Kontribisyon Afriken yo nan Relijyon/Politik nan Kiba

Post Reply
Jonas
Posts: 238
Joined: Sun Sep 07, 2003 11:53 am

Kontribisyon Afriken yo nan Relijyon/Politik nan Kiba

Post by Jonas » Sun Jan 23, 2005 10:08 am

[quote]Jonas, j'ai une suggestion pour toi. Si le temps le permet, il serait formidable que tu puisses nous faire un petit historique du Vaudou à Cuba, même si tu affichais cela par partie, pour que ce ne soit pas trop long. Cela ferait une belle série qui intéresserait bon nombre d'entre nous. [/quote]

Kite m fè yon eseye.

Mwen pa istoryen kou Lemane, kididonk mwen envite moun ki konn plis pase m, pou yo korije m.

Ma pe fè ti istorik, sou sa mwen aprann "à travers les ans",dan de liv tankou liv TAD SZULC lan "FIDEL, A CRITICAL BIOGRAPHY" (1984), ak sou AFRO CUBA WEB.

Bon kòm entrodiksyon, se pou nou di ke relijyon afriken yo nan Kiba, pa t janm gen menm relasyon ke relijyon afriken yo te genyen ak relejyon Katolik nan Sen Domeng pa exanp.

Tou senpman,Panyòl yo, te gen abitid viv ak Afriken kòt ak kòt, ak relijyon yo
tou.

Fòk nou remake se jis nan ane 1492, ke rèn IZABEL, te reyisi mete dènye afriken yo dèyò an Espay, se nan ane sa a tou, kòm nou tout konnen ke KRISTOF KOLON te antreprann vwayaj "dekouvèt" li yo.

Kèk dat

1513
Yon pwoprietè teryen ki rele AMADOR DE LARES jwenn pèmisyon pou li enpòte 4 Esklav Afriken de ISPANYOLA.

1517-1526
Panyòl yo, enpòte 300 esklav afriken an plis.

1526
Gen yon Dekrè Wayal (Cedula Real), ki bay esklav yo dwa pou yo achte pwòp libète yo, si yo kapab.

1538
Esklav yo te deja kòmanse ap revòlte. Yo ede kèk pirat Franse boule vil La Havann, ra pye tè.

1568
Yo rekòde fondasyon premye CABILDO Afriken yo nan Kiba.

Kòm mwen te remake deja, yon CABILDO se ekivalan sa nou genyen an Ayiti tankou nan SOUKRI ak SOUVENANS. Yon Cabildo dedye ak yon sél ORISHA (Lwa). Cabildo sa a se te CABIL
DO SHANGO. Shango se youn nan Orisha ki pi pwisan nan kosmogoni YORUBA yo.

Pi ta, AfroKiben yo pral òganize yon bagay ki rele MATANZAS. Matanzas yo, se yon koleksyon Cabildo.

Nan yon matanzas ou gen dwa jwenn plizyè Orisha, tankou SHANGO, ELEGBA, OLOSHUN, YEMANYAH (Ki se Ezili nou an), OGUN elatriye..

Matanzas sa yo pral jwe yon wòl enpòtan nan gè lendepandans Kiben an, ak LAME MAMBI an (Mambi se yon tèm kongolè)

1687
Nan fen 17yèm syèk sa a, pèsonn pa konnen ki kote relijyon katolik la kòmanse, ki kote l fini nan Kiba,menm jan tou ak relijyon Afriken yo.

Se sa k fè nan ane 1687 lan, gen yon "Synod Papal" ki bay Klèje Katolik Kiben lòd pou yo ajiste Kwayans Afriken yo, nan Kwayans Katolik yo.

1764
Se nan ane sa a, Vis-Wa Panyòl yo koumanse resevwa reprezantan CABILDO yo, nan palè l Lahavann, jou fèt Lè Wa, premye dimanch mwa janvye an.

Se pou w wè ki pwisans Cabldo yo, te koumanse genyen.

[
b]1806
Se lan ane sa, yo rekòde premye Matanzas yo.

Mwen te deja dekri sa yo te ye. Matanzas yo, te etabli konplètman sou identite nasyonal ak relijye afriken. Manm Matanzas yo, te konn leve kòb, pou yo achte esklav e mete yo an libète.

1836
Fulani Jihad, nan Nò Nijerya a, detwi "ANPI OYO" YORUBA (Sid Nijerya).

Kididonk, mesye ki te nan kòmès esklav yo, te fè piyay yo. Se pa t pil e pa pakèt mesye yo t al pran Yoruba pou yo al vann yo kou esklav nan Kiba. Se pou di tou, Yoruba sa yo, vin ranfòse kilti Afriken an nan Kiba, bagay ki pral gen konsekans pou esklavajis Kiben yo.

1863
Matanzas yo koumanse òganize,pou yo fè gè lendependans Kiben an.

Yon gwo bwa, ki te an chèf youn nan matanzas yo, e ki te tou an chèf Sosyete Sekrè EFIK ak EFO, te koumanse ap inisye blan Kiben, ki te vle revolte kont kolonyalis panyòl yo. Non misye se te ANDRES FACUNDO CRISTO DE LOS DOLORES.

[b:fa15de
ffc8]1868-1878
Se te premye tranch gè lendependans, yo te rele "gè diz an" an.

Lame sa a, te gen alatèt li, de nèg kou ANTONIO MACEO, MAXIMO GOMEZ, ak QUINTIN BANDERAS.

Lame sa a ke yo te rele LAME MAMBI (yon tèm Kongolè), te òganize konplètman "alafrikèn". Nan tout gwo batay yo, mesye yo te transpòte "La Regla" (sa nou rele "pwen" an Ayiti). Se te yon dife sakre ke QUINTIN BANDERAS ki te yon babalao (ougan) te responsab,e se menm Quintin Banderas sa a yo di ki te "Taktisyen" lame MAMBI an.

"La Regla" sa a ekziste toujou nan yon cabildo nan Kiba.

Annou fè yon ti pòz, na kontinye...

Jonas
Posts: 238
Joined: Sun Sep 07, 2003 11:53 am

Post by Jonas » Sun Jan 23, 2005 5:56 pm

Bon, annou kontinye ti esè an

1873
Se nan ane sa a,dènye bato negriye an,debake nan Kiba

1878
Jeneral lame panyòl lan rankontre ak ANTONIO MACEO pou yo met fen a "gè diz an" nan yon vil ki rele BARAGUA.

Misye vle separe MACEO, ki te yon nèg lib, ak rès Kiben yo ki te toujou nan lesklavay; se lè sa a MACEO reponn jeneral lan "Mwen se menm ak yo".

Misye di li pa p remèt zam li, toutotan ke esklav yo pa libere. Misye te vini ak eskòt li,jeneral lan te vini ak pa l. Te gen yon sese l fe.

1884
Panyòl vin realize pwisans CABILDO yo. Yo pa vle resevwa yo nan palè Gouvènè an, jou LE-WA ankò.

1886
Panyòl yo, aboli lesklavay nan Kiba. Se le 7 Oktòb.

1893
Fòs kolonyal yo, fè yon proklamasyon ki di ke Nwa ak Blan, gen menm dwa sivil ak politik.


1895
Ane sa a se yon lanne ak anpil evènman:

24 Fevriye - Dezyèm gè Lendepandans kòmanse.
Kounye an, plis ke 90% solda nan Lame Liberasyon (LAME MAMBI), se nèg nwa yo ye; paske gen anpil blan ki te nan premye gè an, ki vin ranka; yo vin wè si Lame Mambi an genyen gè an, dirijan yo tou se ap nèg Lame Mambi yo.

13 Mas - ANTONIO ak frè l JOSE MACEO debake nan lès Kiba.

11 Avril - Jose Marti ak MAXIMO GOMEZ debake tou, yo te soti Costa Rica.

18 Me - Jose Marti fè dènye deklarasyon l. Se yon deklarasyon enpòtan, paske li te profetik tou.

Kite m repwodwi l an angle pou nou pran tout sans li:
"IT IS MY DUTY TO PREVENT BY THE INDEPENDENCE OF CUBA, THE UNITED STATES FROM SPREADING OVER THE WEST INDIES AND FALLING, WITH THAT ADDED WEIGHT UPON OTHER LANDS OF OUR AMERICA. ALL I HAVE DONE UP TO NOW, AND SHALL DO HEREAFTER, IS TO THAT END.... I HAVE LIVED INSIDE THE MONSTER AND KNOW ITS INSIDES"

19 Me - Jose Marti mouri nan premy
e batay li te patisipe. Se te nan yon vil ki rele DOS RIOS.


1896
5 Jiyè - JOSE MACEO mouri nan batay LOMA DEL GATO.

7 Desanm - ANTONIO MACEO, jeneral an chèf lame Mambi an, mouri nan batay PUNTA BRAVA.

1897
MAMBISES tankou QUINTIN BANDERAS, GREGORIO SURIN, PEDRO IVONET, pran la relèv.

Rive nan fen lanne 1897, MAMBISES yo te fin genyen gè an, se sa k fè le 7 DESANM, yo te proklame endependans Kiba.

Prezidan ameriken an McKINLEY refize rekonèt endependans Kiba. Lè sa a tou, gran plantè Kiben yo te gen tan ap mande ETAZINI pou li entèvni.

1898
Se te maskarad gè kont Panyòl yo nan Kiba. Se te sèlman Lahavann ki te nan men Panyòl.

Lame Mambi an tou al fè erè, yo rete la gè an tou. Yon bagay yo pral peye chè, trè chè pou li pita.

1898-1908
Blan Kiben yo, ak èd Ameriken yo, te kòmanse ekate veteran lame Mambi yo, e yo te kòmans
e asasinen yo, youn apre lòt.
Nan fen 1898 lan, yo te touye QUINTIN BANDERAS nan Lahavann.

Lè mesye MAMBI yo vin realize ki jwèt ki ap jwe (li te gentan trò ta) yo fòme yon pati politik pou defann enterè yo. Pati an te rele "PARTIDO INDEPENDIENTE DE COLOR". Nèg alatèt pati an se te: JOSE MIGUEL GOMEZ, GREGORIO SURIN, PEDRO IVONET, EVARISTO ESTENOZ.

Mesye sa yo, se te veteran lame MAMBI an yo te ye.

1910
Partido Independiente de Color lan fè blan Panyòl ak Ameriken yo pè. Yo pran yon lwa, ki rele AMANDMAN MORUA, pou yo deklare pati an ilegal, paske manm pati an se te sèlman nwa ak milat, yo pa t gen manm blan ladan l.

1912
Se te pita pi tris. Nan lanne sa a ak konplisite marin meriken, ki fèmen tout pò yo, pou pèsonn pa chape.

Nan lanne sa a, lame Kiben an, ke ameriken yo te refòme ak yon kò ofisye ki te gen blan ladan l sèlman, masakre plis ke 6000 manm pati Independientes lan.

Yo touye tout lidèchip p
ati an, e pi pou la premyè fwa yo atake senbòl kilti ak relijyon nwa Kiben yo.

Bagay sa a te tèlman terib, ke se sou gouvènman FIDEL CASTRO an ke nèg nwa vin rekòmanse montre fyète nan kilti ak relijyon yo ankò.

Leonel JB

Post by Leonel JB » Tue Jan 25, 2005 5:22 am

Jonas, pa fE sa m pap fE w.

Ou komanse ap bay filing e pi ou rete. Ti istwa te trE enteresan. Pa rete m sou rout. Apre 1912, sak pase?
leonel

Jonas
Posts: 238
Joined: Sun Sep 07, 2003 11:53 am

Post by Jonas » Tue Jan 25, 2005 7:01 pm

Leonel,

Mwen te rete ak 1912, paske apre ane sa a, Cabildo ak Matanzas pa t gen pouvwa ke yo te genyen anvan. Paske kòm mwen te di l, represyon an te terib, non sèlman anpil tèt nan Cabildo yo te pèdi lavi yo, Ameriken yo ak asosye Kiben yo te touye manm de òganizasyon ke yo te rele "Sociedades de Color". Yo dekapite lidèchip nwa Kiben yo.

Pou w konprann, zak sa a ke Ameriken yo te poze nan lanne 1912 lan, se pou w konprann ki jan Ameriken yo te toujou wè Kiba.

Kiba, se sèlman a 90 mil li ye de Otezani, li pa 650 mil tankou distans Ayiti-U.S lan.

Nan premye mwatye 19yèm syèk lan Etazini te mete l an kwa kont tout tantativ endependans Kiba. An 1825, te gen yon tantativ Mexico ak Venezuela pou yo fè yon debakman nan Kiba pou yo pote lit anti-kolonyalis lan nan peyi sa a. Etazini, paske yo konnen Kiba tèlman pre, e ke endependans Kiba ka gen repèkisyon sou lesklavay nan Eta Sid Etazini, fè Mex
ico ak Venezuela konnen ke y ap bloke kelkeswa tantativ pou separe Kiba de Lespay.

Se HENRY CLAY ki te bay Mexico ak Venezuela avètisman sa a.

An 1848 Prezidan Ameriken an POLK ofri Lespay 100 milyon dola pou Kiba. Panyòl yo refize.

An 1850, gen yon seri enterè prive ameriken ki peye yon group mèsenè ki gen alatèt yo yon venezuelyen ki te rele NARCISO LOPEZ pou y al pete lòbèy nan Kiba. Kolonyalis panyòl te kraze yo.

Kididonk, an 1898, lè Ameriken yo deklare Lespay lagè, se te pou bloke avans lame MAMBI an ki t ap siyifye yon pouvwa nèg nwa nan Kiba.

E nèg sa yo, se te nèg nwa ki nwa vre, nan kilti yo elatriye.. An 1899, apre Ameriken yo okipe Kiba, premye bagay yo te kòmanse fè se chache mwayen pou bloke dwa de vòt afro-kiben yo.

Listwa se listwa, gen twòp varyab, men nan yon jan nou ka imajine si Lame Mambi an te pran pouvwa nan Kiba, konsekans sa ta k
ap genyen pou vize enperyalis ameriken yo.

Imajine n lè PERALTE pran lè zam pou l reziste kont Ameriken yo, mesye MAMBI ki te admiratè revolisyon ayisyen an, imajine n kantite volontè MAMBI ki t ap rejwenn yon nonm kou PERALTE pou konbat anvayisè ameriken yo.

Bon, ann sispann reve e kontinye fè ti istwa a.

An 1912, apre masak mesye Mambi yo, mesye Pati Independenties yo ak Sociedades de Color yo, Ameriken ak alye blan Kiben te touye aspirasyon politik Afro-Kiben. Nèg ki te rete yo te twomatize.

Se sa k fè genyen ladan yo ki te chache lòt fòm de lit.

Genyen ki antre nan fòmasyon sendikal. An 1925, yon ansyen MAMBI tankou INOCENCIA VALDES ak de lòt Afro-Kiben tankou CARLOS BALINO, LAZARO PENA ak BLAS ROCA ede fòme Pati Kominis Kiben.

Mesye sa yo ak grèv e lòt aksyon ede nan ranvèsman diktatè ki te sou pouvwa e nonmen yon gouvènman pwogresis ki te gen alatèt li yon nonm ki te rele GRAU-SAN MARTIN ki te pwofesè n
an Inivèsite Lahavann. Gouvènman sa a te dire 100 jou.

Franklin Roosevelt bay minis li Sumner Welles lòd pou l ranvèse gouvènman an, paske li t ap mande bagay tankou jounen 8è d tan, sekirite sosyal elatriye, bagay ki pa t bon pou pòch konpayi ameriken yo ki te nan boulswif yo nan Kiba alepòk.

Yo ranvèse San Martin ak sa yo terele "Koudeta Sèjan yo".
Kilès ki te nan tèt Sèjan yo alepòk se te FULGENCIO BATISTA.
Se te an 1933. BATISTA pral dirije Kiba, dirèkteman ou byen ak popetwèl jis kan 1959.

Se pou di vagabon sa a, ki te yon milat, ki te kont enterè nèg nwa nan Kiba, lè li wè kafe l ap koule ak ma nan fen lanne 1958, te eseye jwe kat rasyal lan.

Batista te deklare ke preske tout moun ki te nan direksyon lame Castro yo, se te blan e ke anpil moun te vle jete l paske li pa t blan.

Te gen yon pa de verite nan sa Batista te di an, men Castro ki te yon malen, ta pral dejwe tantativ sa a.

Castro ki te fèt n
an pwovens ORIENTE an, te konn kilti Afriken an pi byen ke BATISTA.

Na wè ki sa Castro pral fè!

Post Reply