Lèt an kreyòl (Yon kategori literè)

Post Reply
Michelange Hyppolite
Posts: 60
Joined: Mon Feb 12, 2007 8:41 pm

Lèt an kreyòl (Yon kategori literè)

Post by Michelange Hyppolite » Mon Apr 09, 2012 7:45 am

Boujon Solèy
Pou youn Flè Lavi

Vanyans fanm
Se fòs
pou ede yo
Janbe kalfou difisil

Fanm se fòs trankil. Li ka pliye nan vètij van ki charye enjistis, men kase, se non! Si gen pou kase, se tan an ki va deside.
Mwen konnen ou se youn fanm ki gen anpil fòs. Ou se Pitit Lavodwòg. Ou pote fòs ou nan kouran mouvman ou. Rezistans ou se esans bonte ou an mil ekla nan dantèl bèlte ou, ki ba ou ezans lite, medite, epi aksepte sa ou pa pe janm rive chanje, pandan ou ap travay ak mantal ou pou geri tout gòj negatif ki vle blaze rèv ou. Mwen fè ou konfyans. Ou genyen fòs anndan ou pou ou travèse kouran difisil epi al chèche zepi limyè pou ou klere plezi viv ou sou wout lanmou ak pasyon.

Eritay lanmou kite pou nou
Se ak li pou nou ansanse
Lavi
Leve defi
Rale chanjman
Twaze chay
Pou pasyans

Boujon Solèy mwen, toujou sonje, se enèji pozitif ou pote anndan ou yo, ki dwe kontinye miltipliye pou yo mete lachans, ou pa kontwole a, sou wout ou nan fason ou ta renmen li an. Nou tout mache ak rasin fòs ki gen pouvwa manbre nou nan moman difisil, men se anndan ou yo kache .

Nou pa kontwole lachans, men lespri nou ka telegide li nan fason nou ta renmen li vin souri nan plamen nou an. Se sa mwen swete pou ou. Se sa mwen vle akonpli ak ou nan mitan limit ki barikade nou an. Pozitif rale pozitif, pa vre!! Epitou, nou dwe toujou prepare nou pou nou kite lachans mennen nou kote nou ta renmen lavi vin palmante avèk nou an. Tout moùn dwe aprann ranje kabann yo, tann karabann pou lachans, paske youn preparasyon pozitif ka monte bonnanj ou nan syèl byennèt.

Nou chak se youn sous limyè. Se fòs lide pozitif nou, ki ka bay limyè nou ap kiltive nan jaden lespri nou an pi plis ekla jouk li va retounen vin jwenn nou an fòs, menm jan ak kado ki soti nan men dwat, rive nan men gòch.
Mwen pa pe janm sispann di ou: lavi se flanm. Li monte an flèch nan mitan nou, men se noumenm ki pou ba li gouvènay, rale chalè li, paweze kò nou epi simen latanperans nan mitan latwoublay. Konbyen tan nou genyen pou nou viv? Li pa anpil non! Konsa, nou dwe aprann ekzèse pasyans pou plezi viv leve nou wotè tandrès li sou wout loubli, ki gen pouvwa geri doulè.
Mwen jwenn anpil plezi nan pale avèk ou, menm jan melodi labriz ka ranmase fremisman tout fèy li jwenn sou wout li, pou li chante kantik plezi nou sou chemen nou ap rapousuiv ansanm lan.

Mwen pa rete non.
Se te Kaptenn

Post Reply