Itilizasyon Apostwòf ak Ti tirè nan kreyòl Ayiti a

Post Reply
Michelange_Hyppolite

Itilizasyon Apostwòf ak Ti tirè nan kreyòl Ayiti a

Post by Michelange_Hyppolite » Fri Jan 27, 2006 11:23 pm

Itilizasyon Apostwòf ak Ti tirè nan kreyòl Ayiti a

Jodi a mwen deside vin pale ak nou sou itilizasyon apostwòf ak Ti tirè nan lanng kreyòl la, paske gen kèk tan depi mwen ap li dokiman kote apostwòf la plase devandèyè. Sa vle di, yo pa mete apostwòl la nan plas nòmal li. Yo sèvi ak apostwòf la nan plas Ti tirè a. Poutan, nan ekri franse ak angle, de lanng mwen konnen ki sèvi ak apostwòf, tout mounn mache sou pinnga yo pou yo pa pile si yo te konnen.

Se ak lespri respè pou sistèm òtograf kreyòl dekrè lwa 18 sektanm 1979 la, ki pibliye nan Edikasyon Nasyonal jou 31 janvye 1980 an, mwen pral raple mounn, ki poko konnen li yo, bon fason pou yo sèvi ak apostwòf la oubyen Ti tirè a lè yo deside sèvi ak yo. Mwen di li byen, lè yo deside sèvi ak yo, paske dekrè lwa a di: Ou kab sèvi ak apostwòf epi ti tirè si ou vle.

Pami divès liv ki genyen dekrè lwa sa a ladan, mwen ap nonmen: Manuel D’initiation à l’écriture du Créole (1983) ak Dr. Pradel Pompilus. Nou va jwenn enfòmasyon sou dekrè lwa sa a nan paj 69 - 74 liv la.

Genyen règ pou itilizasyon apostwòf la nan lanng kreyòl la tankou nan de lòt lanng nou itilize pi plis yo, mwen vle di: franse ak angle. Nan tou de ka sa yo, apostwòf la sèvi pou li ranplase youn son ki pa la enonpa pou li kole de mo ansanm. Ann pran angle: «Let us talk.» Lè son « u » a pa la, yo ranplase li ak apostwòf.«Let's talk.»

Nan lanng franse a lè nou pran «J'aime» nan tan nòmal se ta « Je aime ». Kòm son « e » a pa la apre lèt «j» a, yo di « j'aime »

Lè an kreyòl nou di « MWEN PA LA» epi nou deside ekri youn fòm kout, nou di « M’ pa la ». Nan son « mwen » ki tounen « m » , gen twa lèt ki tonbe, lèt sa yo se « wen ». Lèt ki tonbe yo, nan ki pozisyon yo ye? Yo sou bò dwat lèt « m » lan nan mo « mwen » an. Sa vle di, si ou vle mete apostwòf, ou dwe mete li sou bò dwat lèt « m » lan. Konsa, OU DWE EKRI « M’ PA LA » avèk apostwòf la sou bò dwat lèt « M » lan, menm jan ou ta va fè li pou angle a ak franse a nan mo kou « LET'S » oubyen « J'AIME ».

Nan menm dekrè lwa tou, yo di nou ki lè pou nou sèvi ak apostwòf la lè nou deside sèvi ak li. Nou kab sèvi ak apostwòf lè mo kou: Mwen, Li, Nou, eksetera... sèvi kòm pwonon sijè.

Ekzanp: Mwen vin chèche ou. M’ vin chèche ou.

Li ap kouri pou kidnapè. L’ ap kouri pou kidnapè.

Manman li di li ap pèdi anpil lajan, paske peyi a tèt anba.

Manman li di l’ap pèdi anpil lajan paske peyi a tèt anba.

Ti tirè pa kab sèvi nan plas apostwòf. Nou kab sèvi ak ti tirè, si nou vle, pou nou makonnen yon mo ak fòm gramè ki vini apre li a.

Ex.: Papa li pa la. Papa-l pa la.

Li kouri dèyè li. Li kouri dèyè-l.

Soulye pa mwen an dechire. Soulye pa-m lan dechire..
Sa vle di, pou nou kole de mo ansanm. Se ti tirè pou nou mete nan mitan yo. Se pa apostwòt la.

Mwen pran san mwen pou mwen esplike nou fason pou nou sèvi ak apostwòf la epi ti tirè a. Mwen espere alavni, si nou deside sèvi ak yo, nou va itilize yo daprè prensip dekrè lwa 18 sektanm 1979 la .

Mèsi pou tan sa a nou pran pou nou li remak mwen an.

Michel-Ange Hyppolite ( Kaptenn Koukourouj) Manm Sosyete Koukouy Kanada

Widy_

Post by Widy_ » Sat Jan 28, 2006 7:10 am

Bravo pou ti rekapitilatif tala. Sa montre kè gen nèg doubout ki ap reflechi seryèzman si kreyòl la.

Kenbe la.

Michelange_Hyppolite

Post by Michelange_Hyppolite » Sat Jan 28, 2006 8:35 am

Widy monchè, kouman ou ye? Mwen pral poze ou yon kesyon epi apresa mwen pral mande yon sèvis.

Mwen pèsonèlman, mwen pa toujou konprann tout mo mwen li lè mwen gen yon tèks kreyòl Matinik oubyen Gwadloup devan mwen.
Eske ou konnen kreyòl Ayiti a menm jan ou konnen kreyòl Gwadloup ak Matinik lan?


Si repons ou se wi, mwen ta kontan anpil si ou ta kòmanse ban nou enfòmasyon sou kreyòl de peyi sa yo.

Mwen ta louvri ak alfabè.
Daprè dekrè lwa 18 sektanm 1979 Ayiti a, men lis son nou genyen nan kreyòl Ayiti a:
a an b ch d e è en f g h i j k l m n ng o ò on ou oun p r s t ui v w y z.

Mwen ta kontan anpil si ou ta kòmanse voye lis son ki ekziste nan kreyòl Gwaloup Matinik yo pou nou. Entansyon ak kalite demann sa a, se pou mwen metrize kreyòl de peyi sa yo, paske yo chak gen kèk prensip pa menm ak prensip kreyòl Ayiti yo.

Apre nou fin tabli nou nèt sou
lis son yo, nou pral rantre nan lis konsòn ak mo ki genyen konsòn sa yo ladan. Mwen ap poste lis konsòn kreyòl Ayiti yo epi oumenm ou va fè menm travay la pou kreyòl Gwadloup epi Matinik la. Sa vle di, apre youn bout tan, nou ap rive kreye youn zouti travay konparatif, ki pral mete plis limyè pou tout kreyolis sou latè.

Jounen jodi a, mwen konstate nou ap travay an grenn senk. Sa vle di, chak ekip moùn ap travay pou tèt pa li nan kwen pa li. Ann travay ansanm pou nou vin pi pwòch yonn ak lòt sou teren lenguistik la.

Kisa ou di nan sa?

Sèl sa mwen ap mande ou, se pou nou travay ak metòd. Mwen genyen liv Dr. Pradel Pompilus la ak mwen. Se etap ki nan liv li yo mwen ap suiv. Petèt bò kote pa ou, ou va chèche youn liv ki gen menm etap fondamantal sa yo pou Gwadloup-Matinik epi nou va kole zèpòl pou lavni lanng kreyòl yo.

M'ale
Kenbe fèm
Michel-Ange Hyppolite ( Kaptenn Koukourouj) Manm Sosyete Koukouy Kanada.

Liline
Posts: 35
Joined: Mon Nov 07, 2005 3:19 am

Post by Liline » Fri Feb 03, 2006 2:36 am

Michel-Ange, mèsi pou pase men ou pase men sou sijè sa :D

Gen yon kesyon ki vin pase nan tèt mwen pandan m'ap li sa ou ekri yo.

M sonje manman'm te di m yon lè ke dè fwa li pa nesesè pou met apostwòf yo, ke ou ka ekri'l san li. Pa egzanp m ka jis ekri "Manman m", "Ekri l", "N ap", eksetera.

Mwen menm, m gen abitid, melanje de règ sa yo, dè fwa m pa mete apostwòf, e gende fwa m mete l. Mwen pa fin konnen si se li ki envante règ li poukont li antan ke pwofese Kreyòl :P Men m gen pou'm mande l sa pwochenn fwa li antre :P


Antouka, men kesyon ki te vin nan tèt mwen an. Kijan egzakteman yo deside ki lwa yo pral mete pou fòme dekrè an. E ki moun yo pran pou fè desizyon sa yo, e ki lè yo ka deside chanje lwa gramatik sa yo?

Michelange_Hyppolite

Post by Michelange_Hyppolite » Fri Feb 03, 2006 5:57 pm

Liline se ak anpil plezi mwen ap reponn kesyon yo. Mwen pa yon moùn ki gen konesans nan domèn lalwa, men gen kèk lide jenneral nan domèn preparasyon yon lwa mwen kab pataje ansanm avèk ou.

Anvan mwen kòmanse reponn kesyon ou yo, mwen ta renmen fè kèk mizopwen ak ou.

Yonn mwen remake nan repons ou voye ban mwen an, tanto ou ekri apostwòf la nan bon plas li tanto ou ekri li nan plas ti tirè. Sa vle di ou ekri li devandèyè. Kounye a, kesyon mwen ap poze ou se : Eske se espre ou fè oubyen èske se konnen ou pa konnen ki lè pou ou sèvi ak apostwòf la ?

Mwen ap kontinye toujou pou mwen raple ou lanng franse, lanng angle, lanng panyòl eksetera…, yo tout gen regleman yo epi tout moùn aplike yo. Depi yon moùn deside aji mal devan regleman sa yo, sosyete a kouri dèyè yo. Yo di moùn ki ekri mal yo, yo fè fot. Pwofesè lekòl retire pwen sou yo epi mezon edisyon oubyen jounal korije fot sa yo anvan yo pibliye travay moùn sa yo. Si moùn ki ekri mal
la pa aksepte koreksyon yo, editè a oubyen jounal la senpman di li : mwen pa kab pibliye tèks ki gen fot. Konsa, mwen pa kab pibliye tèks ou a. Sa vle di, depi gen regleman fòk gen sanksyon. Depi pa gen sanksyon nou tonbe nan penyen lage. Nou tonbe nan deblozay epi nou tonbe nan tout voum se do. Se la nou ye jounen jodi a ak prensip fondamantal òtograf kreyòl la.

Yon moùn ki pa vle respekte regleman, se yon moùn ki pa respekte tèt li. Depi yon moùn pa respekte tèt li, li ap travay pou li detui pwòp tèt li. Kòm, pou moùn fonksyonnen nan sosyete, fòk li respekte prensip, vin gen leta ki kanpe la pou mete lòd nan dezòd. Nan ka Ayiti a, jounen jodi a nou kab di pa gen leta ni sou teren lenguistik la ni sou teren sosyal ak politik la. Nou ap viv nan lib. Kòm ou pa sanble moùn ki ta renmen viv nan lib. Ou poze kesyon epi mwen kwè tou nan jou ki ap vini yo, ou pral fè atansyon lè ou ap sèvi ak apostwòf la, si ou deside sèvi ak li.
Regleman 18 sektanm 1979 la di : ou kab sèvi ak apostwòf epi ti tirè, s
i ou vle. Epitou, li endike aklè nan ki kondisyon ou kab sèvi ak yo, si ou deside sèvi ak yo.

Pou mwenmenm, pawòl si ou vle a, jwe yon wòl enpòtan nan aplikasyon regleman gramatikal sa a. Wi Liline, manman ou gen rezon. Li pa envante enyen lè li di ou, ou pa oblije sèvi ak apostwòf la.

Kijan yo deside lide yo pral mete pou fòme yondekrè ?

Repons: Pou mwen di ou laverite, mwen pa konnen.. Men mwen kab baze mwen sou sitiyasyon lanng kreyòl la ta pe viv nan ane anvan ane 1979 la pou mwen pataje kèk lide avèk ou.
Pou gen lwa oubyen dekrè-lwa, fòk gen yon sitiyasyon ki merite korije oubyen reglemante. Nan ka lanng kreyòl la, anvan dekrè-lwa 1979 la tout moùn te ekri kreyòl la jan yo vle. Kòm gouvènman nan epòk la, rejim Jean-Claude Duvalier a, te vle korije sa. Yo te mande Minis Edikasyon Nasynal nan epòk la, Minis Bèna, mwen pa sonje prenon li, pou li travay sou sa.

Ki moùn yo chwazi pou pran desizyon an ?
Repons, nan ka ki konsène lanng kreyòl la leta te mande Minis edikasyon p
ou li prepare regleman an. Minis edikasyon an bò kote pa li te rasanble yon dal ekspè nan domèn lan epi moùn sa yo te travay ansanm pandan yon sèten tan anvan yo te vini ak prensip fondamantal nou genyen nan òtograf nou sèvi la a jounen jodi a. Kidonk, se pa nenpòt moùn konsa-konsa, ki nonmen tèt li ekspè pou travay sou yon dosye espesyalize.

Daprè konstitisyon 1987 la, leta Ayisyen dwe kreye yon akademi kreyòl. Lè akademi sa a va kreye, se ekip nan akademi an ki ap gen pouvwa bay ministè edikasyon nasyonal rekòmandasyon pou ajoute regleman nan lanng lan oubyen retire regleman ki pa nesesè yo.
Pou mwnemenm gen yon chanjman ki ta dwe fèt nan òtograf kreyòl la, paske li gen posiblite kreye konfizyon. Se son [oun] lan. Daprè mwen, ministè edikasyon nasyonal, kòm akademi an poko ekziste, ta dwe chèche yon lòt siy oubyen lòt siy pou reprezante son [oun] an, paske fason yo reprezante li nan dekrè-lwa 18 sektanm 1979 la kreye konfizyon.
Si nou ta pe viv nan yon peyi kote yo respekte lalwa, pyèsmoùn pa
ta gen dwa modifye son sa a, oubyen ankò ekri òtograf kreyòl la san yo pa ekri li. Kòm nan Sosyete Koukouy Kanada , kou nan lòt branch Sosyete Koukouy yo, nou respekte lalwa, nou kontinye sèvi ak son [oun] lan jan li reprezante nan dekrè-lwa 18 sektanm 1979 la.

Konsa, Liline, ap toujou gen modifikasyon ki fèt nan règ gramè yon lanng, paske lanng yo evolye menm jan ak noumenm kreytyen vivan. Se poutèt sa, jounen jodi a nou kab di ansyen franse, ansyen angle, ansyen grèk, epitou ansyen kreyòl. Kreyòl nou ap sèvi jounen jodi a, se pa limenm Georges Sylvain te itilize pou li te ekri Cric-Cric.

Nan liv mwen an, Istwa Pwezi Kreyòl Ayiti, (2000) ki parèt nan Educa-vision, mwen sèvi ak divès òtograf kreyòl la te genyen depi nan premye tèks nou te jwenn yo pou jouk rive jounen jodi a. Rezon an se pou mwen te montre fason lanng kreyòl Ayiti a te devlope.

Mwen pa rete non.
Michel-Ange Hyppolite ( Kaptenn Koukourouj)
Manm Sosyete Koukouy Kanada

Leonel JB

Post by Leonel JB » Sat Feb 04, 2006 12:12 am

Kaptenn,
Mwen dakO ak sa ou ekri yo. Men, sepandan, mwen gen on gwo pwoblEm. SE ke,EkspE nan lang kreyol yo twO di. Paske, yo pa pran an konsiderasyon ke se PwofesE yo ye, yo pa jandam oudimwen Polis!
Kidonk, yo pa vle konprann ke lE w'ap deal ak on pakEt moun ki pat jan'm kon'n sa-k rele ekri kreyol. Li difisil pou'w ekri'l san fot. E, lE ou ekri'l ak fot yo. Ou pata renmen pou on lOt ki pi save sou domEnn nan, ap chifonnen'w pou fot ou fE. Li ta pi bon pou yo edike'w, tan yo sOti poukrabinen'w oudimwen imilye'w.
On lOt obsEvasyon ke'm fE. Nou pale kreyol la diferan. Sa depan de kote'w leve. Mwen menm mwen kapab di Depui, tandis ke rEg kreyol la di Depi. Mwen kapab di Umilie, sependan se imilie pou'm ta ekri. Kidonk, kreyol pale, pa kreyol ekri.
Eske ou kapab bay on ti lumyE sou sa?
Genyen tan dotr ke mwen genyen. MEz an atandan, m'ap tann repons sou kesyon sa...
leonel

Michelange_Hyppolite

Post by Michelange_Hyppolite » Sat Feb 04, 2006 1:42 am

Monchè depi yon moùn pa konnen yon prensip, lizay di, se pou li aprann. Nanpwen moùn ki fèt tou konnen. Si ou te konnen nan mete apostwòf la mal nan repons ou ban mwen an, malgre tout esplike mwen esplike-l, manadyè sit la ta pral efase tèks ou a, mwen sèten ou ta fè tout efò ou pou ou ekri li byen.
Ou pa konnen angle, ou al lekòl ou aprann angle. Lanng angle di ou kijan pou ou mete apostwòf la, ou pa fè je wouj ak lanng lan, ou mete apostwòf la jan lanng angle a mande li a.

Si se mwenmenm, ki ta pe jere sit sa a, mwen ta pe voye repons lan tounen ba ou pou ou ranje apostwòf la. Se pa yon kesyon lapolis oubyen jandanm, se yon kesyon respè pou tèt pa ou. Respè pou lanng ou ap pale a epi pou mete lòd nan dezòd.

Se menm prensip penyen lage sa a ki lakòz yon prezidan monte epi ekip opozan yo, ki pa kab tann mande li fini, rantre nan konplo ak blan an epi yo fè arete preizidan an nan ane 200 tyèm ane endepandans nou. Anpil Ayisyen renmen
deblozay.


Monchè, nèg pa, ou pa oblije ekri apostwòf, men si ou vle sèvi ak apostwòf , ou gen pou devwa pou ou respekte tèt ou epi respekte règ la se tout.
Se pa ni yonn ni de règ konplike ki genyen nan franse, nou aplike yo epi depi se kreyòl nou deside tout voum se do. Se domaj!! Se domaj!! Se domaj!!!
Apati atik sa a, mwen ta renmen Guy ban mwen yon manda pou mwen efase tout tèks ki parèt nan seksyon lanng lan ak apostwòf devandèyè.. Se lè sa a, ou ta va wè lapolis.

Pyèsmoùn pa dwe aji san reflechi. Konsa tou, pyèsmoùn pa dwe ekri san reflechi. Lè yon moùn pa konnen, li dwe gen sajès pou li poze kesyon. Sinon, dwe gen sanksyon ki aplike kont li.
Se pa lapolis. Se respè pou lanng ou pale a.

Sa ki enpòtan nan yon lanng, se pa mo yo. Se règ yo. Kèlkeswa kalite kreyòl nou pale a, kreyòl okap, kreyòl nan sid, eksetera, nou tout aplike menm règ yo. Mo nou sèvi yo ka diferan, men règ nou itilize yo rete parèy. Prensip lenguistik di : règ lanng matènèl nou nan tèt nou epi nou ap
like yo san nou pa pran konsyans. Konsa tou, nou reflechi yon ti kras pi plis lè nou ap pale yon dezyèm oubyen yon twazyèm lanng, paske règ yo pa otomatikman nan tèt nou.

Nan pwochen repons ou ap ban mwen an, si ou deside ban mwen yon repons, fè yon efò pou ekri apostwòf la kòrèkteman. Sepandan, ou pa gen obligasyon pou ou ekri apostwòf la. Sinon, Guy ta dwe senpman efase atik la. Se pa yon lòd non mwen bay Guy, men senpman ap ankouraje li ede noumenm kreyolis yo mete lòd nan dezòd. Mwen ap repete li ankò, si li ban mwen manda a pou seksyon lanng lan, mwen ap ekzèse pouvwa sa a ak lafwa
Si pa gen sanksyon pakab gen règ. Regleman pa mache san sanksyon..
Ou touye yon moùn leta mete ou nan prizon, oubyen, nan kèk eta ameriken, yo touye tou. Konsa, anvan ou aji ou dwe reflechi.
Se tout.

Mwen pa rete non.
Kenbe fèm.
Kaaptenn

Liline
Posts: 35
Joined: Mon Nov 07, 2005 3:19 am

Post by Liline » Sat Feb 04, 2006 4:28 am


:D Michel-Ange, pou di ou vre, se prete m pa prete atansyon a sa, m pa si mwen te janm konn lwa ti tirè an anvan, alò m byen kontan ou mete m okouran de li. M'ap gade pou m we si m'ap sonje li nan lavni :wink:



Bon Michel-Ange, fòk ou pa egzajere tou nan koze a. M dakò ke si gen yon moun k'ap pibliye yon bagay an Kreyòl bay piblik lan, mwen panse pa respè pou lang lan, yo ta dwe cheche ekri lang lan byen, ouswa cheche yon moun ki konn lang lan ak tout règ yo byen pou korije materyèl lan pou li. Sa m dakò avè w fòk gen respè.

Men kounye a, pou ou ta vle ke tout sit(ouswa sit sa selman) cheche yon jan pou anpeche moun ekri Kreyòl lan jan lide yo di yo a, yon tijan di. Sonje byen, si yon moun vle vin sou sit lan pou li aprann kijan pou li byen ekri Kreyòl lan, li ka toujou mande, se byen nomal pou nou ede li. Ouswa, jan m wè Guy ap fè a, de tanzantan pran yon pos kèlkonk epi mon
tre moun lan, kijan li ka pi byen ekri Kreyòl lan. Sa se yon fason pozitif pou tout moun jwenn benefis, san yo pa santi yo ka pran "prizon" :D

Daprè mwen, fòk nou sonje ke avan tou se yon sit piblik sa ye, m dakò ke majorite nan nou la vle pou lang Kreyòl lan avanse, men yo pa janm fòse bourik bwè dlo daprè sa m konprann.

Se menm jan sou yon sit Ameriken w'ap jwenn kèk moun k'ap ekri pa egzanp dè fraz parèy "I'm gonna try, but I ain't sho' " :lol: Si ou tonbe mache deyè tout moun k'ap ekri Anglè a ak fot, ouswa san respè pou règ yo, nou fèk konmanse mache. Se menm bagay lan daprè mwen. M panse si moun lan vle fè efò a, l'ap cheche fè l, e si li bezwen èd l'ap mande. E an menm tan, nou menm la sou sit sa, n'ap toujou genyen ou menm ak lòt moun k'ap ekri pos sou règ lang lan pou tout moun(tankou m pa egzanp) ki ka enterese konn règ lang lan. N'ap genyen tou, jan mwen te di anvan an, Guy ki de tanzantan ap chwazi yon pos pou li montre kouman pou nou bye
n ekri Kreyòl lan.



An pasan, mwen remake ke ou ekri "moun" ak yon aksan, eske se yon lòt règ ke mwen pat okouran de li, ouswa se jis konsa ou renmen ekri l?

Michelange_Hyppolite

Post by Michelange_Hyppolite » Sat Feb 04, 2006 10:46 am

Bonjou Liline! Se Kaptenn lan ankò. Mwen dwe di ou mwen kontan fè echanj sa a avèk ou, paske mwen santi mwen ap konstui kichòy.

Mwen kotan tou, ou konsyan sou prezans ti tirè a.

Mwen ekri moùn ak aksan grav sou sou , paske gen yon lòt eleman nan òtograf la tout moùn tèlman meprize, kant yo te konn suiv li lontan, ebyen eleman sa a sou lis disparèt. Mwen vle palede son[oun] an. Se pou nou ( nan Koukouy Kanada) respekte dekrè-lwa 18 sektanm 1979 la, ki fè nou deside aplike yon lòt règ ki anndan lanng kreyòl la pou nou rete nan legalite.
OU kab mande ki règ sa a? Se prensip AKSAN FòS la..
Konsa, se nan yon lòt mesaj, mwen va detaye koze son [oun] sa a ansanm ak aksan FòS la avèk ou Lililne.

Bon kounye a, mwen pral reponn lèt ou a.

Ou di mwen ou pral fè plis atansyon nan ekri apostwòf ak ti tirè. Se trè byen epitou se nan sans revèy konsyans sa a tout moùn ki renmen kreyòl la dwe fonksyone.

Pi devan ou ajoute:
r

Mwen pa dwe anpeche yon moùn ekri kreyòl la jan li vle.

Liline, mwen pa ta renmen reponn kesyon an, mwen ta pito poze ou yon kesyon: Eske liv, jounal eksetera kite moùn ekri franse, angle, panyòl eksetera jan yo vle? Nan tout voum se do oubyen nan JPP ( sa vle di Jan-l pase l' pase)? Mwen ap kite ou reponn kesyon sa a anvan mwen reponn ou.
Mwen remake tou, pi devan nan lèt ou a, ou ajoute:

sit ameriken yo pa anpche moùn ekri angle jan yo vle.

Nan sans sa a, mwen ap senpman di ou, moùn yo gen dwa ekri angle popilè si yo vle, paske sa pa pe deranje lanng angle a, ki deja fin fè chita li. Poudayè, depi yon moùn wè li, li deja konnen se angle popilè li ap li. Li ap ranje lespri li pou li adapte li ak angle popilè a. Sepandan, nan ka lanng kreyòl la, se bati nou ap bati ansanm. Tout moùn vle fè pwòp regleman pa yo , menm lè yo pa ekspè nan domèn lan. Se pou sa nou pa kab pran chans lage brid epi ap di veye kò.


Bon, nan menm lide angle popilè a, si ou ta gen yon timoù
n ou ap leve, kijan ou ap ankouraje li ekri lanng angle a? Suivan prensip angle popilè a oubyen suivan prensip ange estanda a? Sa fè de kesyon ou ap genyen pou ou reponn mwen pwochèn fwa ou monte sou sit la.

Atansyon, si yon moùn vini sou sit la epi li di se aprann li vin aprann. Li pa konnen kijan pou li ekri kreyòl la. ( Dayè gen plizyè moùn ki pale konsa sou sit sa a), nou ap ankadre moùn lan. Ba li zouti epi ede li fè aprantisay li avèk nou. Epitou, nou tout ap avanse ansanm.

Men, si menm moùn sa a derefize suiv prensip yo, kisa ou ta sigjere pou nou fè ak moùn sa a? Sa fè twa kesyon ou ap genyen pou ou reponn.


Ou di ;

yo fòse bourik janbe dlo, yo pa fòse bourik janbe dlo.

Non Liline, nan sit sa a yo pa fòse pyèsmoùn ekri kreyòl. Ou kab remake , gen moùn ki ekri an angle epi an franse. Yo ekri lanng yo vle. Ni tou, se pa mwen ki mèt sit la, mwen pa gen dwa retire tèks pyèsmoùn, sepandan, si yo ban mwen chay sa a pou «language and literature», mwen ap ekzèse li san
di petèt.
Wi! yo pa fòs moùn ekri kreyòl nan sit sa a, men bò kote pa mwen, mwen kwè, si yon moùn chwazi ekri an kreyòl, yon lanng nou ap goumen pou nou konstui, moùn lan dwe fè yon efò pou li ekri li kòrèkteman oubyen li dwe mande èd. Se tout.
Epitou, mwen di tou, si gen règ fòk nou respekte règ yo. Kòm pa kab gen règ san sanksyon, depi yon moùn derefize respekte règ yo, dwe gen sanksyon ki aplike pou nou rete nan ladwati..

Tankou mwen te di ou li pi wo a, mwen va tounen sou koze [oun] an avèk ou, ansanm ak rezon ki fè mwen ekri moùn jan mwen ekri li a.

Mwen pa vle ekri twò lonng, paske mwen pa vle lektè yo pèdi pasyans ak mwen.

M'ale
Kenbe fèm
Kaptenn

Widy_

Post by Widy_ » Sat Feb 04, 2006 5:58 pm

Mwen ka rantre an diskisyon la ta, men an ke eseye reponn misye Ipollite.

"Eske ou konnen kreyòl Ayiti a menm jan ou konnen kreyòl Gwadloup ak Matinik lan".

Repons la se wi, piskè nou gen tout jan dè moun kreyòl ki ap vin Gwadloup.

Kèlkèswa kreyòl Matinik, kreyòl Giyan, Dominica, Sent Lisi, Sen Maten, e menm pa si Trinidad, e san oubliye Ayiti, mwen pa gen pon kalite pwoblèm ak sa.

Dayè, dèpi mwen tann oun moùn pale, mwen pe di ou, ki kote'l sòti.

"Mwen ta kontan anpil si ou ta kòmanse voye lis son ki ekziste nan kreyòl Gwaloup Matinik yo pou nou".

Men mon chè, mwen ka touve kè kèsyoun tala pa gen sans, piskè kreyòl nou yo pa si diferan kon lang Alman ak Franse, ou ankò Arab ak Angle......etc.

Nan lang sa yo ou gen de son kè li pani nan se dòt lan la, men pa bò nou, nou pa gen pwoblematik tala.

Pakont, on kote mwen dakò èvè ou, se si kèsyoun a DEKRE LA ki mwen ka touve
se on bon biten, men se a entelèktyèl Ayisyen a fè pwomosyon a dekra tala, pa kote dòt pèp ki ka ou ki vle fè rèchèch si kreyòl.

Mwenmenm an mwen, se si sit tala kè'm tande pale dè dekre la pou prèmye fwa.

Leonel JB

Post by Leonel JB » Sat Feb 04, 2006 6:24 pm

Bon, kaptenn, ban'm di'w. Mwen remake ou gen yon maladi ke yo rele" Makoutofilik". Sa vle di on moun ki te gen foli Makout. Kidonk, ou pa konprann oudimwen ou pa't leve on kote ki te montre'w kijan pou'w pale ak on moun. Donk, mwen padone ensolans ou an.
FO'm di'w ti sistEm sou-devlope-mantal ki konprann ke yo gen dwa pou pale ak on moun nenpOt kijan sa'a. De may sou chEnn ou.
Ede on moun pa vle di pou'w monte tEt ou piwo. Ki fE'm sonje on seri de pwofesE matematik ki te konn vle kole elEv pou yo ka montre degre entElijans yo. Ou tonbe sou wrong moun nan, My Friend...
Ti atitid bat lestomak sa, kite'l kote'w ranmase'l la. Pa vinn aplike'l sou moun la.
Ou ta renmen yo ba'w pouvwa pou'w arete moun ki pa konnen! Adje, nou refize kite rad ble'a.
Antouka, mwen wE ou se yon moun ki fristre pa on seri de pwoblEm nan lavi'a. Kidonk, ou vle siye san sou on moun ki jus poze'w on kesyon sou yon bagay ke'm te pan
se ou te yon ekspE ladan'l.
Si li difisil pou'w kominike ak moun. Si li pa fasil pou'w reponn kesyon, jis di ou pa kapab. DayE, mwen pa konnen'w men mwen gen tan konprann pwoblEm ou.
Li ta'p pi bon pou'w fE yo ba'w on fizi M ONE pouy kraze zo tout moun ki pa nan menm nivo ak ou. It's a learned behaviour.
M'pa pE'w lamayOT, se moun ou ye,
Leonel Jean-Baptiste

Liline
Posts: 35
Joined: Mon Nov 07, 2005 3:19 am

Post by Liline » Sat Feb 04, 2006 7:45 pm


Michel-Ange se swa ou pwofese, swa ou gen pwofese nan san w :lol: Ou raple m kèk pwofese ke m te genyen Ayiti :D

Antouka, ban m reponn lèt ou a, ansanm ak tout kesyon ou te kite pou mwen yo :wink:

Pou premye kesyon ou an, si ou byen li w'ap jwenn ke mwen te gentan reponn li anvan menm ou te poze l.

Mwen te byen di nan dezyèm pos mwen an:

"M dakò ke si gen yon moun k'ap pibliye yon bagay an Kreyòl bay piblik lan, mwen panse pa respè pou lang lan, yo ta dwe cheche ekri lang lan byen, ouswa cheche yon moun ki konn lang lan ak tout règ yo byen pou korije materyèl lan pou li. Sa m dakò avè w fòk gen respè."


M wè ke ou menm ak Serge pa fin twò konprann nan ki sans mwen te vle di ke nou paka anpeche yon moun ekri Kreyòl lan jan lide li di l lan. Gade byen pou wè sa m di anlè a, se pa nan zafè piblikasyon ke m'ap pale.

Mwen byen di, ou paka vle sou
yon sit piblik, anpeche yon moun ki deside ekri lang lan yon jan pou li ekri l, sof si kounye a met sit la deside met moun deyo sit li poutèt yo pa respekte prensip lang Kreyòl lan.

Se pa ke mwen dako pou yon moun pa respekte prensip lang lan non, men mwen respekte dwa moun lan pou li eksprime tèt li jan li kapab. M pa panse li bon, si yon moun ki pa konn règ lang Kreyòl lan monte sou Windows on Haiti(pa egzanp) pou nou cheche fòse l aprann. Si moun lan pa vin la pou li aprann lang lan, m pa panse chak fwa li ekri pou nou kouri dèyè l paske li pa respekte règ lang lan. La se pouse w ap pouse moun lan pou li pa vin patisipe sou sit lan anko, jan Serge di l lan. Si lide l pa di l aprann byen ekri lang lan, m pa panse nou ka fòse l. Se nan sans sa m di nou paka anpeche moun lan ekri Kreyòl lan jan lide li di l lan.

An pasan, Serge, nanpwen bagay m rayi konsa se gade jan mizisyen ak djaz yo, pa cheche fè efò korije Kreyòl ki ekri sou albòm yo.


Moving on... :D

Miche
l-Ange, ou mande m:

"Bon, nan menm lide angle popilè a, si ou ta gen yon timoùn ou ap leve, kijan ou ap ankouraje li ekri lanng angle a? Suivan prensip angle popilè a oubyen suivan prensip ange estanda a?"

M pa t janm konprann ke se elve nou te vin elve moun sou sit sa, si se sa, di m se sa. M konprann byen ke ou vle ede avanse lang Kreyòl lan, mwen aplodi sa anpil. Men m panse ke gen fason pou moun fè tout bagay. Konsideran ke nou pa sou yon sit ki gen konm sèl wòl aprann moun lang Kreyòl lan, ni tout moun ki vin la se pa fòse ni oblije yo oblije vin la, m pa wè rezon pou nou ta fè yon moun ki pa vin la pou l aprann, santi ke se lekòl li vini.

Pou'm reponn kesyon ou an dirèk: Si se pitit pa m, ouswa elèv mwen, se nomal antan ke moun k'ap elve timoun sa, pou mwen cheche aprann li pale Anglè suivan jan ou di a, presip estanda.

Men kounye a, si timoun lan pa timoun mwen, m pa konnen l nan ni pye ni tèt, e timoun sa deside vin ekri yon bagay son yon sit piblik, san
li pa mande m èd, m pa twouve se wòl mwen, pou mwen lage de gidon dèyè l pou li aprann byen ekri Anglè a.


Ok, so kounye a ou mande m:

"Men, si menm moùn sa a derefize suiv prensip yo, kisa ou ta sigjere pou nou fè ak moùn sa a?"

:lol: Ou genlen ta renmen mete moun sa nan prizon vre :P

Bon esplike m... Yon moun ki sou entènèt, ki pa oblije( ki vle di li ka toujou kite sa),ni ki pa peye(ki vle di li pap pèdi 5 kòb), moun sa ta deside malgre tout sa yo fè pou li aprann règ lang lan, li pa janm deside/vle sèvi ak règ sa yo, kisa ou vrèman panse ou ka fè la?

Li pa lekòl, ki vle di pa gen pa pase--LOL

Nou pa manman ni papa moun lan, ki vle di menm si ou ta vle ou paka pase l kèk tap ouswa ba l pinisyon.

Si moun lan deside pa respekte prensip lang lan, jan anglè a di a:"it's not a crime", ki vle di, ou ta mèt vle, ou paka met yon moun nan prizon pou sa.

Ou ta deside retire pos ki gen fot yo, jan Serge te di an, li ka toujou ann
ik vire do l.

Esplike m ou menm, sa ou panse ke ou ka fè moun sa, paske mwen menm m poko ka wè.


Tout pale sa yo se pou di w, ou paka fòse yon moun sou yon sit piblik aprann si li pa vle aprann.

Ou te mèt renmen lang lan, ou te mèt vle avanse lang lan, m pa panse ke se nan stil sa ke bagay lan ap fèt pi byen.

Annatandan, jan m te di deja a, si yon moun vin la pou li mande èd nan aprann ekri Kreyòl, m panse l'ap jwenn twòp moun menm sou sit la ki ka vle ede l. Epi tou, si ou menm ak lòt moun vin ekri pos detanzantan sou diferan règ lang Kreyòl lan, pos sa yo ap la pou ede nenpòt moun ki ta vle a.


Bon, mezanmi, m ekri kont mwen :lol:

Michel-Ange, kontinye pouse pou avansman lang Kreyòl lan. :D

E m'ap tann ou vin ekri règ ou te mansyone a.


Bon Solèy :D

Michelange_Hyppolite

Post by Michelange_Hyppolite » Sun Feb 05, 2006 12:57 am

Bonjou Serge. Bonjou Liline. Mwen di nou bonjou, paske mwen konenn se demen maten nou pral li nòt sa a.

Liline, ou di mwen se pwofesè lekòl. Mwen senpman souri lè mwen li sa. Pawòl sa a .....

Mwen pakab di mwen se yon moùn ki toujou ap mete disiplin, ak lòd nan tout sa mwen ap fè, paske espas travay mwen toujou tèt anba. Madanm lan di mwen, si li pa te avèk mwen depi lontan, li gen lè ta fè mwen mare pakèt mwen, paske mwen lage liv ak papye toupatou nan kay la. Men tou, kòm li konnen mwen depi nan lekòl segondè, li oblije reziyen li ap mwen. Li ban mwen yon chans pou mwen viv nan dezòd mwen yo.

Tout sa, se pou mwen te di nou, prensip disiplin lan, mwen aplike li nan sèten dosye kle: aktivite kominotè epi nan travay mwen sou lanng kreyòl la. Nan travay kote yo peye mwen an, mwen respekte tèt mwen tou, men espas travay mwen nan travay la, menm jan ak kote mwen chita la a. Sa vle di: tèt anba. Lòt moùn nan travay la reziyen yo ak mwen
tou, paske sa fè 21 ane mwen la ak anpil ladan yo.

Serge, Liline, entansyon mwen, se pa anpeche moùn ekri, ni fè yo pè, ni kouri dèyè yo sou sit la. Sèl grenn bivize mwen, se ankouraje yo ekri suivan prensip ki ekziste nan lanng kreyòl la. Mwen vle fè wout la ansanm ak yo, menm jan mwen te sèvi ak Jounal Sèl pou mwen te fè wout la nan fen ane 1970 yo.

Pou mwenmenm, yon moùn gen dwa eksprime lide li jan li kapab. Jan li pi pito. Men, lè yon lòt moùn ki ap suiv di ou , nan respè, mwen respekte moùn anpil, ou nan lerè. Ou kite wout nòmal la. Moùn lan ta dwe gen lizay pou li rantre nan bon chemen an.

Mwen ensiste sou lide suiv prensip kòrèk yo, paske se bati nou ap bati lavni lanng kreyòl la ansanm. Si nou ap bati epi lòt moùn ki sou wout la ak nou yo deside pati kochi, nou ap genyen yon rezlita tèt mato. Epi nou ap oblije al pèdi tan pou nou ranje sa ki pati kochi yo. Se tan sa a mwen ta renmen ekonomize.
Liline, ou di mwen pa dwe fòse yon moùn ki pa vle aprann. Men Liline, men Serge,
nan etap devlopman lanng kreyòl la rive la a, chak sa ki ekri se yon modèl. Chak sa ki ekri se yon ekzanp pou lòt moùn ki suiv epi ki vle fè aprantisay yo nan lanng kreyòl la.

Epitou, se ak menm travay mal fèt sa yo, moùn ki ap kraze lanng kreyòl la pral sèvi pou yo di kreyòl pa gen òtograf. Oubyen ankò, nan kreyòl pa gen règ, patati , patata. Si te gen moùn pou di moùn ki ap ekri mal yo non. Si te gen moùn pou di otan. Mwen sèten mizisyen yo ta va konnen ki jan pou yo ekri kreyòl la sou po plak yo. Poutan, menm mizisyen sa yo pa pe janm pran chans ekri franse a mal sou po plak yo, paske tout moùn ta mete de men nan tèt rele anmwe dèyè yo.

Gen yon jou mwen te resi pale ak Emeline Michel, mwen te esplike li kijan sa fè mwen lapenn pou fason tout bèl pawòl li ap ekri yo konn gen erè. Mwen te pwopoze li sèvis mwen gratis. Li te di mwen dakò. Men jouk jounen jodi a, mwen pa janm tande bri li. Mwen te fè li pwopozisyon mwen an depi plis pase twa mwa. Si Emeline te konnen tout moùn ta pral kouri
dèyè li, li pa ta menm bezwen mwen vin pwpoze li kwak se swa. Li ta pe deja fè li pou kont pa li.

Liline mande mwen kisa mwen ap fè ak moùn ki pa vle respekte prensip lenguistik yo. Premye etap la se mande moùn lan poukisa li pa vle respekte prensip yo. Se lè li fin reponn, mwen ta konnen ki desizyon mwen ta pran. ( Ou wè sa mwen pa reponn hahahahaha!!! mwen malen)
Pou oumenm Liline, nou pa manman moùn yo, nou pa papa yo, ni tou nou pa gen yon sit pou nou fè ledikasyon. Nou dwe kite moùn yo an repo. Ak kalite lide sa a, ou vle di mwen pa okipe yo. Se pa tout chen ki jape pou mwen vire gade. Eksetera eksetera.

Liline, Serge, mwen ak nou pa pe janm wè koze a menm jan, paske nou pa sou menm liy daksyon. Mwen se yon militan kreyolis. Mwen kwè nan batay mwen ap mennen an. Konsa, mwen pa kab fèmen je mwen sou aksyon lenguistik ki pa kòrèk yo. Petèt bò kote Serge ak Liline, se patisipasyon moùn yo nou wè, bò kote pa mwen, se pa patisapasyon senpman mwen wè. Mwen vize yon konstriksyon. Mwen viz
e yon devlopman. Mwen vize yon jou, kote tout Ayisyen ka pale san pyèsmoùn pa sèvi ak lanng yo pale a pou plake yo nan yon kategori sosyal. Konsa, sa rann mwen pi ekzijan pase nou. Ou gen rezon Liline. Sit la pa fèt pou fè edikasyon moùn, men li kab sèvi pou li ede lòt moùn ki ap chèche limyè menm jan ak ou. Se kalite moùn ki ap chèche limyè solèy sa yo, mwen toujou genyen nan tèt mwen chak fwa mwen chita devan òdinatè a pou mwen pataje moso lide ak fanatik windoz yo.

Si nou revize tout tèks mwen poste sou sit sa a oubyen sou REKA ( Rezo Entènèt Kreyolis Ayisyen ) nou va remake mwen pa janm pale sou dosye ki ap pale mete la. Mwen aji sou yon dosye lè mwen santi mwen genyen pou mwen aprann epi mwen kab pataje eksperyans mwen ak lòt moùn yo. Anplisdesa, mwen pran anpil plezi nan kalite aksyon pozitif sa yo. Se sa ki lakòz li prèske in è dimaten mwen chita la a ap pale ak nou.

Liline te mande mwen kisa mwen ap fè ak moùn ki derefize suiv règ yo. Mwen ap senpman pa li sa yo ekri, paske koze dev
andèyè moùn movèz fwa yo, mwen di li byen, MOUNN MOVèZ FWA. Mwen peze mo mwen byen, pou nou kab byen konpran mwen. Wi koze devandèyè moùn movèz fwa yo fè san mwen manje mwen. Kòm mwen pa pe janm rive jwenn ak moùn sa yo. Kòm mwen pa pe janm kab mete yo nan prizon, paske yo pa fè krim, mwen ap senpman evite tout sa yo ekri kou yon move maladi. Mwen ap senpman meprize yo kou merilan sou lateras. Men si se sit pa mwen, nou tou de a deja konnen kisa mwen ta kab fè.
Mwen ta va pran tan korije. Ede. Ankouraje. Men an dènye lye, mwen ta va senpman efase koze ki pa respekte règ yo. Nou ka di: sit la pa pe gen moùn. Mwen va reponn nou: Se pa kantite ki konte. Se kalite.. Pito ou travay ak de moùn ki travay byen tan pou ou ap travay ak yon lame moùn movèz fwa ki ap detui tout sa ou vle konstui. Konsa, chat konnen. Rat konnen. Barik mayi a va rete la.

Se sou ton pwovèb sa a, mwen ap di nou kenbe pa lage. Kote ki gen bòn volonte ak pèseverans laviktwa ap toujou yon bèbèl, ki gen pou li vin dòmi nan pla
menmen nou.

Liline, se demen. Mwen bliye!! Li pase minui. Se pandan lajounen an mwen va pale ak ou epi tout lòt moùn ki enterese yo sou koze son [oun] an. Mwen pa vle melanje de dosye yo.

Kenbe fèm zanmi yo. Se te Michel-Ange. Yon zanmi ki vle konstui ansanm ak nou epi tout lòt moùn ki kwè nan batay li ap mennen an..

Michelange_Hyppolite

Post by Michelange_Hyppolite » Sun Feb 05, 2006 8:00 am

Kouman nou ye zanmi yo? Kouman ou ye Widy, Leonèl, Liline epi Bellegarde?
Widy ou di: se entèlektyèl Ayisyen yo ki mete lwa 18 sektanm lan. Mwen te fè yon koutpye Gwadloup ak Matinik. Mwen te remake, lè nou( moùn Ayisyen ak Gwadloup/ Matinik ) te pale yon kreyòl ki pre franse yonn te konprann lòt aklè, men gen anpil mo ki nan kreyòl Matinik/ Gwadloup la ki pa nan kreyòl Ayiti. Sa vin lakòz mwen te gen difikilte konprann yo, sa pa vle di mwen pakab adapte mwen. Sepandan, sa ap mande yon ti tan. Se pou sa mwen te mande ou pou nou fè yon travay konpare ki ta anrichisan pou mwen epi pou lòt moùn ki renmen kreyòl tankou nou ki ap vizite sit la.

Leonel!! Kisa ou genyen ou ap joure a? Jenneralman, nan deba mwen sou lanng kreyòl la, mwen pa reponn moùn ki nan joure, paske se moùn ki manke agiman ki joure. Nan deba mwen tou, mwen toujou aksepte mwen pèdi lè mwen pèdi epi rekonèt erè mwen. Men, tankou ou di: mwen pa konnen ou, ou pa konnen mwen. Kidonk, s
e pale pou nou pale. Nan travay mwen se sa yo aprann mwen. Koute . Poze pwoblèm epi pale sou sa ki fè nou mal.
Bon! Leonel!! Kisa ou repwoche mwen? Di mwen sa ou repwoche mwen an pou nou pale sou li. Si mwen te aji mal, mwen va fè eskiz epi mwen va respekte pawòl mwen. Men tou, si mwen pa te aji mal, mwen va kontinye travay mwen jan mwen ap fè li la a devan ekran an. Alòs, Leonèl! Di mwen kisa mwen fè ki te fè ou mal?
Ou pa bezwen koute kòlèt ou monchè. Se konstui nou ap konstui. Nan travay ansanm devan yon klavye, kote yonn pa wè figi lòt, kote yonn pa kab tande ton vwa lòt ap genyen fristrasyon.
Alòs, di mwen ki sa mwen fè ou epi ou pa renmen. Epi nou va pati dyalòg apatide sa. Se tout.
Mwen ta kab di ou pi plis, men mwen pito kanpe la, pou mwen pa fè ou fache pi rèd. Tout sa mwen mande se respekte òtograf ofisyèl lanng kreyòl la. Se tout.

Bellegarde, mwen remake nou sou menm longèdond, men ak yon apwòch diferan . Mwen gen enpresyon, se koze sanksyon an ou pa renmen. Men eksperyans m
wen fè mwen wè, gen moùn ki fè ekspre yo ekri kreyòl Ayiti a jan yo vle, paske yo di kreyòl pa gen règ. Se poutèt sa mwen ensiste sou koze sanksyon an.

Mwen, jouk jounen jodi a, mwen ap aprann. Jouk jounen jodi a, mwen ap rele zanmi pou li tèks mwen ekri an kreyòl, suiv sigjesyon yo epi korije sa ki merite korije.
Pandan mwen ap pale ak nou la a, mwen genyen yon liv lèt nan kouti. Li nan men zanmi Koukouy Monreyal yo, ki ap redi zòrèy mwen pou fopa mwen fè. Bon kote pa mwen, mwen toujou pare pou koute. Korije sa ki merite korije epi louvri deba sou sa mwen twouve ki pou rete jouk nou rive antann nou.
Bellegarde, bay referans liv se yonn, men pou mounn lan jwenn liv la se yon lòt. Nan premye atik mwen ekri sou koze apostwòf la, mwen te bay yon referans. MANUEL D'INITIATION A L'ECRITURE DU CREOLE. Se Dr. Pradel Pompilus ki te ekri li. Mwen pa konnen ki kote yon moùn ka jwenn li. Aktyèlman genyen gramè kreyòl Sant N A rive a ki nan lari. Pwoblèm mwen ak yo se son [oun] lan yo lage menm jan a
k anpil lòt ekspè.
Mwen pa ta gen pwoblèm non dèske yo lage li, men yo dwe fè li ak prensip. Se yon dekrè-lwa ki te mete son [oun ] an. Se yon lòt dekrè-lwa ki ta dwe retire li. Se tout. AYISYEN DWE APRANN RESPEKTE LALWA.
Sè tan si, eliminasyon son [oun ] an vin tèlman sistematik, menm mwenmenm, lè mwen ap li sa mwen ekri, mwen gen tandans bliye kò mwen epi pwononse li menm jan ak ekip moùn ki elimine li an gwo ponyèt yo.
Kidonk, Bellegarde nou ap frape menm jan sou koze prensip yo. Ou senpman ap mande mwen pou mwen gen plis pasyans ak zanmi ki fenk rantre nan aprantisay kreyòl la. Se trè byen.
Men, mwen ap toujou kontinye di:
Depi gen regleman fòk gen sanksyon. Sinon, nou pral tonbe nan deblozay.

Liline, mwen pa bliye ou non. Mwen senpman vle fini ak koze apostwòf la anvan mwen esplike ou rezon ki fè mwen mete aksan fòs la sou nan mo moùn lan.
Bon mezanmi. Mwen pa rete non.
Se te Michel-Ange Hyppolite ( Kaptenn Koukourouj)
Manm Sosyete Koukouy Kanada.

Leonel JB

Post by Leonel JB » Sun Feb 05, 2006 9:06 am

Kaptenn, mwen aksepte eskiz ou. E, mwen prezante'w eskiz pa'm tou.
Mwen reponn, paske lE mwen te ekri'w avan. Mwen montre'w respE kOm on moun ki konnen pase'm. Sepandan, mwen jije ou pat reponn mwen nan jan ke'm te wE ki respektab. Kididonk, se sa ki fE mwen te reyelman fache! AnkO, mil eskiz, mwen te dwe kontrole'm pi byen.
Antouka, mwen menm, se youn nan Ayisyen ki pran zafE kreyol la lan ta. Kidonk, mwen toujou ap jwenn Ed nan men Guy ou byen Serge. mwen pa gen pwoblEm ak sa. Paske mwen se yon novis sou domEnn nan.
Sak te fE'm fache'a. Se kOm si mwen wE ou tap imilye on moun ki iletre oudimwen, ki pa fO nan yon bagay ke oumenm ou fO. Donk, mwen panse ke jan'w te reponn mwen an pat gen plas li. KOm Serge di'l. ApwOch yo diferan vre. Serge ak Guy, lE mwen fE on erE oudimwen on fot, Yo korije'm ak on ti plezantry, ki reyelman montre'm se on moun ki vle ede'm oudimwen enstwi'm.
AnkO, mwen pa dakO ak lE ou di, si on mou
n fE fot, sanksyon sipoze pran kont moun nan. Ki, vinn fE'm sonje lE'm te ti moun, yo kale'w pou nenpOt fot ke'w fE. Ak preske 44 rekOlt kafe, mwen pa panse ke'm ta pran kout baton pou on lang ke m'ap fE efO pou'm ekri'l byen.
Anfen, mwen pa gen gwo pwoblEm avE'w. Se jis aproch ou an ki kOm Liline ak Serge di, twO di. Mwen rekonEt pasyon'w kOm kreyolis. Men, fO'm di'w si ou ta vle tande on elEv? Si w'ap montre on moun, pa aproche'l tankou se on iletre oudimwen se movEz fwa ke'l genyen. Paske, tout moun gen diferan jan ke yo aprann. Mwen kapab disleksik. On lOt kapad gen Atansyon defisi. On lOt kapab retade mantal. Kidonk, pwofesE'a, fOk li gen pasyans e li sipoze apwoche elEv yo diferaman.
Mwen reyelman prezante eskiz mwen ba ou. Mwen regrett infiniman ke mwen te reponn osi vit, san ke mwen pat swiv konsEy madanm mwen, Al fE on lOt bagay avan'w reponn...
Mwen te on ti jan enpilsif.
Chapo Ba!
Lang ak dan konn gen ti kont, Sorry
leonel

Michelange_Hyppolite

Post by Michelange_Hyppolite » Sun Feb 05, 2006 9:44 am

Monchè Leonel, anvan menm ou te reponn mwen la a, mwen te gen tan ekri Guy pou mwen te di li mwen te twò sevè avèk ou. Mwen te di li tou, mwen pare pou mwen prezante ou eskiz. Moùn debyen vann chwal yo san lavant. Menm sa madanm ou te di ou la, se sa madnam pa mwen toujou ap di mwen. San mwen twò cho. Mwen reponn twò vit.
Rezon ki fè mwen te reyaji vit la, se paske mwen te konprann ou se yon maton nan lanng lan ki ta pe pran plezi ak mwen. Se maten an, mwen pran san mwen pou mwen reli premye lèt ou a ankò epi mwen remake se eklèsisman ou ta pe mande. Pawòl la gen rezon di: « mal konprann fè kont lan wi.»
Anvan mwen te jwenn lèt ou a toujou. Mwen te ekri Liline tou an prive.
Mwen dwe avwe ou, mwen te rantre nan sit la pou mwen reponn ou nan yon de je kontre ak respè epi mwen di nan kè mwen pi to mwen tann.
Monchè, mwen ap prezante ou mil eskiz pa mwen tou. Mwen se yon moùn ki gen kè cho. Ni Jafikayiti, ni Plimpalmis ki travay pwòch ak mwe
n bò isit la konnen sa.
Monchè, ou pa kab imajine ou jan mwen kontan dèske nou fè lapè. Men ant mwen ak ou, ou te mete pou mwen (hahahahah!!!)
Tankou mwen di ou li, mwen pase sou kesyon ou lan nan fen tèks la ak je cho. Mwen dwe fè atansyon. Epitou, si ou santi mwen fè yon fopa, monchè pa ezite di mwen teke fren mwen, paske yo te aprann mwen tande lakay.

Pou erè yo, mwen ap pran tèks ou a, pa jodi a non, paske mwen okipe anpil, epi mwen pral pale sou li ak ou andetay, men se pa sou sit la. Se va ant mwenmenm avèk ou. Lòt moùn pa bezwen konnen afè nou.
Se vre nou gen rezon. Mwen sevè. Mwen dwe rann mwen kont gen tout kalite nivo kretyenvivan. Yo tout pa aprann ak menm rapidite. Mwen dwe toujou sonje sa. Poutan, yo aprann mwen sa lekòl wi! Adye wi dan.

M'ale
Kenbe fèm.
Nou tou de va pase yon bèl jounen dimanch, paske nou di tout sa nou te gen pou nou di nan lapè ak amoni.
Michel-Ange Hyppolite ( Kaptenn Koukourouj) Otawa.

Michelange_Hyppolite

Post by Michelange_Hyppolite » Sun Feb 05, 2006 12:50 pm

Mwen yon jan ezite pou mwen di kwakseswa, paske mwen pa wè tit Apostwòf la nan sou sit la, sepandan, si mwen tyeke seksyon ki di mwen gen mesaj nan lèt elektwonik mwen an, mwen wè repons Jafrik la.
Mwen pral eseye pale ak Guy nan telefòn pou mwen konnen kisa mwen kab fè oubyen kisa ki rive.

Mwen pa rete non. Mwen pa kwè se lekòl lage nonplis. Mwen kwè pito, Kaptenn Koukourouj dwe pran san li epi li dwe gen pi plis pasyans toujou.
M'ale
Kenbe fèm
Michel-Ange Hyppolite ( Kaptenn Koukououj)

Widy_

Post by Widy_ » Sun Feb 05, 2006 2:35 pm

Kaptenn,

Mwen te le fè oun senp ti rèktifikasyon, si ou byen li sa-m ekri, mwen di kè : se entelèktyèl ayisyen ki pou fè pwomosyon a lwa 18 sektanm lan si kreyòl ayisyen yo et non pa kè "se entelèktyèl ki fè lwa tala".

Ou ka di kè lò-w te Gwadloup ak Matinik ou te gen pwoblèm pou konprann nèg yo ou alòs fòk zò te pale oun kreyòl pwòch fwanse pou rive konprann.

Mwen teke le mande-ou, lè se ayisyen la ki pa konn pale fwanse la, ka debake Gwadloup, ki jan yo ap fè pou kominike ?

Pou rete nan domèn misye Bellegrade, map mande'w, si li gen otan enkonpreyansyoun nan lang la, poukibiten Gwadloupeyen Matiniken ak Guiyanè ka achte dis konpa ayisyen yo, si yo paka konprann pawòl yo? e poukibiten yo kale an bal a yo ?

Pwoblèm la ou ka poze la, pa konparezoun a dòt kreyòl karayib la byen koni.

Si ou pran ekzanp a de gran lang ki pale adan plizyè peyi kon pa egzanp lang arab la kè'm etidye ti bwen, ou va
wè kè chak peyi gen patikilarite a yo, men sa paka anpeche yo konprann yo, pa sa yo rele lang modèn yo.

Se konsa kè ejipsyen yo ka rele G pou lè J e Irakyen yo kantayo, yo ka rele D pou lèt Z la.

Mwen pa oun èspè Militè, men pou ou, ki jan se meriken-an ka detchouke dòt pèp arab nan Irak, tou senplèman, dèpi yo tann yo pale, yo sav si se oun moun peyi a ou si se oun moun vini.

Michelange_Hyppolite

Post by Michelange_Hyppolite » Sun Feb 05, 2006 3:26 pm

Mwen pa bliye Liline non. Mwen ap chèche dokiman mwen yo anvan mwen reponn, paske Bellegarde di mwen, si mwen bay referans mwen va ede lòt moùn pi byen.

Widy, mwen ap di ou mèsi pou rektifikasyon an.
Widy, gen anpil similarite ant kreyòl Ayiti ak kreyòl Matinik epi Gwadloup. Konsa, moùn ki pa pale franse yo, ka gen difikilte menm jan ak mwen, men kòm fòk yo viv. Yo aprann sa ki manke yo epi nan de tan twa mouvman tout bagay vin anfòm. Mwen kwè noumenm Ayisyen di bagay epi gwadloup / Matinik di biten. Mwen kòkrèk nan sa mwen di a,Widy?
Ou sèvi anpil ak mo tala a. Mwen pa kwè nou sèvi ak li menm jan ak ou, si nou genyen ll, men mwen fè efò a pou mwen konprann sa ou vle di a epi mwen kontinye.
Mwen konn tande mizik Matinik/ Gwadloup, men se pa tout sa yo di nan mizik la mwen konprann.
Mwen ge yon liv ki rele Fab konpè zikak. Mwen pa toujou konprann tout sa otè a di. Mwen gen liv Bouman, se pa tout sa misye di yo mwen konprann. Baz gramè
lanng lan se menm, men nivo leksik la gen diferans. Gen diferans menm anndan Ayiti pou kont pa li. Moùn nan nò gen kèk mo ki rele yo pa yo epi ka kab menm chanje sans Pòtoprens, men nou pa gen pwoblèm pou nou viv epi pale ansanm. Depi moman an rive pou li di: Kisa mo sa a vle di, yonn mande lòt epi yo boule.

Nan nò Ayiti, lè mwen ta pe grandi, fè pou repase rad, se kawo moùn nan nò te rele sa. Noumenm Pòtoprens, nou di fè. Si moùn lan di mwen pran kawo a pou mwen. Premye sa mwen ap di li se: kawo? Kisa sa ye? Li ap esplike mwen li epi mwen ap eseye sonje li pou lapwochèn fwa. Konsa, konsa mwen ap vin konnen tout mo nouvo ki genyen nan zòn lan. Se menmman parèyman pou Ayisyen ki ap viv Gwaloup / Matinik yo epi ki pa pale franse yo.

Bon mwen pa rete non.
Kenbe fèm
Se te Kaptenn

Post Reply