Move tretman pote van lavyolans

Post Reply
Michelange_Hyppolite

Move tretman pote van lavyolans

Post by Michelange_Hyppolite » Mon Jul 25, 2005 4:52 am

Pawòl mwen pral poste la yo se finisman youn rale ade mwen te genyen ak youn Kanmarad «GNBIS» sou granchemen savwa a nan REKA. Mwen vle pataje moso ladan ak kanmarad fowòm isit la, kote, jeneralman, mwen pa pale sou politik, paske mwen toujou konnen, sa nou ap di yo pa pe janm rive gen efè sou sa ki ap pase lakay yo. Sepandan, chak kanmarad nou rive ede wè pi klè, se youn limyè nou plante pou nou klere nan fè nwa. Ann li ansanm:

« Monchè PMICH mwen remake nou pran lakou a pou nou de a. Lè mwen rasanble kèk lide ki nan avan dènye lèt ou a ak lide ki nan lèt ou fenk ekri la a, mwen ka di ,se vre ,nou gen kèk lide diferan, men nou rete kwè nan menm prensip alabaz yo: nou gen youn peyi ki prale. Nou gen youn siman nasyonal ki ap fann epi ni mwen ni ou, nou pa gen materyo pou nou anpeche li fann.

Mwen rive li dènye lèt ou ak entansyon ou te vle mwen li anvan dènye a.

Mwen dakò tou ak lide kote ou di: sa ki fè younn mal, se plezi li pote pou lòt la. Sa raple mwen chante Jak Sovè Jan an ki di:« tout sa ki pa bon pou younn li bon pou youn lòt». Lavi a dwòl. Mwen kwè tou apwòch pou nou fè a se apwòch chita pale nan tout domèn nan sosyete a san esklizyon. Mete mounn nan prizon san jijman se pa solisyon.

wi nou gen plizyè kanmarad ki pran menm sant ak ou bò isit la. Nou ap mache nan direkesyon youn masak nasyonal epi se nou tout ki pral viktim.

Wi mwen dakò tou lè ou di:« pran pouvwa a konstitisyonèlman pa bay prezidan an dwa pou li fè sa li vle ak mounn nan peyi a», kwake se sa Bush, prezidan tout peyi sou latè ap fè, men lakay li yo respekte konstitisyon an.

Nou palede lamizè. Si gen lamizè sou latè an jenneral epi anndan Ayiti an patikilye, se paske byennèt ki sou latè yo mal pataje. Se paske gato a mal separe. Kraze lekòl, kraze mize, kraze moniman nasyonal elatriye pa pe janm rive kontribye nan devlopman oubyen avansman youn peyi, men tout tan kat la poko rebat, tout tan sistèm edikasyon nou an ap pwodui mounn ki gen po Ayisyen ak sèvèl lewòp, nou fenk kare ap andire. Tout tan nèg ap chèche mwayen pou yo gen pouvwa a pou yo sèl, lajan an pou yo sèl grenn, tout tan mounn ki sou pouvwa yo kontinye ap bouche zòrèy yo devan revandikasyon mas pèp la, kèlkeswa kote nou ap viv sou latè a( Kanada, Ayiti, Etazini, IraK elatriye) ap toujou gen vyolans epi se toujou tou de kan yo ki ap gen pou yo pèdi nan vyolans lan.

Si ou aksepte ak mwen: nou gen youn pwoblèm nan fason minorite nanti a, nan fason mounn ki gen lajan yo trete majorite pòv la, epitou yo dwe chanje konpòtman yo fas ak pòv yo, nou deja gen nan men nou eleman pou younn rive konprann lòt pi byen.

Si nou remonte nan listwa nou, nou tou de ap toujou sonje, esklav yo pa te fouti bay blan yo lapè tout tan blan yo ta pe kontinye trete yo tankou bèt.

Mwen toujou di mwen pa kwè nan blabla relijon , men mwen toujou eseye aplike de prensip nan sa mwen te aprann kay frè yo ak kay defen mèt Martinez :

1- Pa fè mounn sa ou pa ta renmen yo fè yo.


n2- Ou dwe renmen pwochen ou tankou ou renmen pwòp tèt ou.

Se de prensip sa yo peyi rich yo ak mounn rich anndan Ayiti yo kontinye vyole. Epitou, depi lemonn ekziste se konsa latè ap balanse. Se sa tou ki lakòz tout vyolans nou ap li nan listwa yo. Kòmanse sou Endyen yo blan yo te fin touye derasinen sou latè pou rive sou sa ki ap pase Irak ak Ayiti jounen jodi a.

Tout mounn yo ap pilonnen , meprize, eksplwate ap toujou reyaji tankou mounn ki pèdi larezon. Se la nou te ye nan epòk lesklavaj. Se sa tou ki te ban nou politik« koupe tèt boule kay la» epitou se la nou ye toujou jounen jodi a, anplisdesa, gen etranje ki ap fè ti dife boule nan mitan nou( DIVIZE POU REYE)

Vye frè mwen, se la a mwen ap kanpe maten an.

Ni mwen ni ou dwe kontinye denonse move ajisman, nan kèlkeswa kan an, men nou dwe toujou chèche kòz yo epi ekri yo ak gwo lèt wouj sou tout mi nan tout vil sou latè, dimwens patou sou entènèt la, (granchemen savwa ki konekte tout mounn sou latè a). Nou pa kab geri lemal ak lemal, men nou pa dwe chita gade lòt la ki ap souflete nou an nonplis.

Sa nou ap ekri jounen jodi a, va pètèt sèvi pou klere wout sila yo ki nan wout pou vin ranplase nou nan sosyete a, paske enjistis ak abi ap toujou trennen vyolans.

Se te Kaptenn.

Mwen pa renmen pale nan koze mwen pakab chanje, men nou dwe pale pou nou fè wout, jete dlo pou nou chèche frechè, epi limen balenn pou nou wè pi klè.

Pawòl pale se van pawòl ekri se dokiman.

Mwen ale tout bon fwa sa a.
Michel-Ange Hyppolite ( Kaptenn Koukourouj)

Post Reply