PODYAB DYAB!
http://youtu.be/8XXaEwpyxPg
Nèg sòt refize fè travay li ak syans epi disiplin, epi lè li viktim pwòp betiz li, se "dyab" li vle rann responsab!
Èske se "dyab" ki te bati cha Barikad la disèt wotè?
Èske se "dyab" ki te mete fil kouran yo sou pakou defile kanaval la?
Èske se "dyab" ki te fòse chantè Barikad la monte wo konsa sou cha a epi leve men li nan moman l ap pase anba fil kouran an?
Èske se "dyab" ki fè Komite Kanaval la pa te angaje yon ekip enspektè ki responsab verifikasyon nòm sekirite anvan yo bay cha yo otorizasyon sikile?
Èske se "dyab" ki fè plizyè milye Ayisyen pleziyis kanavalye manfouben krache sou memwa konpatriyòt Jean-Claude Jean Henry, kriminèl rasis fenk pann tankou chen kay vwazen?
Mezanmi,
Si nou vle blame Miki pou sa ki rive a, mwen dakò, paske Miki se Plezidan Kanaval
Si nou vle blame Leta Ayisyen, mwen dakò, paske Leta gen pou devwa pou li pwoteje lavi sitwayen yo
Si nou vle blame Komite Kanaval la, mwen dakò, paske yo te gen responsablite asire tout bagay byen pase
Si nou vle blame EDH, mwen dakò, paske yo te dwe pran dispozisyon pou izole fil kouran ki sou pakou defile a
Si nou vle blame viktim yo, mwen p ap dakò. Men, m ap konprann lojik rezonman an, puiske se mèt kò ki veye kò.
Men, si nou vle gaye fatra a, olye nou ranmase li. Si nou vle pran pòz sòt nou olye nou asime responsablite nou devan kretinis nou, mwen pa p aplodi nou.
Se yon siy parès entèlektyèl grav lè swadizan plim-e-ank, alevwa "jounalis" ap repete tenten kòmkwa, neglijans kriminèl 17 fevriye 2015 lan se yon swadizan sakrifis "dyab".
Dyab pa bezwen avoka, se vre. Men, nan peyi nou gen twòp moun k ap eseye kache peche yo sou do yon ti ekstraterès imajinè.
Jafrikayiti
"Depi nan Ginen bon Nèg ap ede Nèg!"
Podyab dyab! (nan neglijans kriminèl kanaval 2015)
-
- Posts: 218
- Joined: Fri Dec 29, 2006 7:16 pm