Lèt tou Dekachte yon Pitit Ayiti Voye pou Prezidan Aristide


[ Kesyon Moun Mande Anpil ]

Jafrikayiti afiche mesaj sa, jou 16 Desanm 2002 a 14:23:30:

Otawa, Kanada, 16 desanm 2002

Prezidan,

Akòz yon michan sitiyasyon politik lanvè landwat ki vare sou pèp Ayisyen depi yon deseni, noumenm ki santi doulè ak veksasyon sa a nan trip nou, nou sètoblije ekri ou yon lèt cho k’on founo ak lespwa ke li ka itil kichòy pozitif nan lit pèp nou an ap mennen pou libète total kapital, lajistis san twou nan manch ak lapè ki ka dire.

Prezidan Aristide, tankou ou di sa nan dènye diskou ou yo, fòs negatif k ap simaye latwoublay nan peyi a, se pa kont oumenm ke yo kanpe, se kont pèp Ayisyen. Kidonk se ansakalite de Reprezantan Alatèt Pèp Ayisyen ki mandate nòmalman ke ou dwe resevwa kesyon ke mwen pral poze ou yo, pou ou ka reflechi epi pote repons sou yo. Konsa tou, ou va resevwa epi analize rekòmandasyon ke mwen pral fè yo – nan optik pou kontribye kichòy nan lit onorab ke pèp nou an ap mennen an.

Annou koumanse ak kesyon yo:

1) Pouki ou derefize òganize yon referandòm (konsilte pèp Ayisyen – ki se otorite siprèm nanchon an) pou deside si nou dwe refè eleksyon lesjislatif ak lokal ke kèk moun konteste yo ? Nou remake okontrè ke ou chwazi bat ba devan presyon kèk fòs etranje (Etazini, Inyon Ewopeyen yo, Canada elat…) jouk ou monte sou yon chimen nego-manipila-syon san bout ak etranje sa yo epi yon opozisyon ke y ap parennen ki kanpe klèman sou move zafè? Eske ou pa wè chimen nego-manipila-syon san bout sa a pi danjere lontan pou byennèt pèp Ayisyen?

2) Ki lè ou va finalman deside sispann peye enterè sou prè $150M ke BID kidnape ilegalman li pa vle remèt Leta Ayisyen an? Eske se pa reskonsablite ou, antan k Alatèt Leta a, pou ou ta trennen yon òganizasyon k ap benyen nan ilegalite kont nou konsa devan lajistis?

3) Kilè ojis gouvènman ou ap dirije a pral resi bay pèp Ayisyen satisfaksyon ak dokiman FRAPH yo ke Fos Ameriken yo te fè dappiyanp sou yo epi konfiske pandan plis pase 6 zan (1994-2000) pou yo fè operasyon move kout kreyon ladan yo pou maske non sitwayen Ameriken ki t ap travay pou CIA ki ta gen men yo tranpe nan masak ki te fèt pandan peryòd koudeta a (1991-94)? Eske se pa rekonsablite ou, antan k Alatèt Leta a, pou ou ta trennen devan lajistis tout kriminèl, tout òganizasyon ke Leta Ayisyen genyen prèv grav konsa kont yo?

4) Ak ki otorite konstitisyonèl ou te pran 100,000,000 Goud nan lajan pèp la, ou deremete bay pati opozisyon ke etranje yo ap kore yo ansanm ak Enstiti Franse – jan Rezolisyon 822 OEA te mande ou fè a? – Eske se pa ede ou ap ede plis enjistis fèt kont pèp Ayisyen lè ou poze yon aksyon konsa? Eske ou pa remake aksyon sa a sanble tèt koupe ak aksyon Prezidan Boyer ki te aksepte ke wa zenglendo blan franse ke yo te bay pou Charles X la fòse pèp Ayisyen lage 60 milyon fran lò nan kòsaj Lafrans – swadizan kòm dedomajman pou dyab krabinay esklavajis ke Papa Dessalines (respè pou li tout tan!) te pimpe mete deyò nan peyi nou an ?

Kounye a, men kisa mwen konseye ou Prezidan Aristide:

1) Souple, tanpri souple, aji pou ou pote repons apwopriye a kesyon mwen sot soulve pi wo a yo. Epi pa neglije enfòme pèp Ayisyen pou li ka okouran ki aksyon ou ap poze demannyè pou li kapab deside si wi, epi kouman li pral kore aksyon sa yo.

2) Bliye vye pwomès filalang èd malatyong ke lennmi istorik pèp la ap plede fè li. Li lè, li tan pou nou manyè reveye nan dòmi epi reyalize ke non sèlman Tonton Nwèl pa egziste tout bon vre, men li se yon vye kamouflaj zenglendo sofistike itilize pou yo dechèpiye gwo lajounen pandan je a yo nan je a mèt kay. Ou bezwen lajan pou ou fè peyi a mache Prezidan, voye je ou nan direksyon Pèp nou an. Nou pa pòv vre jan y ap klewonnen an. Nou gen tout yon kontinan chaje ak lò ak dyaman. Nou toupatou sou latè. Tout sa nou gen pou nou fè se mete lòd nan zafè nou. Olye ou chita ap pèdi tan ak yon swadizan “Bank Mondyal”, rele grandèt Mandela, rele frè nou Bill Cosby and sè nou Maya Angelou. Wi, vye frè, ou mèt kontinye kwè nan resous Pèp global nou an – jan ou te abitye kwè nan li sa pa gen lontan.

3) Pinga ou janm aksepte negosye prensip sakre sa a: Zago fòs okipasyon pap rive touche tè Papa Dessalines (respè pou li tout tan!) nan jou premye janvye 2004 la. SA A PA NEGOSYAB! Wi, nou konnen “Skinhead diplomatik” yo ap bat kò yo pou yo ta rive rann sa enkontounab. Chango ap depanse bidòl pou vyolans anvayi peyi a menm jan li te fè sa lavèy 1915. Men, oumenm Prezidan, oumenm Alatèt Leta Ayisyen an, ou dwe pare pou ou bay lavi ou pou pèp nou an – si sa ta nesesè, pou anpeche sakrilèj demeplè sa rive nan peyi nou. SA A PA NEGOSYAB!

Anwetan konsèy sa yo, vye frè mwen, sèl sa mwen ka swete pou ou se benediksyon 100 milyon zansèt nou yo ki pase anba mati gwo tribilasyon esklavajis la e ke n ap pote eritaj yo ak anpil kouraj ak anpil fyète jounen jodia. Mwen swete tou ke Granmèt Kreyatè ki egziste tout bon an (pa fotokopi mò bondye kolonozatè – vòlò-tè a non!). Bon Bondye tout bon an. Bondye Imhotep, Malik Shabazz el Shabazz, Albert Einstein, Boukmann, Toussaint Louverture, Dessalines, Sanite Belair, Marijann, Paul Farmer, Kendall Clark, epi Bondye tilezanj inosan ki fenk fèt nan Site Solèy, Soweto osnon Wachington D.C…an! Wi, mwen mande Bondye sa a pou li ba ou sajès ki va pèmèt ou konvenk tout frè ak sè nou yo rasanble on lòt fwa ankò menm jan nou te fè sa yon fwa deja nan Bwa Kayiman. Wi! Pou tout frè ak sè rasanble keseswa pati politik yo, keseswa klas sosyal yo, keseswa metye yo nan sosyete a, n ap rasanble pou nou sèmante n ap viv epi n ap mouri dekwa pou nou kase kou lesklavaj neyo-kolonyal mal maske a pou tout tan gen tan.

Wi, frè, wi Prezidan, Vètyè nou an se kalfou poto mitan liberasyon tout pitit lafrik Ginen toupatou sou planèt la!. Kidonk, mwen kase randevou ak ou lakay 1 janvye 2004.

Bilolo!

Frè ou ki renmen ou anpil,

Jafrikayiti
“Libète total kapital, Lajistis san twou nan manch ak Lapè ki ka dire – nou pa egzije plis, men nou pap aksepte mwens!”



Repons sou sijè sa: