Mwen te keyi bèl ti flè sa yo anndan Fenèt sou Ayiti ( "Windows on Haiti" ) . Si nou renmen yo, ajoute pa nou sou yo nan bon Kreyòl.
Manman m gen 3 pitit. Si youn pa la, 2 pa sèvi.
Wòch dife !
Piti piti leve madan prezidan sou chèz.
Pinèz !
Piti piti fè lonè prezidan.
Zegwi !
Legliz Sen Michel kraze, pa gen enjenyè nan peyi a ki kab repare l.
Ze !
Avelin bèl fanm men se domaj li jouda.
Aransò !
Ase pou bwè, ase pou manje, ase pou jete.
Kokoye !
Papa m fè yon kay yon sèl poto.
Parapli ! Djondjon !
Galata Bondye plen vyann.
Simityè !
Adelin bèl fanm men li jouda.
Aransò !
Vyann nan zo.
Krab ! Kribich ! Lanbi !
Tete Mari-Madlèn plen pikan.
Kowosòl !
Piti kou m piti pale pa fèm mache, se ak kalòt pou jwenn bout mwen.
Marengwen !
Dlo kanpe?
Kann !
Dlo kouche?
Melon !
Madanm rive bò dlo li paka travèse. Pitit nan vant li kapab.
Fizi !
Lakata w fè ta w, nan ginen tonbe.
Loray (Loraj) !
Ti sèkèy anba tè?
Pistach !
M al chache doktè, doktè rive anvan m?
Kokoye !
Papa m fè yon kay ak klou sèlman?
Kowosòl !
Ti Mari mete yon men nan ren.
Godèt !
Ti Mari mete de men nan ren.
Chodyè !
Mwen gen yon bagay lakay mwen si mwen pa kreve je li, li pa travay.
Sizo !
Mwen gen yon basen se yon sèl pwason ki naje ladan.
Lang mwen !
Depi gran maten mwen ka kouri dèyè yon moun mwen pa sa kenbe l.
Lonbraj mwen !
Krik? Krack! Timtim? Bwa sèch!
Jump to
- A Place to start
- ↳ Inbox
- ↳ Forum Community
- ↳ Editorials
- ↳ Messages
- ↳ Bicentennial
- ↳ 1998 - 2002
- ↳ 2003 - 2006
- ↳ Offbeat Topics
- Blogs
- ↳ Bellegarde's Music Blog
- ↳ Chronique Musicale
- ↳ Best albums of the year
- ↳ Extra!
- Cultural Section
- ↳ Our Story
- ↳ African Heritage
- ↳ Current Social Issues
- ↳ Haiti Diaspora Concerns
- ↳ The Arts
- ↳ About Music
- ↳ About Films
- ↳ About Sports
- ↳ Mosochwazi
- ↳ ile en ile
- Political Section
- ↳ Year in Review
- ↳ 2004
- ↳ 2005
- ↳ 2006
- ↳ 2007
- ↳ 2008
- ↳ 2009
- ↳ 2010
- ↳ HT/RD issues
- Language Section
- ↳ Language Issues
- ↳ Kreyòl, Lang Nasyonal
- ↳ Ekri Kreyol Fasil
- ↳ Proverbs
- ↳ Ann Pale Kreyol
- ↳ Kaptenn Koukourouj
- Culinary Section
- ↳ Recipes
- ↳ Meals
- ↳ Desserts
- ↳ Beverages
- ↳ Other Food topics