Mesaj sou lanmò Jacques Roche

Post Reply
User avatar
admin
Site Admin
Posts: 2153
Joined: Thu Nov 13, 2014 7:03 pm

Mesaj sou lanmò Jacques Roche

Post by admin » Tue Jul 19, 2005 9:00 am

[quote]Se avèk anpil tristes nou tande Jak Woch mouri akòz mawonaj ak iresponsabilite tout yon seri moun ak enstitisyon ki andedan Ayiti epi ki lod bò a, tou.

Nou pa t janm panse se yon moun tankou Jak yo ta ka fè sa. Yon moun ki te tèlman dou, janti, pwofesyonèl, komik ak trè serye alafwa. Yon moun ki te kwè nan peyi l. Yon konvèsayon avè l te soufi pou santi chalè li, bon volonte li, dousè li, dedikasyon li. Ki jan yon moun konsa ta ka an danje? Ki kalite moun ki ta ka fè yon zak konsa sou yon moun konsa?

Ayiti tounen yon vrè lanfè. Nou te toujou di sa kòm yon plezantri. Men, di jou an jou, nou wè se vre.

Men, se pa yon lanfè sèlman paske y ap kidnape, vyole, tortire ak touye moun. Depi kèk tan, espesyalman depi 29 fevriye 2004, li vin yon lanfè tout bon vre paske plizyè sektè ayisyen kontinye refize aksepte responsabilite yo parapòt
a sitiyasyon politik, ekonomik, sosyal, anviwonman, ets.

Jak te konn sa. Li te ekri sou sa, li te pale sou sa.

Li te vle chanjman. Li te travay nan twa òganizasyon medya epi nan chak kote, li te bay yon ti moso nan espwa li.

Pwoblèm la se, preske pa gen moun tankou Jak ankò.

Epi, se klè, moun ki kontwole majorite gwo asosyasyon patwonal, politik, ak ONG, yo pa gen ni kouraj, ni konviksyon Jak.

Yo pe kritike Nasyon Zini twòp. Yo pa vle pale dirèk sou kesyon enjerans anbasad yo. Yo twò kontan kanpe nan lin pou èd etranje, pou jwenn yon kontra, pou fè pwojè yo pase. Yo tou pare pou al nan seminè Nasyon Zini fè pou swadizon sivilize yo epi fè yo siyen yon "pak."

Poukisa yo pa ka fè yon pak san Nasyon Zini? Poukisa yo pa ka mete plis presyon sou gouvènman yo, sou biznis yo, pou yo ranmase plis resous andedan peyi a, anvan yo lonje bòl yo? Poukisa yo refize di anbasad yo: "Mèsi, nou pa bezwen ou. Fwa sa a, nou pral regle pwoblèm nou pou kont nou." Poukisa yo pa reyini
tèt yo pou kesyone, kritike epi petèt menm denonse yon misyon Nasyon Zini ki deja koute plis pase $400 milyon... nan yon peyi kote yon ka (1/4) nan moun yo grangou? Yon peyi ki pa gen sistèm jidisye, ki gen yon fòs polis ki twò piti epi ki malad anpil, kote monn yo ap glise desann nan lanme.

Li twò fasil pou di se chimè pou kont yo ki touye Jak.

Ann gade tèt nou nan glas...

Se akòz moun sa yo - moun ki gen sa yo rele "pouvwa" nan peyi a - tout chimè kriminèl yo mache kote yo vle pou yo touye.

Si se vre kriminèl sa yo ap touye moun, nan yon setèn sans nou ka di, se lòt moun yo, lòt sektè yo, ki touye lespwa.

Jak te gen yon ti moso lespwa toujou. Kriminèl yo ak iresponsab yo touye l.

Sepandan, ti lespwa sa a toujou la, andedan kèk moun ki an Ayiti, epi andeyò peyi a, tou.

Men, rès lespwa sa a pral mouri nèt si menm gwoup, pati, ak enstitisyon sa yo kontinye nan mawonaj, nan konte sou etranje, nan pe pale dwat.

Nou voye kondoleyans ak respè tou tout kam
arad travay li epi pou fanmi ak zanmi li.


Daniel Morel
Jane Regan
Wozo Productions[/quote]

User avatar
admin
Site Admin
Posts: 2153
Joined: Thu Nov 13, 2014 7:03 pm

Jacques Roche, se te yon gwo defansè kòz pòv yo !

Post by admin » Tue Jul 19, 2005 3:34 pm

Men tèks la atik Jaf poste anlè a te fè referans sou li a.

[quote]Jacques Roche, se te yon gwo defansè kòz pòv yo !

Noumenm, reprezantan òganizasyon ki ekri nòt sa a, nou vle fè tout piblik la konnen, Jacques Roche ki tonbe la a, se pa t sèlman yon jounalis, yon powèt, se te tou yon gwo animatè sosyal ki te toujou ap defann kòz sila yo ki pa gen vwa. Pou nou rann li omaj li merite, nou vle kanpe pou piblik la, aspè sa a nan lavi pèsonaj la ki pa souliye ase.

Nou te gen chans patisipe avèk Jak nan reyalizasyon anpil aktivite kote li te sèvi ak talan li, sans atistik li, amou l pou lakilti, kapasite l pou l ekri ak pale, pou l defann kòz peyi a, kòz sila yo ki pi pòv yo. Se konsa, ansanm avèk PAPDA, soti lane 2000 pou rive 2004, Jacques Roche te jwe yon gwo wòl nan mobilizasyon pou mande anilasyon
dèt peyi Dayiti. Li te ankouraje plizyè atis pent fè tablo sou kesyon grangou, sou lavichè ak dèt la. Avèk tablo sa yo, Jak te mache plizyè kote nan peyi a pou fè ekspozisyon ak konferans sou kesyon dèt peyi Dayiti, sou kesyon pwodiksyon nasyonal. Jak te vwayaje tou aletranje pou al fè divès moun konnen sitiyasyon lamizè, grangou peyi Dayiti, konsekans pwogram neyoliberal yo k ap depafini ak pwodiksyon peyi a.

Lè koze Zòn Franch nan Plenn Maribawou koumanse ap pale, Jacques Roche te gen tan devan pou l defann ti peyizan yo, gouvènman Lavalas la te deside retire sou tè yo, pou plante faktori. Nou pa ka konte konbyen monte-desann Jacques Roche te fè ak GARR ak PAPDA, ak delegasyon peyizan, etidyan, pou al rankontre abitan ak òganizasyon nan Wanament sou kesyon zòn franch sa a. Jak pa t janm pè ni move wout, ni move kondisyon transpò, ni manke lajan, pou l te ale kote yo te bezwen li. Se konsa, anplis Wanament, li t ale plizyè lòt kote ankò sou fwontyè a pou fè konferans sou kesyon zòn franch la.
r

Jak te gen anpil enkyetid sou sa Plenn Maribawou ta pral devni. Li te tèlman renmen bèlte plenn sa a, li te deside reyalize yon koleksyon foto sou li. Se konsa, li te mache nan plizyè enstitisyon, chache lajan pou l te ka peye yon fotograf pwofesyonèl pou fè foto nati plenn nan, pwodiksyon ki ladan l, rivyè ki travèse l, peyizan k ap travay sou tè yo. Ak foto sa yo, Jak te reyalize yon gwo ekspozisyon sou Plenn Maribawou, li te prepare yon bèl postè ki montre yon ti madann k ap keyi pwa, li te prepare yon pakèt kat postal pou l voye bay moun pou mande yo fè solidarite ak peyizan yo.

Plenn Maribawou te enspire Jak anpil, e sa te pouse l ekri yon tèks ki pote tit " Le Vent de Maribahoux ".

Jak te gen anpil rèv pou pwodiksyon nasyonal la. Detan li t ap kolabore ak PAPDA nan pwogram Sekirite alimantè a, li te toujou ap ensiste pou nou kreye yon gwo mache lakay kote nou ka vann pwodui ki soti nan chak zòn. Li te reve yon mache kote n ap fè pwomosyon pou pwodui orijinal ki soti nan cha
k depatman peyi a.

Jak te pran defans imigran yo, moun k ap kouri kite lakay yo. Youn nan pi bèl tèks li te ekri se yon powèm li te fè pou timoun nan batey yo ki rele "L'enfant de la canne/Timoun chan kann nan", kote li mete l nan po yon timoun nan batey pou pale de sa l santi. Powèm sa a te tradui nan plizyè lang e pibliye anpil kote sou yon postè.

Lanmou Jak pou peyi Dayiti, pou travayè yo, pou moun ki senp yo, pou pwodiksyon nasyonal la, li te montre l non sèlman nan pawòl li, nan tèks li yo, men tou nan fason li te viv ak moun. Malgre kapasite entèlektyèl li, Jak se te yon moun ki senp, ki fè l ak tout moun. Pi gwo plezi Jak, se te al manje yon bon mayi boukannen bò kote yon ti machann nan lari a, se t al bwè yon kafe lematen bò kote madann ki repite fè pi bon kafe a, se t al bwè yon bon konsonmen lèswa nan yon ti retoran li fèk dekouvri epi l ap fè pwomosyon pou li. Se konsa, Jak te vin zanmi anpil fanm k ap fè transfòmasyon pwodui lakay tankou manba, konfiti, chanmchanm, krema
s....

Jak te renmen moun, li te renmen zanmi, li te renmen vwazinaj. Nan biwo nou yo, lè Jak te pase pou rann nou vizit, se te toujou lajwa, kè kontan. Li konn tout moun, li gen yon ti mo ankourajman pou chak moun, kèlkilanswa nivo grad anplwaye a.

Youn nan bagay nou te apresye anpil lakay Jak, se kapasite dyalòg li ak tout sektè, depi se pou fè bagay ki bèl, ki byen pou peyi a oswa pou yon kòz avanse. Jak te konn ekri tèks pou nou, korije yo, depane nou lè nou gen twòp travay. Nou sonje jan li te angaje nan reyalizasyon Asanble Pèp Karayib la (APC) ki te fèt nan vil Okap nan mwa Out 2003.

Jak pa t yon militan politik, men se te yon nonm konviksyon, yon animatè sosyal ki renmen moun, ki renmen lavi, ki renmen sa ki byen. Li pa t gen fwontyè pou okenn klas sosyal. Li te vle chanjman tout bon vre pou peyi Dayiti. Li te gen lide sou sa ki merite fèt pou chanjman sa a rive, e li te toujou pare pou diskite ak kèlkilanswa idewoloji a, klas sosyal la pou fè deba a vanse. Jak pa t yon
moun ki te renmen konfli. Se te yon moun angaje, toujou pare pou rann sèvis, ki te ranpli kè l ak valè lajistis, libète, egalite, lanmou pou peyi l. Malgre tout fanmi l ap viv aletranje, li te pito rete an Ayiti, pafwa nan kondisyon difisil, paske li toujou di " Se isit la plas mwen ye ".

Se zanmi sa a, kanmarad sa a, gwo animatè sosyal sa a, militan sa a, powèt sa a, jounalis sa a, yo retire nan men nou kri konsa, jodi a. Devan kadav Jak, nou tout nou bese byen ba, pou n kriye doulè n, revòt nou, pou n reflechi, pou n eseye konprann sa k ap pase peyi nou an.

Noumenm reprezantan òganizasyon ki siyen nòt sa a, nou di OTAN. Twòp san koule nan peyi a! Nou mande popilasyon ayisyèn nan resezi l, leve kanpe, pou n soti nan vyolans sa a k ap toufe nou tout.

Pou fè konnen divès aspè nan lavi Jacques Roche epi pou rann li omaj li merite, nou menm ki siyen nòt sa a, nou envite tout sektè ki te gen chans travay ak Jak, pou yo òganize aktivite nan Pòtoprens kou nan pwovens nan memwa li. P
i espesyalman, nou envite sektè peyizan an, sektè ouvriye a, sektè k ap defann pwodiksyon nasyonal la, sektè dwa moun nan, atis yo, moun ki nan espò yo, jounalis yo, pou yo chak nan fason pa yo, fè konnen Jacques Roche, nan yon semèn omaj soti 18 pou 23 jiyè 2005.

Nou envite nou tout mobilize pou soufrans Jacques sibi yo, san li ki vèse a, renmen li te gen nan kè l pou peyi a, sèvi angrè pou wouze konsyans nou, ba nou kouraj pou nou kontinye batay pou peyi nou chanje.

Pòtoprens, 16 jiyè 2005

Men non òganizasyon ak moun ki siyen tèks sa a :

Groupe d'Appui aux Rapatriés et aux Réfugiés (GARR)

Plateforme Haitienne de Plaidoyer pour un développement Alertnatif (PAPDA)

Solidarite Fanm Ayisyen (SOFA)

Comité d'Appui à la Santé des Femmes (CASF)

Réseau National de Défense des Droits des Haitiens (RNDDH)

Sant Pon Ayiti[/quote]
_________________

Forwarded as a service of the Haiti Support Group - solidarity with
the Haitian people's struggle for human rights, participatory democracy and equitable development - since 1992.

www.haitisupport.gn.apc.org

Post Reply