Of "Boujwa" and "Restavek" in Haiti...

Post Reply
Leonel JB

Post by Leonel JB » Fri Aug 05, 2005 7:32 am

Michel, eskizem, men kote ou jwenn ak kozman listwa bouyi vide sa??

Map eseye reli sa w ekri a ankO pou m wE si m konprann li byen.

Mil eskiz, mon frE.
leonel

T-dodo

Post by T-dodo » Fri Aug 05, 2005 8:37 am

[quote]Leonel, when I was growing up at my grandmother's house in Petion-Ville, we didn't have “Restaveks”.
We had des “Bonnes et des garcons de court”, paid employees, and des “Domestics”, unpaid employees. All of them were well treated with respect.[/quote]

Michel,

Give me a break! "Restavek", even though it is a word I learned while in living in the USA, is no different than your "Domestics," and not that far different from your so-called "Bonnes et des garçons de court" paid employees. They were all an underclass in Haiti that was abused and not very appreciated. Those paid received less than the equivalent of US $3 a month (15 gourdes) on an average for the daily chores in the 60s and 70s. This was not only in P-au-P, but also in the provinces. You could hardly call that a pay even in keeping in mind the real value of money during that period of time.

Even the best treated "domestics," a rarity, could not speak gloriously of their life as you described them. As haitians, we need to recognize that we could do much better with children coming from the countryside trying to break the cycle of ignorance and poverty that generations of their ancestors have endured. Unfortunately, as long as unemployment and analphabetism remain so widespread in the countryside of Haiti, this situation of abuse for this class of people will likely continue as they will have no choice but to continue to offer their services almost for free in an effort to get out of the hell of a life they have in the countryside. We should not insult them by trying to paint a rosier situation of their life and justifying our abuses.

Leonel JB

Post by Leonel JB » Fri Aug 05, 2005 11:55 am

Michel, mwen pat vle sijE a vire sou mouveman Restavek la ke mwen te itilize pou montre simpman genyen oun seri de moun ki konnen yo siperiE oun lot. Kidonk, tout efO ou fE, yap toujou wE lot la kom oun animal.

E fO w wE mwen te bay ekzanp kote moun te konn rele Aristid: Makak, nEg lEd, oun moun ki pa sanble Prezidan.

Men ou menm, ou vinn parEt ak istwa Restavek ke mwen pa kwE ke se konsa li ye. Men, mwen panse topik sa, nou bezwen anpil paj pou li.

Ou ta renmen wE anpil boujwa patisipe nan eleksyon. Eske ou vle di neg ki genyen kob ou di mwen, neg ki genyen oun ti koulE pEch?

Mwen pa kwE ke genyen kob ak oun ti koulE tou pre blan vle di Boujwa pou sa.

Mwen dakO ake ou. Gen moun ki nan klas dominant an Ayiti ki kapab pote kichoy pou Ayiti ( in terms of doing positive things ). Mwen pa vle mansyone non, paske nou menm sou fowOm nan te pran kontak ak youn ou de twa moun ki travay san rete pou oun pi bon Ayiti (
Take it from me, map bay tout moun sa yo merite, san flateri).

Men pou oun elit ki fE riches li nan oun peyi konsa, eske nou panse yo ka chanje oun pwEliEm?? Ti minimom ki ta kapab la, nEg yo ap bwE yo san reflechi...

Remember the Izmerys, we have others but they're keeping a low profile.

Michel, sanble ou kwE nan Tonton nwEl toujou?

L'union fait la force,
leonel

User avatar
admin
Site Admin
Posts: 2153
Joined: Thu Nov 13, 2014 7:03 pm

Post by admin » Sat Aug 06, 2005 8:10 am

[quote]Believe it or not, se pa boujwa ki te rele ti moun domestics la kay yo “Restavek”

Se te Bon'ns ak gasons la kou yo ki te rele ti moun sa yo Restavek paske yo te konpran ke yo te siperier paske yo te touché la jan shak moi, e ti moun domestic yo pat touché.

Ti domestic sa yo te resevoi plis move tretman nan min bon'n ak gason la kou ke nan min boujwa yo. [/quote]
Michel, this incrimination of "bòn ak gason lakou" as the villains in Haiti's social class power relationships is nothing short of a complete abdication of social responsibility from anyone or any family who has enjoyed a privileged life in Haiti. Granted, one is not always fully aware of the evil in the power that one exercises for having inherited it, but what useful purpose does it serve to place the burden of guilt on a class of people who were themselves remarkably exploited, even if they were not at the lowest possible
rung of Haiti's social strata?


[quote]Depi nan ginin neg rayi neg![/quote]
...while white people have been a picture of brotherly love?!?! (pass me the historical references)


[quote]Min, vre clas boujwas la te fout tout bon'n ak gason lakou frekan e soumoun sa yo deyo e boujwa yo te kinbe ti domestic yo![/quote]
Michel, kiyès presizeman ki vrè klas boujwa a? E kiyès ki fo boujwa yo? Ban nou egzanp (pa vin pale m de Bill Gates ak Mike Tyson ki pa evolye nan sosyete nou an).

Nan ki sans ou rele bòn ak gason lakou yo "frekan e soumoun sa yo" ?

E ki lè presizeman "vrè klas boujwa" yo te fout yo deyò? Sa se yon bagay istorik pou li ye e mwen bezwen anpil presizyon sou sa. Dapre sa ou vin di a an apre, eske sa fèt nan kòmansma
n diktati François Duvalier a ou anvan menm François Duvalier te monte o palè? E ki sa ki te fè vrè klas boujwa a deside pou yo pa anplwaye bòn ak gason lakou ankò, epi gade domestik yo sèlman??? Dapre sa ou di, li parèt ke se konsyans sosyal yo ak sans sivik yo ki te blije yo fè sa pou yo te pwoteje domestik yo ke bòn ak gason lakou yo tap matirize. Eske mwen byen konprann ou?

Ban nou dat, ban nou presizyon sou evènman sosyal sa yo, paske mwen te viv an Ayiti tou e mwen pa te konsyan tout bagay sa yo w ap pale a. Kidonk, si w ap re-ekri istwa sosyal peyi a, fòk ou bay anpil referans pou moun kab pran vèsyon pa w la o serye.

Mwen gen lòt kesyon toujou. Nou va kontinye pi devan.

User avatar
admin
Site Admin
Posts: 2153
Joined: Thu Nov 13, 2014 7:03 pm

Post by admin » Sat Aug 06, 2005 11:38 am

M ap kontinye sou mmenm ribrik la, men pa bliye kesyon mwen deja poze anlè a.

[quote]Boujwa yo te voye ti domestic sa yo lekol du soir. Yo te vin kon li e ekri franse tre bien.[/quote]
Mwen byen kontan aprann nouvèl sa a...

Men lò domestik sa yo te fin aprann li e ekri franse byen jan ou di a, sa yo devni?

Eske yo vin sèvi kòm mèt pou ti boujwa tèt di ki yo menm gen difikilte aprann li e ekri franse trè byen?

Eske relasyon marital yo ak vrè boujwa ki tonbe damou pou yo e ki marye yo fè yo vin vrè boujwa yo menm tou?

Eske okontrè yo vin fo boujwa nan enposibilite ki prezante pou yo vin vrè boujwa tout bon vre, etandone yo pa desann de "bonne famille" tradisyonèl yo?

Oswa mas pèp la te reyabsòbe yo, malgre avans yo te fè n
an li e ekri bon jan franse?


[quote]Yo te gen dwa entre an dan kay tandiske bon'n ak gason la kou yo te toujou rete deyo.[/quote]
Wi, se vre, domestik te toujou gen dwa antre anndan kay, men pou ki rezon yo te antre nan kay la? Eske se pou bon plezi yo oswa se te pou netwaye anndan kay la?


[quote]Genyen nan ti domestic sa yo ki marie e ki fe pitit ak boujwa yo tou.[/quote]
Bon, sanble mwen kòmanse konprann pou ki sa domestik w ap pale yo te konn antre anndan kay la. Se pa belag! Men dim non, Michel, eske ou kab site yon egzanp, yon sèl egzanp de domestik ki marye ak youn nan vrè boujwa yo, jan ou rakonte l lan. Mwen pap pale de fè pitit non, paske jan yo di an Ayiti "tèt zozo pa gen konsyans". M ap mande YOUN (1) EGZANP DE MARYAJ ant yon vrè boujwa ak yon domestik-restavèk. Si ou di bagay sa fèt, mwen sèten fòk ou ta kap
ab ban nou youn ou dezoutwa referans tou.


Bon m ap rete la, paske fòk mwen fè yon ti poze pou mwen byen konprann tout revelasyon ou sot fè la, Michel, sou sitiyasyon domestik, bòn, ak gason lakou nan peyi Dayiti.

User avatar
admin
Site Admin
Posts: 2153
Joined: Thu Nov 13, 2014 7:03 pm

Post by admin » Sat Aug 06, 2005 1:18 pm

Ann pouse pi lwen toujou nan ekspoze Michel la.

[quote]Mo Restavek la se pa clas boujwas la ki vini avek li, se ansien bon'n ak gason lakou...[/quote]
fò di, bòn ak gason lakou yo te konn pale franse tou, pou yo envante mo restavèk ("reste avec") la ki gen etimoloji li nan lang franse a. Fò di, non sèlman yo te konn pale franse men yo te konn manipile lang lan byen tou!


[quote] se ansien bon'n ak gason lakou, arivis grandan, jalou, parvenu, vole ki kouniyen la gen foli boujwa.
[/quote]
Michel, ann fon ti poze tou piti sou pawòl "gen foli boujwa" a. Sa sa vle di? Pou ki sa ou pale de foli e non pa de aspirasyon sosyal ou materyèl? Mwen panse tout moun se moun, ou dakò oswa ou pa dakò? Si ou dakò, nou ta kab diskite mekan
ism avansman sosyal ki posib ou dezirab nan peyi a. Men i parèt ke o depa ou deklare ke aspirasyon bòn ak gason lakou se foli boujwa yo ye. Kididonk, bòn ak gason lakou yo pa gen dwa fè bèl rèv lavi miyò, tankou ti boujwa, gwo boujwa, san konte domestik yo (ki kapab marye ak boujwa yo jan ou vle fè nou konprann lan). E pou ki sa ou asosye "bòn ak gason lakou yo" ak "arivis grandan, jalou, parvenu, vòlè" elatriye? Mwen pa vle di yo tout bon non, men pou ki tout kalite prejije sa yo anvè yon gwoup moun an Ayiti ki sèvi boujwa yo pou yo kab twouve mwayen pou yo elve pwòp fanmi yo? Pou ki sa ou dechennen sou yo konsa?

Ou menm te di nou nan koumansman diskisyon sa: "when I was growing up at my grandmother's house in Petion-Ville, we didn't have “Restaveks”. We had des “Bonnes et des garcons de court”, paid employees, and des “Domestics”, unpaid employees" Si se vre, mwen gen dwa mande ou 2 bagay:
1) eske ou pa gen rekonesans an
vè "bonnes et garçons de cour" ki tap bourike pou rann vi ou pi fasil?
2) eske vrèman, ou te viv doulè wòch nan solèy jan ou te deklare nan yon lòt post? Paske depi yon moun te gen bòn ak domestik lakay li, mwen pa fouti konsidere moun sa tankou yon moun ki te viv doulè wòch nan solèy.


[quote]Min yo pap jam kapab paske bourik te met bien abiye, santi bon, min le midi sonnin fok li demaske tet li kan mem fok li ran ni.[/quote]
Mwen ta byen renmen ou eksplike analoji ou fè la sou moun an Ayiti ki rantre nan klas boujwa a. Kouman yo ranni lò midi sonnen?

Ki sa ki distenge konpòtman gwo boujwa yo ak konpòtman arivis yo?

Kòm se sou yon fowòm antropolojik (syans sosyal e politik) n ap pale, pa ezite detaye repons ou, pou nou tout kab konprann aklè kesyon fondamantal sa yo ou soulve la nan post ou a.


[quote]Leonel si ou pa mete tet ou an plas, pwoblem clas social nan peyi D'Haiti kap
fe ou fou.[/quote]
Ou pa manti, Michel Nau, ou pa manti.

Erezman, nou gen w la avèk nou sou fowòm lan, pou w pa kite sa rive.

User avatar
admin
Site Admin
Posts: 2153
Joined: Thu Nov 13, 2014 7:03 pm

Post by admin » Mon Aug 08, 2005 9:01 am

[quote]genyen de zeleman nan sosyete a ki chanje de stati sosiyal tre rapid san kite tras edukasyon ou ekonomik deye. Gwoup de moun sa yo ki soudenman katapilke nan klas dominant nan yo rele yo a lepoq nouvo rich ou fo boujwa. Pa egsanp, yon pap jamb we Reinbold, Brant ou byen Madsen invite Tjo nan yon Babe Q mem si Tjo fek genyen $1million dola nan lotto. Ki didonk, Tjo se yon nouvo bouwaj ki pa fe pati de boujwa twadisyonel la, min ki se yon boujwa kan mem. [/quote]
Michel, w ap pase di patikilye pou w pase o jeneral. Se menm tentennad sa ki fè ou te dekri Boulos kòm yon moun "de bonne famille", epi apre ou santi ou oblije fè eskiz dèske ou te di sa. Men la ankò, ou rete nan yon ka patikilye, ka Boulos la. Ou prezante eskiz ou devan fowòm lan, paske ou vin aprann detay sou 2 eskandal total kapital: a) zafè ETANOL la ke yo te vle vann kòm kleren e ki ta fini pa ranplase kleren kannasik la, paske pwodiksyon
kleren kannasik koute pi chè lontan. Bagay sa te gen potansyèl pou li fini ak sektè ekonomi riral peyizàn lan ki te baze sou kannasik la. b) zafè Serge ak Leonel pale sou li a, asavwa ka kote yo te mele ANTIFREEZE ak lòt eleman ki te rantre nan konpozisyon pwodui famasetik yo ki vin koze anpil dèy nan klas pwoletè a. Men Michel, fòk nou pa melanje koze yo, sètadi afè zak kriminèl yo ak afè "bonne famille" lan. Se konsèp "bonne famille" lan menm pou nou vire tèt anba pou nou etidye ki sa ki alabaz li e ki validite li genyen. KI SA KI "BONNE FAMILLE" LAN? Ou pa bezwen fè eskiz, si ou pa vle konfwonte prejije sosyal yo anfas, dirèkteman, ak de je klere.

Prejije sosyal sa, se pa an Ayiti sèlman li egziste. Pa egzanp, preske tout moun nan Etazini pale de fanmi Kennedy, Rockefeller, Bush, elatriye tankou "bonnes familles". Men tankou pwovèb kreyòl la di, "anba epolèt se dèy". Fouye zo nan kalalou, e pi ou van konprann sou ki baz kriminèl (preske) tout BONNES FAMILLES dan lemonn te vin pran estati BONNE
S FAMILLES lan, e ou gen dwa pase an revi menm FAMILLES ROYALES EUROPÉENNES yo, e pa kapab genyen pi BONNES FAMILLES pase fanmi rwayal yo, suivan konsèp ki chita nan sèvèl moun ki renmen fè kalite distenksyon sa yo.

Kidonk, Michel, pou tèt pa m, mwen pa konprann pou ki sa ou bezwen eskize tèt ou dèske ou ta di ke frè Boulos (Réginald ak Roudy) yo an Ayiti se moun de "bonne famille" yo ye. E pou kwa pa?? Yo gen edikasyon, yo gen lajan a gogo, yo gen enfliyans, yo frekante inivèsite, yo konn pale bon jan franse, yo gen tout konfò materyèl e anpil "luxe" menm, yo frekante gran nèg nan lòt peyi, elatriye. Ki sa ki te diskalifye yo de estati "bonne famille" lan? Mwen pa konnen. Ou pa ka di ke "bonne famille" se fanmi ki pa komèt okenn krim. Si se definisyon an sa, ou te mèt tou retire fanmi Kennedy, Rockefeller, ak Bush yo nan mitan "bonnes familles" tou. KANTA FANMI BUSH LA MENM!! Pito mwen pa rantre nan chapit sa.

Sa mwen wè la, Michel, sè ke ou fè eskiz san ou pa janm rantre nan nannan koze
a vre, san ou pa atake prejije sosyal yo vrèman ki kontinye divize sosyete ayisyèn lan ant "bonnes familles" ak zafè "fo boujwa" w ap pale la.

Petèt jan ou di, "Bill Gates, Rockefeller or the Waltons" pap invite Mike Tyson pou kòktel nan salon yo. Men pou ki sa se Mike Tyson ke ou chwazi kòm egzanp? Gen mil lòt egzanp ou te kab chwazi ki ta kab demontre ou estipidite konsèp "bonne famille" sa. Petèt jan ou di "Reinbold, Brant ou byen Madsen" pap envite "Tjo" nan salon yo (se pa mwen ki di, se ou ki di), men èske sa se yon prèv de bon fondman konsèp "bonne famille" lan? Sa fèm mwen sonje lò Olivier Nadal te deklare sou liy Bob Corbett la ke Jean-Bertrand Aristide te marye yon milatrès "de bonne famille", men li te mèt fè sa li vle, li pap janm rive pèsonèlman pou li gen eskanp "boujwa" a.

Men sotiz sosyete ayisyèn lan ke n ap defann la. Nan tèt nou, yon "vrè boujwa" toujou siperyè a yon peyizan.

Ki lè ou panse ke nou ta kab rive nan yon lòt seri ekwasyon, tèl ke:

bon peyizan + bo
n boujwa = bon moun
peyizan kriminèl + boujwa kriminèl = move moun

Note byen ke mwen pa pale de "vrè boujwa", "fo boujwa", "bonne famille", elatriye....tout kalite vye konsèp sa yo kap divize sosyete nou an. Bon moun lan se pa moun ki soti nesesèman nan klas boujwa a oubyen nan klas peyizàn lan, oubyen sa ou rele "fo boujwa" a, oubyen bòn lan oubyen gason lakou a, oubyen domestik la. Bon moun lan, se moun ki aji an konsekans pou li merite nou konsidere l kòm yon "bon moun".

E fè atansyon, "Tjo" ke "vrè boujwa" yo, ke moun de "de bonne famille" yo pap resevwa nan salon yo, Tjo sa kapab gen plis merit, pi bon edikasyon, plis entelijans, pi bon konpreyansyon, pi gwo valè, e menm pi bèl avni pase laplipa moun nou konsidere kòm moun de "bonne famille", baze sou estati sosyal yo. Konsa tou, "Tjo" kapab youn nan pi gran kriminèl yo tou.

Kanta moun "de bonne famille" yo, fè atansyon. Yap toujou rete moun "de bonne famille" kèlkeswa vye zak kriminèl yo komèt. Toutotan nou poko chanje sa ki
anndan zo kalbas nou an.

User avatar
admin
Site Admin
Posts: 2153
Joined: Thu Nov 13, 2014 7:03 pm

Post by admin » Mon Aug 08, 2005 9:42 am

[quote]Domestic la te vini yon extansyon de fanmi boujwas la. Yo te kon gade kay la le patwon an vakans lot bo dlo. Yo mem kon ouvwi e femin magazin le boujwa pa la ou biyen malad. Sak fe ke a lepoq vrè klas boujwa + zou - deside pou yo pa anplwaye bòn ak gason lakou ankò, epi gade domestik yo sèlman. [/quote]
Michel, jan mwen te di deja, ou toujou chache soti nan ka patikilye pou w tabli yon règ jeneral. Metodoloji sa pa bon, paske li bay rezilta ki fo an tout evidans.

Depi ki lè an Ayiti, klas boujwa a te sispann anplwaye bòn ak gason lakou lakay yo?? A mwens ke se konprann mwen pa konprann ki moun ojis ou kouvri ak epitèt "vrè klas boujwa" a. Alò lè sa, fòk ou esplike klèman, ki sa ou antann pa VRÈ KLAS BOUJWA A. Konbyen fanmi ki gen ladan l? Paske sa ou dekri la, se konpòtman youn ou de fanmi ou konnen, epi ou etann li tankou reyalite klas sosyal nan peyi a. Nan linèt pa m lan, sa ou di la, li
fo.

Epi ou dekri yon alyans "vrè klas boujwa" ak "donestics" (restavèk) yo ki antyèman fo tou. Mwen pa bezwen rantre nan vi prive moun, men di mwen KONBYEN FWA SA RIVE YON GRAN BOUJWA MARYE AK YON DOMESTIK AN AYITI? Si bagay sa te kouran jan ou di l la, fòk mwen ta konnen li, fòk lòt moun sou fowòm lan ta konnen li tou. Kouman fè se ou sèlman ki ta gen konesans kokenchenn reyalite sosyal sa nan peyi a?

Mwen pa vle di sa pa janm rive non, nan youn ou de ka byen paitikilye, men ou jeneralize alyans sa ant "vrè klas boujwa" a ak restavèk yo tankou yon règ jeneral, tankou yon chanjman a grann echèl nan istwa mouvman sosyal nan peyi a, alò ke sa pa janm fèt vrèman.

Se pa sou ka patikilye yo ekri istwa yon pèp, Michel.

User avatar
admin
Site Admin
Posts: 2153
Joined: Thu Nov 13, 2014 7:03 pm

Post by admin » Mon Aug 08, 2005 10:18 am

[quote]Te gen yon fanmi Ayisiyen'n ki te disparet konpleteman i konpri domestic yo e mem shen kay la tou te mouri. Yo te vin apran palaswit ke se yon bon'n ki te al denonse fanmi sa bay regime Duvalier ya. Depui le sa, apre 6 ze di swa, bon'n yo pa domi leve anko. Se te domestics yo ki te pran la relev.[/quote]
Wi, mwen konnen istwa sa tou. Mwen konnen pèsekisyon Papa Doc te fè kont plizyè fanmi boujwa nan Jeremi e san dout nan Pòtoprens tou. Dayè, Jean-Marie Florestal ekri sou bagay sa sou fowòm lan deja. Men Michel, ankò in fwa, ou pa kab kontinye ap jeneralize konsa sou moun, apati de ka patikilye ke ou konnen. Bagay sa twò fasil e li bay move rezilta.

[quote]Entre ot fok mwen ajoute ke, konsa tou te gen bon'n ak gason lakou ki te pwotege e sove de twa fanmi boujwa tou.[/quote]
E poutan la, ou chwazi klèman pou w pa jeneralize konpòtman sa. Si ou li post ou
ekri anvan yo, ou te kriminalize tout "bòn ak gason lakou yo". Pou mwen menm, sa vle di senpman ke ou genyen yon sansibilite espesyal akoz istwa pwòp fanmi w ou istwa moun ki pwòch a oumenm. Men Michel, fè atansyon pou ou pa re-ekri istwa tout peyi a, sou baz eksperyans vi pa w sèlman ou konesans pèsonèl pa w sèlman. Nou gen dwa diskite nenpòt bagay ki rive an Ayiti ki make nou tout pèsonèlman, men pa kouri jeneralize!

[quote]Se pureman yon “evolisyon sosyal force” ki te fet a lepoq sa.
Gwoup moun sa yo “kicked the door an forced themselves in. Yo antwe kareman nan yon milie sosiyal ke avan te interdi “and they weren't prepared to blend in and to be accepted”.

Par egsanp, Makout pat al danse Cabanne Choucoune ou biyen al nan reveyon 24 desamb nan Club BelleVue. Se te officie lame ki te gen privilej sa yo e boujwa….e kareman e avek chanjeman politik a le poq they cross with authority the social barrier that was intended to stop them.[/quote]
Gen yo
n pati verite nan sa ou di la. Men se pa tout yon klas sosyal an Ayiti ki te aji jan ou dekri l la. Si tout klas sosyal la te aji konsa, nou pa ta va ap pale de "vrè boujwa" ak "bonne famille" nan jounen jodi a.

Epi tou, ou pa pase jijman sou zafè tout "social barrier" yo ke w ap pale sou li la. Eske nan yon ti peyi li nòmal pou tout baryè sosyal sa yo egziste? E ki klas moun ki responsab tout baryè sosyal sa yo? Eske se Bondye ki te mete yo?

[quote]And the reaction of the elite was ”Ki band moun frekan e soumoun sa yo” [/quote]
Espresyon "sou moun sa yo" tou demontre ou ke nan peyi Dayiti n ap lite toujou pou tout moun kab moun.


[quote]Domestik sa yo ki te kon li e ekri franse, e ki te gen experyans chita nan magazin patwon li yo te devenu des courtiers, des demarcheurs, yo te kon al la douwan pou dedouwane machandis pou patwon yo, e al la bank, e paye bill nan sevis contwibisyon, al fe plaq e enregistweman machin patwo
n an.

Avek le tan, anpil la dan yo vini okipe gwo pos nan Leta, e gen la dan yo tou, avek experians rouleman anba la vil la, vin genyen pwop bizinis pa yo e mem resevoua ti bourad ekonomik nan min ansiyen patwon yo. Avek le tan, pitit, e granpitit misye sa yo vin dokte, injenie, avoka, e okipe granfunksyon piblik.[/quote]
Michel, mwen sèten ou pa manti, men kantifye koze yo pou nou souple. W ap pale de ka patikilye ou w ap pale de sitiyasyon sosyal la an Ayiti? Paske jan ou dekri l la a, yon moun ta panse ke domestik se byennere an Ayiti!


[quote]Seson de tre bel istwa e ou mande mwen pou mwen pataje e di ou yon istwa ke mwen mem personelman ke mwen konnen. Maleresman par respe, mwen pap kapab, viole espas vi prive moun sa yo. Min gen anpil bel istwa konsa ki deyo a.[/quote]
Tout sa mwen mande se yon grenn egzanp de yon "vrè boujwa" (mwen sipoze sa vle di "gran boujwa") ki marye ak yon domestik an Ayiti.

Mwen sipoze ka sa yo pase
nan domèn piblik la, non? Si sa rive souvan, fòk anpil moun ta konnen l. SE YON GRENN EGZANP M AP MANDE MEZANMI. Mwen pa mande pyèsmoun pase jijman. Men pou verite istorik la, nou bezwen omwen yon (1) egzanp. Petèt 2 ou 3. Men an nou kòmanse ak youn anvan nou rive sou de, anvan nou rive sou 3, jiskaske nou ta rive fè kokenchenn jeneralizasyon ou fè yo.

User avatar
admin
Site Admin
Posts: 2153
Joined: Thu Nov 13, 2014 7:03 pm

Post by admin » Mon Aug 08, 2005 10:28 am

[quote]Guy wrote: "eske vrèman, ou te viv doulè wòch nan solèy jan ou te deklare nan yon lòt post? Paske depi yon moun te gen bòn ak domestik lakay li, mwen pa fouti konsidere moun sa tankou yon moun ki te viv doulè wòch nan solèy."

Mon cher Guy, te gen malere ki te gen bon'n ak domestic lakay yo tou, min jan avek tan lotan te gen esklav libr ki te gen esklav tou. [/quote]
Michel, mwen toujou envite ou pale ak nou sou eksperyans "doulè wòch nan solèy" nan peyi a. Mwen kwè nou kapab aprann anpil bon bèt nan men ou. Ou te ekri ke se nan televizyon sèlman ke nou te aprann "doulè wòch nan solèy an Ayiti" alòske ou te viv doulè sa pèsonèlman. Sonje, fowòm sa se yon inivèsite popilè li ye. Nou toujou dispoze pou nou aprann bon jan bèt nan men tout moun ki konnen de ki sa y ap pale.

Respè pou ou, frè mwen.

Leonel JB

Post by Leonel JB » Mon Aug 08, 2005 11:21 am

Guy, mwen renmen ti rale sa ou fE ak Michel la.

Youn nan bagay ke Michel pa di ou di mwen pa bay, se definisyon Boujwa.

Nou tout nan WOH iniversite konnen ke Bourgeois ki vle di oun biznis klas kap travay pou developman oun "Bourg" ou di mwen "Bouk". Mwen pa konn si m manti. Men mwen sonje se konsa li ye.

An Ayiti, depi oun moun gen oun ti alle mie. SE ta di, si l posede oun seri de bagay ke moun yo konsidere lix (egzanp, machinn, frijidE, telefOnn etc) ak oun ti koulE Grimo. Yo rele l Boujwa.

Kidonk boujwa defini oun ti grimo cheve siwo ki kab manje pOm. Al nan lali sipEmakEt pou l achte janbon ak mOtadel. Moun sa yo gen nan yo ki fE de tranzaksyon ilegal men paske se Boujwa de Bonne Famille, fOk tout moun aksepte l.

KifE m sonje ti mizik Tropik la: LE oun moun malere, tout sak pa bon...

Moun sa wap rele Boujwa yo, se yo ki met Ayiti nan tout tchouboum ke nap viv kounye a. Paske, li pi bon pou yo, lE pe
yi a instab. Aloufa ak konte lajan menm nan blakawout (PElin tEt).

Kidonk, mwen renmen jan Guy dechikete post Michel la an miyEt moso pou'l te ka kwape move lespri, move lE ka p montre tout problem Ayiti se Malere, Restavek ki la koz; ADIEEE.

Banm pran ti chEz ba m pou m gade kout gidon Michel. Ann pale'ers pa je pete klere. YO pap pran kaka poul pou jOnn ze.

By the way, our future candidate (Boulos) knows what he did. Did he care? Mwen pa kwE. se oun ekip ti malere (nen nwE) ki mouri. Pitit moun ki pa sot nan "Bonne Famille". Ti chimE, ti Zenglendo ak Lavalas ki mouri a, ki mele b..al.

A suivre
leonel

User avatar
admin
Site Admin
Posts: 2153
Joined: Thu Nov 13, 2014 7:03 pm

Post by admin » Mon Aug 08, 2005 8:51 pm

Michel, si gen moun ki konn fè piwèt sou fowòm lan, nou konnen kiyès...

Si gen moun ki konn fè kout gidon akrobatik, nou konnen kiyès...

Kidonk se pa yon bèl ti sèmon damou alafen ki kab kase fèy pou kouvri tout imansite bagay ou ekri sou klas sosyal an Ayiti, kote ou tonbe nan "surréalisme" nèt al kole.

Ou di (e sa se you grenn bagay nan kakofoni jeneral bagay ou di la yo) ke te gen vrè boujwa an Ayiti ki te marye ak domestik lakay yo. Kounyè a, gade yon kout gidon ou vin bay sou koze sa:

[quote]Wap mandè mwen pou mwen bay yon egsanp konkret. Sè irelevan! Li pa fè sans pou nou chwazi ou byen lonjè dwet sou 1 ou 2 fanmi an patikilie. Min ou kap wè tre byen result ziniyon sa yo klè kon dlo cocoyè chak jou devan nou nan tout la ri dan le mond entiyè, yon wè moun tout koulè.. Ke zinyon an sè plasaj, mariaj, razaj pou plezi,
etc… min resulta final la evidan.[/quote]
Michel, razaj pou plezi pa maryaj! Kòm ou pa kab defann sa ou te ekri a, kounyè a ou vle chanje l kareman. Nou pa nayif, se pa jodiya nou aprann ke boujwa konn fè pitit ak bòn oswa ak domestik!! Men se pa pwen sa ou te fè pi wo a. Si ou bliye, al reli sa ou te ekri a.

[quote]Wap mandè mwen pou mwen bay yon egsanp konkret se nan pwoblem yon vlè mete'm.[/quote]
Michel, pou ki sa mwen ta vle mete w nan pwoblèm? Se laverite nap chache... e Michel, nan sans sa, ou se yon "challenge" san parèy!!!!!

User avatar
admin
Site Admin
Posts: 2153
Joined: Thu Nov 13, 2014 7:03 pm

Post by admin » Tue Aug 09, 2005 12:40 am

Whatever, Michel, whatever...

Post Reply