Kole zèpòl ak zèpòl pou lang kreyòl jwenn vrè plas li

Post Reply
User avatar
admin
Site Admin
Posts: 2153
Joined: Thu Nov 13, 2014 7:03 pm

Kole zèpòl ak zèpòl pou lang kreyòl jwenn vrè plas li

Post by admin » Fri Oct 28, 2005 9:12 am

Nan lokazyon Jounen Entènasyonal Lang Kreyòl samdi 29 oktòb la, mwen te vle pataje ak w yon refleksyon sou sa nou dwe fè pou voye Kreyòl monte byen wo e fè li rive lwen.

«Kole zèpòl ak zèpòl pou lang kreyòl jwenn vrè plas li nan sosyete a»

Sandra Piverger,
oktòb 2005

Nan Jounen Entènasyonal Lang Kreyòl, nou ta renmen fè yon ti rale sou fason divès moun anndan sosyete n ap viv la konsidere lang kreyòl la. Jounen jodi a, anpil jefò ap fèt pou bay lang kreyòl diyite ak respè l merite. Nou menm wè yo anseye li nan lekòl, nan inivèsite (nan peyi tankou Etazini ak lòt kote), yon bagay ki pral ede peyi a anpil paske pale yon lang epi pou pa ka ekri l se yon gwo pwoblèm.

Anpil Ayisyen ki gen konesans, ki konn li ak ekri pa ta konsidere lang kreyòl pou sa li ye oubyen ba l valè l merite. Yo pito vle fè kwè «kreyòl se yon dyalèk» (lè yo pa k
a menm bay vrè definisyon yon dyalèk an tèm lengwistik), oubyen w tande yo di: «kreyòl se defòmasyon lang fransè». Nou ka di moun sa yo boure ak prejije (fo lide) paske yon lang se yon mwayen pou kominike, e youn tou pou defann lide. Men, èske nou ka toujou rete ap tande pawòl sa yo san nou pa di yon mo?

Pou kòmanse, fòk nou defini kisa nou rele yon «lang». Kilè nou ka di fason yon gwoup moun kominike, pale, se yon lang? Si nou ale nan diksyonè, n ap wè yon lang se yon pakèt mo ak son ki makonnen ansanm(ki vin bay plizyè siyifikasyon) kote moun k ap viv nan yon soysete itilize yo pou fasilite kominikasyon antre yo (swa pale, ekri pou fè lide yo pase). Nou ka di depi moun k ap viv nan kominote sa a konprann sa youn lòt di, nou ta ka deja kòmanse rele mwayen sa yo itilize a, yon lang.

Daprè gwo etid ki fèt, nou wè gen lang ki vivan (sa moun ap pale), gen lang ki manman lòt lang; konsa tou, gen lang ki mouri. Tankou «laten» se yon lang mouri paske pa gen moun ki pale l ankò byenke (tras) itilizas
yon l, nan sèten sans, enpòtan pou yon seri referans (tèlke nan syans, koze legal, elt.). Sepandan, nou ka konsidere «laten» tankou yon manman lang (nan gwo brane «endo ewopeyen an») paske gen anpil lòt lang romàn (kouwè fransè, espayòl, italyen, roumanyen, katalan, provansal, geyeyo) ki pran rasin yo ladan. Daprè sa nou fin wè la a, nou ka di kreyòl se yon lang vivan paske li pale nan yon peyi kote moun sèvi avèk li pou kominike toulejou epi fè sa yo bezwen ladan. Koze sentaks (chapant lang nan) ak semantic (sans mo yo), mòfoloji (fòmasyon mo yo), nou kite sa pou mesye lengwis yo ki dwe mete yo ansanm pou konble vid ki merite konble nan lang kreyòl la.

Daprè anpil rechèch ki fèt, lang kreyòl la ta gen estrikti kèk lang sòti nan zòn lwès kontinan Afriken an. Pou n pi klè, n ap di lang «ewe» ak «fon» nan epòk disetyèm syèk. Afriken, sa yo kolon blan te trennen vin Sendomeng, pa t gen lòt bagay pou fè ke chache konprann youn lòt e vòlè mo anba bouch kolon blan, yon kole pyese ki bay nesans a yon tip «
pidjin» epi ki evolye nan yon lang oubyen yon kominezon ki vin bay lang kreyòl la (daprè sa Michel Degraff ekri aprè rechèch li fè sou lang la). Doktè Ernst Mirville, nan dokiman li ekri ki rele «Le créole peut-il être clair?» (èske kreyòl la ka klè?), montre nan travay li sèke kreyòl se yon lang tankou tout lang paske avèk lang sa a, ou ka fè sòti tout lide w genyen nan zafè lasyans, moral ak relijyon . Yon lide anpil moun pa pataje menm lè yo sèvi ak lang lan pou eksprime tout doulè, kontantman, kominike ak lòt, bay blag, rakonte istwa, elatriye.

Nan Jounen Entènasyonal Kreyòl, nou vle bay yon gwo kout chapo ak tout moun ki kontinye ap fè rechèch sou lang lan, nou pa ka bliye Paul Dejean depi nan lane 1963 ki t ap goumen pou redwi kantite moun ki pa konn li anndan peyi a. Yves Dejean, nan lane 1977, ki parèt ak liv sou kòman nou dwe ekri kreyòl. Anpil jefò fèt pou rive bay lang kreyòl la yon òtograf. Emmanuel W. Védrine nan lite l ap lite pou bay lang kreyòl la vrè plas li nan sosyete a. Sepandan, n
ou rekonèt gen anpil travay ankò ki rete pou fèt e jwèt la nan men «lengwis», «sosyolengwis» yo, ansanm ak tout moun ki vle pote kole pou avanse ak lang lan. Nou fini pa konprann Pèp Aysisyen ki toujou ap bay leson dwe ankouraje travay k ap fèt nan domèn nan pou ka rive fè lang kreyòl jwenn vrè plas li nan sosyete ayisyèn nan ak nan lemonn. Yon bagay ki va sèvi yon byen, yon modèl pou lòt pèp k ap pale menm lang sa a nan yon lòt fason ak diferan aksan, nan lòt kilti. Koze lòt fason oubyen aksan pa ta dwe gen anpil enpòtans paske anglè ki pale Ozetazini gen anpil diferans pou sa ki pale nan peyi Angletè. Menm bagay la pou lang fransè. Lè pou fè diferans lan, yo oblije mande èske se fransè Kanada oubyen Lafrans, etsetera.

Tout rale sa yo se pou montre kòman nou menm Ayisyen nou ka sèvi ak sa nou genyen pou fè peyi nou vanse. Majorite etid ki fèt sou lang kreyòl la, pifò ladan yo se etranje ki reyalize yo. Pandan Ayisyen rete lwen ap fè prejije pou lang lan, lòt nasyon ap fè rechèch e ap viv ak lang nan,
ekri liv ak mete sou pye sant dokimantè, elatriye.

San ale pi lwen, nou jwenn liv ki ekri pou etranje k ap aprann lang kreyòl la tankou: Siwolin: leson kreyòl pou etranje ki pale fransè, ak divès lòt ankò. Alòske anpil ayisyen pa konn ekri lang y ap pale toulejou a. Sa a se lawonte, mezanmi!

Koze pale lang anndan peyi Ayiti pa piti paske nou pa ka bliye tou, Ayiti se yon zile ki gen de (2) lang ofisyèl: fransè ak kreyòl. Li lè li tan pou Ayisyen sispann fè demagoji. Ann pote kole ak tout moun, tout enstitisyon ki vle fè pwomosyon 2 lang sa yo anndan peyi a. Nou pa ka jete ni fransè ni kreyòl. Yon Aysisyen dwe pale, ekri ak konprann toude lang sa yo. Se sa k fè nou dwe chwazi bon palmantè ki kapab ekri e fè pase bon jan lwa nan lachanm sou zafè edikasyon e tou yon politik lengwistik pou benefis peyi a.

Aprann chwazi moun ki ka mennen peyi Dayiti nan chemen devlopman kote pou gen bon jan wout, lekòl piblik, lopital, sekirite, elatriye. Nou dwe debarase nou de tout vye ògèy ak konpòtman egoy
is ki anpeche n vanse. Ann chèchè wè sa ki bon lakay chak moun, kòman yo ka ede nan devlopman peyi an.

Pou fini, nou vle di yon gwo ayibobo pou tout lekòl nan peyi Dayiti ki anseye kreyòl ak fransè. Nou dwe sispann tande palmantè ak swadizan moun ki okipe gwo pòs nan peyi a ki rive nan peyi frankofòn ki pa ka pale fransè tandiske lang fransè a ofisyèl lakay yo. Nou dwe sispann wè ak tande Ayisyen poutèt yo pa ka ekri lang kreyòl ap chache retire l sou moun nan tout vye prejije yo genyen tankou lè y ap di: «ki kote kreyòl ap mennen nou?». Li lè li tan pou tout moun, tout Ayisyen konprann yon lang pa lòt bagay ke yon mwayen pou kominike lide w, panse w, kilti w, konesans ou ak divès lòt bagay ankò. Lang kreyòl se yon 'lang vivan' tankou tout lòt lang yo pale, ekri e ki vle jwenn vrè plas li anndan sosyete ayisyèn nan ak lemonn antye. Kreyòl pale, kreyòl konprann.

(Sandra Piverger - Lisansye nan Kominikasyon Fakilte Syans Zimèn, Inivèsite Deta Dayiti)

Michelange_Hyppolite

Post by Michelange_Hyppolite » Sat Oct 29, 2005 10:50 am

Nou remake se Guysanto ki poste tèks sa a, men li pa di ki kote tèks la soti.
Nou remake anpil pawòl teyorik nan tèks la. Se byen.
Mounn ki ekri tèks la di nou gen anpil travay ki rete pou fèt. Nou ta kontan anpil si jounen jodi a, li ta kab idantifye younn ladan yo epi voye li nan lakou a pou nou ta wè ansanm kijan nou ta rive fè travay li ap pwopoze nou an.

Nan tèks la, nou wè mo ankourajman an. Younn pami divès fòm ankourajman lanng kreyòl la ka jwenn se nan achte bon zouti ki pibliye an kreyòl yo. Mwen di bon zouti, paske gen zouti ki nan lari a ki merite travay. Nou pa pe site non, paske se pa sa ki enterese nou, men nou kwè si mesye-dam yo wè liv ki soti an kreyòl yo ap vann kou pate cho, gen anpil ekriven ki gen anvi pwodui an kreyòl, ki pral pran chans yo nan domèn sou teren kreyòl la. Plis nou gen materyo kreyòl, se plis travay la ap vanse.

Nou li tou koze pwomosyon. Prensipal kote pou pwomosyon lanng lan fèt se nan aparèy le
ta a.
Ki kalite presyon noumenm kreyolis ka mete sou pye pou fòse leta fè travay li?

Jounen jodi a, nou wè anpil kout plim sou kilti kreyòl nan espas kou Sant N A rive Monreyal, oubyen nan KIPKAA, OUBYEN SAKS ANNDAN AYITI, men nou pa santi youn apwòch pratik ak lanng lan limenm. Rankont pou devlope lide ansanm epi aplike lide yo, elatriye.

Nou dwe kreye mwayen presyon pou leta pran desizyon ki pa koute lajan pou bay kreyòl la jarèt. Younn ladan yo se mete sou pye nan kad kou literati, youn regleman pou tout elèv, san eksepsyon ,trete youn sijè sou literati kreyòl la nan kad evalyasyon yo nan bakaloreya.
Si Ministè edikasyon kontinye politik ki mande pou tout lekòl anseye lanng kreyòl la nan nivo primè a, disi 10 lane koze mwen pa li kreyòl la pa pe ekziste ankò kòm ekskiz.

Konsa, nou dwe goumen pou desizyon ki pran an favè lanng kreyòl la rete dyanm epi kontinye poze baz pou pi plis desizyon pozitif toujou vin tounen reyalite.

Mwen pa rete non!
Kenbe fèm
Michel-Ange Hyp
polite ( Kaptenn Koukourouj)
Manm Sosyete Koukouy Kanada

User avatar
admin
Site Admin
Posts: 2153
Joined: Thu Nov 13, 2014 7:03 pm

Post by admin » Sat Oct 29, 2005 2:24 pm

Kaptenn, mwen twouve tèks sa nan bwat imel mwen. Se Sandra Piverger ki te voye l pou mwen. Kòm ou kab imajine w, mwen resevwa yo kantite imel chak jou. Gen de lè, mwen pataje koze yo ak nou. Mwen regrèt mwen pa te bay plis esplikasyon sou jan mwen te twouve tèks la, byen ke ou kab wè klèman ki moun ki ekri li ak enfòmasyon sila:
"Sandra Piverger,
oktòb 2005"

Mwen va reponn Sandra e envite li vin pataje lide ak nou sou fowòm lan.

Jonas
Posts: 238
Joined: Sun Sep 07, 2003 11:53 am

Post by Jonas » Sat Oct 29, 2005 7:19 pm

Sou menm woulib lan:

Youn nan eskiz ti nèg toujou ap bay sè ke pa gen ase materyèl didaktik an Kreyol. Yo pa janm pran tan pou yo kreye materyèl sa yo non, men eskiz sa a toujou otomatik nan bouch yo.

Mesye ki ap enseye matematik nan inivèsite ann Ayiti yo, men yon ti tretiz sou PWOBABILITE ak ESTATITIK ke yon pwofesè Antiyè ekri an "Kreyol Antiyè" :

http://www.palli.ch/~kapeskreyol/guides/GEP_Web_Red.pdf

Nou ka jis fè yon ti revi de li e tradwi l an Kreyol ayisyen.

Michelange_Hyppolite

Post by Michelange_Hyppolite » Sat Oct 29, 2005 8:11 pm

Jonas monchè mwen kontan dilijans ou sou dosye tradiksyon dokiman estatistik la. Mwen eseye al chèche li, men sa mwen jwenn sou paj ki parèt devan mwen an se Chinwa. Sa pa grav. Sa ki konte sèke nou ap panse nan menm direksyon.
Pou amòs ou fè la a mache, fòk ta gen youn lyen ant pwofesè Ayiti ki anseye kalite matematik sa a ak pwofesè matematik Matinik lan ou Matinik yo. Konsa, yo ta konnen si zouti ki fin tradui a ka sèvi nan kou yo ap fè anndan Ayiti yo. Anplisdesa, fòk gen konpayèl anndan Ayiti ki maton nan tou de kreyòl yo: kreyòl Ayiti a ansanm ak kreyòl Matinik lan, se sa ki pral pèmèt tradiksyon an reyisi.

Kounye a, nou ta kontan anpil si gen youn pwofesè matematik anndan Ayiti ki ta rantre sou paj la pou li koze ak nou sou dosye sa a.
Alaverite, tradui liv yo se younn, men asire nou travay tradiksyon an koresponn ak bezwen mounn yo anndan peyi a se youn lòt.

Mwen gen lontan mwen ap pale sou aspè pratik nan itilizasyon lanng
kreyòl la anndan fowòm lan, se premye fwa youn mounn parèt ak youn pwopozisyon dyanm. Konsa, nou kab di gen dekwa espere. Syèl la pa sonb nètale. Granmounn yo abitye di: lespwa fè viv, mwen ap kontinye viv ak lespwa.

Mwen pa rete non.
Kenbe fèm
Michel-Ange Hyppolite ( Kaptenn Koukourouj )

Jonas
Posts: 238
Joined: Sun Sep 07, 2003 11:53 am

Post by Jonas » Sun Oct 30, 2005 1:59 pm

Michel Ange,

Gen anpil mo ke ou ka pa rekonèt, se de mo ke mesye yo kreye, de neyolojis.

De mo kou: Bayale (entrodiksyon); pòtalan (enpòtan); kontèl elatriye

Se yon estrateji pou ba lang lan yon espas, pou pa kite lang franse an trangle lang Kreyol lan.

Men yon atik enteresan kote mesye yo pale de lòt estrateji.
Yo ekri l pou yon piblik Matinikè, Gwadloupeyen ak Giyanè.
Mwen panse ke nou ka ize estrateji sa yo tou.

Se yon pyon nan diskisyon an:

http://www.palli.ch/~kapeskreyol/ewop/strategies.html

Michelange_Hyppolite

Post by Michelange_Hyppolite » Sun Oct 30, 2005 3:18 pm

Mochè Jonas mwen renmen lide ou di mwen mesye-dam Matinik-Gwadloup yo itilize pou rantre mo nèf nan lanng lan, sepandan nou dwe fè atansyon, sinon nou pral rantre nan kreye mo nou pa abitye ak yo. Lè konsa, nou riske kreye youn zouti noumenm menm ap gen difikilte sèvi ak li.

Domèn mwen se byoloji. Mwen te sèvi ak menm estrateji a lè mwen ta pe ekri ATLAS LEKSIK ZO MOUNN AN 4 LANNG : KREYOL-ANGLE-PANYOL-FRANSE. ( 1989 )

Se youn liv nou kab jwenn nan Educa-Vision nan Miyami.
Mwen te sèvi ak mo mwen konnen nan milye Ayisyen an epi gen lòt mo tou, kote mwen te itilize bon sans.

Mwen konsyan tou, gen mo nou gen nan kreyòl Ayiti a, ki pa nan kreyòl lòt Zile yo.

Nan sans sa a, li ta bon pou ta gen ekip mounn nan domèn byoliji ki ta palmante ansanm sou lis mo nan domèn respektif pa yo. Nou ta kab antann nou sou yo epi sèvi ak entènèt la pou nou voye yo bay tout lòt kreyolis ki gen kreyòl ak baz leksik franse yo.

Tankou mwe
n toujou di li: Kreyòl pa gen limit. Epitou entènèt la se youn zouti pou nou travay ak distans. Sèl sa nou bezwen se anpi disiplin.

PB (Pa Bliye ) Mwen remake seksyon Lanng ak Literati a ap glise pi plis nan bout anba paj la. Eske gen youn jou ki ap rive kote pral disparèt sou paj la? Paske tankou mwen ap di nou li: se desann nou ap desann anba pye lis la.

M'ale
Kaptenn

Widy_

Post by Widy_ » Mon Oct 31, 2005 10:25 am

Mwen dakò epi Michel Ange, konsènan tèks statistik la an kreyòl.

Sa li fè rèsòti ban mwen, se kè pa gen pon standa entènasyonal si kreyòl e tout moun ka ekri-y jan yo le e gen menm de chèchè ki ka rete an ti kwen a yo e ki ka ponn oun kreyòl sipoze BON!!!

Prèmye kritik kè-m ke fè rèchèch yo se dè pa gen kont dè sa ki ja fèt avan, sètadi pa kote chèchè ayisyen yo.

Ki jan nou pe pale dè kreyòl modèn, si moun konsène menm paka rive konprann li.

Dezièm biten ankò, sekè si se chèchè tala te fè oun minimòm dè rèchèch yo teke wè kè son e la kon nou ka tande li an fwanse, paka ègziste an kreyòl kon " LE, PETIT,CHEMISE, REMISE......ETC.

Se la mwen dakò èvè kreyòl ayisyen yo piskè yo, yo konprann sa.

Dotrèpa se boug an nou la ka mete aksan si e pou prononse é kon an fwanse alòs kè ayisyen yo ap transfòme-y pou-l fè é, sa ki pli lojik, piskè son e la paka èkziste.

Konsènan son è yo, kon pa aza, yo paka foure
aksan asou-l.

Oun lo dòt enkoreans ankò ... men tousa ka montre nou kè oun lang pale pa oun lo nasyoun diferan, si nou le mete oun kreyòl modèn si pye, li enpòtan pou tout moun konsène travay ansanm.

San kwa se yenki kèk boug ki ke ponn de teori kreyòl men ki pa gen pon sans e pon itilite ba pyès moun.

Post Reply