Kesyon pou Kaptenn sou Ekriti Kreyòl la

Post Reply
Tidodo
Posts: 117
Joined: Mon Jan 01, 2007 9:07 am

Post by Tidodo » Mon Feb 19, 2007 8:32 am

[quote]Se youn chante batay nan ane 1970 yo. Mwen te konn tande li sou Emisyon Lè Ayisyèn epòk mwen ta pe viv nan Jèze Siti. Mwen pa vle mete non gwoup la, paske mwen pa sonje li, men se youn chante ki toujou vin jwe marèl nan lespri mwen chak fwa noumenm kreyolis fè youn pa anplis sou kokennchdenn wout ki blayi devan nou an.[/quote]

Michel-Ange,

Mwen toujou renmen li bagay ou ekri an Kreyòl, paske mwen twouve yo tèlman fasil pou m li. Men, mwen gen de twa kesyon pou ou sou sa w ekri a e osi sou lòt pwoblèm pèsonel mwen genyen lè map ekri.

1. Kouman yo ekri [map] ki daprè sa mwen konprann se yon abrevyasyon de mwen ap. Pa egzanp, map viv lan Jèze Siti olyede mwen ta pe viv lan Jèze Siti

2. Osi, ou ekri "kokennchdenn wout." Mwen sonje Jeremi, nou toujou pwononse l, kokennchenn. Eske se yon "typo" ou se konsa nou sipoze ekri l?

3. Kouman yo ekri:"Ozetazini, Anayiti, etc.?" Li sanble ke an kreyòl, atik lan vinn fè pati non peyi a! Silvouplè, banm yon ti eklèsisman sou bagay sa yo.

4. Si mwen ekri anyen lan poss sa ki gen fot, silvouplè, souliye o pou mwen e ma tou aprann yo.

Mèsi anpil wi!

P.S. Sa mwen konnen deja lan Kreyòl lan, se Pwofesè Pistash ki te montre m yo. Sepandan, se pa yon move bagay si mwen aprann lan men lòt moun tou! Tèt elèv lan di. Li bezwen plizyè leson, desòteke, gen anpil ki rete lan zokolo kalbas li!

User avatar
Guysanto
Site Admin
Posts: 1289
Joined: Fri Mar 07, 2003 6:32 pm

Post by Guysanto » Mon Feb 19, 2007 10:17 am

[quote]Sepandan, se pa yon move bagay si mwen aprann lan men lòt moun tou![/quote]
Nan pwen pwoblèm nan sa ditou, espesyalman lò ou konsidere Kaptenn Koukouwouj se yon gwo maton nan pratik Ekriti Kreyòl la.

Sepandan, anvan Kaptenn reponn, mwen vle kouri retire-w nan lòbèy avèk Pwofesè Pistach. Pa janm ekri non li "Pistash" ankò. Mwen konnen sa pa fè misye plezi. Non li se "pistaCh", se pa "pistaSh".

Kòm ou pa konnen Pwofesè Pistach, "à bon entendeur, salut!"

Ansuit, mwen vle pwofite di tout moun ki fouyapòt ke prèske tout kesyon Tidodo poze yo diskite LONTAN LONTAN sou fowòm lan. Nou gen dwa twouve menm kesyon-repons yo sou Fowòm Ekriti Kreyòl la, ki nan Achiv Windows on Haiti e ki parèt sou fowòm sa tou.

Nan tan sa, nou te gen anpil ekspè-lengwis ki te konn vini ban-n bon jan bèt nètalkole nan tout zafè ki konsène lang lan: Jean-Robert Placide, Michel DeGraff, Hugues Saint-Fort, Alain Denis [Alen Deni], Nicholas André [Nikola Andre] elatriye, san konte bon jan antouzyas (ki fò tout bon vre!!) nan itilizasyon lang lan tankou Emmanuel Vedrine, Benn Hèbèltwèt, Marilyn Mason, Pwofèt Jozèf, Jafrikayiti, Serge Bellegarde, Gifrants, e sèvitè ou tou. San nou pa bliye tout patizan REKA yo [Rezo Entènèt Kreyòl Ayisyen]. San nou pa janm bliye Kaptenn Koukouwouj [Michel-Ange Hyppolite, Sosyete Koukouy Kanada]. San nou pa bliye kontribisyon pedagojik Pwofesè Pistach yo nonplis.

Gen gwo bèt ki te konn tonbe sou fowòm lan tou, tankou kèk atik ki soti anba men Paul Déjean ak Woje Saven [Roger Savain].

Tou sa pou-m di-w, alepòk pou yon moun pa aprann, se vle pou-w pa ta vle aprann.

Malerezman, mwen konnen tout bèt sa yo ap gaspiye nan Achiv Windows on Haiti, men si yon moun pa fouyapòt, li pap janm twouve yo.

Sa ki ankourajan sepandan, sè ke lò mwen wè jan moun ekri Kreyòl sou entènèt la nan jounen jodi a e konpare sa ak jan yo te konn ekri Kreyòl la lò Fowòm Ayisyen te fèt parèt la, se jou ak lannuit. GEN ANPIL ANPIL ANPIL PWOGRÈ KI FÈT. Menm si gen refraktè toujou, li klè n'ap genyen batay la.

Windows on Haiti FYÈ dèske li pote kontribisyon pa-l nan batay sa.

Finalman, Tidodo, men ti degi pa-m nan koze ou mande Kaptenn yo. [Mwen sèten Kaptenn pral ajoute plis sou yo] :
1. map se m'ap
2. banm se ban-m
3. souliye o se souliye yo
4. poss [Kaptenn ka bay dizon li sou sa, men mwen pa ta ankouraje ni itilizasyon mo sa, ni jan ou ekri li a nonplis. Pou ki 2 "s", lò youn sifizan?]
5. Anayiti se Ann Ayiti men anpil kreyolis ekri An Ayiti tou. [Bagay sa te diskite anpil sou Fowòm Ayisyen an e tout diskisyon sa yo pase nan Achiv. Ozetazini te diskite tou, men kite-m kite Kaptenn bay dizon pa-l sou sa. Mwen pa vle fè wè konsi se mwen ki gen tout repons yo.
6. piès se pyès [nan yon lòt mesaj ou te voye]
7. radio se radyo [nan yon lòt mesaj ou te voye]
8. Finalman, pou zafè ban-m, m'ap elatriye [sètadi itlizasyon tirè ak apostwòf pou separe vèb ak prenon (ak zòt patikil lang toujou), te mwen siyale ke Kaptenn Koukouwouj [Michel-Ange Hyppolite] te fè yon bèl rale sou sa sou Ann Pale menm, sa gen kèk mwa de sa. Mwen pa gen pwoblèm si li vle fè menm rale a ankò. Men si nou enterese tout bon vre aprann ekri lang Kreyòl la, mwen ta sigjere nou li atantivman tout repons Kaptenn, Pwofesè Pistach, ak lòt bon patizan Kreyòl la pote ban nou. De fason nou pa toujou repete menm klas primè yo.

[Antouka, se pou sa mwen touye tèt mwen nan òganize fowòm lan ak Achiv yo jan nou wè mwen fè sa. Ale sou Ann Pale I, w'ap wè gwo rale Kaptenn lan. Si ou gen pwoblèm pou twouve-l, fè-m konnen silvouplè. M'ap toujou twò kontan pou mwen ede nou.]

Nou tout kapab loreya si nou vle.

Michelange Hyppolite
Posts: 60
Joined: Mon Feb 12, 2007 8:41 pm

Post by Michelange Hyppolite » Mon Feb 19, 2007 10:22 pm

Kouman nou ye zanmi yo?
Bon Tidodo,
Mwen pa kwè mwen bezwen fè pi gwo rale pase sa Guy fin di yo, paske nou genyen anpil enfòmasyon sou dosye ekri kreyòl anndan vant fowòm lan ki kab ede ou.

Kokennchenn:
Ou gen rezon. Gen youn move touch ki rantre nan mo a. Pa genyen [d] nan mo a. Se dwèt mwen ki te peze youn move bouton.

Gen de sèvis ki te ekziste nan Annpale I ki poko genyen nan Annpale II.

Lontan, depi gen youn mounn ki reponn mesaj mwen, mwen te resevwa youn nòt ki anonse mwen gen youn nouvo mesaj sou sijè a. Kounye a, gen lè pa genyen li. Si JPalmis pa te di mwen Tidodo ekri, se demen oubyen apredemen mwen ta kab wè sa.

Lòt sèvis ki te genyen ankò, se te youn ti sizo ki te konn parèt nan tèt tèks la. Li te pèmèt mèt tèks la fè koreksyon nan tèks li. Pa genyen li ankò. Anfèt, Guy te sispann mete li anvan Ann pale I te fèmen.

Mwen te wè mwen ekri kokennchenn mal, men mwen pa te fouti korije li, paske mwen te deja fin poste li.

Alòs Tidodo, si gen lòt eklèsisman ou bezwen, pa ezite tyeke ak mwen.

Ann Pale se kay nou.

M'ale
Michel-Ange Hyppolite ( Kaptenn Koukourouj)

Tidodo
Posts: 117
Joined: Mon Jan 01, 2007 9:07 am

Post by Tidodo » Tue Feb 20, 2007 6:48 am

Kaptenn,

Mèsi pou repons lan.

[quote]Lontan, depi gen youn mounn ki reponn mesaj mwen, mwen te resevwa youn nòt ki anonse mwen gen youn nouvo mesaj sou sijè a. Kounye a, gen lè pa genyen li. Si JPalmis pa te di mwen Tidodo ekri, se demen oubyen apredemen mwen ta kab wè sa.[/quote]

AnnPale II genyen li toujou. Men li pa otomatik. Ilfo ke ou mete yon ti flèch lan yonn lan ti bwat anba mesaj lan ki di:"Notify me when a reply is posted." Sepandan, gen defwa ke mwen pa resevwa nòt lan mèm si mwen te mete ti flèch lan. Tankou yo di an anglè:"It's inconsistent, lately!"

User avatar
Guysanto
Site Admin
Posts: 1289
Joined: Fri Mar 07, 2003 6:32 pm

Itilizasyon Apostwòf ak Ti tirè nan kreyòl Ayiti a

Post by Guysanto » Tue Feb 20, 2007 8:20 am

Itilizasyon Apostwòf ak Ti tirè nan kreyòl Ayiti a
Referans: http://www.haitiforever.com/forum/viewtopic.php?t=4601

[quote]

Itilizasyon Apostwòf ak Ti tirè nan kreyòl Ayiti a

Jodi a mwen deside vin pale ak nou sou itilizasyon apostwòf ak Ti tirè nan lanng kreyòl la, paske gen kèk tan depi mwen ap li dokiman kote apostwòf la plase devandèyè. Sa vle di, yo pa mete apostwòl la nan plas nòmal li. Yo sèvi ak apostwòf la nan plas Ti tirè a. Poutan, nan ekri franse ak angle, de lanng mwen konnen ki sèvi ak apostwòf, tout mounn mache sou pinnga yo pou yo pa pile si yo te konnen.

Se ak lespri respè pou sistèm òtograf kreyòl dekrè lwa 18 sektanm 1979 la, ki pibliye nan Edikasyon Nasyonal jou 31 janvye 1980 an, mwen pral raple mounn, ki poko konnen li yo, bon fason pou yo sèvi ak apostwòf la oubyen Ti tirè a lè yo deside sèvi ak yo. Mwen di li byen, lè yo deside sèvi ak yo, paske dekrè lwa a di: Ou kab sèvi ak apostwòf epi ti tirè si ou vle.

Pami divès liv ki genyen dekrè lwa sa a ladan, mwen ap nonmen: Manuel D'initiation à l'écriture du Créole (1983) ak Dr. Pradel Pompilus. Nou va jwenn enfòmasyon sou dekrè lwa sa a nan paj 69 - 74 liv la.

Genyen règ pou itilizasyon apostwòf la nan lanng kreyòl la tankou nan de lòt lanng nou itilize pi plis yo, mwen vle di: franse ak angle. Nan tou de ka sa yo, apostwòf la sèvi pou li ranplase youn son ki pa la enonpa pou li kole de mo ansanm. Ann pran angle: «Let us talk.» Lè son « u » a pa la, yo ranplase li ak apostwòf.«Let's talk.»

Nan lanng franse a lè nou pran «J'aime» nan tan nòmal se ta « Je aime ». Kòm son « e » a pa la apre lèt «j» a, yo di « j'aime »

Lè an kreyòl nou di « MWEN PA LA» epi nou deside ekri youn fòm kout, nou di « M' pa la ». Nan son « mwen » ki tounen « m » , gen twa lèt ki tonbe, lèt sa yo se « wen ». Lèt ki tonbe yo, nan ki pozisyon yo ye? Yo sou bò dwat lèt « m » lan nan mo « mwen » an. Sa vle di, si ou vle mete apostwòf, ou dwe mete li sou bò dwat lèt « m » lan. Konsa, OU DWE EKRI « M' PA LA » avèk apostwòf la sou bò dwat lèt « M » lan, menm jan ou ta va fè li pou angle a ak franse a nan mo kou « LET'S » oubyen « J'AIME ».

Nan menm dekrè lwa tou, yo di nou ki lè pou nou sèvi ak apostwòf la lè nou deside sèvi ak li. Nou kab sèvi ak apostwòf lè mo kou: Mwen, Li, Nou, eksetera... sèvi kòm pwonon sijè.

Ekzanp: Mwen vin chèche ou. M' vin chèche ou.

Li ap kouri pou kidnapè. L' ap kouri pou kidnapè.

Manman li di li ap pèdi anpil lajan, paske peyi a tèt anba.

Manman li di l'ap pèdi anpil lajan paske peyi a tèt anba.

Ti tirè pa kab sèvi nan plas apostwòf. Nou kab sèvi ak ti tirè, si nou vle, pou nou makonnen yon mo ak fòm gramè ki vini apre li a.

Ex.: Papa li pa la. Papa-l pa la.

Li kouri dèyè li. Li kouri dèyè-l.

Soulye pa mwen an dechire. Soulye pa-m lan dechire.

Sa vle di, pou nou kole de mo ansanm. Se ti tirè pou nou mete nan mitan yo. Se pa apostwòt la.

Mwen pran san mwen pou mwen esplike nou fason pou nou sèvi ak apostwòf la epi ti tirè a. Mwen espere alavni, si nou deside sèvi ak yo, nou va itilize yo daprè prensip dekrè lwa 18 sektanm 1979 la .

Mèsi pou tan sa a nou pran pou nou li remak mwen an.

Michel-Ange Hyppolite ( Kaptenn Koukourouj) Manm Sosyete Koukouy Kanada
[/quote]

Teke ralonj sa: http://www.haitiforever.com/forum/viewtopic.php?t=4601 pou li tout repons ki te ekri anba mesaj la, si ou vle.

User avatar
Guysanto
Site Admin
Posts: 1289
Joined: Fri Mar 07, 2003 6:32 pm

Post by Guysanto » Tue Feb 20, 2007 8:34 am

Mwen vle di pou nou eskize mwen dèske mwen te kouri reponn kesyon yo anvan moun yo te adrese a. Gen lontan m'ap aprann Kreyòl e gen lontan m'ap pataje konesans mwen tou. Ki di gen de lè, kè mwen twò cho pa abitid.

User avatar
Guysanto
Site Admin
Posts: 1289
Joined: Fri Mar 07, 2003 6:32 pm

Post by Guysanto » Tue Feb 20, 2007 8:50 am

[quote]Lòt sèvis ki te genyen ankò, se te youn ti sizo ki te konn parèt nan tèt tèks la. Li te pèmèt mèt tèks la fè koreksyon nan tèks li. Pa genyen li ankò. Anfèt, Guy te sispann mete li anvan Ann pale I te fèmen.[/quote]
Kaptenn, zafè jere fowòm se bagay ki pi grav pase aksan grav. Gen abi ki te fèt kote moun chanje kareman sa yo te di. Jafrikayiti kab pale-w de sa. Privilèj sa pa te rete nan kad korije òtograf sèlman. Kidonk, mwen prefere pwoteje entegrite fowòm lan. Se plis travay mwen kreye pou tèt mwen, men si gen "editing" ki pou fèt, se mwenmenm k'ap fè-l. Kidonk, mwen pap janm rive fè tout moun plezi, men se bon jijman-m m'ap toujou chache suiv.

Michelange Hyppolite
Posts: 60
Joined: Mon Feb 12, 2007 8:41 pm

Post by Michelange Hyppolite » Tue Feb 20, 2007 8:48 pm

Mwen kontan ou reponn paske ou bay youn dal detay mwen ta kab pa bay.

Ou reponn sou koze ti sizo a, men ki sa ou ap di nou pou mesaj ki konn abitye vin jwenn nou lè nou gen youn kanmarad ki reponn mesaj nou yo?

Mesaj sa a pa vin jwenn nou ankò.

Pou mwenmenm li te bon anpil, paske sa te pèmèt mwen reponn trapde.

Mwen pa rete non.
Se te Kaptenn

User avatar
Guysanto
Site Admin
Posts: 1289
Joined: Fri Mar 07, 2003 6:32 pm

Post by Guysanto » Wed Feb 21, 2007 4:09 pm

[quote]Ki sa ou ap di nou pou mesaj ki konn abitye vin jwenn nou lè nou gen youn kanmarad ki reponn mesaj nou yo? Mesaj sa a pa vin jwenn nou ankò. [/quote]
[quote]AnnPale II genyen li toujou. Men li pa otomatik. Ilfo ke ou mete yon ti flèch lan yonn lan ti bwat anba mesaj lan ki di:"Notify me when a reply is posted." [/quote]
Kaptenn, jan ou wè sa, Tidodo te gentan reponn pou mwen tou.

Antouka, mwen chanje "default" la pou ou, di mwen si ou pa resevwa yon mesaj ki di ou mwen poste nòt sa.

Mwen chanje "default" la tou pou Tidodo. Li gen dwa di nou kouman sa mache pou li kounyè a. Men zafè "inconsistence" li pale a, mwen pa kab di anyen sou sa. Mwen pa kab di pou ki yon lè sa mache, yon lè sa pa mache. Sa kab depann de anpil bagay nan anviwonman sibènetik la, men mwen pa kapab espliske tout sikonstans ki pwodui yon efè detèmine. Tout sa mwen kab fè se chanje varyab yo ki anba kontwol administratè a.

Pou ki sa, ou pral di mwen, opsyon resevwa tip de mesaj sa, se pa limenm ki "default" la tankou lontan?

Bon, Kaptenn, se yon bagay byen senp. Sa ki itil pou ou, yon lòt moun kab wè-l tankou yon anmèdman. Gen moun ki refize wè nan bwat imel yo okenn mesaj ki pa absoliman nesesè. E yo plenyen pou sa. Se sa ki fè, nan jounen jodiya, chak moun kab deside pou tèt pa-l, si li vle resevwa tip mesaj sa yo oswa si li pa vle resevwa yo pou chak liy konvèsasyon sou fowòm lan. Se chak moun ki pou sonje gade si opsyon oumenm ak Tidodo pale sou li a tcheke ou pa tcheke.

Chak fwa ou poste yon mesaj, opsyon sa parèt:
"Notify me when a reply is posted." Si ou vle-l, ou tcheke-l. Si ou pa vle-l, ou pa tcheke-l.

Men sepandan, pou chak moun endividyèlman, administratè fowòm lan kapab chanje "default" la: tcheke (wi) oswa (tcheke (non). Men w'ap toujou kab chanje li oumenm a chak fwa w'ap afiche yon mesaj.

Se sa ki fè kounyè a, mwen chanje "default" la pou ou, pou Tidodo, e m'ap fè sa tou pou tout moun ki ta mande mwen pou mwen chanje "default" la pou yo. Men mwen pa kab fè sa pou tout moun alawonnbadè san yo pa mande sa, paske jisteman gen anpil moun ki pa vle-l konsa.

Jan mwen te di-w anvan, zafè jere fowòm lan se bagay ki pi grav pase aksan grav.

Mèsi pou konpreyansyon ou.



Bon, Kaptenn, nan ti rale mwen sot fè la, mwen ekri mo "default" la (ant gimè) plizyè fwa, paske yon mo tipikman kreyòl pa te vin nan tèt mwen. Ki mo oumenm ta kab itilize pou tradui menm panse a?



Tidodo, eskize-m pou enkonsistans ou pale a, paske mwen pa Granmèt la. E menm m'sye, tout jan mwen gade-l, m' wè li enkonsistan anpil. Men yo di-m se je mwen ki pete.

Michelange Hyppolite
Posts: 60
Joined: Mon Feb 12, 2007 8:41 pm

Post by Michelange Hyppolite » Wed Feb 21, 2007 7:05 pm

Mèsi anpil Guy pou tout tan ou pran pou ou esplike epi pou ou satisfè demann nou yo.
Mèsi tou pou Tidodo, pasek ou se youn nèg rapid.

«Default» Se sèten si mwen fè youn reflechi mwen kab jwenn youn mo pou «Default», sòfke mwen pito mande JPalmis, pase mwen konnen nan travay tradiksyon/adaptasyon tèm teknik òdinatè misye ap fè ak Google, li dwe deja jwenn youn mo pou li di «default».

Mwen pral mande misye epi mwen va tounen sou nou. Pito nou abitye tèt ak youn sèl mo tan pou chak mounn ap parèt ak mo pa li suivan santiman li.


Mwen pa rete non.
M'ale
Youn lòt fwa ankò, mwen di ou mèsi anpil Guy pou konpreyansyon ou.

Michel-Ange Hyppolite (Kaptenn Koukourouj)

Michelange Hyppolite
Posts: 60
Joined: Mon Feb 12, 2007 8:41 pm

Post by Michelange Hyppolite » Sun Feb 25, 2007 9:08 pm

Nan dènye nòt Guy te ekri a li te mande mwen sigjere youn mo pou «default» nan sans itilizasyon mo a nan òdinatè, mwen te di li mwen pral tyeke ak JGPalmis. Nan pale nou, ( JGPalmis ak mwen) li te di mwen li pral tyeke pou mwen. Apre twa jou, li te di mwen li jwenn « Ki la deja ». Ni mwen ni GJPalmis pa te twò renmen chwa a. Nan reflechi nou ansanm, nou te vin parèt ak « Tou la »
Dilèm nou se te : Eske nou ap kole de mo sa yo, nou ap mete tirè nan mitan yo oubyen nou ap kite yo separe jan yo ye a?

Kòm nou pa te rive fè youn chwa, JGPalmis pral voye chwa sa a : « TOU LA » bay youn lòt ekip zanmi pou diskisyon. Suivan sa li jwenn, mwen va tounen vin kase moso ban nou.

Si nou vle tou, nou tout bò isit la nan Ann Pale II nou kab reflechi sou mo angle « default » la, nan kontèks itilizasyon li pou òdinatè.

M'ale
Kaptenn Koukourouj depi Otawa. nan Kanada

Post Reply