Racial issues in the Bible

Post Reply
Widy_

Post by Widy_ » Sat Nov 27, 2004 6:03 pm

Mwen ke jous fè oun pwen si oun biten kè Nekita di; se lè-y pale dè CHAM e li di ka sa vle di solèy.

Mwen ke jous pòte oun ti konpetans lengistik kè m gen nan langue semit la.

Efèktivman, sham ou plizoumwen SHAMS vle di solèy nan lang arab; mwen pa sèten sili ka yekri menm biten nan lang ebre a, men mwen ka kwè se menm biten tou.

Lè nekita tou ka pale dè solèy ki fonse la po moun yo, mwen ka fè nou rèmake, kè an orian, nan peyi abraham, nan peyi moyiz, nan peyi jezi, se dezè e chalè ki la, donk an pon jan se moun orijinal rejioun tala pate blan.

Tout se rèlijioun sa yo gen menm fondman istorik la e se de rèlijioun ki sòti lorian.

Jòdijou òksidanto adopte kristyanizm kon rèlijioun yo , men a lorijin se pa en ewòp li sòti.

Se pou sa mwen pa tro dakò èvè tèz koulè nwa a.

Pou mwen rasizm nan bib la se sitou, lè yo ka pale dè pèp eli, ki ka sou antann kè rèstan an pa eli donk dezièm ou dènye klas.

r
Moun ki ka konsidere yo kon siperyè paskè yo se pèp bondye, pou mwen se la danje a ye la.

Kote a nèg, mwen ke di kè rasizm la ki asi nou la se lè yo pale dè faraoun, e yo toujou modi zansèt ejipsyen nou, fè yo pase kon moun ki ka fè idolatri e ki pateka suiv chimen bondye.

Tèz tala nou ka touve-y adan se 3 gran rèlijioun orian yo.

Pou wouvin si kretyen, e sitou si katolik, mwen ke di pou m fin, kè youn dòt rasizm ankò si nèg se lè yo ka rèprezante satan kon nèg. Yenki gade sen Michel, li ka pile oun nèg, ki ka rèprezante byensi DEMON AN.

Pou mwen sa se youn rasyzm ki fè e ka fè oun lo prejidis a nèg, padavwa kè tout ti moun blan nan enkonsyan yo, nèg se satan.

Kon nou sav, pawòl ka menne pawòl, mwen ke KODA si kristyanizm pou di kè nan repètwa litirjik yo, e menm nan bib la, fò nèg pran kouraj pou rèmake, kè prezantasyoun palestin, kon bèl kote ki ka koule lèt e miyèl se pa sa ankò, e kon nou tout sav, se tribilasyoun e enjistis ki ni la jòdijou.

Mwen ka rèmèsye Ne
kita dè pòste sije tala.

Widy

Widy_

Post by Widy_ » Sun Nov 28, 2004 5:03 pm

YAWABOBO,

Mwen ke ale pli lwen ki-w ankò, nan zafè koze sa, piskè sa ka fè lontan kè mwen bizwen vini ba zòt èvè de konsèpt kè pèp nèg kretyen periferik pa konnen.

Nan liv KORAN an, yo ap pale dè sa yo rele "NASS EL KITAB" ki VLE DI AN GRO pèp kè bondye ba liv e voye oun mesaje ba yo (rasoul).

Nou ka wè kè jòdijou, tout pèp si latè gen oun liv, e si ou malpale liv moun yo, yo kab fè-w nenpòt ki biten tèlman liv yo sakre.

Si nap gade sitiyasyoun pèp nou yo nap wè tou, kè se yenki nou ki pa "NASS EL KITAB" e bondye poko janm voye ban nou oun "rassoul".

Teori tala, arab baze yo oun lo asi-y pou montre kè bondye te voye liv ba jouif, kretyen men pate janm voye ba yo, ki fè kè apre sa bondye voye tayo ba yo "NAZALA EL KITAB" e byen si voye oun profèt ba yo tou "EL RASOUL" .

Kounye a si nou wè problèm la en 3 D ou si zò le, si nou transpoze-y nap wè kè se nou ki pa gen ni RASOUL e ni KITAB.

Ki jan pou no
u pran sa? Es oun boun biten, ou oun move biten ?

Pou mwen li plis ki pozitiv piskè, sa vle di kè PROCHEN PROFET ki pral vin si la tè (si nou suiv teori oriantal yo) se ta nèg.

Nou pe toujou kwè kè nou pa gen anyen, e bagay la pa boun ban nou, men pa gen rezoun dezèspere, piskè nap wè kè bondye toujou voye pwofèt si la tè (RLOUSSOUL).

Alòs ès kè fò pa tout nèg ki ka rèspèkte-y oubyen nou tout an nou, pa kab mande boundye nan priyè nou e kèlkè swa rèlijioun li ye, ki tan li pral voye ban nou "RASSOULOUNA=profèt an nou"??

User avatar
admin
Site Admin
Posts: 2153
Joined: Thu Nov 13, 2014 7:03 pm

Post by admin » Mon Nov 29, 2004 9:32 am

[quote]22 Lè Kam, papa Kanaran, wè papa l' toutouni, li ale di de frè l' yo sa.
23 Men, Sèm ak Jafè pran yon gwo rad, yo chak pran yon bout, yo pase l' dèyè do yo, yo kenbe l' anwo zepòl yo. Yo mache pa do, yo antre, yo kouvri papa yo san yo pa janm vire tèt yo gade dèyè. Konsa yo pa wè papa yo toutouni.
24 Lè Noe soti anba toudisman diven l' lan, yo di l' sa dezyèm pitit gason l' lan te fè l'.
25 Li di. Madichon pou Kanaran! Se pou l' tounen dènye klas esklav frè l' yo.
26 Li di ankò. Lwanj pou Seyè a, Bondye Sèm lan. Se pou Kanaran tounen esklav Sèm.
27 Se pou Bondye mete sou byen Jafè yo. Se pou pitit pitit Jafè yo viv byen ak pitit Sèm yo. Se pou Kanaran tounen esklav yo.[/quote]

[quote]Men kisa Bib la te di :

'Cham te wè papa'l (Noe) nan relasyon'l ak Bondye, nan nidite relasyon a. Noe di Cham, paske ou wè ki jan mwen aji ak Bondye, o
u beni, se ou ak desandans ou ki pral montre ki jan yo dwe sèvi Bondye. Nan koze sa a, Sem ak Japhet dwe suiv sa Cham di a.

Bagay malediksyon Cham nan se youn manti voye monte...[/quote]

Mezanmi, KONTRADIKSYON ant sa Nekita revele yo ak pa Yaw Abobo a tèlman ekstrawòdinè, tout sa mwen ka di sè ke MWEN BWÈ PWA!

Men sepandan, Nekita fè yon gwo pwen sou Abobo nan sans ke Nekita limenm revele tou sous ekstrè li yo. Yaw lage kokenchenn revelasyon li fè a nan gòjèt nou san li pa di nou ki kote li te fabrike. Petèt se vèsyon Abobo a ki veridik. Men se pa konsa lakonesans mache. Entelijans vle di fòk nou toujou chache konnen sous koze yo anvan nou kouri aksepte yo kòm bagay ki veridik. M espere Yaw a fè dilijans sou sa.

Men ki sa mwenmenm mwen kab di sou revelasyon biblik yo, jan Nekita louvri yo sou nou la?

Mwen kab di granmoun yo te rele NOAH sa (dapre vèsyon sa) se yon granmoun kite ANRAJE. Yon papa pa JANM gen dwa ni kondane pitit li ni abandone li nan lesklavaj.
Daprè sa mwen li la, nèg sa se pa yon nèg ki te sen ditou. E si Bondye se Lanmou, li pa te fouti aji lan non Bondye ak kalite deklarasyon sanginè sa yo. E pou ki tout bri? Pakse pitit li te wè li toutouni??? Bon, si pitit li te kenbe li nan "Dieu seul me voit" ki sa li ta fè menm? A la de traka papa!

Dayè yon Bondye ki Lanmou pa te kapab koute kalite vye pawòl santi sa yo ki sòti nan bouch granmoun lan. Yon Bondye ki Lanmou pa ta kab koute malediksyon san mezi ki sòti nan bouch yon granmoun ki an eta de kòlè! Si Bondye granmoun tout bon, se pa nan bouch Noah li pa pran zòd li, asavwa ki moun pou li beni, ki moun pou li modi. Bondye ta di li: "Gade Noah, ret trankil tande!"

Antouka, mwen kwè Cham te merite yon "Pulitzer Prize" pou kalite gwo repòtaj li te pote bay frè li yo, pou li te louvri je frè l yo. Paske si ou pa konnen le mal, ou pa kapab evite le mal. Se lò frè Cham yo konnen nan ki eta alkowòl mete papa yo ki fè yo ta gen sajès pou yo di: "Hmm... Mwen pap fè tankou papa non
! Mwen pa pral sou anba ji rezen fèmante sa jis pou m ta fè lòt moun wè mwen nan yon eta deplorab."

E lò Noah leve, si li te gen sajès, li ta rele tou twa pitit li yo e pataje leson ivrès li avèk yo, olye li fè wont sèvi kolè.

Not cool!

Gelin_

Post by Gelin_ » Mon Nov 29, 2004 1:50 pm

Really...?

Certainly Jesus didn't know that the descendants of Canaan were cursed because he took one of them as a disciple and apostle:

" And when he had called unto him his twelve disciples, he gave them power against unclean spirits, to cast them out, and to heal all manner of sickness and all manner of disease. Now the names of the twelve apostles are these; The first, Simon, who is called Peter, and Andrew his brother; James the son of Zebedee, and John his brother; Philip, and Bartholomew; Thomas, and Matthew the publican; James the son of Alphaeus, and Lebbaeus, whose surname was Thaddaeus; <U>Simon the Canaanite</U>, and Judas Iscariot, who also betrayed him " (Mat 10:1-4).

Theologians are funny sometimes...

gelin

User avatar
admin
Site Admin
Posts: 2153
Joined: Thu Nov 13, 2014 7:03 pm

Post by admin » Mon Nov 29, 2004 4:06 pm

Se pa teyolojyen yo ki "funny" non, Gelin, se moun ki ensiste tout pawòl Labib la se pawòl Bondye yo ye, paske Labib la chaje ak kontradiksyon.

Mwen wè ou dakò avek sa mwen di yo an prensip, dapre egzanp ou bay la sou "Simon the Canaanite". Si Bondye te modi desandans Cham ak Canaan, fòk Jezi ta konn sa puiske se volonte papa li li te vin egzekite, pa vre?

Alòske vèsè Labib Nekita site yo ta vle fè nou kwè bondye te modi pitit Cham yo te rele Canaan poutèt Cham te wè papa li toutouni? Epi sa Cham devni? Pouki se ta Canaan, pitit Cham, ki ta sibi konsekans sa Cham te wè ak de je li? Pou ki Noe pat bay pitit pitit li okenn konsiderasyon [dapre sa mwen li yo] ?

Ofèt, bagay sa se yon tèm komen li ye nan ansyen testaman an. Sanble Bondye toujou chwazi PITIT pou peye zak PAPA. Avèk yon VANJANS ki toujou TERIB mete sou li! Kidonk ansyen testaman montre ou yon "Dieu Vengeur" ki pa janm lan dan gr
iyen ak pyèsmoun. Epi denkou lò nou rive lan nouvo testaman nou twouve yon "Dieu d'amour", ki ensiste pou nou tout youn renmen lòt, ki pran menm fanm ki tap fè bouzinaj anba zèl li, ki mande sa ki pa janm peche a pou li voye premye kout wòch la, ki di pi gran kòmandman se renmen Bondye e kòmandman ki vini annapre l la, se renmen pwochen ou.

Alò, kouman ou esplike enkonsistans ki gen nan mesaj Labib la? Eske se nati Bondye ki chanje kategorikman konsa oswa se nati moun yo ki ekri sa yo rele pawòl bondye a?

Teyolojyen yo te mèt "funny" jan ou di li a, men mwen pa konnen kilès ki bay tèt li non teyolojyen sou fowòm lan, amwenske nou tout se teyolojyen nou ye. Men ou konnen ki sa ki pi "funny" toujou? Se moun ki fè tout fòm lakilbit pou yo evite esplike kontradiksyon ki gen nan Labib la. Depi ou montre yo yon enkonsistans, yo kouri oswa yo chanje koze a, yo vire l sou yon lòt chapit.

Gelin_

Post by Gelin_ » Mon Nov 29, 2004 5:32 pm

Guy monchè:

nan onsans tout moun se teolojyen paske mo teoloji a vle di refleksyon ak chita tande sou bondye. se sak fè ou ka jwenn teolojyen nan nenpot ki relijyon ou chwazi sou tè a.

Rezon ki lakoz m'antre mo teolojyen an se paske Nekita te di ke istwa noe a se sa yo konn itilize pou montre ke moun nwa anba madichon bondye. Li pat itilize mo a, men m'konnen se kèk teolojyen etazini ak an erop ki kouri bri sa a depi lontan. Men se pavre, se manti koze sa a ye.

sou kesyon kontradiksyon yo ki nan liv la, gen detwa bagay m'ka di sou sa tou. an nou kontinye pale epi na brase lide ansanm.

Widy_

Post by Widy_ » Tue Nov 30, 2004 5:12 pm

Onè rèspè,

Mwen ka apresye oun lo entènvansyoun editè a e ta Nekita, men mwen touve, kè yo ka entèprete pwoblèm yo tròp si angl listwa CHAM.

Mwen toutafè dakò, kè teori tala, se si li kè blan baze yo pou foure zansèt nou yo nan lèsklavaj. Dayè dòt moun ja trete dè sije tala e yo demontre kè sete oun malfouti, bagay tala.

Pa rapò a tit a sije a, mwen ka touve kè nou pa sonde tout fenfoun pwoblèm yo.

Se pa paskè blan èsklavajis manipile oun vèse, kè fò nou rete nou la e mwen ka kwè kè gen plen dòt kontradiksyoun ou alòs rasizm, ki ka dewoule toujou si de tèz rasis, kè nou paka trete.

Pou moun pa kriye nou sèktè, fòk nou kab tou menne oun analiz si tout entewogasyoun ka menne ban nou se liv tala.

Gelin_

Post by Gelin_ » Wed Dec 01, 2004 12:19 pm

Bouli:

on ti lide tou kout: se pa mesye vatikan yo ki te ekri mo ki parèt nan jenèz 6 yo. jenèz se on liv jwif li ye, on liv ki te ekri plizyè milye lane anvan vatikan te kreye.

Widy_

Post by Widy_ » Thu Dec 02, 2004 7:46 am

Sa byen kè nèg ka defann tout jan dè rèlijioun e dè liv si la tè, men ki tan kè yo ka-y defann pwòp liv yo kè bondye pral fè desann ba yo.

Es kè se yenki pèp semit ki gen dwa dè ni LIV SAKRE ?

Es kè fò nou toujou souiv moun kon de chen an tou sa yo di nou? Es fò nou repete kon de TOUTOU tou sa yo aprann nou san janmen fè oun rapò èvè sitiyasyoun pèp nou.

Sa m ka konstate, se kè nan monn tala, se yenki moun ki gen liv kè yo ka rèspèkte, e de moun ki ka adòpte rèlijioun deyò pa gen pon pouvwa nan monn tala.

Sèl biten nap gen se lanmizè nan peyi nou e tout pèp a liv douvan nou, toupannan nou ka touye nou pou liv e teori a moun ki pa gen anyen a foute dè nou.

Gelin_

Post by Gelin_ » Thu Dec 02, 2004 2:06 pm

[quote]Sa byen kè nèg ka defann tout jan dè rèlijioun e dè liv si la tè, men ki tan kè yo ka-y defann pwòp liv yo kè bondye pral fè desann ba yo.[/quote]

Widy, Di-m ki liv ke bondye pral fè desann nan...

gelin

Gelin_

Post by Gelin_ » Thu Dec 02, 2004 3:53 pm

Bouli:

kote ki ka gen on diskisyon se nan 27 liv nouvo kontra a, sa vle di liv ki pale de sa jezi ak disip li yo te fè. Kanta 39 liv yo ki nan ansyen kontra a, sa vle di liv ki te la anvan jezi te parèt, liv sa yo te deja ansanm deja. Yo te ekri youn apre lot depi pèp jwif la te kite lesklavaj nan men rwa faraon nan peyi Lejip. se Moyiz ki te ekri 5 premye yo....

gelin

Widy_

Post by Widy_ » Thu Dec 02, 2004 5:21 pm

MEZANMI,

Lè mwen ke gen ti bwen plis tan mwen ke vini ba zòt si sa gelin ak bouli ap pale la si zafè a liv voye yo.

Bagay tala se oun biten kè yo ka pale adan tout liv sakre ki sòti Loriyan.

Nan KORAN an menm yo ap pale dè sa tou, men lè mwen ke ni oun moman tan, mwen ke fè ba zòt oun Dirèkt tradiksyoun Arab literè an ak kreyòl pou nou byen konprann.

Lè Gélin ka mande mwen ki liv kè nap atann, mwen ka pran sa kon oun siy denferyorite, piskè sa ka souzantann, kè tout pèp si la tè gen dwa, ni oun liv sakre ki ta yo, e nou nèg dèstine an nou, se souiv ta tout moun, èvè tout konsekans kè nou konn jòdi-a.

Toujou pou zafè a liv la, mwen ka fè zò rèmake, kè tan pèp Jouif Kè ARAB ap fete jou liv yo desann si la tè.

Pou se jouif la mwen ka oubliye non fèt tala, men nan liv koran an se sa yo rele "LAYLATOU KADLI" ki vle di jou a dèsten.

Pa kont, kretyen paka fete bagay tala, e pou mwen prensipal rezon an se
kè, kon zòt menm a zòt save, BIB la yekri se de peryòd eloiye yonn a lòt, e mwen kwè an plis vèsyoun orijinal kè bib la te yekri sete an Araméen.

Pou wouvin si kèsyoun-an, mwen ke reponn, kè pa gen rezoun kè nèg ap priye tout kalite bondye ki si la tè, alòs kè an tout zafè a priye tala, yo paka mande bondye dè voye mesaje a yo ba yo, kon tout pèp fè e ka adore e rèspèkte jòdijou.

Widy_

Kèlkè rèktifikasyoun lengwistk

Post by Widy_ » Fri Dec 03, 2004 5:38 pm

Mwen ka fè zòt èskiz an mwen piskè dènye fwa la mwen te mal tradui ba zòt oun mo.

Pou mo "LAYLATOU KADLI" mwen te di zòt se jou a dèsten, men vrè tradiksyoun an se "nuit a dèsten".

Dayè mo "LAYLA" LA, si nou pran sans lateral a-y vle di : lan nuit, night.

Fò zòt sav tou kè mo tala se menm mo an nan lang ebre a, e si janmen zò wè oun jouif lè swa, zò pe di-y, LAYLA TOV ki vle di bon nui, e si se oun arab, zòt pe di-y, LAYLA SAIDA.

Nan ti demo tala nou pe wè kè rasin se mo a se layla.

Oun dòt parantèz kè mwen te vle fè osi, se kan dènye fwa a nou te pale èvè Nekita, zafè orijin semantik a mo CHAM la, e nekita te di se solèy.

Mo tala gen menm orijin semit lan, ki layla, ki vle di kè nan lang arab la yo rele sa "CHAMS" e nan lang ebre a se CHAMACH.

Nan ègzanp tala nou pe wè orijin ou rasin mo-an, se byen CHAM.

Dayè moun ki etidye lang oryantal ke pe di zòt sa. Se la
ng tala se pa deklinezoun yo ekri e 1st biten a fè se chèche rasin yo.

Pou teori Nekita pale nou an, zafè a solèy ki fè cham nwè ..etc, mwen ke di tou kè mwen pa dakò epi teori rasis tala, piskè kon mwen te di, nan rejioun tala sepa ni lewòp e ni lamerik di nò, ki vle di kè se chalè ki la e se moun la, nan majorite a yo, te nwè ou bazane.

Dayè si teori tala te vre, mwen ka panse, kè yo te itilize nan lang semit lan, youn dòt mo pli pròch dè nèg di jan, aswad ki vle di nwè, nan arab la e mwen ka kwè li pa trè diferan nan ebre a, ou alòs yo teke fè alizyoun èvè COUCH.

An konklizyoun mwen ke di, kè se de blan san lide, ki te swèf èsplwate prochen a yo, ki ponn teori bidon tala, men sa pa gen pon fondman, ni biblik, e ni pon dòt kalite bagay, adan-l.

Widy

Widy_

Post by Widy_ » Mon Dec 06, 2004 3:13 pm

Mon chè JAF,

Demach an mwen toutafè lojik, piskè m kwè e tout moun ki li BIB lan ke pe di zòt sa, oun lo profèt ou mesaje vini si la tè.

Nou pe nome, NOE, Abraham, saul, danièl, moise, jesus..............etc.

Tout moun ki ka di kè yo kretyen sav sa byen. Zò ka pran nenpòt ki ti moun o bò nou, e yo kab rakonte zòt tout listwa jènèz bib la.

Kontrèman a sa Mormon ap panse, pou mwen si dènye profèt ki ap vin si la tè se ta nèg, pou mwen bagay tala, se pa oun move biten.

Blan pe toujou di kè dènye bagay se toujou ta nèg, men pou mwen, sa se oun falsifikasyoun.

Byen o kontrè, fòk nou te kontan, kè anfen, bondye pral voye oun profèt ban nou.

Dayè bagay tala, se pa yenki mwen ki ka di-y, piskè rasta jamayiken menm chante sa, lè yo mande, ki tan bondye pral voye OUN moyiz ban nou.

Pou mwen byen o kontrè, se oun bon evènman li ye e dè tout fasoun, si ou di sa a oun kretyen, ou nenpòt ki moun a gran r
èlijioun, yo ke di -w kè sa pa vre, men dan labsoli, sa pa gen anyen dè anòmal adan li.

Mwen menm an mwen, mwen paka kwè plis ki oun dòt, men si nap suiv lojik biblik ou oriyantal yo, nou ka wè kè se de bagay ki toujou rive.

Dayè oun fwa mwen teka pale èvè oun nèg soudanè e li teka fè-m wè kè dènye profèt ki desann si la tè se ta Arab, e avan sa te gen plen dòt profèt ki vini.

An konklizyoun, mwen ke di, kè si nèg pe èspere ni oun profèt oun jou, se pa oun move bagay, e se an nou e sitou a moun ki ka di kè yo ka kwè an bondye, se a yo a panse deja a posibilite tala.

Pou zafè liv maat la, mwen teja tann pale dè-y, men la osi, mwen kwè kè sa pe èt enteresan, men fò nou ke devlope se konesans tala plis, piskè mwen sèten kè 99,99 % a nèg pa sav ki biten sa ye.

Pou-m fin, mwen pral fè oun anchènman a akò èvè Nekita, e la ankò, mwen ka-y fè moun leve an lè :

An efe, lè nap gade byen, nap wè kè gen oun akò rèlijio lengwistik nan tout listwa LIV VOYE LA.

Ki jan fè kè b
ondye voye tora ba jouif nan lang ebre, e apre sa bondye voye koran ba arab, nan lang yo

ALOS ALOS ALOS ALOS

POUKIBITEN dèmen bondye pepa voye ban nou
oun liv SAKRE AN KRYEYOL ?????

AVIS AU CROYANTS

Gelin_

Post by Gelin_ » Wed Dec 08, 2004 10:59 am

Jaf:

kesyon ou mande yo gen anpil anpil koze ladan yo. Mwen pa kwè li posib pou m'ta eseye reponn tout nan fowom sa a. Men antouka, men kisa m'panse nou ka fè: 1-Nou ka gade kesyon an sou aspè istorik sèlman, sa vle di pou nou ta etidye kèk moso nan sa yo rele 'istwa legliz'. 2-Osinon, nou ka eseye konpare anseyman ki soti nan relijyon rom nan ak anseyman ki soti nan sa Jezikri ak disip li yo te konn di pandan premye syèk mouvman an - sa vle di anvan rom te antre nan jwèt la. 3-Oubyen nou ka melajne 2 fason sa yo pou nou gade ouè sa nou ka jwenn ansanm.

M'reflechi sou sa ou di yo anpil, men m'poko chwazi kijan pou nou ta fè sa. Piske ou pale de vèsè ki montre kote rom fè dappiyanp sou mouvman Jezikri a, petèt map eseye konpare enseyman yo pidevan. Kisa ou panse....?

gelin

Post Reply