An repons a: Lèt tou Dekachte yon Pitit Ayiti Voye pou Prezidan Aristide Hum! te ekri a,
padel afiche mesaj sa, jou 29 Desanm 2002 a 13:34:35:
Hum! Anvan fowòm lan fèmen pou de twa jou, mwen ta renmen ba w yon repons sou sa w ekri piwo an.
Mwen twouve repons ou an pa korèk ditou ditou e sak pi rèd lan ou konnen byen ke sa w ekri pa korèk. M ap di w poukisa.
1-Konbyen fwa sou fowo`m lan m anpil konmarad eseye tabli yon dyalòg sou peyi d'Ayiti ? Ki moun ki toujou parèt an pre`mye ap voye wòch ak toya sou Aristid konmsi Aristid lan se li menm sèl ki Ayiti. Lòt 8 milyon yo pa moun e pa responsab malè mizè peyi an? repons: HUM ak tout lo`t alias li yo.
2-Ki moun an premye ki vire tout dyalog sou yon sèl bagay: Lavalas oubyen Aristid. Si yon moun pa voye toya sou Aristid , pou wou moun sa se pi gwo vilen li ye se lavalas elatrye.. Repons: Hum ak tout lòt alias li yo.
Kidonk sa w ekri an pa konsistan ditou ak jan w aji sou fowòm lan.
-Ou abize fowòm lan anpil e dekouraje anpil konpatryòt patisipe nan kelkeswa deba ki fèt.
Kritike pa vle di joure, akize san prèv. Men se sa menm ou fè. Lojik pa w lan toujou rete konsantre sou yon sèl moun, yon sèl pati. Tou analiz ki fèt sou fowòm lan ki pa ale nan sans pou fannfwa gouvènman anplas lan se radòt li ye pou ou. Ou toujou wè moun lan kòm yon lavalas oubyen yon aristidyen.
Tolerans pa egziste lakay ou.
Sanble ou pa genyen kapasite pou w kritike nan sans ki pozitif sètadi ki pou ta ede peyi a soti nan katatyouboumbe li ye depi 1806 lan. Ou refize rekonèt sa.
Ou chaje ak hèn, rayisman lakay ou.
Ou bay anpil desepsyon ak yon pakèt e dividal fo non sou fowòm lan.
Nou swete ou chanje atitid sa, nou swete ke w fè opozisyon yon lòt jan e ke w wa vini ak kèk bagay ki ta nan avantaj pèp ayisyen. Si w pa kapab enben di zanmi w yo sa. Konsa, ya reflechi e konnen sou ki sa yo kanpe.
Rayi yon nonm pa yon paspò pou pran pouvwa. Aprann sa ti mal. Fòk ou konnen sa w pral fè ak pouvwa lè w genyen l. Se pa mande rache manyòk epi ou pa genyen anyen pou w ofri e ke w ka fè. Nou swete ane sa chanje w. Nou te di nou pap reponn ou men si m fè sa ,se kite teren an ba w pou w fè e di sa ki pa korèk. Nou pap kite sa pase ke w move ou pa.
Fòk ou aprann renmen tèt ou. Nou swete sa. Konsa menmsi nou gen diferans, nou tout ka chita ansanm diskite e jwenn yon mwayen pou n chanje sitiyasyon peyi an. Wi se sa m ta swete.
Nou pap antre zizanni ni fè vye echan ki pap itil nou anyen. Nou te vle di w sa n panse e ki sa nou swete ki ta pi bon pou nou tout. BÒN ANE 2003.
M fè yon krazekitesa
padel