Mwen senpman renmen ou
Mwen senpman renmen ou
Mwen pa bezwen di vrèman, ni alafoli
San fè ou pè, ni fè sanblan
San kondisyon
Ni okenn règ
Mwen senpman renmen ou
San di petèt, osnon sèlman
San dekorasyon, ni dyaman
San fè mètdam
Ni met chenn nan pye ou
Mwen senpman renmen ou
San tanbou, ni kanno
San pyèsmoùn pa genyen, ni pèdi
San bèl pwomès, ni pyèj
Mwen senpman renmen ou
San loray, ni flanm dife
Nan bon tan kou nan move tan
Ou byen fon anndan mwen
Tout bèl mo sa yo, se senpman pawòl
Lanmou se youn grenn mo
Lè li sensè epi senp
Mwen pa bezwen katafal pawòl
Pou mwen di ou mwen renmen ou
Mwen senpman renmen ou
San vigil, ni aksan
San fè wonn pòt, ni sèman
San pretansyon, ni jennman
Mwen senpman renmen ou
San limit nan espas tan an
Nan tan lontan kou jodi a
Pi lwen toujou
Pase rèv mwen
Mwen senpman renmen ou
Menmsi kretyenvivan mechan
Menmsi viv se foli
Menmsi chagren nou se youn kwa
Mwen senpman renmen ou
Alafoli, avèk tandrès
Avèk tout nanm mwen
Kole sou po bouch ou
Michel-Ange Hyppolite (Kaptenn Koukourouj)
Vèsyon kreyòl
Chante Nicola Ciccone a :
Je t'aime tout court
Tradiksyon / adaptasyon
-
- Posts: 60
- Joined: Mon Feb 12, 2007 8:41 pm
Return to “Kaptenn Koukourouj”
Jump to
- A Place to start
- ↳ Inbox
- ↳ Forum Community
- ↳ Editorials
- ↳ Messages
- ↳ Bicentennial
- ↳ 1998 - 2002
- ↳ 2003 - 2006
- ↳ Offbeat Topics
- Blogs
- ↳ Bellegarde's Music Blog
- ↳ Chronique Musicale
- ↳ Best albums of the year
- ↳ Extra!
- Cultural Section
- ↳ Our Story
- ↳ African Heritage
- ↳ Current Social Issues
- ↳ Haiti Diaspora Concerns
- ↳ The Arts
- ↳ About Music
- ↳ About Films
- ↳ About Sports
- ↳ Mosochwazi
- ↳ ile en ile
- Political Section
- ↳ Year in Review
- ↳ 2004
- ↳ 2005
- ↳ 2006
- ↳ 2007
- ↳ 2008
- ↳ 2009
- ↳ 2010
- ↳ HT/RD issues
- Language Section
- ↳ Language Issues
- ↳ Kreyòl, Lang Nasyonal
- ↳ Ekri Kreyol Fasil
- ↳ Proverbs
- ↳ Ann Pale Kreyol
- ↳ Kaptenn Koukourouj
- Culinary Section
- ↳ Recipes
- ↳ Meals
- ↳ Desserts
- ↳ Beverages
- ↳ Other Food topics