TANBOU A SE VYE NèG LA.N°2

Post Reply
Widy_

TANBOU A SE VYE NèG LA.N°2

Post by Widy_ » Sun Sep 12, 2004 2:34 pm

Mesyezedam bienbonjou bienbonswa.

Sa ka fè yonn a de lanne konsa, mwen te ekri oun awtik si oun zafè a nèg ki teka jouwe tanbou an lari la, kè nou te rele "GWO KA soufrans ak èspwa".

Mezanmi nèg yo toujou la e tanbou-a toujou ka woukle, e se dèyè tanbouye ki ni tanbouye.

Alòskè tanbou a yo se tanbou ki ap jouwe nan lari-a, sètadi an plen-è, kote tout kalite nèg pe vin koute, e tout moun aksèpte nan son an.

Men tanbou a menm se gwo-ka li ye, e sa ki byen se kè se pa nempòt ki moun ki kab jouwe mizik tala. Dayè si ou pa gwadloupeyen oupa kab jouwe li, men en plis, si ou pa inisye andan-l, ou peke janm pe jouwe mizik tala.

Sa nou pe di si mizik a se vye nèg la, se kè mizik yo gen oun boun nivo adan-l. Byen kè se mizik lari, lavantaj li sekè se la ou pe kontre tout inovasyoun e evolisyoun ki ap fèt nan mizik tala.

Mwen menm an mwen kon zòt sav, mwen se oun tanbouye solis(makè) e mwe
n gen oun bon baz nan fason jouwe tradisyonèl la.

Sa ki fè, kè nèg yo, menm si yo pa konnen mwen, ap rèspèkte mwen, e yo renme mwen oun lo e mwen se boug a yo tout ki la.

Sa ki enteresan èvè jenn tanbouye yo, se kè yo gen nouvo jan dè jouwe la, men yo pa gen baz kiltirèl la.

kA SA VLE DI.

Dayè si nou gade, e se menm biten si ayiti, oun moun ki aprann jouwe gwo-ka adan oun peyi etranje, èvè youn ki aprann gwadloup, gen oun gran diferans antrè-yo.

Si gwadloup menm, oun moun ki aprann si bas-tè èvè oun moun ki aprann si grann-tè, se pa menm biten non plis, tou sa pou di zòt, kè gen oun lo diferans e enflyans si chak tanbouye yo.

Tanbou a se vye nèg la se kan menm la kè tout nouvote ka sòti, e sa ka pèwmèt de boug kon mwen de rèmete-m an kèsyoun.

Pa ni zafè a moun ki pli fò nan tanbou la, byen kè plen nèg ka kwè kè yo pli fò, e sitou se jenn tanbouye yo.

Fò nou sav kan menm kè tanbou, se sèl bagay 100 % afriken ki janmbe dlo èvè nou, se sèl bagay afriken ki
rete nou.

Tanbou si zò le, se kon oun spò li ye, li ka mande, fòs nan bra e li ka fè transpire oun lo. Si ou pa nan bon kondisyoun fizik se pa la penn vin size si oun tanbou a se vye nèg la, yo ke fè-ou foumalkan.

Mezanmi, mwen pepa di zòt konmen ti nèg ki ap vin an konpetisyoun èvè mwen nan zafè koris la.

Se kon sa dènye fwa la youn ki gen oun lekòl tanbou, ap vini fè konpetisyoun epi-m. Mezanmi, nèg la teka jouwe, li te gen plen tèknik, men kout tanbou yo paka viv ou si zò le tanbou yo pa gen figi.

Mwen pe di zòt epi tout tèknik li, li pa rive fè moun kontan, e lè mwen pran solo, tout pèp yo te byen, teka rime, teka viv mizik la.

Boug an nou la te byen anmède, piskè li te vini an "star" e lè-w gade, "doub-sis mouri nan lanmen-y", e poun moun pa konsidere-y kon sta.

Jòdila menm, oun zafè a jenn tanbouye ap vini fè konpetisyoun èvè-m ankò, men mwen menm an mwen, mwen pa an konpetisyoun èvè yo, e byen o kontrè sa ka pèmèt mwen dè wè jan dè jouwe a yo, tèknik yo e sa ka
fè mwen konnen nouvo stil dè jouwe tanbou a.

Adan tou sa, gen oun boug ki ka fè tanbou, oun boug an mwen menm, e boug la fè 2 gwo mòso tanbou pou mwen, e mwen kontan an pil, piskè boug tala konn jan a jouwe an mwen, e li di kè li fè tanbou a spesifik pou-mwen e se pa oun son tanbou kè ou pe touve dòt kote.

Mwen pran 2 tanbou yo, piskè kounyela , i ja lè tou pou-m koumanse fè travay mwen pou nouvo albòm yo, e kon oun misye ayisyen te di oun fwa si fowòm la :

"TANBOU PRETE PA JANM Fè BON DANS" e mwen rajoute BOUN SOUN.

M-ale.

Widy_

Oun semp ti miz O pwen

Post by Widy_ » Sun Sep 19, 2004 2:23 pm

Mesyezedam,

Dènie fwa-a mwen te di kè gwo-ka koni sèlman pa gwadloupeyen e se yenki yo ki konn jouwe mizik tala.

Sa plizoumwen fo, piskè mizik tala koni tou an peyi dayiti.

Nan verite, lè mwen te ti nèg, oun fwa mwen te ale èvè manman mwen a-y vwè oun bon moun a-y ki teka òganize oun jan dè fèt ou fèsten, e madanm lan ki te òganize sa, tè fè vini oun gwoup tanbouye ayisyen.

Kon mwen se moun ki toujou te renme tanbou, lè gwoup tala rive, yo te sòti debake gwadloup e yo te size kote oun pie bwa.

Mezanmi mwen kouri pou ay pale èvè se tanbouye la piskè se sa ki teka enterese-m.

Lè mwen pale se boug la dè gwo-ka, mezanmi, boug la fè ritm gwo-ka-a prèmye kou ba mwen. Mwen monte anlè tèlman mwen te etone padavwa kè se moun tala pate konn gwadloup ni an blan ni an nwè.

Dayè boug la te byen fan-m konprann kè se tanbou gwadloup li ye, men mwen te two piti pou m te poze y kèsyoun an mwe
n le mande zòt la.

Kèsyoun mwen se dè sav, ès kè se verite kè yo konn tanbou gwo-ka an ayiti, ou alòs ès kè yo ka jouwe gwo-ka tou nan peyi tala ????

Si-i gen de twa nèg ki konpetan pou sa reponn mwen, mwen teke kontan an pil.

Si nou ka pale dè tanbou o nivo karayib yo, na p wè kè gwadloupeyen ap fè oun gran travay konpare a dòt zil yo.

Dayè an tanbou, moun ki pli koni nan karayib yo se gwadloupeyen, ayisyen e kiben, byen kè se dènye tan an, yo paka tròp tann pale dè kiben yo.

Kanta se ayisyen-an yo gen bon tanbouye, men yo ap jouwe sitou konga SA YO RELE LP.

Yo gen tou de gwo manman tanbou ki se de twoun a pie bwa, men sa te domaj kè gwoup ayisyen an ki te vin gwadloup la, mwen pa wè yo jouwe, piskè mwen te two piti.

MEN JÒDIJOU, nou pe wè kè gwadloupeyen yo ap fè oun travay kolosal o nivo mizik tala e ni matiniken ou guiyanè e rèstan pèp karayib yo pa KAB fè otan.

SA SE FÒS E ERITAJ AFRIKEN AN NOU.

WIDY

Widy_

Post by Widy_ » Sun Oct 10, 2004 2:15 pm

Syezedam, sòti-m sòti kounyela adan tanbou a se vye nèg la e mwen konye tanbou plis ki 4 è èvè nèg yo.

Si mwen la se jous pou-m di, kè fò pa moun konprann kè tanbou se oun bagay ki paka bouje ou si zò le se oun bagay fije.

Lwen dè sa, tanbou se oun enstriman kon tout zòt e li ka mande otan travay ki nenpòt kalite enstriman òksidantal.

Malerèzman gen plen nèg ki ka kwè kè tanbou a ine an nou e dèpi ou nèg ou gen tanbou la nan san-w.

Mwen paka di kè sa pa vre, men kounyela, kote gwadloupeyen, se rèchèch an tanbou ki ap enterese moun.

Dayè kounyela, moun paka vin koute tanbou pou danse ou rime kò, men se plito pou tande tanbou, o menm tit ki mizik jazz meriken yo ou mizik klasik òksidantal yo.

Sa se youn gran pa pou nou. Sa nou rèmake tou, se kè kounyela, tout kalite moun pèp nou ka vini koute li. Se kon sa kè ou pe jwenn tout kalite jan dè fanm nou, alòs kè avan fanm pateka vini an tanbou.

Moun ka vi
ni an fanmi tou pou koute tanbou èvè tout ti moun yo.

Konsènan tanbouye yo nou fin pa konprann kè tanbou ap mande travay e gras a travay tala, kounyela, nou ap rive dekode de fraze tanbou ayisyen ou kiben, kon afriken osi.

Travay tala enpòtan an pil nan je mwen piskè li ka ban nou oun lo louvèti si dòt kilti nèg.

Koun nou tout ka wè alòs kè nou pa gen linivèsite ou "conservatorium" pou grave kilti nou, nèg ap goume pou rive konseve li men devlope li tou, e sa san poun èd e poun rèkonesans a pon kalite ras a moun deyò.

Widy_

Enpòtans lajè bounda tanbou makè

Post by Widy_ » Sun Nov 14, 2004 3:03 pm

Mezanmi,

Jòdila, sete jou kè-m teka eseye, ou si zò le, mwen ka wode oun nouvo tanbou makè, kè oun boug an mwen sòti fin ban mwen.

Si se mwen di zòt jan sa rèd dè touve oun tanbou ki ka korèsponn a jan a jouwe a ou, se pa ti afè.

Mezanmi, mwen ja fè boug an la ban mwen 3 tanbou e pon yonn pate a gou an mwen.

Nouvo tanbou tala ka sanm korèsponn a "desideratas" an mwen e li ka reponn a sa mwen ka atann dè-y.

Jòdila, mwen menne-y o bò a se boug an la e tout moun apresye son a-y, yo danse, yo bouje yo te kontan, e mwen menm an mwen li ban mwen bon satisfaksyoun.

Prèmye tanbou la boug la te ban la, sete oun Djenmbe (tanbou afriken) kè gwadloupeyen ka modifye pou fè-y fè oun tanbou kon tan nou, pa ban-m satisfaksyoun piskè, byen kè sete oun gro tanbou, men li te gen oun piti bonda.

Zafè a bonda a tanbou la trè enpòtan piskè fonksyoun lajè bonda tanbou la ou ke gen soun o
u ou peke ni son.

Tanbou tala ki te oun bèl tanbou, pate gen soun kon mwen te le, ou si zò le, soun a-y oun jan toufe.

Sa ki fè kè mwen di boug an la dè chanje-y ban mwen e dè ban mwen oun tanbou tradisyonèl from gwadloup.

Lò-w gade, kon se boug an mwen menm, li di mwen kè li pral fè-y ban mwen, mwen sa ki rivé, byen kè boug an la se youn profesyonèl lui ban mwen oun bon tanbou, men materyèl kè li itilize, teka rann tanbou la PALO ou si zò le bèbè.

Tanbou tradisyonèl gwadloup la fèt èvè tono kè yo teka chaye viann sale ba èsklav, sa nou rele barik.

Se barik tala gen oun jan pou fè yo, men boug an la ki konn oun moun ki ka fè tono, men se tono modèn ki paka rèspèkte karakteristik spesifik a barik.

Fò barik la woun an didan, fò bwa la oun jan e ka vin dè oun pye bwa byen patikilye. Si souvèni an mwen ègzak se èvè bwa a chenn (chêne) kè yo ka fè tono o bò nou.

Boug an la menm pa rèspèkte biten tala ki fè kè tanbou la pa te ni soun. Oun dòt biten ankò, se kodaj la
kè yo ka itilize pou tanbou la.

Kon zòt sav, kòd kè yo teka itilize o bò nou avan sete oun kòd blan ki te fèt èvè plizoumen oun matyè kon pay, men kounyela yo ka fè oun zafè a kòd an nilon, ki pa gen pon fòs, se youn kòd ki ka lage, e li paka rale po a tanbou a.

Sa ki fè kè magre bon volonte a boug an la, tanbou la pate gen pon figi e poun soun.

Mwen te blije wè boug an la ankò pou mande-y dè ban mwen oun dòt tanbou, ki ka korèspounn a jan a joue an mwen.

Kon se boug an mwen menm li di mwen pa gen pwoblèm. Lè mwen byen reflechi, mwen di kè pisime mwen pran oun tanbou nan bwa djenmbe. Poukibiten ? ??

Tou senpman, se kè tanbou la yo rele tradisyonèl o bò an nou la, byen kè mwen renme-y, pa fèt èvè materyèl o bò nou, piskè kon nou sav, pye bwa chenn paka pouse o bò an nou men tou, pa gen kòd lontan lan ki ou pe di ki ke rale po a tanbou la konsadavwa ba ou.

Se kon sa kè mwen fin pa pran bwa fouye afriken an, men dènye tanbou la kè boug an la ban mwen la ( sa ka fè mwens
ki oun simenn kè mwen gen-y) te ni oun bagay spesifik adan-l se lajè a BONDA A-Y.

Dayè lè boug an la menne tanbou la ban mwen li byen fè mwen konprann, kè sete oun tanbou a bonda laj ki byen size a tè la e kwè mwen li gen son.

Mwen menm an mwen ki ka joue tanbou, mwen pate janm fè oun konparezoun si lajè bounba tanbou.

Kon zòt menm a zòt, mwen toujou tann pale dè tanbou a de bounda ki se osi oun pwovèb kreyòl, men tanbou tala nou paka joue-y gwadloup e mwen kwè kè yo ka joue-y nan peyi kon KIBA E AYITI, men o bò nou pa gen.

Tou sa se pou di zòt kè lajè bounda oun tanbou trè enpòtan e se nan bounda la kè zò ke gen ou peke gen boun soun.

Jòdila mwen pe di zòt kè tanbou la fè-m plezi tou bònman, piskè avantaj tanbou afriken an se kè li gen soun entèmedyè kè makè tradisyonèl gwadloup la pa gen. Li gen tou oun boun son bass, men fò-w sa a-y chache-y.

Tout nèg yo te kontan-y e mwen santi-m a lèz si-y. Li ka pèmèt ou dè fè de fraze pli easy e ou pe prèskè fè tou sa ou le è
vè-y. Son a-y klè kon dlo kòk e sa ka fè plis ki 6 mwa kè mwen atann-li, men mwen kontan-y pou dè boun kou tala.

Widy_

Post by Widy_ » Wed Nov 24, 2004 4:41 pm

Mwen ka pwofite vit la pou-m di editè a kè-m fè pati ba-y cd mizik gwo-ka la kè-m ka jouwe anlè-y la.

Se oun che-dèv li ye kounye-a nan gwadloup, e zò ke renme-y oun lo.

Se bon jan dè tanbou ki asi-y èvè oun chanté tradisyonèl gwo ka e veye.

Nan anrèjistrèman tala nou pe tann batè KASAV la ki ka fè britaj si-y, se misye Claude VAMUR.

Pami se tranbouye-a, se 3 makè solis ki la. Prèmye la se youn boug ki fè oun karyè pèkisyonis entènasyonal, e li ka jouwe èvè tout kalite gran atis entènasyonal se misye Roje, dezièm la se youn boug ki oryante-y plis si DRUM e sa nou rele batri KA li menm ay se gwadloup li ka viv men tout gran atis meriken ki vin o bò nou ou tout dòt gran atis se li ki ka akonpaye yo, se misye Erik,

Twazièm la se mwen menm kè zò tout konnen, ki te pisime jouwe mizik gwo-ka ba nèg an lari e sa ki an lari la, kè mwen ja las pale zòt.

Mwen ka tienn ankò a rèmèsye mèt a dis la misye LIKIBE piskè
kon zòt ke pe wè, boug tala konfye mwen de bèl pati solo tanbou nan travay a-y (1st 2nd 3rd vwayaj se mwen ki ka make yo.

Kon mwen te di oun fwa si fowòm la se te 1st enrèjistrèman an mwen e mwen te gen yenki 19 an lè mwen te fè-y men se youn bon travay e moun gwadloup menm ka rèspèkte-y ki fè? kè si jòdijou li rantre nan repètwa klasik gwo ka post VELO nan peyi a.

Mwen ka kwè kè zòt ke pran PLEZI dè KOUTE-Y padavwa tou kè li ka pale dè sa ki ka konsène nou e listwa nou.

1ST Vwayaj se lè nap sòti lafrik pou lanmerik.
2nd vwayaj se lè nou sòti nan karayib la pou a-y rete Lamerik di nò, e an Lewòp.

3rd vwayaj la se tribilasyoun a fanmi ki ka sòti nan peyi yo pou yo a-y chache ti moun yo ki nan tribilasyoun lòt kote dlo.

mwen èspere kè editè a ke ni-y ase vit pou l pesa foure-y ban nou asou fowòm la.

Kenbe rèd pa moli e se moli la ki rèd.

User avatar
admin
Site Admin
Posts: 2152
Joined: Thu Nov 13, 2014 7:03 pm

Post by admin » Wed Nov 24, 2004 4:57 pm

Widy, mèsi anpil e depi mwen jwenn li m'ap fè ou konnen e m'ap bay tout zanmi fowòm yo aksè pou yo koute mizik la e sitou patisipasyon pa w andan l.

Mwen deja konsidere sa kòm kado nwèl fowòm lan.

Widy_

Post by Widy_ » Thu Nov 25, 2004 5:39 pm

Ou komprann tout biten.

Widy_

Kisa kap fèt menm

Post by Widy_ » Sun Nov 12, 2006 5:48 pm

Mwen ka pwofite vit fè pou-m ba zòt dènye nouvèl-m'trape dè nèg yo (byen kè mwen pa janm lage yo).

Gen de ti boug m'te ni labitid wè an tanboula, yo toujou teka vin koute tanbou e sa ka fè kèlkè simenn dè sa, m'aprann kè lè yo sòti an tanbou la, younn tchouye lòt èvè senk kou pwangna.

Kon oun boug teka di-m sepa prèmye fwa kè nèg ka pèd vi a yo, lò yo sòti nan tanboula, men kou tala i rèd menm.

Moun ki te la di-m kè se ti boug la, te la kon a labitid yo, yo bwè yo manje, e se de zanmi tala, se de boug ki toujou ansanm, youn paka mache youn san lòt.

Se boug tala te kon bag e dwèt, yo teka dòmi, leve ansanm, manje nan menm zasyèt la ki fè kè moun paka konprann ki sa ki fèt la menm.

Se de boug tala te sòti an tanboula e yo pati kon a labitid yo e yo ale aka fwè a sila yo pike-la.

Poun moun pa sav poukibiten, men se la kè dram la rive la. Oun pati moun di, se pou lajan, youn dòt di se jalouzi e fwè a ti boug la menm popriyetè kay la, di-m kè li vle pa pale dè sa.

Menm an tanbou-la poun moun paka pale dè sa, ki fè kè mwen menm pa eseye chèche pli lwen.

Sèl biten'm pe di se kè moun la ki ka jwe tanboula, sa ka depann dè kisa li ka voye men tou, dè sa ki nan tèt li.

Si nèg la gen move lèspri, ki jan zò le li voye oun bagay dè byen ?

Mwen menm an mwen, mwen pala pou blage, men mwen pe di zòt, pou dèpi tan m-ka jwe tanbou, poun nèg poko mouri nan tanbou mwen, e yo poko janm ale touye moun.

Byen o kontrè, se yo ki ka di-m kè tanbou la te a gou a kè a yo e fè yo byen.

Mwen pala pou blage men, nèg yo toujou tire oun lèsoun nan tanbou mwen, e sepa vyolans 'm ka voye ba yo, men matematik a livia.

Oun sesè panse ba ti boug la ankò.

Widy

Post Reply