Creating the Perfect World

Post Reply
User avatar
admin
Site Admin
Posts: 2153
Joined: Thu Nov 13, 2014 7:03 pm

Creating the Perfect World

Post by admin » Wed Mar 16, 2005 7:58 am

In a perfect world, there would be no rats, mosquitoes, or cockroaches...

or I would modify their genomes to give them all the irresistible urge to dive into the ocean, and be part of the maritime food chain.

User avatar
admin
Site Admin
Posts: 2153
Joined: Thu Nov 13, 2014 7:03 pm

Post by admin » Tue Mar 22, 2005 6:12 pm

Pyèsmoun pa reponn mwen sou koze sa, oswa bay pwòp lide yo sou jan yo ta chanje lemond.

Kidonk, te mwen bay kontrepati pwòp sa mwen te di yo.

Se vre mwen ray moustik, ravèt, ak rat.

Men sipoze tout moustik, tout ravèt, tout rat disparèt demen maten. Konbyen espès zwazo ak chòvsourit ki pral disparèt tou paske pa gen moustik pou to manje? E lò ti zwazo sa yo disparèt, konbyen gwo zwazo tou pral blije disparèt paske yo pa jwenn ti zwazo pou yo manje?

E ravèt yo menm? Yo menm tou gen plas yo nan lanati. Men tout reflechi mwen reflechi, mwen pa kab wè itilite yo. Mwen bwè pwa. Rat yo, de menm.

Men tout lide m di mwen, se kontwole pou nou chache kontwole popilasyon tout espès bèt ki egziste. Se yon erè kapital e irevèsib lò okenn nan yo disparèt. E menm pi degoutan yo.

Leonel JB

Post by Leonel JB » Wed Mar 23, 2005 12:51 am

Yo rele m: Brav danje responsab malE.

On mond pafè:

Se yon kote kote tout moun ak viv an amoni.
Kote youn renmen lòt.
Youn ap ede lòt.
Kote le mond kwape move maladi.
Kote mechanste paka boujonen.

On mond pafè:

Se kote peyi Ewosantrik yo ta remèt Lafrik tout resous yo te vòlè depi dikdantan.

Kote tout vakabon ti sousou, zenglendo, makout mechan, dròg dilè, mògè, grenn sonnen, piyajè avèk kadejakè ak pwotistiye a viv nan yon ti zil pou kont yo pou yo fè Dap piyanp sou menm yomenm nan.

On mond Pafè se yon mond kote on moun pa bezwen on ti moso papye poul ka achte sa l bezwen.

On mond pafè, se kote on moun kab aksepte diferans on lòt san l pa panse de koulè po. Ki on ti kras kontradiktwa, paske diferans malfektè yo, fè m voye yo nan ti zil pou yo viv pou kont yo.

Nou wè byen, mwen pa pale de Prejije. Paske, li pa posib pou nou retire l. Paske, de nati, Lòm toujou jije on bagay a
van l gen kontak avè l. Se pa yon pwoblèm. Li pwoblèm, se lè ON MOUN ak baz prejidis li, li diskrimine yon lòt...

Donk, mesyedam la sosyete, men itopi pa m, ke m ban nou ak tout kè m san magouy, san blag, san mank. Na ban m pa nou oudimwen na kritike sa m ekri yo la jounen jodi a.

Mwen met van nan vwal mwen, BAJOU
leonel

User avatar
admin
Site Admin
Posts: 2153
Joined: Thu Nov 13, 2014 7:03 pm

Post by admin » Wed Mar 23, 2005 7:23 am

[quote]Se yon kote kote tout moun ak viv an amoni.
Kote youn renmen lòt.
Youn ap ede lòt.
Kote le mond kwape move maladi.
Kote mechanste paka boujonen.[/quote]

Epi ou di ou pa kwè nan Bondye! Wi mwen dakò ou dekri yon mond pafè la, men relijyon di apre lanmò na twouve mond sa. Men remake tou ou kite domèn lasyans ak teknoloji a nèt ale.

Kèk ti kesyon sou pasaj anlè a:

1) Si lemond kwape move maladi, kouman moun ap mouri nan sosyete w la? (oswa yo deja resevwa lavi etènèl...)

2) Sa ou panse de lanmò? Eske lanmò nesesè pou rejenerasyon lavi ou li pa nesesè?

3) Si lavi kapab renouvle san lanmò, kote lemond ap twouve plas pou tout kretyen vivan?

4) Lò lemond kwape "move" maladi, èske "bon" maladi se pa yo kap tounen "move" maladi otomatikman?

5) Si mechanste paka boujonnen, pou ki ta gen lòt defo menm?

Sa ou dekri la, se paradi terès la. Gen anpil moun
ka di ou, nou te genyen l deja, nou pèdi li paske "n al goute fwi pye bwa ki donnen konesans le byen ak le mal", epi se lò nou fin mouri nou va twouve l ankò si nou kwè nan tout bagay sa yo (ak de ou twa lòt kondisyon ankò). Mwen wè ou gen anpil lafwa, Leonel, menm si ou pa admèt sa.

User avatar
admin
Site Admin
Posts: 2153
Joined: Thu Nov 13, 2014 7:03 pm

Post by admin » Wed Mar 23, 2005 7:58 am

[quote]Se kote peyi Ewosantrik yo ta remèt Lafrik tout resous yo te vòlè depi dikdantan. [/quote]
Sa se yon mond yo rele "Afrikayiti".

[quote]Kote tout vakabon ti sousou, zenglendo, makout mechan, dròg dilè, mògè, grenn sonnen, piyajè avèk kadejakè ak pwotistiye a viv nan yon ti zil pou kont yo pou yo fè Dap piyanp sou menm yomenm nan.[/quote]
Sa se yon mond yo rele "Lanfè" . . . Oubyen "Latè" (kote Pechè fè peche sou menm yomenm nan).

[quote]On mond Pafè se yon mond kote on moun pa bezwen on ti moso papye poul ka achte sa l bezwen.[/quote]
Sa se yon mond yo rele "BushWorld". Ou pa bezwen papye, ou bezwen "WMD".

[quote]On mond pafè, se kote on moun kab aksepte diferans on lòt san l pa panse de koulè po.[/quote]
Sa se yon mond yo rele "WonderWorld". Jan Ayisyen di, Lannuit tout fanm bèl.

[quote]
Nou wè byen, mwen pa pale de Prejije. Paske, li pa posib pou nou retire l.[/quote]
Leonel, si ou kapab elimine mechanste, ou kapab elimine prejije tou.

[quote][Prejije] pa yon pwoblèm. Li pwoblèm, se lè ON MOUN ak baz prejidis li, li diskrimine yon lòt... [/quote]
Sonje, diskriminasyon pa posib, paske ou te deja elimine mechanste. Kidonk pa gen prejidis ankò. Kanta prejije, nan pwen sa pyès paske nan mitan mond pafè sa, gen yon gwo pye bwa yo rele "Pye Lakonesans" ki kaba tout fòm prejije depi anvan yo boujonnen.

[quote]Donk, mesyedam la sosyete, men itopi pa m, ke m ban nou ak tout kè m san magouy, san blag, san mank. Na ban m pa nou oudimwen na kritike sa m ekri yo la jounen jodi a. [/quote]
Nou pa kab kritike ou, sèl bagay m ap mande se ki kote mwen kab achte yon tikè ale-retou pou mwen vizite mond pafè sa. Si mwen renmen li, ma fè yon lòt kado tikè retou a.

Leonel JB

Post by Leonel JB » Wed Mar 23, 2005 8:39 am

Vin Dànmak...

Guy ekri:
[quote]Epi ou di ou pa kwè nan Bondye! Wi mwen dakò ou dekri yon mond pafè la, men relijyon di apre lanmò na twouve mond sa. Men remake tou ou kite domèn lasyans ak teknoloji a nèt ale. [/quote]

Monchè mwen stil gen tandans kretyèn paske fò w sonje, plis ke mwatye nan vi m, mwen te yon katolik. Mwen te nan lekòl katolik an Ayiti epi mal nan "Saint John" inivèsite ki fè m pran twa kou teyoloji ak twa kou filozifi ak baz teyoloji. Kididonk, mwen gen aspè kretyen ak lavaj mantal ke kolon yo te ban mwen an. Gen anpil lot defo ke m genyen ki rete toujou paske moun leplisouvan se fwi anviwonnman l.

Apre m fin pran ansyen testaman, bagay la chanje. Paske pè yo pat kapab reponn keksyon yo... Sa pou yon lòt Brase Lide.

Guy, fò w sonje, se yon rèv mwen genyen pou latè. Pa pou anlè a ki pa ekziste pou mwen.

Pou maladi yo, alzamè, kwachiOkO, kansè, sida, tibèkiloz ak ibola
se yo mwen genyen nan tèt lis la. Moun tap mouri ak vyeyès pou fè plas pou lòt jenerasyon.

Mwen jete m
leonel

User avatar
admin
Site Admin
Posts: 2153
Joined: Thu Nov 13, 2014 7:03 pm

Post by admin » Wed Mar 23, 2005 12:36 pm

kwachiOkO ??? Ki kalite maladi sa ye, papa? Mwen pa kwè mwen rekonèt li. Petèt se jan ou ekri li a, mwen pa konnen, antouka li pa vin nan lide m. Ede mwen souple.

Gelin_

Post by Gelin_ » Wed Mar 23, 2005 2:19 pm

[quote]kwachiOkO ??? Ki kalite maladi sa ye, papa? Mwen pa kwè mwen rekonèt li. Petèt se jan ou ekri li a, mwen pa konnen, antouka li pa vin nan lide m. Ede mwen souple.[/quote]
Maladi kwatchiòkò a se lè timoun pa jwenn ase manje pou yo manje, epi ti bwa pye yo ak ti zo men yo vin fen pandan ke vant yo laji mwengwosè. Leplisouvan, ticheve yo konn vin fen ak tourouj. Anpilfwa bonbonfle ap swiv yo tou. leonel pa vle wè maladi sa a.

gelin

User avatar
admin
Site Admin
Posts: 2153
Joined: Thu Nov 13, 2014 7:03 pm

Post by admin » Wed Mar 23, 2005 6:35 pm

Mèsi pou enfòmasyon an, Gelin. Souple, ekri non maladi sa pou mwen an angle ak an franse tou. Se kapab yon "mental block" mwen te genyen, paske mwen te sipoze konnen sa. Antouka, grangou pa janm dous. Malnitrisyon menm, ak karakteristik li yo, se pi gwo eskandal ki genyen sou latè!! Paske se pa manje ki manke. Anpil kote menm, manje ap gaspiye. Men lèzòm refize devlope yon sistèm distribisyon entènasyonal pou kwape malnitrisyon ak "starvation" (literalman, mouri grangou). Se pa "leonel pa vle wè maladi sa a", se nou tout ki pa vle wè li (mwen sipoze).

Epoutan, milyon timoun ak granmoun tou ap mouri grangou ak malnitrisyon nan Lafrik ak nan lòt peyi yo kenbe nan soudevlòpman.

Se sa ki fè latè tounen yon lanfè. Gran puisans yo pa ezite depanse yon milya dola pafwa sou yon sèl bonb oswa misil pou yo tiye pi gran nonb de moun ke posib oubyen pou yo detwi pi fò pati nan yon anviwonman. Men di yo pou yo pran ti kal nan bidjè sa pou
yo konbat kòz lamizè nan lemond, pou pyès timoun pa janm mouri grangou ankò, w ap tande yo di ou yo pa gen dwa dispoze lajan takspeyè yo nan bagay konsa. Si se pou touye moun, pou devlope "tactical nuclear missiles" oswa lòt salopri zam konsa, lò sa yo konsidere ke non sèlman yo gen dwa itilize lajan takspeyè yo, men yo gen dwa rantre sa nan yon bidjè sekrè kote takspeyè pap menm konnen kouman yo itilize lajan l lan. Epi sa je pa wè, kè pa tounen... jiskaske yo peye konsekans yo, yon fason ou yon lòt.

-------------------------------------
"Nan mond pafè "BushWorld" la, ou pa bezwen dola pou peye pou petwòl, sa ou bezwen se WMD.

Shellony

Post by Shellony » Wed Mar 23, 2005 7:04 pm

[quote]Mèsi pou enfòmasyon an, Gelin. Souple, ekri non maladi sa pou mwen an angle ak an franse tou. Se kapab yon "mental block" mwen te genyen, paske mwen te sipoze konnen sa. Antouka, grangou pa janm dous. Malnitrisyon menm, ak karakteristik li yo, se pi gwo eskandal ki genyen sou latè!! Paske se pa manje ki manke. Anpil kote menm, manje ap gaspiye. Men lèzòm refize devlope yon sistèm distribisyon entènasyonal pou kwape malnitrisyon ak "starvation" (literalman, mouri grangou). Se pa "leonel pa vle wè maladi sa a", se nou tout ki pa vle wè li (mwen sipoze).
[/quote]
Mo sa a mwen kwe se nan you lang afriken li soti, si mwen pa tronpe m se Ginen. Franse ak angle ekri li konsa "Kwashiorkor" men se you mo ki byen koni lakay nou an Ayiti. Li manifeste e dekri nan diksyone egzakteman jan gelin di a. Se pandan (anfaz ajoute). Gen peyi nan lot kontinan ki gen anpil malnitrisyon tou, map mande pu kisa you diksyone medikal defini maladi a kom si se you maladi afriken.

Si anpil moun pa vle we malnitrisyon, mwen sipoze anpi l renmen l paske li pemet yo pran "bel foto" pou yo ka ekri tout kalite atik sou peyi ki pa devlope yo tankou Ayiti ak anpil peyi nan Lafrik. Sa pemet anpil lajan ranmase sou non nou san nou pa benefisye anyen e anpil moun pe al lakay nou paske yo kwe tout sa nou genyen se mize ak grangou.

Shelony

Post Reply