Haiti and her future

Post Reply
User avatar
admin
Site Admin
Posts: 2153
Joined: Thu Nov 13, 2014 7:03 pm

Post by admin » Thu Oct 13, 2005 9:22 am

Gifrants, men sa mwen twouve pou ou sou referans ou bay la. Travay achivis sa, se pa blag!

[quote]Sityasyon Ayiti pi devan

--------------------------------------------------------------------------------

Gifrants soumèt tèks sa, jou 10 Janvye 2003 a 12:27:

Sityasyon an ann Ayiti pi devan.

Depi 1986, se te yon sèl koze—Fè genyen chanjman ann Ayiti. Nan lide anpil moun, menm moun ki k ap soufri, chanjman pa t vle di yon lavi miyò pou tout moun ann Ayiti, ke sa ki pa genyen anyen menm oubyen ke sa ki finn rich deja.

Mwen oblije di “ke sa finn rich deja”, paske genyen anpil moun ki pa konprann e ki pa konnen tou ke genyen lajan, se yonn, pa pedi lajan ke w genyen tou se de. Nou ka konprann pouki sa lè yon sistèm ki menase moun nan privilèj yo, nan èstanda vi yo, genyen gwo pwoblèm.

Mwen vle kwè ke pa genyen moun ki ase fou e ensanse ki ka panse ke nan pwochenn elèksyon, ke m
enmsi Jean Bertrand Aristide k a deside pwente di dwa yon lòt Prezidan pou pèp la eli tankou li te fè pou Preval, Ayisyen dwe aksèpte ke sa fèt ankò.

Mwen pa vle kwè ke genyen moun ki ase fou e ensanse k ap pray di ke si Aristide k a deside amande Konstitisyon an pou li eli Prezidan ankò, pèp la dwe eli li ankò.

Mwen pa vle kwè ke genyen moun ki ase fou e ensanse k ap pray di ke se toutafè nòmal ke si Madan Aristide k a poze kandidati li, fòk pèp la eli li pou lakontinwite de “gwo travay Lavalas la reyalize” malgre gwo presyon entènasyonal. Anpasan, mwen si sa fèt, ke Madan Aristide montre paspò Ayisyen li. Mwen pa bezwern tande enbesilite ke Franswa Divalye pa te Ayisyen. Paspò Madan Aristide, mwen sèmante, fòk mwen wè li.

Mwen pa bezwern tande tou, ke mezanmi se menm bouyon rechofe yo si tout politisyen wòwòt nou konnen yo, ka repoze kandidati yo. Pran tout san fwa nou tou, ajoute Jean Bertrand Aristide, paske se pa bouyon rechofe sèlman yo tounen—se bouttèttwouve ak pongongon yo ye,
depi 1986, tanpri. 7 fevye 2003 ap pray fè sa 17 tan.

Sa ka pray rive? Sa ka pray rive a pa chita nan men pèp la ankò. Osi anti-demokratik sa ka sonnen, pèp la, pèp Ayisyen sa ki anba tout mize fawouch sa, pèp sa ke ti wen, nan la mezi de sè posibilite, ak goumen pou li a, tèlman pran brimad, telman sibi abi, tèlman demoralize, tèlman soufri, e tèlman fè tout sa li kapab pou viv, paske li livre apwòp tèt li tankou pitimisangadò, pedi kap la. Li pa ka pran rèsponsabilite pou tèt li ankò. Pou li soti kote li ye a, li bezwen yon gid ki pa nan karanbòl, ni nan parabòl.

Tout bagay posib, e sa, se byen domaj. Men pou wen, Lavalas, gras pa, antonwa lanbouchi pou lakalmi. Ayiti bezwen rèspire, pèp la bezwen pran souf.

[/quote]

User avatar
admin
Site Admin
Posts: 2153
Joined: Thu Nov 13, 2014 7:03 pm

Post by admin » Thu Oct 13, 2005 9:30 pm

[quote]Anpasan, mwen si sa fèt, ke Madan Aristide montre paspò Ayisyen li. Mwen pa bezwern tande enbesilite ke Franswa Divalye pa te Ayisyen. Paspò Madan Aristide, mwen sèmante, fòk mwen wè li. [/quote]
Tande yon kout kanno ki te pati! Aristide dwe te tranble lò li tande Gifrants di sa. Petèt li te gentan menm fè malèt li, epi... Gifrants pa janm parèt.

Gifrants, ban m van pou m al Lagonav!

Tout koze san tèt ni pye sa yo, se yon sèl objektif yo genyen: chache bay tèt ou valè.

Ou te anonse sou fowòm lan ou te pral "challenge" jijman "Cour de Cassation" an. Nap gade kouman ou pral fè sa. Lò ou fin prezante agiman ou nan rakonte zen sou Madan Aristide anpasan pa Neptune pou rive sou Roger Conzé, mwen pa kwè Siméus ap gen lòt chwa ke fè malèt li tou. Se konsa ou pral sove lapatri!

Bravo, Gifrants. Kote pèp ayisyen an ta ye jodi a, si ou pa te batay pou li fawouchman jan wap fè s
a depi "le monde est monde" ?

Voye pwent sou mwen ak Serge Bellegarde! I do not mind. It must be very lonely up there on the hill.


Guy S. Antoine

Wi, se Administratè Fowòm lan. Epi map fè ou konnen fowòm lan depase estad sa lontan. Kalite monolog egosantrik sa yo wap parèt ake yo detanzantan pou bat lestomak ou pap rete sou fowòm lan pou lontan. Oubyen ou vin diskite onètman avèk nou, oubyen al chache yon lòt fowòm yo kab rele petèt "Cercle des admirateurs de Gifrants, le superpatriote".

Post Reply