav tou, kè yo transfòme non tala an oun biten malelive, e menm tou patou si la tè kounye-a yo ap di kè LISTWA A TOTO se de bagay biza
ki ka fè moun ri, men men, yo toujou prezante non tala kon oun biten malelive.

Editè, se pou tout se rezoun tala kè mwen ka mande akò a ou pou sav si fan-m pale-dè-y ou pa.

TOTO se nan pèp la li ye e li ka rèprezante byen sitiytasyoun kominote-a san kwa mwen pateke pale dè-y.

Misye toto ni plen biten a aprann nou, men se boug an mwen kan menm.

Mwen konnèt li dèpi ti moun piskè nou teka jouwe gwo-ka adan menm group fòlklorik an gwadloup.

Dèpila li teja ni repitasyoun a-y men, mwen pepa di kè li malelive e byen souvan se se fanm la menm ki teka chache-y e apre sa yo teka di kè li malelive.

Mwen ke di kè se oun nonm reyalis, e li ka pale dè sa li ka fè, e si li di ou kè li fè youn bagay, ou pe sèten kè li fè li.

Mezanmi, mwen ke pwofite tou pou-m pale zòt dè sa ki rive misye TOTO èvè oun fanm nègrès TEMWEN DE JAYOVA.

Zòt ke pise si zòt tèlman zòt ke ri.

Posted: Wed Sep 15, 2004 7:55 pm
by admin
Widy, pale nou de Toto. Men mwen kwè li pi bon pou nou louvri yon lòt ribrik sou sa.

Kenbe fèm, pa lage.

Editè a.