Kesyon Nwa ak Milat la

Post Reply
Widy_

Kesyon Nwa ak Milat la

Post by Widy_ » Fri Aug 13, 2004 11:51 am

Mwen ka pwofite pou-m di youn ti bonjou a tout vie frè nou yo sou fowòm lan san bliye kanmarad Padel kè-m te rantre an prèmye an kontak si fowòm lan.

Adan tout zafè a bisantènè a yo la, pannan kè 2w3 nèg ap brè chanpay èvè tout kalite blan enperialis yo, nou ka konstate tou kè se youn katastròf imen, ekologik e ekonomik kè pèp dayity ka kontinye viv.

Ki jan sa ?

Mesyezedam, pani si lontan ki sa, mwen teka pale èvè youn zanmi ayisyen e boug tala se youn chèf dantrèpriz ki gen oun "living standing" kon tout moun kategori ay.

Boug tala teka di mwen kè li teke byen renme ale an ayiti depanse ti lajan ay, padavwa kè li ka travay maten midi e swa nan peyi etranje, men li ka di tou, kè kounyela gen tròp ensekirite nan peyi la, ki fè si li pakale.

Li menm a-y, li gen ti moun e madanm, e i pepa pran poun risk kè pon kalite moun fou-y on kout fizi pou anyen, e lè-w gade li ka mò kon sa.

Boug tala, magre bon kè-y e sans patryotik li, te blije ale depanse lajan-y nan gran peyi devlope e lese pèp li nan leta, alòs kè li te pare pou depanse 5 000 $ USD pou vakans li nan peyi-y.

Se la kè nou ka wè kè sitiyasyoun la rèd menm ba frè ayisyen nou.

Fò pa-n bliye kan menm kè adan de peyi kè yo rele 1/3 monn, 1er sous dè rèvèni yo se lajan kè pèp yo ki emigre ka voye nan peyi la.

Se kon sa kè 1er sous dèviz a Lejip se lajan kè emigre ejipsyen ap voye.

Nan kontèks tala nou pe konprann tou, pwoblèm sou devlòpman e dè mizè kè pèp atisyen ap viv.

Oun dòt biten ankò kè boug la di mwen, se kè Si i ni lanmizè an ayiti se fòt a klas milat la ki ni tout pouvwa nan lanmen yo, men yo paka pataje anyen, e yo byen kontan wè nèg ki ka mò fen.

Sa mwen pe di si sa, se kè si se milat ayisyen ki ka foute mizè nan peyi la, fò kominote entènasyonal la vin sav sa notaman kominote entènasyonal nèg; kon sa nou ke sav ki jan gade yo e konsidere yo dèmen an lari la.

Mwen menm mwen mwen pate o kouran dè sa, men mwen ka di kè si nou ka kritike soudanè ki ka touye frè yo, poukibiten nou pepa fè youn kanpay pou fè moun sav atrosite kè milat ka fè nèg nan peyi dayiti ????

User avatar
admin
Site Admin
Posts: 2152
Joined: Thu Nov 13, 2014 7:03 pm

Post by admin » Fri Aug 13, 2004 3:08 pm


Onè, Widy!

[quote]Mwen menm mwen mwen pate o kouran dè sa, men mwen ka di kè si nou ka kritike soudanè ki ka touye frè yo, poukibiten nou pepa fè youn kanpay pou fè moun sav atrosite kè milat ka fè nèg nan peyi dayiti ????[/quote]

Alaverite Widy, si "milat" se nèg po klè, nou pa kab jete tout fado a sou do yo. Se vre pi fò pati milat fè pati lelit la. E presizeman se lelit la ki koupab!

Mwen pa konnen anpil milat ki pòv, byen ke mwen toujou tande yo di lakay nou "nèg rich se milat, milat pòv se nèg". Mwen kwè reyalite a pi konplèks: atrosite w pale a, se li yon elit boujwa endistriyèl, ki jodi a nwa e milat, asosye ak blan sanmanman, ap fè yon klas malere pase.

Mwen pa vle rantre twò fon nan dyalektik klas kont dyalektik sipremasi rasyal la. Bagay sa diskite sou fowòm sa deja, e m ap di ou kareman, mwen pa nèg ki twò save sou teren ideyolojik la. Po
u mwen reyalite fondamantal la se MOUN RICH KONT MOUN PÒV. Ou kapab montre mwen ke se pèp nèg kap manje plis mizè sou latè, e m ap di w ou pa manti! Ou kapab montre mwen ke se pèp blan ki eksplwate pèp nèg pi plis nan Listwa pou jouk jodi, e m ap di w ou pa manti!! Men mwen konnen tou majorite nèg ki vin rich toujou aji AN MOUN RICH. Majorite blan ki vin pòv pran kout baton tankou tout chen (voye je sou tout Amerik Latin lan). Sa se reyalite peyi Dayiti tou. Lelit kap kraze mas ayisyen yo, lò ou gade koulè lidè yo, w a remake yon fò pati ladan yo se nèg nwa yo ye e se nèg rich yo ye tou.

Sa pa vle di ditou ke mwen pa kilpabilize ni BLAN YO ni MILAT yo ki patisipe nan aksyon kriminèl yo poze ak tout san fwa kont mas pèp la. Men sepandan, mwen pa kab pale onètman sou "atrosite kè milat ka fè nèg nan peyi dayiti", alòske mwen konnen pafètman ke nan ane 2004 la, yon bon pati nan lelit la se nèg nwa yo ye tou.

Men, Widy, mwen konn byen nou tou 2 ap gade menm reyalite a e nou tou 2 kapab wè kiyès
ki viktim yo. Kidonk, ann mete men nan men pou nou kab ede viktim yo twouve plas Revolisyon Ayisyèn lan te rezève pou yo.

Widy_

Post by Widy_ » Sat Aug 14, 2004 1:30 pm

Editè,

Dè tout fason, milat, se ayisyen yo ye, e mantalite kon jès e aksyon yo se ayisyen li ye tou.

Ayen paka rann yo siperyè a nèg. Lò yo nan peyi etranje yo menm biten ki tout imigre e kominote entènasyonal ap pran yo pou ayisyen.

Si yo ka konsidere yo siperyè sa se youn fòm dè apatèd liye, piskè sa fasil dè afame oun pèp e di kon sa apre kè ou siperyè ki li.

Mwen ke di menm kè sa se oun lachte e to ou ta tout moun ke sav sa, piskè sa pa ni pon valè e sa yo ka fè la se profitan ki ka fè sa.

Nenpòt ki moun si la tè pe ale adan oun peyi pòv e krache si malere, sa pa gen anyen dè valorizan adan-y.

Lè se milat ayisyen la ka sòti nan peyi yo, yo ka patèt janti e bon moun, men fò yo sav, kè nèg pa ignoran ankò, e dè plizanpli nèg ka pran konsyans e byen enfòme.

Fò yo sav kè yo gen ti manmay tou patou, e si se mal yo ka fè malere, to ou ta yo ke mande yo ou pitit yo kont.

Fò pa yo bliye kè se n
èg yo ye tou e blan pa gen anyen a foute dè djòl yo.

Si manman yo ou fanmi yo ka fè ti nèg soufè, youn jou se yo e ti manmay yo ki ka-y peye.

Widy_

Post by Widy_ » Sun Aug 15, 2004 3:47 pm

Si nou vle woutouve diyite an nou prèmye biten pou nou fè, se arete enme fanm milat yo, piskè kon nou sav, fanm milat se materialis yo ye, men byen souvan se yo ki ka abandone ti moun nèg ou ki ka fè yo soufri.

kIDONK fò-k nèg arete konsidere se moun la sa kon bèl fanm, dayè kibiten ki bèl fanm yo??? bèl chive yo ????

Tankou nan gwadloup kon matinik ou ayiti, nou ka rann nou kont kè se se fanm tala ki ka foure nèg dèyè, ki ka fè ti nèg soufri, alòs poukibiten nou ka ba yo enpòtans kon sa.

Dayè nan gran peyi milat paka rèprezante anyen e fanm yo se machapia yo ye, pou pa di mannawa, men se ankò nou nèg ki ka ba yo enpòtans.

Oun dòt enfòmasyoun ankò, panan kè se fanm tala ka fè oun lo kouyoun, fò nou sav, kè adan plen peyi arab, milat se bas klas yo ye, e arab la ka vann yo.

Dayè si ou bèzwen oun bèl fanm milatrès, ou kale an ejip e yo ka vann li ba ou pou anyen, e an plis li vyèj.

Alòs poukibiten nou ka ko
ntiye ba se milatrès la enpòtans ??

Widy_

Post by Widy_ » Tue Aug 17, 2004 12:22 pm

Sa fè-m plezi wè kan menm kè ou ka patisipe nan diskisyoun la.

Sa nou pe di deja se kè milat pa pòte anyen nan listwa.

Yenki gade an matinik, peyi ki pli pòte blan anlè, kisa nap wè :

Moun ki rantre nan listwa se nèg, kon aimé césaire, frantz Fanon ki te de nèg nwè.

Si gwadloup menm milat pa fè anyen pou yo rantre nan listwa,

e tout gwadloupeyen ki rive trape gro pòs minis an frans se nèg
yo ye. Sa mwen ka wè se kè se nèg ki ka ba milat enpòtans.

Si nou gade menm si ayiti, poun milat pa fè anyen nan listwa, piskè ayisyen ki pli koni e ki pli entelijan, se nèg kon Toussaint louverture ou Desalin.

Milat pa gen poun enpòtans, e yo pa fè anyen, dayè dèpi tan kè nèg ka fè ti moun èvè blan, konmen fwa ou ja tann oun milat fè oun biten kikswa an lamerik ou an ewòp.

Se moun tala pa gen poun enpòtans e poun valè, sèl fòs yo se vann nèg, trayi nèg.

Pou mwen 1er biten pou nou fè deja se woufo
ure yo nan plas yo e pran yo pou sa yo ye sètadi de moun trèt, lach, pwofitan, e èsklavajis ki ka fè pèp nèg soufè kon an ayiti.

Widy_

konsekans politak a bagay sa yo

Post by Widy_ » Wed Aug 18, 2004 12:27 pm

JAF,

Mwen sòti li kounyela sa ou ekri. Si lè fon mwen dakò èvè-w, gen milat ki fè de biten, men kon ou sav e menm nan peyi zòt, ki moun ki rantre nan listwa? se Tousen louvèti. e lè moun ka etidye listwa peyi tala, prèmye non yo rètienn se Tousen louvèti.

Mwen dakò kè gen de milat ki fè de bagay, men listwa pa janm rètienn yo.

Sèl milat nou pe di ki make 20 è syèk la se Bob Marley e poukibiten, piskè li teka chante listwa nèg e teka pale dè lafrik.

Oun dòt biten ou pale ankò e la mwen dakò, se lè ou pale dè tout ganm nèg yo konpri ant milat e nèg, sa se vre kote nou, gen chaben, gen bata milat, gen zendyen ki fè tiv moun èvè nèg èvè chabine.......tout kalite mix up ou le. kote nou, nap di kè se sa ki pèp nou, padavwa kè pa gen diferans ant milat e nèg.

Ti moun po chape yo, si menm bato a ki sa ki nwè, e nou pa gen pwoblèm opresyon rasyal la kè zòt konn an ayiti.

Se pa la mwe
n le rive èvè zòt.


Pannan nou ka pale la, tini oun pwoblèm ki ka fè ayisyen oun lo mal e prejije.

Kon ou sav mwen se moun gwadloup, e mwen pe di-w kè yo toujou aprann nou konsyaman ou enkonsyaman, kè si ayiti nan leta tale, se kè nèg ayisyen se move nèg yo ye, yo ka lese frè yo nan mizè.

Dayè yenki gade enfòmasyoun entanational, lè gen youn pwoblèm ayiti, yo toujou ka lese moun konprann kè se nèg ayisyen ki ka touye yo antrè yo.

Kounyela moun deyò vini sav kè pwoblèm la se ant milat e nèg, men poun moun pa janm denonse atrosite milat ka fè nèg nan peyi zòt.

Lè mwen te ti moun, mwen toujou wè milat ayisyen vini gwadloup, yo te tou janti e kon nou ka di lakay nou " ou teke ba yo lòsti san konfesyoun" tèlman yo teka sanm bon moun.

Nou pate janm di kè se moun tala ka fè nèg soufri, byen o kontrè nou teka wè yo kon viktim e nan lèspri nou se move moun la sete nèg nwè.

Dayè ideyoloji tala ka fè ankò plis ravaj si pèp ayisyen, piskè kounyela dapre zòt, poukibiten
pa gen plis nèg ki ka sipòte kòz ayisyen ?????? tou senpman se kè yo nan konfizyoun, nan lèspri yo nèg ayisyen se move nèg ki ka fè frè a yo vrè mizè.

Sa ki fè kè yo pisime fème je a yo e kon yo ka di "lese se ayisyen la touye yo antrè yo".

Oun dòt konsekans ankò se kè lè oun ayisyen kay adan oun dòt peyi nèg, enkonsyaman, e siwtou si li se oun nèg enstwi, moun ka pè li piskè yo ka di kè fanmi-y dwèt touye nèg pou-y rive la.

Dòt ka panse kè se youn kriminèl li ye ki ka oprese nèg fèb.

Alòs zòt ka wè kè bagay tala gen plen konsekans nefas ba nèg ayisyen.

oun dòt biten ankò, dapre ou poukibiten pa gen plis nèg ki ka vin si fowòm la ??? tou senpman a kòz de se pwoblèm tala ki ka pòte prejidis ba tout kominote a.

Se moun la ka di kè petèt se se ayisyen la sa menm ki ka fè nèg wè mizè alòs poukibiten yo kay melanje èvè yo, e enkonsyaman yo ka bòykòt fowòm lan.

Balan nèg progesis ki gen balan nèg revolisyonè ki gen oti yo ye, e poukibiten ?

Kanmarad, nou pe r
ann nou kont kè si ayisyen menm pa fè moun konn verite se ankò si mas la ou si moun ki ka fè oun bagay kè sa ka tounbe.

Men pou sa se a ayisyen menm a touve oun solisyoun pou sav si yo ka fè moun deyo sav sakapfèt menm nan peyi yo.

Pou-m fini mwen ke di kè tout kalite nèg goume e chante pou denonse apartheid lafrikdi sid la, tout kalite artis nèg popilarize lit tala ki fè si jòdijou peyi a chanje men oti ayiti nan tousa ?????

Leonel JB

Post by Leonel JB » Thu Aug 19, 2004 4:58 am

mezanmi,
mwen te bezwen fon ti rale nan sije neg ak milat la, erezman Jaf reyelman pran devan. Li montre vreman li etidye listwa sa yo anpil. Mwen tap tann Guy avek bon koze l yo men li pa vini. Siman l ap souke tet li ak sak ekri la yo.

Pi fo sa ou ekri a Widy mwen dako, men gen yon ti pwoblem. Mwen pa telman renmen jeneralizasyon. Le ou di milat an jeneral ou moun nwa ou nenpot lot group san presize la gen on pwoblem. Nan tout reg gen eksepsyon. Nou kapab pa dako ave m men Jaf ban nou ti limye kom toujou nan keksyon an.
On lot pwoblem mwen genyen, se le nou prezante on seri de moun ki pran on patne deyo ras li.

Gen de fwa moun pran moun ke l panse ki bon pou li. Se vre nou gen pwoblem nan konteks sa ke Jaf toujou mansyone nan pase. Men nan keksyon lanmou, bagay yo pi konplike. Si ou panse fi sa se li ou renmen tout bon e li renmen w anpil tou, mwen pa kwe zot kapab jije chwa ou.

Kom mwen di se on sije ki konpleks se s
ak fe mwen ta renmen Guy di on ti bagay ladan l...

Mwen pa konn si m wrong. Men, si m renmen on fi, menm si li blan, nwa, jonn etc...se pa yon pwoblem. Li on pwoblem, se le zot se sa selman l ap cheche, se sel krite li itilize.

Widy_

Post by Widy_ » Thu Aug 19, 2004 11:37 am

yawabobo,

Mwen byen li sa ou ekri la. Dayè pou youn, mwen ka touve domaj kè poun ayisyen pa reyaji si pwoblèm fondamantal kè mwen poze si rèprezantasyoun nèg ayisyen nan monn la jòdijou.

Es kè fan-m pran-y kon oun trayizon ankò????????????????

Dezièm biten : mwen sav kè se youn sije ki ka deranje oun lo moun, men dayò se pa yenki ayiti kè li gen milat, e ayiti pa ni monopol milat si la tè.

Mon chè ou ba-y oun seri dè non kon jaf dayè pou prouve lè kontrè, men sa mwen ka di e mwen ka woudi, se konmen ki rantre nan listwa.

Mande nenpòt ki nèg nan monn la dè pale ou dè ayiti ou alòs mande nenpòt ti moun gwadloup dè pale ou dè oun gran nonm ayisyen, li ke pale ou dè Tousen louvèti. Tout se non la zòt ban nou la, nou pa konnen yo, ni an blan ni an nwè.

Oun dòt biten ankò, ou pale dè "chevalier de saint george" sa fè m plezi, e dayè sa ka fè lontan kè mwen anvi ekri oun biten si boug tala ba se ayisyen la.

r
Ou ka di kè li se oun gwadloupeyen men nou pe di tou kè li se oun ayisyen. Men nou ke wouvin si sa.


Mon chè yawabobo, la mwen dakò èvè-w se si repons la kè ou ba Leonel la.

GEN OUN LO BITEN A DI SI SA, e fò nou ke mande editè la dè kreye oun sije yenki si sa.

Sa mwen pe di e konfime se lè ou pale dè nèg ki ka chèche milatrès ou fanm blan pou yo maye.

Si nou ka fè oun konparezoun entènasyonal, fò sav kè moun ki goume plis pou valorizasyoun a nègrès se NEG Angle LONDON.

Nou pe di osi kè nègrès ki pli doubout e ki gen plis konfyans se nègrès Angle London.

POUKIBITEN ???????????

Sa ka fè lontan kè se moun tala ka fè oun travay dè mas si pèp nèg la pou konsyantizasyoun.

Ou gen de mouvman kon ta FARAKHAN ki trè popilè LONDON, ou gen tou de asosyasyoun nèg ki ka fè oun travay rèmakab.

Dè memwa se yo ap di SE

Condemn any african who betray the race with a non african.

Don't let african children be raised by non african..........etc.


Eskize m pou angle la mwen pa gen diksyonè kote m.

Tou sa se pou di zòt kè se moun tala ap fè oun travay ki trè benefik ba pèp nèg la, e nègrès london lontan miyò ki se fanm nègrès la kè ou ka touve pa si kote frans, a lamerik di nò.

Dayè kounyela plen antiyè ap maye èvè fanm jamayikèn e mwen pe di zòt kè bagay yo ka mache byen, ti moun yo byen ere.

Se pa fanm enbesil yo ye men se de fanm doubout kon i ka manke kote nou.

Nan kominote karibean london la mwen pe di zòt kè fanm milat pa gen pon enpòtans byen o kontrè yo mal vi e se nègrès ki ka menne. Se sèl kote si la tè mwen wè sa.

Pou fè konparatif nèg london yo èvè sa nap di, mwen ka pwopoze zòt oun semp etid statistik.

Fò nou sav kè nèg ki maye èvè fanm blan gen 99 chans dè divòse ou viv san ti manmay yo.

Fanm blan se pou oun moman, men tout moun sav kè se koup tala paka janm kenn lontan e menm si yo gen ti moun.

Konsènan milatrès nou, se menm biten, paskè nèg ka ba yo enpòtans, yo ka fè oun l
o kouyoun, e se yo prèmye ki ka pran vye mantalite blan la e tout vis yo.

Se yo ki ka abandone ti moun, se yo ki ka fè ti moun pou lajan leta, e se yo tou kè ou ka rankontre nan bwat ka chèche nonm alòs kè yo gen, de twa ti manmay nan kay la.

Men sa nou ke wouvin youn dòt fwa si pwoblèm tala.

POU M bout mwen ke di kon yawabobo fò nou reyabilite imaj nègrès nou e arete frekante fanm a pwoblèm psikolojik, si nèg vle twouve chimen a bonè.

Kon yo toujou di gwadloup : Milat èvè nèg tan nèg la ka menne, men dèpi li epi blan se li prèmye ki ka malpale nèg.

Nou ka di tou kè se moun tala se de tanbou a de bonda.

Nou ke ni tan wouvin si tousa.

User avatar
admin
Site Admin
Posts: 2152
Joined: Thu Nov 13, 2014 7:03 pm

Post by admin » Thu Aug 19, 2004 10:13 pm


Leonel, ak tout lòt zanmi yo (Widy, Abobo, Jafrikayiti, Padel, elt.)... Respè!

Sou aspè politik la, mwen te bay opinyon mwen deja : “Pou mwen reyalite fondamantal la se MOUN RICH KONT MOUN PÒV... Mwen konnen majorite nèg ki vin rich toujou aji AN MOUN RICH. Majorite blan ki vin pòv pran kout baton tankou tout chen (voye je sou tout Amerik Latin lan). Sa se reyalite peyi Dayiti tou. Lelit kap kraze mas ayisyen yo, lò ou gade koulè lidè yo, w a remake yon fò pati ladan yo se nèg nwa yo ye e se nèg rich yo ye tou.”

Nan premye repons Abobo a, mwen gen enpresyon li te entèprete sa mwen di a tou kòm se divizyon m ap chache mete ant mas pèp la ak lelit la. Dayè Abobo deklare tou bònman: “Ayiti pa gen Elit ni entelektyel, ni ekonomik.” Bon sa mwen kab di sou sa, sè ke Abobo avèk mwen pa wè reyalite a menm jan ditou. Men an premye lye, fòk mwen di se pa divizyon m ap preche. Okontrè! Mwen panse elit ekonomik nan
peyi a (ke yo gen paspò meriken oswa kanadyen nan pòch yo, sa pa mele m!) pa ranpli wòl yo ta sipoze ranpli nan sosyete a. Tout aspirasyon yo se izole tèt yo de mas pèp la. Natirèlman, sa se yon jeneralizasyon li ye, se sèten gen plizyè eksepsyon si nou vle konte moun nan elit ekonomik la ki pwogresis tout bon e ki konprann se tout peyi a ki pou vanse ansanm. Men an jeneral se yon fayit total kapital menm jan Kiba te ye sou Batista anvan revolisyon Fidel Castro a.

Eske gen yon elit entelektyèl an Ayiti? Mwen pa wè kouman nou kab renye li: yon kote, pèp la iletre, sou lòt bò Ayisyen ekri liv, yo fè pati sosyete literè, yo pran lisans oswa Ph.D. nan Sorbonne, Princeton, M.I.T. ak tout lòt gwo inivèsite ki egziste sou latè. Ayisyen toujou patisipe nan gwo kouran entelektyèl ki fè nan lemon. Si yo pa aji yon jan pou yo reyèlman ede pèp yo, sa pa vle di yo pa egziste pou otan.

Eske gen yon elit ekonomik an Ayiti? Bagay sa pi grav toujou: nan yon peyi kote moun ap mouri grangou nan sezon sechrès
nan divès pati peyi a, Ayisyen gen tout kalite GWO BIZNIS (sipèmache, estasyon petwòl, magazen mèb, oto dilèchip, biznis konstriksyon, elatriye) san konte woulman lajan dwòg la ki te kreye anpil miltimilyonè nan peyi a. Nou wè restoran ki pa sanble ak restoran, nou wè tout kalite mak oto ki koute plis pase $50.000, nou wè moun ki vwayaje aletranje jis pou fè mache yo, sa kab konstri kay vakans pasi pala. Pou di pa genyen yon elit ekonomik?? Menm si yo gen paspò lòt peyi, sa pa vle di anyen. Yo viv nan peyi a, yo jwi richès peyi a, yo sèvi ak resous Leta, kidonk vle pa vle yo fè pati entegral sosyete a.

Kounyè a, èske se mwen ki ta vle mete elit entelektyèl e elit ekonomik la dozado ak mas pèp Ayisyen an? Pou m ta mete yo dozado, fòk yo pa ta dozado deja!!! Men se pa reyalite sa mwen viv ditou depi mwen te fèt epi grandi nan peyi Dayiti. Tout sa m ap fè kounyè a, se pou yon sèl rezon m ap fè li, se pou nou tout pran konsyans se yon sèl pèp nou ye. Si nou kite Ayiti peri, l ap fè fon ak tout rich
tout pòv ansanm, san distenksyon. Fòk moun ki kontwole kapasite ak resous ekonomik peyi a aksepte pataje li ak tout Ayisyen, ba tout moun yon chans pou yo viv e pou yo kapab kontinye amelyore lavi yo.

Jan mwen wè reyalite peyi a, se pa yon pwoblèm ant nwa ak milat ki kenbe peyi a dèyè tout bon vre. Se pwoblèm Ayisyen ki manke vizyon pou yo depase diferans ki egziste ant yo.

- - - - - - - - - - - - - - - - - - - - - - - - - - - - - - - - - - - - - - - -

Sou aspè istorik/kiltirèl la, lò nou etidye Listwa peyi nou, Listwa kolonizasyon pèp nèg nan tout lòt peyi sou latè tou, nou blije opsève ke "La politique de couleur" se yon reyalite nefas ke l ye. Se yon zouti blan pèfeksyone anpil pou li divize nou, pou li fè majorite nèg kwè nan enferyorite rasyal yo; pou yo fè majorite nèg wont koulè po yo, fòm nen yo, kalite cheve yo elatriye, epi rejete eritaj kiltirèl yo tankou mizik yo, lang manman yo, oswa relijyon yo. Lò yon moun rayi tèt li pou yon rezon kèlkonk, e byen moun sa v
in rayi zòt parèy li avèk yon pasyon demezire ki difisil pou esplike sou yon plan rasyonèl. Se yon zouti blan kolon pèfeksyone anpil pou li divize nou, epi li fè nou kado zouti sa pou nou kontinye pèfeksyone li toujou.

- - - - - - - - - - - - - - - - - - - - - - - - - - - - - - - - - - - - - - - -

Sou aspè pèsonèl la, sètadi sou libète endividyèl moun pou yo asosye nan lanmou ak moun yo pito, mwen li tout agiman Widy ak Abobo yo, e malgre mwen renmen de frè sa yo anpil, agiman yo prezante yo pa fè okenn sans pou mwen menm. Nou pa kapab boule de bò: se oswa ou respekte libète endividyèl tout fanm ak tout gason ENTEGRALMAN, oswa ou pa respekte l. Nan pwen moun ki janm mande nou fè chwa pou yo. Fè bon chwa pou tèt ou, e mwen swete chwa ou va reyisi. Nou tout gen obligasyon pou fè relasyon nou sèvi kòm modèl pou pitit nou: sa vle di pou nou aprann viv byen ansanm. Koulè po nou se dènye faktè ki rantre nan ekwasyon an. Abobo di “respekte fanm nwa”. Mwen di, se nòmal, nou va aprann respekte f
anm nwa, lò nou aprann RESPEKTE TOUT MOUN.

Widy_

Post by Widy_ » Fri Aug 20, 2004 12:41 pm

Onè rèspè Ba tout nèg ka kounye si fowòm la.

Mwen li sa editè la ekri la, mwen ke eseye reponn ou plito pòte grenn sèl an mwen.

Gen 2 pati nan diskou editè-a ki make-m.

O debi lè i eseye analize reyalite politik la.

Mwen menm an mwen mwen pala non plis pou fè divizioun nan ti pèp nou, men si gen de reyalite, men, si gen de fait aktyèl ou istorik, mwen kwè kè nou kab pale de yo tou.

Dayè pou youn, moun ap di kè gen oun pwoblèm rasyal an ayiti. Sa pa nouvo pîskè nenpòt ki nèg ki etidye listwa ayiti sav kè sa toujou ègziste.

Sa mwen paka konprann, se kè poukibiten lè se adan dòt peyi, tout ayisyen ka leve la vwa pou yo denonse atrosite tèl ras ap fè dòt ras, alòs kè lè se an peyi a yo, tout moun ka foute fè pou minorize problèm la.

Ki jan fè kè lè se SOUDANAIS, tout moun ap kritike soudanais orijin arab, ki ka maltrete se zòt la alòs kè kote nou, nou ka di sa pa vre.

Mwen ka konstate, kè ayiti
e soudan gen de biten an komen, deja se de peyi ki pli pòv nan monn lan, e gen tou oun problèm dè ras adan yo, e tout argimantè yo itilize si fowòm la, ka aplike-y pou soudan tou.

Se pa paskè enperyalis meriken ou ewopeyen ap fè oun kanpay, pou nou mache an sa blipman.

Dan sè ka, vomye tout moun rete lakay yo e pran enfòmasyoun nan tele e nou ka di editè la dè fème fowòm la e konsa nou paka pale ankò.

Pou mwen menne oun kanpay menm jan pou ayiti, se pa mande lagè kont milat ou moun po klè, men se menne oun priz dè konsyans, ki a sans an mwen pe menne de chanjman nan peyi a.

Deja, sa ke reyabilite imaj a nèg ayisyen, piskè yo peke wè-y ankò kon oun move nèg men plito kon oun viktim e an moman tala, moun ke vin pale ba-y pou mande-y kisa ka fèt menm nan peyi ay. (se ke oun gran pa e oun gran rèspè ba nèg).

KOTE MILAT YO a prezan, yo ke pran konsyans, kè moun konn ki sa kap fèt e moun ke sav ki moun yo ye menm e sa, sa pe menne yo a chanje konpòtèman yo anvè sa ki pli fèb.

r
(chen byen proteje, ras nan danje byen proteje, poisoun byen pwoteje e poukibiten pa ayisyen malere) ?

Dè tout fason ti moun milat tou patou nan tout peyi e se pa enterè yo non plis kè moun mal gade ti manmay yo dèmen.

Zòt ka wè, pou mwen se tout se ti biten la sa ki pe menne oun chanjman.

Sèpandan mwen ok èvè editè la lè li pale dè nèg rich nan peyi la, gwadloup se menm biten, yo pa pli boun ki youn dòt.

Dezièm vole a se lè editè la pale dè pwoblèm prive moun yo.

Mwen ka profite pou di tou, kè mwen pa rayi poun moun si fowòm la, mwen pa gen lènmi si fowòm la e si nou la, se pou pale dè pwoblèm ki ap konsène pèp nou dirèktèman.

Lè editè la ka di kè tout moun gen libète pou fè chwa yo, mwen dakò, men si gen de etid, si gen de rapò, si gen de enfòmasyoun ki ka montre kè nèg pe èt nan danje, mwen ka di kè fò nou pale di yo.

Mwen peke ni tan tròp rantre nan detay èvè zòt men mwen ke jous di kè pou nou koun pou jenerasyoun ki ap vini, fò nou enfòme yo si de danj
e ki pe rive yo. Si gen de fri a lèxperyans, fò nou fè yo benefisye tou.

Dayè zafè a nèg ki ka mayè èvè fanm a po klè pou????????????
pou mwen se oun alyenasyoun li ye.

POUKIBITEN??????????

Nan lepòk lèsklavaj, te gen oun klas mou kè yo te rele "moun a koulè lib" e yo te gen youn dòt stati ki nèg nwè.

Kounyela, nan tout karayib yo tout moun (oun bon pati) ap chèche fè ti moun po klè, piskè yo ka kwè kè ti moun la ke gen plis chans.

Mezanmi, manti sa, se lè kontrè nou ka konstate.

Pou ayisyen pa di konsa kè mwen ka malpale yo, mwen ke pran ègzanp si gwadloup.

Nou konstate kè ti moun milat e a po klè, ti loun "middle class", gen plis pwoblèm ki ti nèg nwè. Byen souvan yo ap sibi divòs fanmi yo, yo ap sibi dram fanmi yo e tout kalite vye biten.

Apre sa se yo ki ka tonbe nan dròg, se yo ki ka agrese moun, se yo ki ka tounbe lajòl.

Ti nèg a prezan, yo èvè tout fanmi yo, si se moun la pa rich, yo ka ranje yo antrè yo, yo ka grandi kaz a yo e yo ka m
ounte piti a piti.

Nèg pli enstrui a prezan ki èvè nègrès, se yo ki ka menne.
Mwen pe ba ou ègzanp a oun gran frè kè mwen ni, madanm li se oun nègrès gwadloup men papa-y ap sòti barbadòs.

Fanm la se youn fanm, nou pepa di kè li bèl e nou pe pa di kè li lèd, men fanm la tèlman entelijan.

Lòw gade, se moun la fè etid yo, yo miltipliye yo divize e yo toujou wè douvan yo, you woutoune gwadloup e se moun la travay rèd, yo pa janm pèd konfyans.

Jòdijou, mi yo sòt achte konmen èkta tè e mi yo ka foute atè oun mòso kaz. Tout ti manmay yo nan gran linivèsite an amerik di nò e an ewòp. De moun kon sa ou pepa jalou yo e ou pepa di yo anyen. Se de nèg ki rive èvè fòs pounye yo.

Se ti milat la a prezan, se boun problèm ki si yo e byen souvan se de ti nèg ki ka bayo favè, piskè yo pa gen anyen.

manman yo menm, se oun sèl zafè a renme pa renme nonm, se yo ki gen plis problèm kounsi se yenki yo ki gen koukoun si la tè, alòs kè tout koukoun se koukoun e pani koukoun pli koukoun ki
koukoun.

Tout se biten la sa ka fè kè jòdijou, e se la mwen pa dakò epi yawabobo, se pa paskè oun moun se pèp a ou, kè fò kwè se oun fen an swa.

Mwen menm mwen, mwen vini pè se bèl fanm milat nou la, piskè nou sav kè gen 90 % chans, ou gen pwoblèm plita èvè yo sa se anyen men plito, ti manmay ou ap tounbe nan mizè(materyèl, moral, psikolojik........).

Se pou sa kè mwen ka sipòte travay kominote nèg London, piskè mwen kwè kè jòdijou, fò nou reyabilite imaj nègrès nou, pou byen a limanite, e koun yo di pou well been a pèp nou.

Fè otrèman, se fè moun kontiye malpale nou, kon de moun ki ka fè ti moun kon chen ( nou ka di gwadloup nonm la ka sime timoun toupatou), e ki pani poun rèspè e poun sans a rèsponsabilite.

Ija lè tou kè nèg koumansze ouvè je a yo.

WIDY

Widy_

Post by Widy_ » Sat Aug 21, 2004 1:46 pm

De ti mo vitman pou di zòt kè zafè a fanm ki ka foure pwodui si po yo pou vini blan, se pa nan tout karayib la kè sa ka fèt.

Si gwadloup, nègrès nou paka fè se biten la sa e pwoblèm sa yo se sitou an afrik nou ka touve-y.

Moun o bò nou pa si kouyoun pou yo foure se biten kanserijèn la sa si po yo, yo pisime fè oun ti moun èvè oun moun klè ou oun jan kon sa.

Dezièm biten, pou fè oun sintèz a sa Sèj e Jaf di, mwen ka di kè se menm pwoblèm lan Soudan.

Pami gouvèlman yo ou gen nèg, kon sa yo rele arab ( dayè fò nou ke ba y oun definisyoun a arab.

Gen otan nèg mizilman ki kretyen ou animis nan peyi sa yo, gen nèg ki boun e gen arab ki boun nan peyi sa yo.

Men tonnè di dye poukibiten youn kote tout moun ka denonse atrosite youn kote, alòs kè o bò nou tout moun ka rèfize wè pwoblèm la an fas ???

Oun dènye biten pou konvenk zòt ankò: youn fwa mwen te ale nan anbasad soudanè yo nan vil CAIRO, e mwen te pase
tout lapremidi mwen la.

Mwen pe di zòt, sa yo rele arab soudanè, sa ekivalan o bò nou a milat po nwè.

FÒ PA ZÒT bliye kè ka fè plis ki 50° nan peyi sa yo, e anba la pa gen moun blan kon an lewòp ou amerik di nò.

Alòs fò pa nou fè oun pwa e de mèzi, si yo ap denounse soudanè, poukibiten nou paka fè menm biten o bò an nou.

Padavwa tout prejije e dezagreman kè sa ka pòte tout kominote a.

Tout moun ki ka travay rèd ki ka fann tchou a yo ba kominote yo, moun ki ap ekri liv moun dè bòn fwa, se yo ki ka pran plis fè nan sa, piskè travay yo pa rèkoni, e yo ka kontiye pran yo pou move nèg, nèg kriminèl, alòs kè se yenki byen yo ka fè.

Fò pa n bliye sa non plis.

User avatar
admin
Site Admin
Posts: 2152
Joined: Thu Nov 13, 2014 7:03 pm

Post by admin » Sat Aug 21, 2004 3:12 pm


Widy, frè mwen, respè!

Se vre gen divèjans nan apwòch nou sou kesyon nwa ak milat la, men se paske m ap gade reyalite Ayiti a anfas e mwen wè li pi konplèks lontan ke yon senp kesyon de nwa sou yon bò ak milat sou yon lòt bò. Relasyon inimikal ant milat ak nwa, avèk avantaj materyèl pou milat yo, remonte depi sou lakoloni pou rive jouk jodi. Sou plan politik la, nou etidye sikonstans ki te plonje Toussaint Louverture nan lagè kont Andre Rigaud, Henri Christophe kont Alexandre Pétion, elatriye. Sepandan, pandan 200 an istwa politik peyi Dayiti, se yon sitiyasyon ki pa janm sispann evolye. Sou diktati Francois Duvalier a, kesyon politik de koulè a vin pran yon touni desizif. Nan Sid peyi a sitou, Papa Doc fini ak sa li te konsidere kòm sipremasi awogan milat yo nan peyi a. Anpil nwa vin okipe pozisyon ki te rezève istorikman pou milat yo. Iwonikman, se sou pitit li, Jean-Claude Duvalier, ke alyans ant nwa ak mil
at nan klas dominant lan vin miltipliye pi plis e alyans sa yo kontinye jodi a nan yon pwen kote sa ki te eksepsyon nan tan lontan tounen larèg nan jounen jodi a. Sa pa vle di ke tout moun melanje non (prejije se yon bèt ki gen mil tèt), men klas dominant kap toupizi pèp ayisyen an, nou pa kapab lonje dwèt sou li lan jounen jodi a pou di "SE MILAT YO!"

Ofèt nou tout jodi a gen santiman rasis lakay nou. Se yon kesyon de degre. Nou kab wè sa lan sa nou ekri, si nou pa avèg (byenke gen anpil chans nou prefere rete avèg, paske li pi konfòtab pou nou denonse rasism a zòt pase nou konfronte rasism ki enkilke byen fon lan nanm nou tout). Mwen konnen majorite moun pap dakò avèk mwen, men mwen di se radòt, mwen wè rasism la nan kè mwen e mwen wè li nan espresyon nou tout. Sepandan pozisyon mwen, sè ke li pa posib pou nou konbat rasism ki egziste nan kè zòt ak pwòp rasism ki egziste lan kè nou. Li pa posib, en pwen sè tou. Se lò nou dekouvri verite sa, nap kapab dekouvri mwayen ki pi efikas pou nou konbat
efè nosif rasism lan toupatou. Menm si nou panse sa m ekri la se erezi, mwen mande nou pasyans paske mwen toutafè dispoze mennen lit la avèk nou pandan ti tan m ap pase sou latè a. Mwen kwè tout bon vre ke nou kapab met men nan men pou nou travay pou pwogrè pèp ki defavorize sou latè, e pa gen anpil pèp ki pi defavorize pase pèp ayisyen.

Widy, ou di koukoun se koukoun e nan pwen koukoun ki pi koukoun pase koukoun. Monchè Widy, mwen retire chapo devan ou paske mwen wè ou se yon nèg ki chaje ak eksperyans. Men annou pouse kabwèt nou pi devan.

Men kòm se vagabon mwen ye tou, m ap fè yon ti bak tou piti. Sou pwen sa, se pa milatrès yo sèlman ki kab santi yon pwen siperyorite ki pa byen defini non. Kòm nèg nwè, nou kab santi nou gen kèk santimèt (kèk "inches") sou lòt moun ki pa nèg nwè tankou nou, se pa vre? Sou pwen sa nou gen yon ti avantaj paske mwen poko janm tande medam yo deklare tout dick se dick e nanpwen dick ki pi dick pase dick. Men la ankò, mwen plis rete kwè sou diferans endividy
èl pase diferans ki baze sou koulè po yon nèg oswa ras li. (En tout cas, nous sommes longuement fiers d'être noirs, n'est-ce pas?)

E kòm nwa, nou gen pou nou fout kraze djòl depi se blan n ap bokse kont yo nan televizyon, pa vre? Mwen di byen nan televizyon, paske kote pou nou twouve kòb pou n ale nan match? Sèl sa nou bezwen konnen, se kraze djòl blan an!

"Epi pou ki Aristide pase pran yon milatrès(!) pou l marye? Sak fè li pa te marye ak yon fanm nwa tankou l?" Mezanmi, nou tout tande radòt sa... Eske se pa la laprèv ke "milat" ak "milatrès" pa gen menm sans nan peyi Dayiti ke li kab gen nan lòt zantiy? Mwen konnen kèk fanmiy an Ayiti, kote yon pati nan piti fi yo moun konsidere kòm "milatrès", alòske sè yo (menm papa menm manman) yomenm yo pa milatrès, paske po yo pi fonse. Jafrikayiti tap mande data. Ala nèg syantifik papa! Mwen menm se yon sèl koze mwen mande, defini pou mwen sa "milat" ak "milatrès" vle di tout bon nan peyi Dayiti Toma.

Mezanmi, annou tounen sou pawòl ki p
i serye.

Widy di: "Ki jan fè kè lè se SOUDANAIS, tout moun ap kritike soudanais orijin arab, ki ka maltrete se zòt la alòs kè kote nou, nou ka di sa pa vre. Mwen ka konstate, kè ayiti e soudan gen de biten an komen, deja se de peyi ki pli pòv nan monn lan, e gen tou oun problèm dè ras adan yo, e tout argimantè yo itilize si fowòm la, ka aplike-y pou soudan tou."

Bon, sa se yon bagay ki merite diskite tout bon. Èske sitiyasyon Soudan an li menm avèk sitiyasyon Ayiti a? Èske pa gen diferans fondamantal nan malè ki pandye sou 2 pèp sa yo? Mwen poze kesyon an, men m ap tann moun ki gen limyè sou sa fè yon bon analiz sou sa. Eske SOUDAN = AYITI sou pwen lit kap mennen kont sipremasi rasyal la? Jafrikayiti... ki sa ou wè nan sa? Ban mwen yon ti limyè sou konparezon sa Widy pote anba je nou la.

Men kote Widy siprann mwen tout bon vre, se lè li di: "Se pa paskè enperyalis meriken ou ewopeyen ap fè oun kanpay, pou nou mache an sa blipman. Dan sè ka, vomye tout moun rete lakay yo e pran enfòma
syoun nan tele e nou ka di editè la dè fème fowòm la e konsa nou paka pale ankò."

Widy, kalite pawòl sa ban mwen 'tèt fè mal' tout bon vre. Ki koze sa? Nan ki kanpay enperyalis (meriken ou ewopeyen) ou wè mwen mache blipman la? Mwen sezi paske mwen pa te kwè mwen pran nan manti fasil toujou. Nou gen dwa gen diferans nan fason nou panse, men ki kanpay enperyalis ki gouvène brenn mwen souple?

(... Mwen rete la. Gen kèk lòt pwen mwen ta renmen devlope, men mesaj sa gen twòp detay deja. Mwen vle bay kèk lòt moun chans pou yo pale anvan mwen kontinye)

Alalit, Widy. Kenbe fèm pa lage.

Leonel JB

Post by Leonel JB » Sun Aug 22, 2004 11:58 am

Mezanmi, ban m pran yon ti daso la avan Widy reponn.

Pwoblem ki pose la nap vire tounen e mwen pa kwe nap abouti a anyen. Pouki sa, e byen mwen panse Widy kwe ke pwoblem Ayiti se menm ak Soudan. Noumenm oudimwen mwenmenm pa panse pwoblem aktyel Ayiti konveje ak Soudan paske li pa rele "Ethnic cleansing".

Monfre, Ayiti gen pwoblem sosyo-ekonomik ki defini pa klas dominant lan ki konpoze de etranje, milat, nwa, grimo, ti wouj elatriye kont mas pep la ki konpoze de grimo nwa, ti rouj (milat malere) etcetera...

Pi gwo yo (gran neg yo) ki pa selman milat ap toupizi malere avek ed leta ki konpoze de makout (yo la souzantandi), jandam(ansyen gad) ak zenglendo. Monche ou met di m nayif, mwen pa we similarite ak Soudan.

Mwen redi l anko, sa Guy ak Jaf mansyone anvan yo se vre, pwoblem milat la te la plis anvan Duvalier. Sou Duvalier vin genyen on paket moun nwa ak kob ki antre nan klas dominant lan. Ki fe kounye ya le on Ayisie
n refere a boujwa li vle di arab, nwa, milat etc moun ki gen kob nan peyi a.

Mwen dako ak Guy anko le li di ke nou rasis tou. Byen ke mwen pa renmen tout izism yo (racism, sexism etc) men leplisouvan mwen konn gen de panse rasis etc., men ak konsyans mwen chita pou m reflechi e admet fot mwen.

Ayiti, gen lot pwoblem ke nwa ak milat. Nou genyen peyi devlope yo ki pat renmen ke Ayiti se premye peyi ki di non a malandren ki te pwofese lesklavay yo, peyi ke yo rele devlope sou tet neg nwa. Peyi sa yo se yo ki itilize on seri de teknik dozado pou peyi pov. Yo fe sa ak neg ki pa patriyot yo konkou (Latortue, Cedras, Chamblain etc), neg yo ka achte pou bisuit ak ber. Mwen dakor ave w (Widy) neg renmen po kler, se pa selman Ayiti, nan lemond, se sa kolonizasyon pote.

Se pa we nou pa we gen pwoblem, se jan ou konpare on pwoblem politi-sosyo-ekonomik ke Ayiti genyen ou montre se yon problem etnik tankou Soudan. Ou pouse pwoblem sa pa menm di ke maryaj pa dire san ou pa we ke maryaj an majorite pa d
ire kounye ya paske mond lan chanje e maryaj se yon ansyen enstitisyon ki mande modifikasyon. Mwen ta vle al pi lwen men ban m bay on lot moun on lougal.

P.S. Annou diskite ak rezon san emosyon... mwen renmen deba sa anpil, mwen aprann on paket bagay.

Kenbe fem!

Widy_

Post by Widy_ » Sun Aug 22, 2004 3:35 pm

Mwen ke fè oun repons prese tou, e mwen ke eseye reponn editè a. Editè lè mwen di kè " si se pou di sa enperyalis ka di pou nou repete blipman si fowòm lan", petèt mwen mal pale, men editè se pa pou ou mwen di sa byen o kontrè. Si ou byen suiv se yawabobo kè mwen reponn, ki te di oun fwa kè li pèsyade kè se arab ki ka oprese soudanè e kon nou sav se eropeyen e meriken ki lanse kanpay tala.

Sa mwen vle di se kè si nou ka vini si fowòm la fò nou fè oun jefò minimòm dè rezònman san kwa sa paka sèvi anyen, e se pa la penn editè la fè kò ay wè mizè kon sa.

Si dezièm kèsyoun editè a poze, ès kè se menm biten soudan ak ayiti, pou mwen menm se menm biten e mwen paka wè diferans.

Editè a ka di kè gen nèg boujwa ki reyaji menm jan ki milat.

Mwen ka reponn kè gen nèg soudanè ki reyaji menm jan ki arab soudanè.

Oti diferans la ???? Diferans la se kè nan soudan gen petròl alòs kè ayiti pa gen. Dayè se jaf menm ki te yekri o
un awtik si sa èvè kapitalis canadyen ki ap arme arab soudanè pou touye nèg.

Dayè se se menm blan la sa ki ka menne kanpay pou divize ankò plis pèp sa yo.

Mwen ka woudi ki si gen kanpay kon rejim soudanè yo, ki ka menne de chanjman, poukibiten zòt ka atann pou fè menm biten pou ayisyen ki ka mò grangou, ki ka neye nan lanmè.............

Pa bliye kè se ayisyen ki ka fè boun travay ki ka pran plis fè nan sa. Menm biten oun moman zòt ka pale dè rasis kon si ayisyen rasis. mwen ka di non se dòt kalite ras moun ki rasis kont nèg ayisyen. se pa menm biten.

Fò pa nou konfonn viktim ak opresè.

User avatar
admin
Site Admin
Posts: 2152
Joined: Thu Nov 13, 2014 7:03 pm

Post by admin » Mon Aug 23, 2004 11:54 am

Mwen pral louvri yon lòt parantèz la, paske li nesesè pou jan Jafrikayiti reyaji sou yon bagay mwen di e Leonel di tou. Pou mwen, sa mwen di a se yon verite ki pa konfòtab, men se verite li ye kanmenm. Men plis ke verite, sa mwen di a se yon zouti efikas li ye tou pou nou konbat rasism, si nou ta byen konprann sa mwen te di a. Sepandan, gen 2 remak ki fèt sou ladefansiv, ki fè mwen panse ke nou kab mal konprann sa mwenmenm (ak Leonel) te vle eksprime a:

M ap repete sa mwen te di a, sa Leonel te di, answit sa Jafrikayiti di, e sa Widy di tou sou menm biten an. (Mo "biten" sa, se nan bouch Widy mwen pran l wi, men mwen wè kounyè a plizyè moun anplwaye li. Bèl bagay sa, echanj kiltirèl ant nèg antiyè!)

[quote]Ofèt nou tout jodi a gen santiman rasis lakay nou. Se yon kesyon de degre. Nou kab wè sa lan sa nou ekri, si nou pa avèg (byenke gen anpil chans nou prefere rete avèg, paske li pi konfòtab
pou nou denonse rasism a zòt pase nou konfronte rasism ki enkilke byen fon lan nanm nou tout). Mwen konnen majorite moun pap dakò avèk mwen, men mwen di se radòt, mwen wè rasism la nan kè mwen e mwen wè li nan espresyon nou tout. Sepandan pozisyon mwen, sè ke li pa posib pou nou konbat rasism ki egziste nan kè zòt ak pwòp rasism ki egziste lan kè nou. Li pa posib, en pwen sè tou. Se lò nou dekouvri verite sa, n ap kapab dekouvri mwayen ki pi efikas pou nou konbat efè nosif rasism lan toupatou. Menm si nou panse sa m ekri la se erezi, mwen mande nou pasyans... ... ...[/quote]
[quote]Mwen dakò ak Guy ankò lè li di ke nou rasis tou. Byen ke mwen pa renmen tout izism yo (racism, sexism etc) men leplisouvan mwen konn gen de panse rasis etc., men ak konsyans mwen chita pou m reflechi e admet fot mwen. [/quote]
[quote]tandiske Guy di li kwè nou tout rasis. Mwen menm mwen pa kwè sa. Mwen toujou sispèk lè mwen tande refleksyon sa a, paske se yon
pawòl yo itilize souvan pou neye diskisyon kap fèt sou rasis anti-Afriken ki kontinye ap boloze sou tout kontinan ki gen sou latè jouk jodi jou. [/quote]
[quote]zòt ka pale dè rasis kon si ayisyen rasis. mwen ka di non se dòt kalite ras moun ki rasis kont nèg ayisyen. se pa menm biten. Fò pa nou konfonn viktim ak opresè.[/quote]

Bon toudabò, fòk mwen di Jaf an patan mwen pa te DI "nou tout se rasis". Mwen ekri "nou tout jodi a gen santiman rasis lakay nou." Pou tèt pa m, GEN YON DIFERANS! Irak sèjousi fè gwo selebrasyon pou jwè foutbòl yo kap fè mèvèy nan Olenpik la, men èske nou kab di se yon pèp ki nan lajwa tout bon vre? Gen etadam pasaje, epi gen etadam pèmanan. Moun ki pi malere a gen de bagay nan lavi a ki fè kèl kontan. Moun ki byenere a, gen de bagay ki fè li lapenn detanzantan. Mwen konnen pafètman sa m ap di lò mwen di ke nou esprime dè santiman rasis detanzantan, san mwen pa di ke nou rasis pou otan. Eske se tout bon ou ta vle afime ke nou pa
janm epwouve dè santiman rasis, dè santiman ki kab trè rasis menm? Yon ti tès ki kab pwouve sa: pran tout sa nou ekri (pa nan totalite yo) men nan santiman pasaje nou esprime detanzantan. Vire yo tèt anba. Ranplase "nwa" pa "blan", "blan" pa "nwa", elatriye. Atansyon, mwen pap pale de fè istorik ki endenyab non. mwen senpman ap pale de fason nou esprime nou detanzantan. Lò nou vire koze yo tèt anba, epi pran menm pawòl yo, mete yo nan bouch yon blan, si se yon blan ki te di yo, nou tap kouri rele chalbari nan dèyè blan RASIS sa ki di gwo pawòl RASIS sa yo. Eske se egzanp ou vle?

Pou ki nou touje pare pou akize lòt de SANTIMAN RASIS, epi depi se noumenm ki gen menm santiman yo, nou kouri bay tèt nou lapsolisyon? Men ki sa mwen di mwenmenm. Rasism la se yon mal li ye, e mal la tankou byen an egziste nan kè tout moun. Lò mwen dekouvri mal la nan kè mwen, mwen pi byen ame pou mwen demontre l lakay yon lòt, e mwen pi byen ame pou mwen dezame l. Se jisteman nan eksperyans pèsonèl mwen, nan ekspe
ryans nou, pou nou konbat panse ki rasis yo, ke nou va twouve fòs pou nou fè zòt respekte nou pi byen. Mwen pa wè sa tankou yon siy feblès. Fòk mwen konprann yon pwoblèm pou wmen kab atake yon pwoblèm. Si mwen pa ka rekonèt pwoblèm lan lò li lonje tèt li nan kan mwen, se plon gaye mwen pral voye lò m ap chache atake l nan kan lenmi an.

Sepandan, mwen pa janm di "nou tout se rasis". Mwen pa konsidere tèt mwen kòm rasis, mwen pa konsidere okenn moun ki vin sou fowòm lan kòm rasis, eksepte petèt yon dominiken yo rele Veany kap neye nan rasism lan depi dikdantan. Si gen pami nou ki RASIS, mwen pa konnen, men m espere ke non. Paske se youn nan pi vye maladi mantal ki egziste sou latè.

Dezyèmman, gen yon kesyon degre tou. Se pa tout moun ki rasis menm jan (kòm gen kansè ki pi fatal pase yon lòt tou). Se konsa tou gen moun ki pi vòlè pase yon lòt, men li difisil pou w twouve yon moun ki pa janm vòlè ANYEN nan vi li. Se konsa tou ou gen dwa wè pè ak pastè kap di moun pa gen dwa fè sèks andeyò ma
ryaj, tandiske y ap lage lank depi yo twouve ankriye, ke li nan mezi yo ke li pa nan mezi yo. Se konsa tou ou te wè yon pakèt politisyen ki te devèse fyèl yo sou Clinton lò li tap degaje li ak Monica, yo di msye se vagabon, se nèg ki imoral elatriye, pandanstan yomenm tap antreteni yon bann ak yon pakèt metrès ak pwostitiye. Kidonk, li toujou pi fasil pou nou kondane konpòtman zòt, men fòk nou reyèlman fè atansyon nou pa manifeste menm konpòtman n ap kondane yo, epi sitou pou nou fè ANPIL ATANSYON pou nou pale yon lòt langaj si nou vle fè zòt pran konsyans malonètete konpòtman yo epi tou move tandans ki egziste lakay yo.

Se sa mwen te vle mete alevidans lan tout sa n ap di yo. Men kite m rasire Jaf ke se pa repete m ap repete "pawòl yo itilize souvan pou neye diskisyon kap fèt sou rasis anti-Afriken". Mwen granmoun ase pou mwen konnen sa mwen vle di e mwen pap fè bak devan fòs rasis eksplwatatif kap detwi Lafrik anba je nou.

Se konsa tou mwen vle di Widy, mwen pa konfonn ditou viktim ak opres
è. Mwen gen lontan m ap denonse opresè pèp ayisyen an, Se pa la nannan diskisyon an ye. Nannan diskisyon an se: èske se yon pa annavan ou yon pa annaryè n ap fè si nou jis kondane milat an Ayiti pou mizè ou represyon kap fèt nan peyi a. Mwenmenm pèsonèlman, se pa pè mwen pè milat yo. Mwen tou jis panse gen gwo danje nan aksepte priz pozisyon sa, paske mwen doute validite li nan konjekti sosyal e politik ki egziste nan jounen jodi a an Ayiti. Kidonk, pa fè kòlè, Widy, si nou pa rantre kare bare nan yon kanpay anti-milat. Bush te pwomèt Meriken ke lagè ak Sadam tap febli Alkeda e sa tap pote plis sekirite pou peyi a. Pou kòz lagè malpwòp/mapouwont sa, nan jounen jodi a nou vin gen plis ensekirite pase anvan. Eske jodi a nou dwe jete tèt nou nan yon kanpay "anti", san nou pa pran tan evalye tout bon vre nati sa n ap chache konbat la?

Si nou pa fè atansyon anvan nou rantre nan kanpay sa yo, li fò posib se bak nou pral fè tout bon. Pou dayè, se bak sèlman n ap fè depi lontan. Fòk nou chanje vitès.

User avatar
admin
Site Admin
Posts: 2152
Joined: Thu Nov 13, 2014 7:03 pm

Post by admin » Mon Aug 23, 2004 3:47 pm

Bon, san mwen pa rale okenn diksyonè, te mwen bay presizyon sou sa m ap pale a. Mwen konprann byen agiman Jaf yo e alaverite mwen pa gen pwoblèm avèk yo. Sepandan:

Agiman Jaf la ke rasism = jefò pou etabli yon sipremasi rasyal, kite anpil woulibè sou wout. Pa gen moun ki fèt avèk yon ideyoloji ki ankre nan brenn yo, oswa ki nesesèman atache a koulè po yo. Mwen konprann echèl valè Jaf etabli a e enpòtans li nan lit nou dwe mennen an. Men sepandan pa gen "diskonèk" vre ant jefò yon moun ap fè pou li tabli yon sipremasi rasyal avèk santiman rasyal li kiltive de limenm oswa paran li ba li pandan l ap grandi. Lò w ap konbat yon sistèm, fòk ou konbat li ni nan mikro ni nan makro. Di se kote makro a ki pi enpòtan oswa se kote mikro ki pi enpòtan, w ap pase akote kanmenm, paske youn feed lòt la. Goumen kont sistèm sipremasi rasyal la san nou pa fè atansyon a langaj nou, san nou pa fè atansyon a konpòtman nou, pou mwen se
lave men siye atè.

Si m ap bat bravo pou Serena Williams oswa ekip Brezil la ki chaje ak nwa parèy mwen, e byen pa gen pwoblèm nan sa, paske mwen pa pral repwoche yon blan franse ki pral bat bravo pou Amélie Mauresmo oswa pou yon ekip ipotetik ki pa gen nwa ladan (mwen pa konn si sa egziste toujou). Men si mwen di blan se malpwòp, blan santi poul mouye elatriye, mwen di SA SE RASISM, menm si li pa koresponn a definisyon Jafrikayiti a. Si m ap repete betiz sa yo, mwen pa ta dwe fache lò Dominiken yo di tout Ayisyen santi fò, tout Ayisyen malpwòp. Sa se yon sèl ti egzanp, e mwen konnen pyèsmoun sou fowòm lan pa te di sa. Men sepandan, gen lòt bagay ki di, si ou vire yo tèt anba, ou gen dwa remake yo chaje ak prejije. E mwenmenm mwen pap chache fè ideyoloji pou mwen demontre ke prejije rasyal se yon senp konsekans de sipremasi rasyal oswa vice versa. Mwen tou jis wè, prima facie, ke de bagay sa yo gen yon koneksyon dirèk, e mwen rele tou de RASISM, menm si se pa definisyon Jafrikayiti ban nou la.

n
Se pa konprann mwen pa konprann ideyoloji, men mwen refize rete nan kontrent okenn ideyoloji, paske tout ideyoloji gen fay ladan yo. Pa egzanp, gen yon kantite vye diskisyon ki fèt ki pa janm abouti a anyen. Eske se lit de klas (klas boujwa kont klas pwoletarya) oswa se sipremasi rasyal (blan kap chache domine pèp nwa oswa tout lòt ras) kap mennen lemonn. E byen patizan 2 ideyoloji sa yo va diskite depi jodi e pou letènite pou yo wè kiyès ki gen rezon. Bon, mwenmenm m ap bay tou 2 kan yo rezon pou mwen gen tan fè yon lòt bagay. Mwen kwè nan yon bagay ki pou mwen pi enpòtan pase tout ideyoloji. Mwen pa kapab fè lemonn plis byen pase sa ki nan kè mwen. Mwen pa di brenn mwen non, mwen di "sa ki nan kè mwen". Tout lite m ap lite pou yon ideyoloji, tout liv mwen ta kab ekri sou yon sijè byen detèmine, se nad marinad si mwen pa ka fè prèv sa m ap di yo nan vi prive mwen.

E nan pwen "diskonèk" ant vi prive mwen, ant santiman mwen, ant prejije mwen, ant konpòtman mwen avèk gwo sistèm ideyolojik yo.
Ba yo non ke w pito, men tout bagay sa yo konekte.

Widy_

repons pou Leonèl ak jaf

Post by Widy_ » Tue Aug 24, 2004 12:23 pm

Mon chè Leonèl,

Dènye fwa la ou ap di kè zafè milatrès yo se oun biten kouran an ayiti e dayè divalie kon aristid te maye èvè milatrès.

Mwen ke reponn ou, adan plen peyi afriken se menm biten.

Poukibiten ??

Tou senpman se oun konplx denferyarite kè nèg sa yo tini.

Siwtou an ayiti, tout moun ka wè kè nèg, se yo ki pli pòv se yo ki an lari la, se yo ki grangou, se yo ki nan sitiyasyoun denferyorite, alòs se nèg konplèkse nou yo pisime pran fanm milatrès ki pou yo se oun siy dè reyisit.

Si gwadloup pwoblèm la paka poze-y ditou konsa, piskè se lè kontrè, tout kalite moun ap maye èvè nègrès. Milat gwadloup menm ka maye èvè nègrès. Pou zafè fanm yo, se pa nèg ki ka y dèyè milatrès men se milatrès ki ka pran nèg e yo ka fè ti nèg.

kOTE nou pwoblèm la toutafè diferan piskè nèg pa janm nan sitiyasyoun denferyorite kote milat. Nou gen pwoblèm men se pa sila.


JAF a prezan,
r

Mwen li tout repons ou si sa m ekri e mwen pe di ou kè mwen pa apresye yo.

Plizyè fwa ou foure an dout sa m di. Ou di kè pa gen prèv pa gen statistik.

Mon chè mwen paka atann si poun nonmamanman blan pou vini yekri sitiyasyoun pèp mwen.

An plis mwen ka fè w vrè, kè se pa paskè mwen se oun nèg kè mwen pli kouyoun ki ou.

Mwen fè otan lekòl ki ou, mwen gen otan diplôm ki ou, alòs se pa paskè mwen nèg fò w pran mwen kon oun ras enferyè.

Si an ayiti zòt ka malpale nèg zòt ka trete yo kon chen, fòk ou ke aprann a rèspèkte ras tala menm si fanmi ou elève w kon sa.

Mwen toujou rèspèkte tout mmoun ki si fowòm la, e mwen ka ba tout nèg valè yo, e editè la pe di w sa.

Se kon dènye fwa la lè-m pale dè sitiyasyoun gwadloup yo, ou te ni lè dè di kè sa pa vre sa, mon chè mwen peke di w plis betiz padavwa a editè la ki se boug an mwen e pou moun pa di kon sa kè se mwen ki pli vye nèg si fowòm la.

Widy_

Post by Widy_ » Tue Aug 24, 2004 4:48 pm

Onè kanmarad sèj,

Pou sije soudan la, fò-w ke di ki biten ou ka tann dè "nettoyage ethnic" si ki biten li baze, ès kè se si koulè, si rèlijioun ou si apartènas sosyal?

Kon mwen di si fowòm la, gen otan nèg soudanè mizilman ki kretyen ou animis. Ou sav problèm soudan la ase konplike, piskè soudanè menm jan ki ayisyen, yo pa renme pale dè problèm lakay yo.

Mwen tou, mwen pa gen oun lo enfòmasyoun si peyi tala, apa kè mwen konn soudanè, e mwen rankonte yo nan peyi ejip yo. Mwen wè kretyen kon mizilman....

Mwen sav kè gen oun problèm nan peyi sa yo, men di kè se tèl ras ki ap fè si dòt ras, la mwen pa dakò. Dènye fwa la, nan tele ewòp yo, mwen wè se moun la kè yo ka di ki ap fè se krim la, mwen pe di zòt pou mwen se nèg yo ye.

Alò ay sav ès se nwa arab ou nwa afriken, sa ka sanm mwen rèd.

Boug an mwen fò pa ou komprann mwen ka defann arab yo e mande editè a se mwen 1er ki pale si fowòm la dè problèm nèg eji
psyen ( nubian) gen èvè moun arab.

Sa kè mwen eseye konprann se fon problèm yo ki mwen sav pa baze sèlman si kèsyoun dè koulè.

Pou fè ou lyezon èvè Padèl mwen ke di ès kè tou, fò pa nou wè oun problèm dè klas sosyal ant sa ki gen e sa ki pa gen.

Si 2em kèsyoun yo, mwen ka di kè mwen pa agrese JAF men se sèlman oun lenpresyoun, fò zòt konprann kè nou pa sòt menm kote a, e nou gen petèt de sansibilite diferan, men se pa mechanste.

Zanmi-m mwen ke èt franch èvè-w, e si zòt vle ray mwen rayi mwen, nou tout sav nan karayib yo, kè gen oun problèm rèspè nan pèp ayisyen yo. Nou toujou wè ayisyen maltrete ayisyen frè yo na je nou.

Kidonk mwen pe panse kè se menm transpozisyoun a si mwen tou. Boug an mwen sa ki fè-m plis lapenn se wè kè mwen ka eseye fè dè mye an mwen pou m pòte enfòmasyoun kè-m gen ba frè mwen yo, e oun boug ka mèt sispisyoun si sa-m di.

Petèt ba zòt se anyen men lò-w lese konprann, kè pa gen prèv, pa gen statistik, mwen pe entèprete li mal.

Koun zòt s
av nèg sisèptib, e mwen koun tout nèg, men mwen ka panse dè tout kè-m, kè jaf pa oun boug kon sa (konsyaman ou enkonsyaman) e nou ke eseye brase lide konstriktif èvè rèspè ba tout nèg ki ap fè jefò si fowòm lan.

Mwen ka profite tou pou di editè a kè mwen pa oubliye-y e mwen ke vini èvè sa-m te promèt li a ou plito sa kè li te poze mwen kon kèsyoun an.

Mwen ke demontre y pa A+B kè zafè a koukoun la se youn poizoun li ye ba nèg jòdijou, e mwen ke jous bay de twa konsèy ba ti nèg (ki biten ki ti nèg ?).

M- ale

Widy_

Post by Widy_ » Wed Aug 25, 2004 5:43 am

Onè kanmarad JAF,

Mwen kontan dè wè kè ou pa mal entèprete pawòl mwen, e ou reyaji an nèg entelijan. Kote nou-menm, se pou de ti biten konsa kè nèg ap fache èvè nèg, e youn ka pete tchou a lòt.

Ou gen rezoun lè ou di kè se petèt youn problèm dentèpretasyoun, dayè mwen rèmake kè problèm sa yo ja rive si fowòm la, e menm editè a oun fwa te mal entèprete oun bagay kè mwen te di, e ki pate ni anyen a wè èvè li.

Kanmarad si ou èstime kè mwen mal jije ou, aksèpte èskiz mwen, e mwen menm an mwen mwen se nèg san rankè.

Pou zafè lang lan, mwen ka panse kè sa nòmal, pe gen de ti diferans dentèpretasyoun, men se a fòs nou travay e pratike lang nou kè nou ke rive a oun "modus vivendi" e sa se youn pasaj oblije.

Mwen sav tou kè anyen pa easy, e menm nou nèg nou gen plen prejije fonde ou enfonde, ki fè si jòdijou youn ka mefie-y dè lòt.

Pa kote nou bagay la pli move ankò, piskè kounyela, ou pa fouti fè konfyans a pwòp
fanmi-w, a sè-w, a frè-w, e sa se oun bagay ki rèd. Gen 10 an dè sa se bagay tala pateka ègziste pa kote nou, men alèkile, tout moun ap mefye yo dè tout moun.

Se petèt nan kontèks mefyans tala kè m ka evoliye, ki fè si m ka reyaji kon sa, men mwen kontan kan menm dè wè kè nou pa fache e nou stil ka rèspèkte liy dirèktiv fowòm ayisyen la.

Fòs ba tout moun.

Post Reply