Yon lòt kalòt pou viktim kolera-Nasyonzini a

Post Reply
Serge
Posts: 326
Joined: Mon Jan 01, 2007 10:39 am

Yon lòt kalòt pou viktim kolera-Nasyonzini a

Post by Serge » Sat Jan 10, 2015 12:42 pm

Pou moun ki panko li atik sa, pou enfòmasyon nou.

http://www.nytimes.com/2015/01/10/world ... .html?_r=0


Haiti: Judge Throws Out Cholera Suit Against U.N.
A federal judge in Manhattan dealt a set back on Friday to victims of Haiti’s cholera epidemic who have been seeking to hold the United Nations responsible. Judge J. Paul Oetken dismissed a class-action lawsuit by Haitians against the United Nations, deeming the organization immune because of treaties. Lawyers for the plaintiffs vowed to appeal. “The court’s decision implies that the U.N. can operate with impunity,” said Beatrice Lindstrom, a lawyer with the Institute for Justice and Democracy in Haiti, which helped file the lawsuit in October 2013. Two other lawsuits filed by Haitian cholera victims are still pending in American courts. The cholera epidemic, which has killed 8,700 people in Haiti since 2010, has been traced to infected United Nations peacekeepers who were then assigned to the country.

Pou moun ki enterese nan sityasyon sa, se yon desizyon ki gen yon pakèt repèkisyon sou enstitisyon entènsayonal anjeneral e sou Nasyon Zini an patikilye.

Pwoblèm lan, se ke ou gen yon enstitisyon entènasyonal ki tonbe sou jiridiksyon Konvansyon Vyèn lan (Convention de Vienne sur les relations diplomatiques) ki bali iminite diplomatic; kididonk, yo paka manyen li, kèlkeswa sa li fè, oubyen diplomat li yo fè. Sou yon lòt bò, ou gen sityasyon kote menm enstitisyon sa ki gen iminite diplomatik, vyole lwa peyi kote lap opera a. Kilès ki pou regle pwoblèm sa? Eske enstitisyon sa gen dwa rive yon kote lap opere kom si se nan savann li ye? Kilès ki pou fèl ran kont jesyon li nan yon peyi. Eske se lwa lwijanboje a kap opere la (La loi du plus fort) osnon eske se prensip jiridik entènasyonal la ki pou gen fòs: tout peyi gen menm kondisyon jiridik nan yon enstitisyon entènasyonal. Li klè pou tout moun koulye a: lè ou se ti peyi, rete nan wòl ou; lè ou se yon ti peyi nwa, se pi rèd; lè ou se yon ti peyi tankou Ayiti kote tout moun ap toupizi w, se pa pale. Lè ou gen dirijan ki fin tounen konze, lè sa menm, ou pa nan batay menm.

Se nan sityason sa nou ye nan jounen jodya. Nasyonzini reskonsab pou lanmò plis pase 8 000 moun. Pa gen konpansasyon pou pèsonn, Nasyonzini pa vle rekonèt rapò yon seri ekspè ki di ki kote reskonsabilite a ye nan epidemi kolera sa, Sekretè jeneral òganizasyon an nan tèt jwèt li, MINUSTAH nan tèt jwèt li an Ayiti, dirijan nou yo pa gen kran ase pou ekzije anyen paske yo depann de MINUSTAH. Nou anba dlo tout bon!

Mwen panse se grav pou mwen pa wè bann entelektyèl nou yo, avoka, nou yo, nèg save nou yo kap ekri liv tout lajounen, paka parèt ak yon dokiman chaje ak agiman, ak bon jan analyz, pou demontre kouman Nasyonzini pa gen dwa, paske li gen iminite diplomatic, antre nan yon peyi - menm si se sou envitasyon - pou li vinn demantibule peyi sa, kreye kondisyon ki fè plis pase 8 000 moun mouri. Kote yo? Genyen pami yo ki se grand avoka, ki gen eksperyans jiridik nan dwa entènasyonal, ki pratike; kote yo? Nan kontèks sa, map di "chapo ba" pou Me Andre Michel ak Me. Newton Saint-Juste ki se sèl avoka aysisyen kap mennen batay la kont Nasyonzini nan non plizyè viktim an Ayiti. Pou sa mwen konnen, mwen pa kwè gen okenn lòt avoka ayisyen ki atake dosye sa ak tout agresivite sa. Se sa pou otorite lajistis nou an ak Ministè zafè lòt bò dlo te dwe fè. Nou nan yon sityasyon nan jounen jodya kote se blan an kap goumen kont Nasyonzini pou nou menm Ayisyen! A la yon gwo tristès pou nou menm ak pou peyi a nan okazyon 12 janvye sa!

jafrikayiti
Posts: 218
Joined: Fri Dec 29, 2006 7:16 pm

Re: Yon lòt kalòt pou viktim kolera-Nasyonzini a

Post by jafrikayiti » Sat Jan 10, 2015 3:46 pm

Serge,

Daprè sa m obsève, se plizyè lòt kalòt konsa n ap oblije pran nan men gang kolon yo anvan nou reyisi reveye nou nan pwofon somèy n ap boloze a.

Konpòtman Nasyonzini ann Ayiti, se konpòtman bandi, kriminèl. E, se pa nan krim kolera a sa kòmanse. Tankou divès rapò te montre sa depi debakman 2004 la, se pil ak pakèt frè ak sè nou yo blan yo masakre dekwa pou yo te reyisi enstale diktati fòs etranje yo nan peyi a.

Enplikasyon enstitisyon tankou Legliz Katolik ak Legliz Episkopal nan swadizan mouvman pou rezoud kriz politik la, se pa yon aza. Kolon yo itilize tout zouti yo genyen nan asnal yo, pou asire yo Ayisyen distrè, Ayisyen plonje nan konfizyon, e sitou, Ayisyen pa dirije kòlè yo sou veritab lenmi yo - Kolon-kidnapè-koleramann (kkk) yo!

Mwen rete kwè ane 2015 lan, ki se 100èm anivèsè debakman Yanki yo, 5 èm anivèsè goudougoudou ak krim koleramann yo, se yon ane kote Ayisyen ap oswa reveye pou nou choute bounda kkk, oswa y ap tou antere kadav nou nètalkole.

Nou deja rive sou 1 milyon moun ki kontamine ak kolera kaka kolon blan yo epi 10 mil ki mouri anvan lè, akòz zak kriminèl sa a. Gen lè gen moun k ap tann yo wè pankat "Je suis viktim Kolera", sou ekran CNN, BBC ak Radio-France avan yo resi reveye nan dòmi.

Jaf
http://www.medindia.net/afp/images/Hait ... 210385.jpg

Post Reply