An repons a: Lèt tou Dekachte yon Pitit Ayiti Voye pou Prezidan Aristide Siizenn te ekri a,
nanmera afiche mesaj sa, jou 27 Desanm 2002 a 22:14:03:
Sitizenn, kouman ou ye kanmarad!Eskize m wi, men fòk mwen di w sa : Ou fè yon pakèt literati pale anpil epi ou pa di anyen. Ou bann enpresyon yon moun k ap chofe yon ekip. Avredi pou jan ou pale mwen pa wè w tankou yon sitwayen ki konsène pou aveni peyi dayiti. Kanmarad fòk mwen di w si mwen pa renmen jan moun ki gen gouvènay la nan men yo ap mennen peyi a, kòm sitwayen mwen kwè mwen gen dwa pou m di sa mwen panse, sa pa vle di mwen ap sipòte KONVEJANS. Fòk mwen di w,nou sou teren an lontan n ap swiv, men erèzman eksperyans nou ak fòmasyon nou pat janm pèmèt okenn majòjon nan klas politik la detounen konsyans nou, fè nou avèg, fè nou ap bat bravo menm lè reyalite a santi nan two nen nou. o non! Sa pat fèt e sa pa gendwa janm fèt bò lakay pa nou. Mwen pa kondane yon moun ki chwazi kanpe deye yon ekip, men si ekip la pap remèt anyen nan chanpyona a, fok ou k admèt lè ekip la ap mal jwe. Ou pa k toutan ap mete resposabilite yo sou abit yo. Se toutan, anvan ti krik-ti krak ou tande se Opozisyon an oubyen Konvèjans lan ki mare peyi a! Bon, mwen ta renmen konnen: ki responsabilite dirijan sa yo genyen yo menm anvè peyi a?
Kanmarad pou m redi w ankò, mwen pa kanpe nan okenn kan. Mwen renmen peyi m , mwen ta renmen we gen lapè, gen limyè, moun k viv, moun respekte dwa moun. Se tout sa mwen swete pou peyi a. Men jan bagay yo ap mache nan peyi a la mwen pa fouti nan bat bravo, kanpe ap defann dirijan sa yo ki la a.
Anvan m ale mwen ta renmen mande w: pou ki sa nou menm ayisyen nou pa k ap diskite pwoblem peyi nou nan tèt ansanm, nan kè poze, nan respè youn pou lòt? Se toujou yon akizasyon, yon voye monte, yon pa p pi bon. Se kom si ayiti gen 2 chans, oubyen ou Lavalas oubyen ou konvvèjans. Si se konsa n ap kontinye w l NOU CHIRE
l NOU CHIRE
- Lèt tou Dekachte yon Pitit Ayiti Voye pou Prezidan Aristide Hum! 29/12/2002
- Lèt tou Dekachte yon Pitit Ayiti Voye pou Prezidan Aristide padel 29/12/2002