FOWÒM AYISYEN (Mas 1998 - Desanm 2002)

Peyi a Lang la Lasosyete Fouye

Ekri Kreyòl Fasil


Viv lavi pou tout moun. Viv lapè pou tout moun. Viv lasante pou tout moun. Viv manje pou tout moun. Viv travay pou tout moun. Viv lekòl pou tout moun.

Aba lavi chè. Aba lagè. Aba grangou. Aba lamizè. Aba lenjistis. Aba pàn kouran.

Tout moun se elèv. Tout moun se pwofesè. Tout moun ap aprann ekri kreyòl fen. Chak moun ap montre yon lòt moun ekri kreyòl, ak twa ti prensip. Pawòl nou fèk li yo, ap montre nou jan chak lèt ret nan wòl yo, jan tout son ekri menm jan, epi jan nanpwen let ki bèbè, ki initil.

 

1. Chak lèt ret nan wòl yo

Men lèt nou jwenn ki ret nan wòl yo, nan pawòl nou fèk li yo:

a nan: katreven, drapo, ap, aprann, chak, ak, twa, aba, lavi, lamizè, pàn, lagè, travay.

annan: san, aprann, nan, kouran, lasante, manje, grangou

b nan: aba

chnan: chak, cho

d nan: drapo

e nan: me, katreven, inivèsite, se, elèv, pwofesè, ekri, kreyòl, montre, lasante, manje, lekòl, ret

è nan: nèf, fèt, elèv, pwofesè, lèt, chè, lamizè, lapè

ennan: katreven, fen, prensip, lenjistis

f nan: nèf, fèt, fen, pwofesè

g nan: lagè, grangou

i nan: dizui, mil, inivèsite, viv, lavi, lamizè, lenjistis, ekri, ti, prensip

j nan: lenjistis, manje

k nan: katreven, ekri, kreyòl, chak, kouran, lekòl

l nan: mil, elèv, kreyòl, lòt, lèt, wol, lenjistis, lavi, lamizè, lagè, lasante, lapè, lekòl

m nan: me, mil, moun, montre, lamizè

n nan: nèf, inivèsite, moun, aprann

o nan: drapo, yo

onnan: onz, montre

ounan: tout, moun, kouran, pou

p nan: drapo, pwofesè, ap, prensip, pan, lapè

r nan: katreven, drapo, aprann, ekri, kreyòl, montre, prensip, ret, kouran, travay

s nan: inivèsite, se, pwofesè, prensip, lenjistis, lasante

t nan: katreven, fèt, inivèsite, tout, montre, lèt, twa, ti, lòt, ret, travay

uinan: dizui

v nan: katreven, inivèsite, elèv, lavi, viv, travay

w nan: pwofesè, twa, wòl

y nan: kreyòl, yon, yo, travay

z nan: dizui, onz, lamizè

An menm tan, tout egzanp sa yo montre nou dezyèm prensip la se:

 

2. Tout son toujou ekri menm jan

Anpil egzanp montre nou sa twazyèm prensip la ye, espesyalman lè nou gade dènye lèt ki parèt ladan yo. Twazyèm prensip la se:

 

3. Nanpwen lèt ki bèbè, ki pa pale, ki pa remèt son pou yo remèt la

Nou wè sa nan: bab chich rad nèf nèg paj chak mil chanm moun ap aprann lenjistis tout viv kaw travay onz. 

 

Kalkile prensip sa yo byen.

Gade ki jan tout koze ki nan fèy sa a ekri.

Suiv modèl yo byen.

Epi, ekri tout bèl pawòl ki nan tèt nou, fasil. 

 

Biwo Nasyonal Alfabetizasyon ( 18 me 1991 )